Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 13

“Dekri tanp lan”

“Dekri tanp lan”

EZEKYÈL 43:10

IDE KLE: Siyifikasyon bèl tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an.

1-3. a) Ki sa k fè vizyon Ezekyèl te fè konsènan kokenn tanp lan te ka fè l jwenn rekonfò? (Gade foto ki nan kòmansman chapit la.) b) Ki sa n pral egzamine nan chapit sa a?

 IMAJINE Ezekyèl ki gen 50 an kounye a. Li gentan gen 25 an depi l ap viv ann egzil. Sa gen lontan depi tanp lan ki nan Jerizalèm detwi. Si Ezekyèl te konn panse al sèvi kòm prèt nan tanp sa a, kounye a li rann li kont sa pap posib. Gen anviwon 56 ane ki rete ankò anvan moun ki ann egzil yo tounen nan peyi yo, donk, Ezekyèl konnen li te ka pa viv tout tan sa a pou l wè lè Jewova ap fè pèp la tounen nan peyi yo ak lè y ap rebati tanp lan (Jer. 25:11). Èske panse sa yo te fè l yon ti jan chagren?

2 Jewova te demontre anpil bonte pou Ezekyèl lefètke l te chwazi ba l yon vizyon ki te pi detaye fwa sa a, yon vizyon ki t ap bay gason sa a ki fidèl bonjan rekonfò ak espwa! Nan vizyon sa a, Bondye te mennen pwofèt la tounen nan peyi l e li te mete l sou yon mòn ki byen wo. Nan wotè kote l te ye a, li te wè “yon mesye [ki te gen] kò l [...] sanble ak kuiv”. Gid sa a ki te yon zanj te mennen l vizite yon kokenn tanp. (Li Ezekyèl 40:1-4.) Se kòmsi se yon bagay ki t ap fèt je klè! Eksperyans sa a dwe te fòtifye lafwa Ezekyèl, li dwe te twòp pou li e petèt li te yon ti jan difisil pou l konprann. Byenke tanp Ezekyèl te wè a te gen anpil bagay li te abitye avèk yo, men tanp lan te gen anpil bagay ki te diferan tou parapò ak tanp li te konnen ki te Jerizalèm nan.

3 Nèf dènye chapit nan liv Ezekyèl la pale sou vizyon sa a ki enteresan. Kounye a, pandan n ap egzamine vizyon an e n ap chèche konprann li, ann wè ki fason nou dwe konsidere l. Apre sa, n ap chèche wè si vizyon Ezekyèl te fè a se te gwo tanp espirityèl Pòl te pale de li plizyè santèn ane annapre a. Finalman, n ap egzamine sans vizyon an te genyen pou Ezekyèl ak moun ki te ann egzil avè l yo.

Li nesesè pou n wè l yon lòt jan

4. Anvan sa, ki jan nou te konprann vizyon Ezekyèl te fè anrapò ak tanp lan, men ki sa k nesesè pou n fè kounye a?

4 Anvan sa, piblikasyon nou yo te fè konnen Ezekyèl te wè gran tanp espirityèl Jewova a, tanp Bondye te enspire apot Pòl pou l pale de li nan lèt li te ekri Ebre yo. * Se sa k fè, sou baz esplikasyon Pòl te bay sou tabènak la, li te sanble lojik pou n bay chak detay Ezekyèl te wè nan vizyon an yon sans senbolik. Men, apre nou fin priye, nou fin etidye e n medite plis sou sijè a, nou vin rann nou kont nou bezwen esplike tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an yon fason ki pi senp.

5, 6. a) Ki jan apot Pòl te montre l gen imilite lè l t ap pale de tabènak la? b) Ki sa Pòl te di sou kèk detay anrapò ak tabènak la, e ki jan nou ta ka sèvi ak sa l te di yo pou n konprann vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan?

5 Li sanble saj pou n pa chèche bay chak detay ki gen nan tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an yon sans senbolik. Sa k fè sa? Ann pran yon egzanp ki enteresan. Lè Pòl t ap pale de tabènak la ak tanp espirityèl la, li te site yon seri bagay ki te nan tabènak la, tankou veso annò yo te konn boule lansan ladan l lan, kouvèti lach alyans lan ak ja annò ki te gen lamàn nan. Èske l te eseye bay yon esplikasyon senbolik pou bagay sa yo? Se sèten, lespri sen pa t pouse l fè sa. Okontrè, men sa Pòl te ekri: “Kounye a, se pa moman pou nou pale sou bagay sa yo an detay.” (Ebre 9:4, 5). Pòl te dispoze suiv direksyon lespri sen te ba li e l te dispoze ret tann Jewova ak imilite. — Ebre 9:8.

6 Nou ka konsidere tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an menm jan an. Li menm tou li gen anpil detay ladan l. Se sa k fè, li pi bon pou n ret tann Jewova fè bagay yo vin pi klè si l ta nesesè pou n gen plis esplikasyon. (Li Miche 7:7.) Sepandan, èske n dwe panse lespri sen pa bay okenn lòt limyè sou vizyon sa a? Se pa sa ditou!

Èske Ezekyèl te wè gran tanp espirityèl la?

7, 8. a) Ki ajisteman yo fè kounye a nan fason nou te konprann vizyon anrapò ak tanp lan? b) Nan ki sans tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an pa menm ak tanp espirityèl Pòl te pale de li a?

7 Jan nou te di sa pi wo a, pandan anpil ane, piblikasyon nou yo te fè konnen Ezekyèl te wè gran tanp espirityèl Jewova a, yon tanp Bondye te enspire Pòl pou l pale de li nan lèt li te ekri Ebre yo. Sepandan, apre n fin etidye sijè a plis, nou vin konprann se pa t gran tanp espirityèl la Ezekyèl te wè nan vizyon an. Sa k fè n di sa?

8 Premyèman, tanp Ezekyèl te wè a pa mache ak esplikasyon Bondye te enspire Pòl pou l bay la. Fè yon ti reflechi: Apot Pòl te fè konnen aklè tabènak Moyiz la te yon lonbray ak kopi yon bagay ki pi gran. Menm jan ak tanp Salomon an ak tanp Zowobabèl la, yon seri tanp ki te fèt sou modèl tabènak la, tabènak la te gen yon pyès yo te rele “Kote ki pi sen an”. Pòl te di pyès sa a se “yon kote ki sen ki fèt ak men”, li te fè konnen se yon “kopi sa ki vrè a”, donk, se pa t sa ki vrè a. Ki sa k te vrè a? Pòl te fè konnen se “syèl la menm”. (Ebre 9:3, 24.) Èske se syèl la Ezekyèl te wè? Non. Vizyon Ezekyèl te wè a pa gen okenn detay ladan l ki montre se bagay nan syèl la li t ap gade. — Konpare ak Dànyèl 7:9, 10, 13, 14.

9, 10. Konsènan sakrifis yo, nan ki sans tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an pa menm ak gran tanp espirityèl Pòl te pale de li a?

9 Yon lòt bagay ki pi konvenk nou toujou vizyon Ezekyèl te fè a pa menm ak esplikasyon Pòl te bay yo gen rapò ak sakrifis yo. Ezekyèl te tande yo bay pèp la, chèf yo ak prèt yo anpil enstriksyon sou fason yo dwe ofri sakrifis. Yo te dwe fè sakrifis pou pwòp peche yo. Epitou, yo te dwe fè sakrifis kominyon, yon seri sakrifis yo te ka manje ansanm nan salamanje tanp lan (Eze. 43:18, 19; 44:11, 15, 27; 45:15-20, 22-25). Èske yo te konn ofri sakrifis sa yo nan gran tanp espirityèl la?

Tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an se pa t gran tanp espirityèl la.

10 Repons lan senp e li klè. Men sa Pòl te esplike: “Lè Kris te vini antanke gran prèt ki te fè yon seri bon bagay rive, li te antre nan tant ki gen plis valè e ki pi pafè a, tant ki pa fèt ak men an, sa vle di ki pa soti nan kreyasyon sa a. Li pa t antre nan Kote ki pi sen an ak san kabrit, ni ak san jenn towo bèf, men se ak pwòp san pa l li te antre, yon fwa pou tout, e li te jwenn yon delivrans pou nou pou toutan.” (Ebre 9:11, 12). Kidonk, se yon sèl sakrifis yo te fè nan gran tanp espirityèl la. Se te sakrifis ranson an e se Jezi Kris, Gran prèt la, ki te fè l. Sa klè, tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an kote yo t ap fè pil sakrifis kabrit ak towo yo se pa t gran tanp espirityèl la.

11. Nan epòk Ezekyèl la, poukisa li potko lè pou Bondye fè konnen verite ki gen rapò ak gran tanp espirityèl la?

11 Sa mennen nou nan dezyèm rezon ki fè n di se pa t gran tanp espirityèl la Ezekyèl te wè: Li potko lè pou Bondye fè konnen verite sa yo. Pa bliye, se Juif ki te ann egzil nan Babilòn yo vizyon Ezekyèl te fè a te konsène an premye. Yo te anba Lalwa Bondye te bay Moyiz la. Lè peryòd egzil la te fini, yo te dwe tounen Jerizalèm e yo te dwe fè sa Lalwa te di anrapò ak vrè adorasyon an, sètadi yo te dwe rebati tanp lan ak lotèl la. Annapre, yo te kontinye ofri sakrifis nan tanp lan, e sa te fèt pandan prèske sis syèk. Imajine ki efè sa t ap gen sou Juif yo si vizyon Ezekyèl la te fè yo wè tanp espirityèl la, yon tanp kote gran prèt la te bay lavi l kòm sakrifis, apre tout lòt sakrifis yo te fin aboli! Ki jan yo t ap fè konprann yon vizyon konsa? Èske sa pa t ap febli detèminasyon yo te genyen pou yo obeyi Lwa Bondye te bay Moyiz la? Jan Jewova toujou fè sa, li fè konnen verite yo sèlman nan bon moman ak lè pèp li a pare pou konprann yo.

12-14. Ki rapò ki genyen ant tanp Ezekyèl te wè a ak esplikasyon Pòl te bay sou tanp espirityèl la? (Gade kare ki gen tit “Tanp yo diferan e leson yo diferan”.)

12 Kounye a, ki rapò ki genyen ant tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an ak tanp espirityèl la? Pa bliye Pòl pa t baze esplikasyon l lan sou tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an, men pito, li te baze l sou tabènak ki te egziste nan epòk Moyiz la. Pòl te site plizyè bagay ki te egziste nan tanp Salomon an ak nan tanp Zowobabèl la e bagay sa yo te parèt tou nan tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an. An jeneral, Ezekyèl ak Pòl pa t pale sou menm bagay nan mesaj yo bay yo. * Mesaj yo a pa t menm, men youn te konplete lòt. Nan ki sans?

13 Men ki jan nou te ka konprann relasyon ki gen ant de pasaj sa yo ki nan Bib la: Sa Pòl te di yo ede n konprann dispozisyon Jewova pran pou adorasyon l lan, alòske sa Ezekyèl te di yo ede n konprann prensip Jewova bay anrapò ak adorasyon l lan. Pou Pòl ede n konprann dispozisyon Jewova pran anrapò ak vrè adorasyon an, li ban nou siyifikasyon kèk bagay ki nan tanp espirityèl la, tankou gran prèt la, sakrifis yo, lotèl la ak Kote ki pi sen an. Sepandan, pou Ezekyèl met aksan sou prensip wo nivo Jewova bay anrapò ak vrè adorasyon an, li ban nou yon imaj ki gen anpil detay ki ede nou konprann anpil leson konsènan prensip Jewova yo.

14 Kounye a, ki kote ajisteman sa a ki fèt nan konpreyansyon nou an mennen n? Se sèten sa pa vle di vizyon Ezekyèl te fè a gen mwens enpòtans pou nou jodi a. Pou n ka wè jan vizyon an fè n jwenn byenfè, ann wè ki jan l dwe te pwofitab pou Juif ki fidèl ki t ap viv nan epòk Ezekyèl la ak nan epòk ki te vin apre yo.

Ki enpòtans vizyon an te genyen pou Juif ki te ann egzil yo?

15. a) Ki mesaj ki te gen nan vizyon Ezekyèl te fè a? b) Ki diferans ki genyen ant mesaj ki nan Ezekyèl chapit 8 la ak sa ki nan chapit 40 rive nan chapit 48 la?

15 Pou n ka jwenn repons Bib la bay pou kesyon sa a, ann egzamine kèk kesyon ki gen rapò avè l k ap ede n pi byen konprann. Premyèman, ki mesaj ki gen nan vizyon sa a? Yon repons senp sèke Bondye ap retabli vrè adorasyon an! Se sèten Ezekyèl te byen konprann sa. Li te gentan ekri pawòl ki nan chapit 8 nan liv ki pote non l lan kote Jewova te sèvi ak yon seri imaj klè pou l dekri nan ki vye kondisyon tanp Jerizalèm nan ye. Epitou, se sèten Ezekyèl dwe te kontan ekri an detay gwo chanjman ki vin genyen nan tanp lan, jan sa parèt nan chapit 40 rive nan chapit 48 liv ki pote non l lan. Nan chapit sa yo, yo pa pale de adorasyon ki pwòp la ki vin kòwonpi, men, yo pale de adorasyon ki pwòp la jan l ta dwe ye a, sètadi yon kalite adorasyon ki fèt jan Lalwa Bondye te bay Moyiz la mande sa.

16. Ki jan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan konfime sa Ezayi te anonse yon syèk anvan sa?

16 Pou adorasyon Jewova a retabli nan kondisyon l dwe ye a, li ta dwe nan yon nivo ki wo. Plis pase yon syèk anvan sa, men sa Bondye te enspire Ezayi pou l ekri: “Nan dènye jou yo, mòn kote kay Jewova a ye a ap tabli byen djanm, e l ap vin pi wo pase lòt mòn yo. L ap vin pi wo pase ti mòn yo.” (Eza. 2:2). Yon fason klè, Ezayi te fè konnen Jewova ap gen pou l retabli vrè adorasyon an e l ap leve l byen wo, kòmsi se sou mòn ki pi wo a li mete l. Ki kote Ezekyèl te ye nan vizyon sa a Bondye te fè l wè a? Li te “sou yon mòn ki byen wo”, li t ap gade kay Jewova a (Eze. 40:2). Kidonk, vizyon Ezekyèl te fè a te bay garanti Bondye t ap retabli vrè adorasyon an.

Tanp Ezekyèl te wè a te yon kote ki byen wo. (Gade paragraf 16)

17. Fè yon ti pale sou sa nou jwenn nan Ezekyèl chapit 40 rive nan chapit 48 la.

17 Ann fè yon ti rezime sou sa Ezekyèl te wè ak sa l te tande, jan sa parèt nan Ezekyèl chapit 40 rive nan chapit 48. Li t ap gade zanj lan k ap mezire pòtay yo, miray la, lakou yo ak chanm ki sen an (Eze. 40-42). Apre sa, te gen yon bagay estrawòdinè ki rive: Glwa Jewova te rive nan tanp lan! Jewova te konseye pèp li a ki rebèl ansanm ak prèt yo ak chèf yo (Eze. 43:1-12; 44:10-31; 45:9-12). Ezekyèl te wè yon rivyè ki soti nan tanp lan ki bay lavi ak benediksyon e k al tonbe nan Lanmè Mòt (Eze. 47:1-12). Epi, li te wè yo separe peyi a fè plizyè pòsyon byen presi, e vrè adorasyon an te nan mitan peyi a (Eze. 45:1-8; 47:13–48:35). Ki mesaj sa te bay? Sa klè, Jewova t ap bay pèp li a asirans l ap retabli vrè adorasyon an e l ap leve l byen wo. Lefètke li vini nan kay kote yo adore l la, sa pral fè yo jwenn benediksyon, gerizon ak lavi, e l ap fè gen lòd nan peyi li retabli a.

Tanp Ezekyèl te wè a se yon bèl imaj ki montre fason Jewova t apral retabli vrè adorasyon an. (Gade paragraf 17)

18. Èske moun yo te dwe pran vizyon konsènan tanp lan nan sans literal? Esplike.

18 Dezyèmman, èske yo te dwe pran vizyon an nan sans literal? Non. Sanble Ezekyèl ak moun li te rakonte vizyon an ki te ann egzil ansanm avè l yo te konprann byen vit yo pa t dwe pran vizyon an nan sans literal. Sa k fè sa? N ap sonje Ezekyèl te wè tanp lan sou “yon mòn ki byen wo”. Byenke sa te byen mache ak pwofesi Ezayi te bay la, li pa t mache ak kote tanp lan te ye a. Se sou Mòn Moriya ki nan Jerizalèm yo te bati tanp Salomon an, e se la yo t ap rebati l yon jou. Men, èske mòn sa a te “yon mòn ki byen wo”? Non. Anfèt, toutotou Mòn Moriya te gen lòt mòn ki te menm wotè avè l oswa ki te pi wo pase l. Anplis de sa, tanp Ezekyèl te wè a te gwo anpil. Lè n konsidere gwosè tanp lan ak miray ki antoure l la, li t ap twò gwo pou l chita sou Mòn Moriya. Yo pa t ap menm ka mete l nan vil Jerizalèm nan epòk Salomon an! Epitou, se sèten moun ki te ann egzil yo pa t atann pou yon rivyè toutbon soti nan tanp lan epi l al tonbe nan Lanmè Mòt, kote l t ap geri dlo sa a ki pa gen vi ladan l. Yon dènye bagay sèke jan mòn yo te ye nan Peyi Bondye te pwomèt la pa t gen posiblite pou gen fwontyè ki dwat e ki paralèl ant tribi yo, jan sa parèt nan vizyon an. Kidonk, yo pa t dwe pran vizyon an nan sans literal.

19-21. Ki efè Jewova te vle pou vizyon Ezekyèl te fè a gen sou pèp la, e poukisa se konsa yo te dwe santi yo?

19 Twazyèmman, ki efè Bondye te vle vizyon an gen sou pèp la? Lè pèp la t ap reflechi sou prensip wo nivo Jewova bay konsènan vrè adorasyon an, sa ta dwe fè yo santi yo wont. Jewova te di Ezekyèl pou l “dekri tanp lan pou moun Izrayèl yo”. Ezekyèl te dwe tèlman byen dekri tanp lan nan tout ti detay se kòmsi pèp Izrayèl la t ap ka “etidye plan [an]”. Poukisa pèp la te dwe reflechi sou tanp lan? Jan nou te deja wè sa, se pa pou yo te ka konstwi l. Okontrè, se te “pou yo ka santi yo wont akoz peche yo fè yo”, jan Jewova te di sa. — Li Ezekyèl 43:10-12.

20 Poukisa vizyon sa a te dwe touche konsyans moun ki sensè yo e l te dwe fè yo santi yo wont? Men ki sa Jewova te di Ezekyèl: “Pitit lòm, byen suiv, byen gade epi byen koute tout sa m ap di w konsènan kòmandman ak lwa ki gen rapò ak tanp Jewova a.” (Eze. 44:5). Se pa premye fwa Ezekyèl te tande pale de kòmandman ak lwa (Eze. 43:11, 12; 44:24; 46:14). Byen souvan, li te jwenn rapèl tou konsènan mezi Jewova konsidere kòm akseptab, sa te gen ladan l longè yon koude ak pwa yon balans ki egzak (Eze. 40:5; 45:10-12; konpare ak Pwovèb 16:11). Se sa k fè, plis pase 50 fwa nan vizyon sa a sèlman, Ezekyèl te sèvi ak mo nou mete “mezire” ak “mezi” pou yo lè nou tradui yo a!

21 Èske se mezi, balans, lwa ak kòmandman Jewova t ap anseye pèp li a? Yon fason ki frapan, sanble li t ap fè yo sonje verite enpòtan sa a: Se Jewova sèlman ki fikse prensip konsènan vrè adorasyon an. Moun ki pa t suiv prensip sa yo te dwe santi yo wont! Men, ki fason vizyon sa a te anseye Juif yo leson sa yo? Nan chapit ki vin apre a, nou pral egzamine kèk egzanp byen presi. Sa pral ede n wè pi klè enpòtans vizyon estrawòdinè sa a genyen pou nou jodi a.

Poukisa vizyon konsènan tanp lan ta dwe fè moun ki sensè yo santi yo wont? (Gade paragraf 19-21)

^ § 4 Tanp espirityèl la se yon dispozisyon Jewova pran anrapò ak vrè adorasyon an ki baze sou sakrifis ranson Jezi Kris te bay la. Dapre sa nou konprann, li vin egziste nan ane 29 epòk nou an.

^ § 12 Pa egzanp, Pòl te pale anpil de gran prèt la ak wòl li te jwe nan jou Pirifikasyon yo te konn fete chak ane a (Ebre 2:17; 3:1; 4:14-16; 5:1-10; 7:1-17, 26-28; 8:1-6; 9:6-28). Men, nan vizyon Ezekyèl la, yo pa pale ni de gran prèt la ni de jou Pirifikasyon an.