Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rezime ajisteman yo

Rezime ajisteman yo

Pandan plizyè ane, nan Toudegad yo, yo te fè plizyè ajisteman nan fason nou konprann kèk bagay nan pwofesi Ezekyèl la. E nan liv sa a, Jewova retabli vrè adorasyon an!, gen plizyè lòt ajisteman ki fèt. Gade si w ka reponn kesyon ki annapre yo.

Ki sa kat kreyati vivan yo reprezante?

Fason nou te konprann li anvan: Chak figi nan kat figi kreyati vivan yo, oswa cheriben yo, reprezante youn nan kat kalite prensipal Jewova yo.

Ajisteman: Byenke chak figi nan kat figi kreyati vivan yo reprezante youn nan kat kalite prensipal Jewova yo, lè toule kat figi yo ansanm, yo reprezante tout kalite li genyen yo. Epitou, kat figi yo fè nou konprann Jewova gen fòs ak glwa ki san parèy.

Rezon ki fè yo fè chanjman sa a: Nan Pawòl Bondye a, souvan yo itilize chif kat la pou reprezante yon bagay ki konplè. Kidonk, lè n konsidere toule kat figi yo ansanm, yo reprezante plis pase kat kalite prensipal, yo se baz pèsonalite Jewova, yon pèsonalite ki fè moun gen lakrentif pou li. Mete sou sa, chak figi yo se figi yon kreyati ki reprezante yon bagay ki enpresyonan, ki gen fòs e ki gen pisans. Malgre sa, Ezekyèl fè konnen kat kreyati yo ki gen fòs ki reprezante kreyasyon an, jan figi chak cheriben montre sa, te anba twòn Jewova a. Imaj sa a montre Jewova se pi gwo Dirijan ki genyen.

Kiyès mesye ki gen ti veso ki gen lank ladan l lan, sa sekretè yo konn genyen an, reprezante?

Fason nou te konprann li anvan: Mesye ki gen ti veso ki gen lank ladan l lan reprezante rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Pa mwayen travay predikasyon an ak travay fè disip la, depi kounye a, kretyen sa yo ap mete mak yon fason senbolik sou fwon moun ki vin fè pati “gwo foul” la. — Rev. 7:9.

Ajisteman: Mesye ki gen ti veso ki gen lank ladan l lan reprezante Jezi Kris. Li pral mete mak sou gwo foul la lè l pral jije yo antanke mouton pandan “gwo tribilasyon” an. — Mat. 24:21.

Rezon ki fè yo fè chanjman sa a: Jewova bay Pitit Gason l lan otorite pou l jije (Jan 5:22, 23). Selon Matye 25:31-33, Jezi pral fè yon dènye jijman pou l deside kiyès ki “mouton” ak kiyès ki “kabrit”.

Èske Owola ak Owoliba, de sè ki pwostitye yo, reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo, sitou de pati prensipal li yo ki se Katolik ak Potestan?

Fason nou te konprann li anvan: Owola (Samari, kapital Izrayèl), gran sè a, reprezante Katolik; Owoliba (Jerizalèm, kapital Jida), ti sè a, reprezante Potestan.

Ajisteman: Sè ki pwostitye yo se pa lonbray okenn pati nan relijyon ki di yo se kretyen yo. Men pito, lefètke yo pale de yo, sa fè nou konprann jan Jewova santi l lè moun ki t ap sèvi l fidèlman tonbe nan pwostitisyon nan domèn espirityèl. Se menm jan an li santi l anrapò ak fo relijyon.

Rezon ki fè yo fè chanjman sa a: Pa gen okenn kote nan Bib la yo fè konnen Owola ak Owoliba se lonbray relijyon ki di yo se kretyen yo. Gen yon lè, Izrayèl ak Jida te tankou madanm ki fidèl pou Jewova, men, relijyon ki di yo se kretyen yo pa t janm gen relasyon konsa ak Jewova. Epitou, chapit 16 ak chapit 23 nan liv Ezekyèl la, kote yo konpare pèp Bondye a ki vin enfidèl ak pwostitye, bay espwa pèp la ap chanje e l ap tounen gen bon relasyon ak Bondye. Men, pa gen espwa sa a pou relijyon ki di yo se kretyen ki fè pati Gran Babilòn nan.

Èske Jerizalèm tan lontan an ki vin aposta se yon lonbray ki reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo?

Fason nou te konprann li anvan: Jerizalèm ki aposta a fè referans ak relijyon ki di yo se kretyen yo. Donk, destriksyon Jerizalèm se yon lonbray ki reprezante destriksyon relijyon ki di yo se kretyen yo.

Ajisteman: Jan bagay yo te ye nan Jerizalèm ki pa t fidèl la, tankou idolatri ak koripsyon ki te gaye toupatou, fè n sonje sa k ap pase nan relijyon ki di yo se kretyen yo. Men, nou pa di Jerizalèm se yon lonbray ki reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo ankò.

Rezon ki fè yo fè chanjman sa a: Bib la pa bay yon rezon klè pou n di Jerizalèm se yon lonbray ki reprezante relijyon ki di yo se kretyen yo. Kontrèman ak Jerizalèm tan lontan an, relijyon ki di yo se kretyen yo pa t janm pratike vrè adorasyon an. Byenke Jewova te padone Jerizalèm pandan yon tan, pa gen okenn posiblite konsa pou relijyon ki di yo se kretyen yo.

Ki jan vizyon sou vale ki gen zo ki fin seche nèt yo te reyalize?

Fason nou te konprann li anvan: An 1918, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo te jwenn pèsekisyon, yo te nan prizon nan Gran Babilòn nan, e yo te vin nan yon eta kote se kòmsi yo te mouri. Ti tan yo te fè nan prizon sa a te fini an 1919 lè Jewova te ba yo lavi ankò antanke pwoklamatè Wayòm nan.

Ajisteman: Kondisyon espirityèl kretyen yo te ladan l kote se kòmsi yo te mouri a te dire yon pakèt tan e l te kòmanse byen lontan anvan 1918. Li te kòmanse nan dezyèm syèk epòk nou an e l te fini nan ane 1919. Pwofesi sa a te akonpli apeprè nan menm epòk kote ble a ak move zèb yo t ap grandi a, yon epòk byen long jan Jezi te pale de sa nan parabòl li a.

Rezon ki fè yo fè chanjman sa a: Izrayèl tan lontan an te fè anpil tan ann egzil, soti ane 740 rive ane 537 anvan epòk nou an. Pwofesi Ezekyèl la fè konnen zo yo te “fin sèch nèt”, sa ki fè n konprann moun zo yo reprezante yo te mouri pandan yon bon bout tan. E yo pale de zo k ap tounen viv ankò yo kòm yon bagay k ap fèt tikras pa tikras e k ap pran tan.

Lefètke yo te mete de bout bwa yo ansanm, ki sans sa genyen?

Fason nou te konprann li anvan: Rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te fidèl yo te vin gen tèt ansanm ankò an 1919 apre yo te fin pase yon ti tan nan dezinyon pandan Premye Gè mondyal la.

Ajisteman: Pwofesi a montre Jewova ap fè sèvitè l yo vin fè youn. Apre 1919, ofiramezi, gen yon gwo kantite moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ki te vin met ansanm ak rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Toule de gwoup sa yo ap adore Jewova ansanm antanke yon sèl pèp.

Rezon ki fè yo fè chanjman sa a: Pwofesi a pa pale de yon bout bwa yo te fè fè de epi apre sa yo fè yo fè youn ankò. Kidonk, pwofesi a pa pale de yon gwoup ki t ap divize epi apre sa ki t ap tounen fè youn. Okontrè, li pale de de gwoup diferan ki t ap vin fè youn.

Kiyès ki Gòg ki soti nan peyi Magòg la?

Fason nou te konprann li anvan: Gòg ki soti nan peyi Magòg la se yon non ki fè referans ak Satan apre yo te fin chase l nan syèl la.

Ajisteman: Gòg ki soti nan peyi Magòg la fè referans ak rasanbleman yon pakèt nasyon ki pral atake sèvitè Jewova yo pandan gwo tribilasyon an.

Rezon ki fè yo fè chanjman sa a: Pwofesi a fè konnen Gòg pral sèvi manje pou zwazo ki konn chase e y ap antere l sou tè a. Fason sa a yo pale de Gòg fè n konprann li pa yon espri. Mete sou sa, atak Gòg la ale nan menm sans ak sa liv Dànyèl la ak liv Revelasyon an di konsènan atak nasyon yo sou tè a pral fè kont pèp Bondye a. — Dàn. 11:40, 44, 45; Rev. 17:14; 19:19.

Èske se tanp espirityèl Pòl te bay esplikasyon sou li a Ezekyèl te wè e l te vizite a?

Fason nou te konprann li anvan: Tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an se menm tanp Pòl te bay esplikasyon sou li a.

Ajisteman: Ezekyèl pa t wè tanp espirityèl ki te vin egziste nan ane 29 epòk nou an, men li te wè yon vizyon sou fason adorasyon Lwa Moyiz pale de li a t ap retabli apre pèp la sot ann egzil. Esplikasyon Bondye te enspire Pòl pou l bay sou tanp espirityèl la te plis baze sou travay Jezi, antanke Gran Prèt, te fè soti ane 29 rive ane 33 epòk nou an. Tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an pa t gen gran prèt ladan l ditou, e vizyon sa a te konsantre sou retabli pèp Bondye a te vin retabli nan domèn espirityèl apati ane 1919 epòk nou an. Se sa k fè, nou pa chèche bay tout detay ak tout mezi ki gen nan vizyon Ezekyèl te fè konsènan tanp lan yon sans, kòmkwa yo ta lonbray yon seri reyalite ki gen pou vini. Men pito, nou chèche konsantre nou sitou sou leson vizyon Ezekyèl te fè a aprann nou sou prensip Jewova genyen konsènan vrè adorasyon an.

Rezon ki fè yo fè chanjman sa a: Tanp Ezekyèl te wè nan vizyon an vrèman diferan ak tanp espirityèl la nan plizyè sans. Pa egzanp, nan tanp Ezekyèl te wè a, te gen plizyè sakrifis bèt k ap fèt, alòske nan tanp espirityèl la se yon sèl sakrifis ki fèt “yon fwa pou tout”. (Ebre 9:11, 12.) Plizyè syèk anvan Kris te vin sou tè a, moman an potko rive pou Jewova fè konnen verite ki pwofon anrapò ak tanp espirityèl la.