Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 3

“Bondye te kòmanse fè m wè yon seri vizyon”

“Bondye te kòmanse fè m wè yon seri vizyon”

EZEKYÈL 1:1

IDE KLE: Yon apèsi sou vizyon Ezekyèl te fè sou cha ki nan syèl la.

1-3. a) Esplike sa Ezekyèl te wè ak sa l te tande. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki fòs ki te lakòz Ezekyèl te wè sa l te wè yo, e ki efè sa te gen sou li?

 EZEKYÈL ap fikse gwo plèn nan ki chaje ak sab, li voye je l gade byen lwen. L ap fè efò pou l wè sa k ap pase a. Li pa ka kwè sa l wè a. Nan limit kote je l ka rive a, li wè yon tanpèt k ap bouyi. Men, se pa yon ti tanpèt! Pandan yon gwo van ki soti nan nò ap sakaje cheve l ak rad li, li wè yon gwo tonton nyaj. Anndan nyaj la, gen dife k ap flache ki klere nyaj la, e fason l klere a fè Ezekyèl panse ak yon metal ki gen anpil valè k ap fonn. * Tank nyaj la ap avanse byen vit sou Ezekyèl, se konsa gen yon bri tankou bri yon gwo lame ki an mouvman k ap fèt e k ap vin pi fò. — Eze. 1:4, 24.

2 Vizyon sa a jèn gason sa a ki te gen anviwon 30 an an te fè a se premye eksperyans li fè nan yon seri eksperyans li pral fè li pap janm bliye. Li santi “men Jewova” sou li, sa vle di pisans lespri sen Jewova moun pa ka reziste devan l lan. Sa lespri a pral fè l wè ak sa l pral fè l tande se bagay ki estrawòdinè, yo pi estrawòdinè lontan pase kèlkeswa fim ki gen efè espesyal moun k ap fè fim jounen jodi a te ka fè. Ezekyèl t ap tèlman sezi akoz sa l pral wè nan vizyon yo sa t ap fè l tonbe fas atè. — Eze. 1:3, 28.

3 Sepandan, Jewova pa t fè Ezekyèl wè bagay sa yo jis pou fè l sezi. Menm jan ak tout lòt vizyon Ezekyèl te fè yo rapòte nan liv pwofetik sa a ki enteresan, premye vizyon Ezekyèl te fè a chaje siyifikasyon ni pou li ni pou sèvitè fidèl Jewova yo jodi a. Kounye a, ann egzamine sa Ezekyèl te wè ak sa l te tande yo pi byen toujou.

Sitiyasyon an

4, 5. Ki jan sitiyasyon an te ye nan epòk Ezekyèl te fè vizyon an?

4 Li Ezekyèl 1:1-3. Ann fè yon ti pale sou jan sitiyasyon an te ye. Se te nan ane 613 anvan epòk nou an. Jan n te aprann sa nan chapit ki vin anvan an, Ezekyèl t ap viv ansanm ak lòt Juif ki te ann egzil nan vil Babilòn yo, nan yon zòn ki bò Rivyè Keba. Li klè, rivyè sa a ki te laj e ki te fon te yon kanal moun te fè ki te soti nan rivyè Efrat e ki t al rankontre l ankò pi devan.

Ezekyèl te viv nan mitan lòt moun ki te egzile yo bò Rivyè Keba a. (Gade paragraf 4)

5 Vil Jerizalèm, kote yo te pran moun sa yo pou mennen yo ann egzil la, te nan yon distans anviwon 800 kilomèt. * Koripsyon ak idolatri te gaye nan tanp lan kote papa Ezekyèl te konn sèvi kòm prèt. Twòn ki te Jerizalèm nan, kote David ak Salomon te dirije kòm wa e kote yo te jwenn glwa pandan yon epòk, te vin tounen yon kote ki fè moun wont. Wa Jewoyakin pa t fidèl e l te ansanm ak moun ki te ann egzil nan Babilòn yo. Wa Sedesyas ki te ranplase l sou twòn nan te yon senp maryonèt nan men wa Babilòn nan e l te mechan. — 2 Wa 24:8-12, 17, 19.

6, 7. Ki sa k te ka fè Ezekyèl santi l t ap viv yon moman ki te difisil?

6 Pou yon moun ki gen lafwa tankou Ezekyèl, sanble se te peryòd ki te pi difisil nan lavi l. Kèk nan moun ki te ann egzil ansanm avè l yo dwe t ap mande tèt yo: ‘Èske Jewova kite n nèt? Èske Babilòn, yon pisans ki mechan, ak pakèt fo dye l yo ap rive efase vrè adorasyon an epi elimine dominasyon Jewova a sou tè a?’

7 Avèk enfòmasyon sa yo nan lespri w, l ap bon pou w li fason enteresan Ezekyèl esplike premye vizyon l fè a pou w kòmanse etid pèsonèl w ap fè sou sijè sa a (Eze. 1:4-28). Pandan w ap fè sa, eseye mete w nan plas Ezekyèl k ap wè sa l te wè yo e k ap tande sa l te tande yo.

Rivyè Efrat nan zòn toupre Kakemich. (Gade paragraf 5-7)

Yon cha ki pa menm ak lòt yo

8. Ki sa Ezekyèl te wè nan vizyon an, e ki sa vizyon an te reprezante?

8 An gwo, ki sa Ezekyèl te wè? Sa l te wè a te sanble ak yon gwo cha ki bay lakrentif. Li te gen kat gwo tonton wou e te gen kat kreyati espirityèl estrawòdinè bò kote yo, pi devan yo te idantifye kreyati sa yo antanke cheriben (Eze. 10:1). Pa anlè yo, te gen yon estrad byen laj oswa yon platfòm, an kristal, ki te gen twòn Bondye a ki gen glwa, e se Jewova menm ki te chita sou li! Men, ki sa cha a reprezante menm? Vizyon Ezekyèl la byen reprezante yon sèl bagay: pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la, yon òganizasyon ki gen glwa. Ki sa k fè n di sa? Ann egzamine twa bagay ki fè n di sa.

9. Ki jan sa yo di sou cha a byen reprezante relasyon Jewova gen ak kreyati l yo ki nan syèl la?

9 Relasyon Jewova genyen ak kreyati l yo nan syèl la. N ap remake nan vizyon sa a, twòn Jewova a anlè cheriben yo. Gen lòt kote nan Pawòl Bondye a yo pale de Jewova menm jan an, yo fè konnen li chita sou twòn li anlè cheriben l yo oswa nan mitan yo. (Li 2 Wa 19:15; Egz. 25:22; Sòm 80:1.) Natirèlman, li pa chita toutbon anlè cheriben l yo kòmsi l ta bezwen kreyati espirityèl sa yo ki pisan pote l, oswa l ta bezwen yon charyo toutbon pou l deplase. Sepandan, cheriben yo ap soutni dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an, e l ka voye yo nenpòt kote nan linivè pou y al fè volonte l fèt antanke Souvren. Menm jan ak tout lòt zanj Bondye yo ki sen, cheriben yo aplike desizyon Jewova yo antanke sèvitè l oswa reprezantan l (Sòm 104:4). Nan sans sa a, Jewova anlè yo tout, li dirije yo antanke Souvren, kòmsi yo fè pati yon sèl gwo tonton cha.

10. Ki sa k montre gen plis pase kat cheriben ki te fè pati cha ki nan syèl la?

10 Cha a reprezante pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la. Ezekyèl te wè kat cheriben. Souvan yo sèvi ak chif kat la nan Bib la pou pale de yon bagay ki konplè, oswa pou yo pale de yon bagay ki enplike tout moun san eksepsyon. Kidonk, prezans kat cheriben yo reprezante tout pitit espirityèl Jewova yo ki fidèl. N ap remake tou, cheriben yo e menm wou yo te chaje ak je tout kote. Lefètke yo chaje ak je, sa montre y ap veye. Se pa sèlman kat kreyati espirityèl ki parèt yo k ap veye, men se yo tout k ap fè sa. Epitou, fason Ezekyèl pale de cha a montre cha a gwo anpil, e l tèlman gwo, menm cheriben sa yo ki enpresyonan parèt piti bò kote l (Eze. 1:18, 22; 10:12). Menm jan an tou, pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la gwo anpil, li gen ladan l plis pase kat cheriben lontan.

Vizyon Ezekyèl te fè sou cha Jewova a nan syèl la te fè l gen lakrentif. (Gade paragraf 8-10)

11. Ki vizyon ki sanble ak vizyon sa a Dànyèl te fè, e ki sa sa fè nou konprann?

11 Dànyèl te fè yon vizyon syèl la ki sanble ak sa. Pwofèt Dànyèl te viv pandan pakèt tan Juif yo te fè ann egzil nan vil Babilòn, e li menm tou, li te resevwa yon vizyon syèl la. Yon bagay ki enteresan sèke nan vizyon sa a tou, twòn Jewova a te gen wou. Vizyon Dànyèl te fè a te met aksan sou gwo fanmi espirityèl Jewova gen nan syèl la. Dànyèl te wè “1 000 000 zanj [...] e te gen 100 000 000 zanj” ki te kanpe devan Jewova. Yo te chita kòmsi se nan yon tribinal yo te ye nan syèl la, e yo chak te chita nan plas yo te ba yo a (Dàn. 7:9, 10, 13-18). Èske l pa sanble lojik pou n di vizyon Ezekyèl te fè a reprezante tout kreyati espirityèl sa yo ki gen glwa?

12. Poukisa se yon pwoteksyon pou nou lè n etidye yon seri pasaj tankou pasaj ki pale sou vizyon Ezekyèl te fè sou cha ki nan syèl la?

12 Jewova konnen se yon pwoteksyon sa ye pou nou lè nou konsantre lespri nou sou “bagay moun pa wè” yo, jan apot Pòl te rele yo a. Sa k fè sa? Se paske antanke moun ki fèt ak chè e ak san, nou gen tandans reflechi twòp sou “bagay moun wè”, sa vle di bagay k ap itil kò a e ki la sèlman pou yon ti tan. (Li 2 Korentyen 4:18.) Byen souvan, Satan jwe sou tandans sa a e l fè nou plis fikse panse nou sou lachè. Pou Jewova ede nou reziste anba presyon sa a, avèk amou, li ban nou yon seri pasaj nan Bib la, tankou pasaj sa a ki nan pwofesi Ezekyèl la, ki se bonjan rapèl sou fason fanmi Jewova ki nan syèl la estrawòdinè e li gen anpil glwa!

“Nou menm wou yo!”

13, 14. a) Ki sa Ezekyèl te di sou wou li te wè yo? b) Sa k fè li nòmal pou cha Jewova a gen wou ladan l?

13 Okòmansman, Ezekyèl te konsantre atansyon l sou kat cheriben yo. Nan chapit 4 nan liv sa a, nou pral wè ki sa kreyati sa yo ansanm ak aparans yo aprann nou sou Jewova. Sepandan, Ezekyèl te wè kat wou yo bò kote cheriben yo, e yo chak te nan yon pwent, yo te fòme yon gwo kare. (Li Ezekyèl 1:16-18.) Sanble yo te fèt ak krizolit, yon wòch ki gen anpil valè ki ka transparan e ki ka gen yon koulè jón oswa jón e vèt. Se yon wòch ki bèl e ki klere.

14 Vizyon Ezekyèl te fè a te met anpil aksan sou wou cha a. An jeneral, twòn pa konn gen wou, pa vre? Nou ka plis anvi panse ak yon twòn ki fikse yon kote e se nòmal, paske se apati yon sèl kote sèlman moun k ap dirije sou tè a ka etann enfliyans yo. Men, dwa Jewova genyen pou l dirije antanke Souvren an pa menm ditou ak kèlkeswa fason lèzòm dirije. Jan Ezekyèl t apral aprann sa, pouvwa Jewova genyen antanke Souvren an pa gen okenn limit (Ney. 9:6). Vrèmanvre, Souvren sa a kapab egzèse otorite l nenpòt kote!

15. Ki sa Ezekyèl te remake sou fason wou yo te fèt ansanm ak gwosè yo?

15 Ezekyèl te ret bouch ouvè lè l te wè gwosè wou yo. Men sa l te ekri: “Jant wou yo te ka fè moun fremi tèlman yo te wo.” Nou ka imajine Ezekyèl k ap kage tèt li pou l wè gwo jant wou sa yo k ap klere tank y ap monte nan syèl la. Annapre, li te bay detay sa a ki enteresan: “Te gen yon pakèt je sou tout kò jant [wou] yo.” Petèt sa k te pi enteresan an se te fason estrawòdinè wou yo te fèt. Men sa l te di: “Fason yo te fèt la se te tankou yon wou ki nan mitan yon lòt wou.” Ki sa sa te vle di?

16, 17. a) Nan ki sans cha a te gen wou ki gen wou anndan yo? b) Ki sa wou yo aprann nou sou jan cha Jewova a fasil pou l deplase?

16 Anfèt, chak wou Ezekyèl te wè se te de wou ki antre youn nan lòt, e yo te fòme yon ang ki dwat kote yo rankontre yo. Sa ede n konprann rezon ki fè wou yo deplase jan yo deplase a. Men sa Ezekyèl te esplike: “Lè yo t ap deplase, yo te ka ale nan nenpòt nan kat direksyon yo san yo pa t bezwen vire.” Ki sa wou sa yo aprann nou sou cha ki nan syèl la Ezekyèl te wè a?

17 Pou wotè wou sa yo, yo ka fè yon gwo distans nan yon sèl deplasman. Anfèt, nan vizyon an, cha a te deplase tankou zèklè (Eze. 1:14). Mete sou sa, fason estrawòdinè wou yo ale nan kat direksyon montre l enposib pou enjenyè rive fè wou ki sanble ak yo. Cha a ka chanje direksyon san l pa ralanti oswa san l pa menm vire! Men, li pa fè mouvman sa yo san kontwòl. Je yo ki kouvri jant yo montre aklè cha sa a wè tout sa k ap pase toutotou l, nan kèlkeswa direksyon an.

Wou yo te gen yon gwosè ki estrawòdinè e yo te ka deplase vrèman vit. (Gade paragraf 17)

18. Ki sa gwosè wou yo ansanm ak pakèt je yo genyen yo aprann nou?

18 Bon, ki sa Jewova te vle anseye Ezekyèl ak tout moun ki fidèl yo konsènan pati òganizasyon l lan ki nan syèl la? Ann fè yon ti pale sou sa n sot wè yo. Pati òganizasyon sa a gen glwa e l bay lakrentif, jan sa parèt nan fason wou yo klere ak nan gwosè yo. Li wè tout bagay, jan pakèt je ki sou wou yo montre sa. Je Jewova wè tout bagay (Pwo. 15:3; Jer. 23:24). Mete sou sa, li gen plizyè milyon zanj k ap sèvi l e l ka voye yo kèlkeswa kote nan linivè, yo ka byen wè sa k ap fèt yo epi ba l yon rapò. — Li Ebre 1:13, 14.

Fason wou yo fèt montre li fasil pou yo deplase. (Gade paragraf 17, 19)

19. Ki sa vitès cha Jewova a ak jan l fasil pou l deplase a aprann nou sou Jewova ak pati òganizasyon l lan ki nan syèl la?

19 Anplis de sa, nou wè cha a rapid anpil e l fasil pou l deplase. Jis fè yon ti reflechi sou diferans ki genyen ant pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la ak gouvènman, enstitisyon ak òganizasyon lèzòm yo! Yo gen tandans fè vye erè, yo pa rive adapte yo ak sitiyasyon yo k ap chanje jiskaske yo plonje nan katastwòf oswa yo vin pa alamòd. Sepandan, yon fason pafè, cha Jewova a montre Sila ki gen kontwòl li a se yon Bondye ki rezonab e ki konn adapte l. Jan non l genyen an montre sa, li ka vin tounen nenpòt sa k nesesè pou l reyalize objektif li (Egz. 3:13, 14). Pa egzanp, nan yon bat je, li ka tounen yon Gèrye ki pisan k ap goumen pou pèp li, men, nan yon bat je tou, li ka tounen Sila a ki gen mizèrikòd e ki padone peche yo, ki pran swen menm moun ki peche ki repanti ki gen kè yo k ap fann e l ka fè yo refè. — Sòm 30:5; Eza. 66:13.

20. Poukisa nou dwe gen respè pou cha Jewova a?

20 Kounye a, vizyon Ezekyèl la ka pouse n poze tèt nou kesyon sa a: ‘Èske m vrèman gen respè pou cha Jewova a?’ Nou bezwen sonje cha a an mouvman. Nou pa ta dwe janm imajine Jewova, Pitit li a ansanm ak zanj yo ki fèmen je yo sou yon pwoblèm ki dekouraje n. Nitou nou pa ta dwe enkyete n paske n panse Bondye nou an pap rive konble bezwen nou yo atan oswa òganizasyon l lan pap rive adapte l ak kèk nouvo defi ki gen nan monn sa a n ap viv la kote bagay yo ka chanje nenpòt ki lè. L ap bon pou n sonje òganizasyon Jewova a se yon òganizasyon ki aktif, sa vle di li toujou an mouvman. Anfèt, Ezekyèl te tande yon vwa ki di byen fò: “Nou menm wou yo!” (Eze. 10:13). Li klè, se yon lòd yo te bay wou yo pou yo fè mouvman. Èske se pa yon bagay ki estrawòdinè pou n wè fason Jewova ap dirije òganizasyon l lan? Sepandan, pi gwo respè a se pou Jewova menm nou dwe genyen l.

Sila ki gen kontwòl la

21, 22. Ki jan n ta ka esplike sa k kenbe tout pati ki nan cha a nan plas yo?

21 Gen yon lòt bagay ki te atire atansyon Ezekyèl anplis wou ki te anlè tèt li yo, “yon bagay ki te sanble ak yon platfòm an kristal”. (Eze. 1:22.) Platfòm nan te byen wo pa anlè tèt cheriben yo, li te byen laj e l t ap klere tèlman li te gen glwa. Yon lektè ki enterese nan mekanik ka ap poze tèt li yon pakèt kesyon konsènan cha sa a. Pa egzanp, gen kèk moun ki ka ap mande tèt yo: ‘Ki sa k kenbe platfòm nan pa anlè wou yo? Epi, ki jan wou yo ka fè fonksyone san pa gen aks ki relye yo ansanm?’ Nou dwe sonje lwa fizik yo pa gen efè sou cha a, paske cha a senbolik, li se imaj yon bagay ki egziste nan monn envizib la. N ap remake tou pawòl enpòtan sa yo: “Lespri ki t ap aji nan kreyati vivan yo te nan wou yo tou.” (Eze. 1:20, 21). Ki lespri ki t ap aji sou cheriben yo ak wou yo?

22 Li klè, se te lespri sen Jewova, fòs ki pi pisan nan linivè a. Fòs aktif sa a fè diferan pati nan cha a ret ansanm, li fè l gen pisans, e l fè mouvman yo fèt ansanm e yon fason ki pafè. Avèk enfòmasyon sa a nan lespri n, ann gade sa Ezekyèl te wè pandan l t ap gade Sila ki gen kontwòl cha a.

Ezekyèl te oblije chèche mo pou l di sa l wè yo, bagay moun prèske pa ka esplike.

23. Ki kalite ekspresyon Ezekyèl te itilize pou l eseye pale de Jewova, e poukisa se yo l te itilize?

23 Li Ezekyèl 1:26-28. Pandan Ezekyèl ap esplike vizyon l te fè a, souvan li itilize yon seri ekspresyon, tankou “fason l te fèt la” ak “sanble”. Men, nan vèsè sa yo, li itilize yo plis toujou. Se kòmsi l ap eseye chèche mo pou l di sa l wè a, yon bagay moun prèske pa gen mo pou esplike l. Li te wè “yon bagay ki te sanble ak yon wòch safi e ki te sanble ak yon twòn”. Èske w ka imajine yon twòn yo fè ak yon gwo safi ble fonse? Epi, Sila ki chita sou li a gen anpil enpòtans. Li “sanble ak yon moun”.

24, 25. a) Ki sa lakansyèl ki toutotou twòn Jewova a fè n sonje? b) Ki efè vizyon sa yo te genyen pafwa sou moun ki gen lafwa yo?

24 Se sèlman an gwo nou te ka plizoumwen idantifye kiyès Moun enpòtan sa a ye, paske Jewova ap degaje yon seri flanm dife ki gen glwa soti nan senti l desann anba e soti nan senti l monte anwo. Nou ka imajine tou pwofèt la ki oblije prèske fèmen je l epi ki bare yo pandan l ap gade fòm sa a ki gen glwa. Finalman, Ezekyèl te remake yon bagay ki estrawòdinè anpil nan vizyon an: “Te gen yon limyè toutotou l ki t ap klere e ki te tankou lakansyèl ki parèt nan nyaj lè gen lapli.” Sa pa janm rive ou santi w kontan lè w wè yon lakansyèl? Ala yon fason byen klè sa fè n sonje glwa Kreyatè nou an genyen! Lakansyèl sa a ki chaje koulè ki nan syèl la e ki fè n santi nou kalm raple nou alyans pou lapè Jewova te fè apre Delij la (Jen. 9:11-16). Malgre Bondye Toupisan, li se yon Bondye lapè (Ebre 13:20). Li gen lapè nan kè l e li bay tout moun k ap adore l e ki fidèl yo lapè sa a.

Bèl lakansyèl ki toutotou twòn Jewova a fè n sonje Bondye n ap sèvi a se yon Bondye lapè. (Gade paragraf 24)

25 Ki efè imaj Ezekyèl te wè sou glwa Jewova a te gen sou li? Men sa Ezekyèl te ekri ki te rive l: “Lè m te wè l, mwen te tonbe fas atè.” Respè ak lakrentif pou Bondye te anvayi Ezekyèl e l te tonbe atè. Gen lòt pwofèt ki te gen menm reyaksyon an lè Jewova te fè yo fè vizyon, yon eksperyans ki dwe te fè yo gen anpil imilite e ki te ka menm twòp pou yo (Eza. 6:1-5; Dàn. 10:8, 9; Rev. 1:12-17). Men, rive yon lè, sa Jewova te fè mesye sa yo wè a te ba yo plis fòs. Se sèten, sa te rive nan ka Ezekyèl. Kounye a, lè n li istwa sa yo nan Bib la, ki efè yo ta dwe gen sou nou?

26. Nan ki sans vizyon Ezekyèl te fè a te ba l fòs?

26 Si Ezekyèl te gen dout ak enkyetid akoz sitiyasyon pèp Bondye a te ladan l nan Babilòn, vizyon sa a dwe te fòtifye l. Sa klè, kit moun ki fidèl ak Bondye yo te nan Jerizalèm, kit yo te nan Babilòn oswa nenpòt lòt kote, sa pa t gen enpòtans. Yo pa t ap janm yon kote cha estrawòdinè Jewova a pa t ka rive! Èske gen yon pisans Satan te ka itilize pou kontrekare Bondye ki gen kontwòl òganizasyon sa a ki nan syèl la e ki gen glwa? (Li Sòm 118:6.) Epitou, Ezekyèl te wè cha sa a ki nan syèl la pa t twò lwen lèzòm. Rezon an se paske wou yo te touche tè a (Eze. 1:19)! Kidonk, Jewova te enterese anpil nan moun fidèl li yo ki te ann egzil. Yo pa t ap janm lwen Papa yo ki renmen yo e ki gen sousi pou yo!

Ki sans cha a gen pou ou?

27. Ki sans vizyon Ezekyèl la gen pou nou jodi a?

27 Èske vizyon Ezekyèl te fè a gen yon sans pou nou jodi a? Pa gen okenn dout! Pa bliye, Satan ap planifye pou l fè pi gwo atak toujou sou vrè adorasyon an. Li t ap kontan si l rive fè n kwè nou poukont nou, nou izole, e kote nou ye a twò lwen pou Papa nou ki nan syèl la ansanm ak òganizasyon l lan rive jwenn nou. Pa janm kite manti sa yo pran pye nan lespri n ak nan kè n (Sòm 139:7-12)! Menm jan ak Ezekyèl, nou gen anpil rezon pou n gen anpil lakrentif pou Bondye. Nou gendwa pa tonbe fas atè menm jan avè l, men, lè n wè jan pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la gen pisans, jan l rapid, jan l ka ale nan nenpòt direksyon, jan l ka adapte l ak jan l gen anpil glwa, èske sa pa ta dwe fè nou kontan, fè nou ret bouch ouvè?

28, 29. Ki sa k montre cha Jewova a te an mouvman pandan syèk ki sot pase a?

28 Pa bliye, òganizasyon Jewova a gen yon pati sou tè a tou. Se vre, pati òganizasyon sa a ki sou tè a se moun enpafè ki ladan l. Men, fè yon ti reflechi sou sa Jewova reyalize sou tè a! Toupatou nan monn nan, Jewova ede yon seri moun òdinè reyalize yon seri bagay yo pa t ap janm ka fè poukont yo (Jan 14:12). Si n annik fè yon ti gade nan liv Wayòm Bondye a ap dirije! a sa ka fè n sonje bèl travay predikasyon ki fèt pandan syèk ki sot pase a. Nou ka sonje tou gwo pwogrè òganizasyon Jewova a fè nan fòme vrè kretyen yo, nan viktwa li pote nan tribinal e menm nan fason li sèvi ak dènye teknoloji yo pou l pèmèt volonte Bondye fèt.

29 Lè nou wè tout sa ki fèt pou retabli vrè adorasyon an nan dènye jou sistèm sa a ki kòwonpi, li vin parèt pi klè cha Jewova a an mouvman. Se yon bèl privilèj nou genyen pou n fè pati òganizasyon sa a e pou n sèvi yon Souvren konsa! — Sòm 84:10.

Pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a toujou an mouvman. (Gade paragraf 28, 29)

30. Ki sa nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a?

30 Men, gen plis bagay nou ka aprann toujou nan vizyon Ezekyèl te fè a. Nan chapit ki vin apre a, nou pral pale plis sou kat “kreyati vivan” ki estrawòdinè yo oswa cheriben yo. Ki sa yo ka aprann nou sou Jewova, Souvren nou an ki gen glwa?

^ § 1 Ezekyèl te pale de yon bagay ki sanble ak lò blan, melanj lò ak ajan.

^ § 5 Se te yon wout dwat, men, sanble wout moun ki te egzile yo te pran an te prèske de fwa distans sa a.