Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Agoch: Yon reyinyon k ap fèt deyò, nan vil Lonn, nan peyi Angletè, nan ane 1945; adwat: Jounen asanble espesyal nan peyi Malawi, ann Afrik, nan ane 2012.

SEKSYON 5

Edikasyon Wayòm nan: Yo bay moun k ap sèvi Wa a fòmasyon

Edikasyon Wayòm nan: Yo bay moun k ap sèvi Wa a fòmasyon

PANDAN w ap gade oratè a k ap pale sou estrad la, ou fè yon ti souri. Li se yon jèn frè nan kongregasyon w lan e se premye fwa l ap patisipe nan pwogram yon asanble. Pandan w ap koute diskou l la, ou santi w kontan anpil dèske pèp Bondye a resevwa bonjan fòmasyon. Ou sonje premye fwa jèn frè sa a t ap bay yon diskou, epi, gade jan l pwogrese kounye a! Li te fè anpil gwo pwogrè apre l fin asiste Lekòl pyonye. Sa pa gen twò lontan, li menm ak madanm li te gen privilèj pou yo asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Pandan w ap bat bravo pou bèl diskou frè a sot fè a, ou gade ni adwat ni agoch, epi w reflechi ak fòmasyon tout moun ki fè pati pèp Bondye a ap resevwa.

Bib la te gentan predi t apral gen yon epòk kote pèp Bondye a t ap vin “moun Jewova anseye”. (Iza. 54:13.) Se nan epòk sa a n ap viv. Se pa sèlman nan piblikasyon nou yo nou resevwa fòmasyon, men, nou resevwa fòmasyon tou nan reyinyon nou yo, nan asanble yo, kongrè yo ansanm ak anpil lekòl ki la pou prepare nou pou n ranpli yon asiyasyon an patikilye nan òganizasyon Jewova a. Nan seksyon sa a, nou pral egzamine kòman fòmasyon sa yo bay bonjan prèv ki montre Wayòm Bondye a ap dirije jodi a.

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 16

Nou reyini pou nou adore

Kòman nou ka pi byen pwofite reyinyon nou fè pou nou adore Jewova yo?

CHAPIT 17

Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan

Ki jan lekòl teyokratik yo ede moun k ap preche Wayòm nan fè travay yo?