Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 5

Wa a fè limyè klere sou Wayòm nan

Wa a fè limyè klere sou Wayòm nan

IDE KLE CHAPIT LA

Pèp Bondye a vin konprann kèk verite enpòtan sou Wayòm nan, moun k ap dirije ladan l yo, moun y ap dirije yo ansanm ak enpòtans pou moun sa yo rete fidèl ak Wayòm nan.

1, 2. Nan ki sans Jezi te montre li se yon gid ki saj anpil?

ANN imajine w ap vizite yon vil ki bèl anpil, epi gen yon moun ki gen anpil eksperyans k ap ede w vizite vil la. Ni ou menm, ni moun ki avè w yo potko janm vizite vil sa a, konsa, ou chèche koute tout ti detay moun k ap ede w vizite vil la ap bay. Detanzantan, ni ou menm ni moun k ap vizite vil la ansanm avè w yo ret bouch ouvè devan kèk nan bèl bagay ki gen nan vil la nou potko janm wè. Sepandan, lè w mande moun k ap ede w vizite vil la kèk detay sou bagay nou wè yo, li tann bon moman an pou l ba w yon repons, e souvan, li konn menm tann lè n pral rive devan bagay sa yo pou l bay repons lan. Tank tan ap pase, se tank ou vin pi apresye sajès moun sa a genyen an paske li di w sa w bezwen konnen an egzakteman nan lè w bezwen konnen l lan.

2 Vrè kretyen yo nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon moun k ap vizite vil la. Nou swaf pou n konnen kèk bagay konsènan pi bèl vil ki te ka genyen an, anpalan de Wayòm Bondye a ki se “vil ki gen vrè fondasyon an”. (Ebre 11:10.) Lè Jezi te sou tè a, se li menm ki te konn anseye disip li yo, e l te ede yo vin gen plis konesans toujou sou Wayòm sa a. Èske l te konn reponn tout kesyon disip yo te genyen, e èske l te konn di yo tout bagay sou Wayòm nan yon sèl kou? Non. Men sa l te di yo: “Mwen gen anpil bagay pou m di nou toujou, men, nou pa ka konprann yo kounye a.” ​(Jan 16:12). Antanke gid ki pi saj la, Jezi pa t janm benyen disip li yo ak enfòmasyon yo potko pare pou yo konnen.

3, 4. a) Kòman Jezi te kontinye bay moun ki fidèl yo enfòmasyon konsènan Wayòm nan? b) Ki sa nou pral egzamine nan chapit sa a?

3 Jezi te di pawòl nou jwenn nan Jan 16:12 la nan dènye nuit li te pase sou tè a anvan l mouri. Ki jan l t apral kontinye bay moun ki fidèl yo enfòmasyon konsènan Wayòm nan apre lanmò l? Men ki asirans li te bay apot li yo: “Lespri ki fè konn verite a [...] ap gide nou e l ap ede nou konprann laverite nèt *.” ​(Jan 16:13). Nou kapab konpare lespri sen ak yon gid ki gen pasyans. Lespri sen se mwayen Jezi itilize pou l fè disip li yo konn nenpòt bagay yo bezwen konnen konsènan Wayòm nan, e l fè sa egzakteman nan lè yo bezwen konnen l lan.

4 Ann egzamine fason lespri sen Jewova ede kretyen fidèl yo vin gen plis enfòmasyon sou Wayòm nan. Toudabò, nou pral egzamine fason nou rive konprann ki lè Wayòm nan t ap kòmanse dirije. Apre sa, nou pral idantifye moun ki pral dirije nan Wayòm nan, moun yo pral dirije yo, e nou pral wè ki esperans de gwoup moun sa yo genyen. Pou fini, nou pral wè ki jan disip Jezi yo te rive pi byen konprann enpòtans pou yo rete fidèl ak Wayòm nan.

Yo vin konprann yon ane ki enpòtan anpil

5, 6. a) Ki erè Etidyan Labib yo te fè konsènan lè Wayòm nan t ap gen pou l tabli a ak moman rekòt la? b) Poukisa erè sa yo pa dwe fè n gen dout pou n konnen si wi ou non Jezi t ap gide disip li yo?

5 Jan nou te wè sa nan chapit 2 nan liv sa a, Etidyan Labib yo te pase plizyè dizèn ane ap fè konnen ane 1914 la se t ap yon ane ki enpòtan nan reyalizasyon pwofesi ki nan Bib la. Sepandan, nan moman sa a, yo te panse prezans Kris la te kòmanse nan ane 1874, yo te panse Kris te kòmanse dirije nan syèl la nan ane 1878, epi se jis nan mwa oktòb 1914 Wayòm nan t ap fin tabli nèt. Yo te panse sezon rekòt la t ap fèt ant ane 1874 ak ane 1914, epi dènye faz rekòt la se t ap rasanbleman moun Bondye chwazi yo pou yo monte nan syèl. Èske erè Etidyan Labib yo te fè yo ta dwe fè n gen dout pou n konnen si wi ou non Jezi te gide moun fidèl sa yo pa mwayen lespri sen?

6 Non! Ann fè yon ti reflechi sou egzanp nou te bay nan kòmansman chapit sa a. Èske sa moun k ap vizite vil la te panse yo ansanm ak kesyon yo te swaf pou yo konnen yo te ka fè yo pèdi konfyans nan moun ki t ap ede yo vizite vil la? Li t ap difisil! Menm jan an tou, byenke pafwa, pèp Bondye a te eseye chèche jwenn kèk detay konsènan objektif Jewova anvan lè a te rive pou lespri sen ede yo rive konn verite sa yo, li klè, Jezi t ap gide yo. Konsa, moun fidèl sa yo te montre yo aksepte Bondye korije yo, e, avèk imilite, yo te chanje fason yo te konprann bagay yo. — Jak 4:6.

7. Ki limyè Bondye te fè pèp li a jwenn nan domèn espirityèl?

7 Nan ane ki te vin apre 1919 yo, Bondye te fè pèp li a vin jwenn plis limyè nan domèn espirityèl. (Li Sòm 97:11.) Nan ane 1925, gen yon atik ki gen tit “Nesans nasyon an” ki te parèt nan Toudegad. Atik sa a te bay bonjan prèv ki sot nan Bib la ki montre Wayòm Mesi a te tabli nan ane 1914, sa ki te reyalize pwofesi nou jwenn nan Revelasyon chapit 12 la ki pale konsènan madanm oswa fi Bondye a ki nan syèl la ki gen tranche *. Anplis de sa, atik la te montre pèsekisyon ak pwoblèm pèp Jewova a t ap jwenn pandan ane gè sa yo, se te yon siy klè ki montre yo te met Satan deyò nan syèl la, e konsa, Satan te an “kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete.” — Rev. 12:12.

8, 9. a) Ki jan pèp Bondye a te vin wè aklè enpòtans Wayòm nan genyen? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

8 Ki enpòtans Wayòm nan genyen? Nan ane 1928, Toudegad te kòmanse montre jan Wayòm nan te pi enpòtan lontan pase delivrans yon moun ka jwenn grasa ranson an. Anfèt, se pa mwayen Wayòm Mesi a Jewova pral fè non l vin sen, se pa mwayen Wayòm nan li pral montre li gen bonjan dwa pou l dirije linivè antanke Chèf ki pi Wo a epi, se pa mwayen Wayòm sa a tou li pral reyalize tout objektif li genyen pou limanite.

9 Ki moun ki pral dirije ak Kris nan Wayòm sa a? Ki moun Wayòm sa a pral dirije sou tè a? E ki travay disip Kris yo t ap gen pou yo fè?

Travay rekòt la te konsantre sou moun Bondye chwazi pou al nan syèl la

10. Ki sa pèp Bondye a te konnen depi lontan sou 144 000 moun yo?

10 Plizyè dizèn ane anvan 1914, vrè kretyen yo te deja konprann t ap gen 144 000 disip fidèl ki t apral dirije nan syèl la ak Kris *. Etidyan Labib sa yo te konnen kantite sa a te literal e yo te konnen yo te kòmanse chwazi moun sa yo depi nan premye syèk epòk nou an.

11. Ki fason moun ki t apral fè pati klas lamarye Kris la te vin pi byen konprann travay yo te gen pou yo fè sou tè a?

11 Donk, ki travay moun sa yo ki t apral fè pati klas lamarye Kris la t ap gen pou yo fè pandan yo sou tè a toujou? Yo te rann yo kont Jezi te met aksan sou travay predikasyon an, e travay sa a te gen rapò ak yon moman rekòt (Mat. 9:37; Jan 4:35). Jan nou te remake sa nan chapit 2 a, pandan yon tan, yo te panse moman rekòt la t ap gen pou l dire 40 an, e l t ap fini nan rasanbleman moun Bondye chwazi yo pou y al nan syèl. Sepandan, etandone travay la te kontinye fèt menm apre 40 ane sa yo te fin pase, yo te vin bezwen plis esplikasyon. Kounye a, nou konnen moman rekòt la te kòmanse nan ane 1914. Se te moman kote yo te separe ble a, ki se kretyen fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl yo, ak move zèb yo, ki se fo kretyen yo. Kidonk, lè a te rive pou yo te konsantre sou rasanbleman rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo!

Sezon rekòt la te kòmanse nan ane 1914. (Gade paragraf 11.)

12, 13. Ki jan parabòl dis vyèj ak parabòl talan Jezi te bay yo te akonpli nan dènye jou yo?

12 Apati ane 1919, Kris te kontinye ede esklav fidèl ki prevwayan an pou l konsantre l sou travay predikasyon an. Jezi te konfye yo travay sa a nan premye syèk la (Mat. 28:19, 20). Anplis de sa, li te fè konnen ki kalite disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la t ap bezwen genyen pou yo fè travay predikasyon an. Ki jan l te montre sa? Nan parabòl dis vyèj li te bay la, li te fè konnen moun Bondye chwazi pou al nan syèl la t ap gen pou yo ret ap veye nan domèn espirityèl si yo te vle rive atenn objektif yo te genyen pou yo patisipe nan kokenn resepsyon maryaj ki t ap fèt nan syèl la, nan moman kote Kris t apral marye ak “lamarye” l la, anpalan de 144 000 moun yo (Rev. 21:2). Annapre, nan parabòl talan Jezi te bay la, li te fè konnen sèvitè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl la t ap gen pou yo bay tout yo menm pou akonpli travay predikasyon li te konfye yo a. — Mat. 25:1-30.

13 Pandan syèk ki sot pase a, nonsèlman moun Bondye chwazi pou al nan syèl la te montre yo se moun ki vijilan, men, yo te montre yo se moun ki dilijan tou. Pa gen dout nan sa, lefètke yo kontinye veye, y ap jwenn rekonpans yo pou sa. Sepandan, èske kokennchenn travay rekòt la te konsène rasanbleman rès 144 000 moun ki pral dirije ak Kris yo sèlman?

Wayòm nan ap rasanble moun l ap dirije sou tè a!

14, 15. Bay kat gwoup moun yo te pale de yo nan liv Mistè a rive nan bout li a.

14 Pandan lontan, gen kèk gason ak fi ki fidèl ki te chofe pou yo konnen ki moun ki fè pati “gwo foul” yo pale de li nan Revelasyon 7:9-14 la. Donk, nou pa sezi dèske, anvan lè a te rive pou Kris te fè konnen ki moun ki fè pati gwo foul sa a, anpil nan sa yo te di sou sijè sa a pa t ann amoni ak verite ki klè, ki senp nou konnen e nou renmen jodi a.

15 Nan ane 1917, liv Mistè a rive nan bout li (anglè) te fè konnen gen ‘de gwoup moun ki pral nan syèl, e gen de gwoup moun k ap ret sou tè a.’ Ki moun ki fè pati kat gwoup moun sa yo? Premyèman, t ap gen 144 000 moun ki pral dirije ak Kris. Dezyèmman, t ap gen yon gwo foul moun. Selon sa yo te panse, moun sa yo se te kretyen ki te toujou nan legliz Lakretyente yo. Moun sa yo te gen yon ti kantite lafwa, men yo pa t gen ase lafwa pou yo te pran pozisyon pou laverite. Sepandan, yo t apral jwenn yon pozisyon ki pa twò enpòtan nan syèl la. Pou tè a menm, yo te panse t ap gen yon twazyèm gwoup moun, “bon moun nan tan lontan yo”, anpalan de moun fidèl, tankou Abraram, Moyiz ansanm ak lòt moun yo, ki t apral jwenn otorite sou yon katriyèm gwoup moun, ki se tout rès moun k ap viv sou tè a.

16. Ki eklèsisman nou te vin genyen nan domèn espirityèl nan ane 1923 ak nan ane 1932?

16 Ki jan lespri sen te ede disip Kris yo pou yo vin gen konpreyansyon nou renmen jodi a? Sa te fèt tikras pa tikras grasa yon seri eklèsisman nou te jwenn nan domèn espirityèl. Nan kòmansman ane 1923, Toudegad te atire atansyon sou yon gwoup moun ki pa gen esperans pou y al viv nan syèl, e ki t apral viv sou tè a anba dominasyon Kris la. Nan ane 1932, Toudegad te pale konsènan Yonadab (Yewonadab), ki te ret atache ak wa Yewou, yon Izrayelit Bondye te chwazi, yon fason pou ede l nan gè li t ap fè kont fo adorasyon an (2 Wa 10:15-17). Atik la te fè konnen gen yon gwoup moun nan epòk pa nou an ki tankou Yonadab. Atik la te fè konnen tou Jewova t ap fè gwoup sa a “chape vivan nan Amagedòn” yon fason pou yo viv sou tè a.

17. a) Ki pi gwo eklèsisman nou te vin genyen nan domèn espirityèl nan ane 1935? b) Ki efè nouvo konpreyansyon sou gwo foul moun nan te genyen sou kretyen fidèl yo? (Gade kare ki gen tit: “ Yo rale yon gwo souf.”)

17 Nan ane 1935, nou te vin jwenn yon pi gwo eklèsisman nan domèn espirityèl. Nan kongrè ki te fèt Wachintonn Disi a, yo te fè konnen gwo foul moun nan se yon gwoup moun ki pral viv sou tè a, e se menm moun sa yo ki mouton Jezi te pale de yo nan parabòl mouton ak kabrit la (Mat. 25:33-40). Gwo foul moun nan t ap fè pati “lòt mouton” Jezi te pale de yo lè l te di: “Yo menm tou, fòk mwen vin avèk yo.” ​(Jan 10:16). Lè Joseph F. Rutherford te mande: “Èske tout moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan, ka leve kanpe tanpri?”, plis pase mwatye moun nan asistans lan te leve kanpe! Men sa l te di: “Gade! Men gwo foul moun nan!” Finalman, anpil moun te ka konprann esperans yo te genyen an, e sa te fè yo kontan anpil.

18. Sou ki sa disip Kris yo te vin konsantre efò yo nan travay predikasyon an, e ki rezilta sa te bay?

18 Depi lè sa a, Kris te ede pèp li a pou yo konsantre efò yo sou rasanbleman moun ki gen pou vin fè pati gwo foul ki pral chape vivan nan gwo tribilasyon an. Okòmansman, kantite moun ki fè pati gwo foul la sanble pa t anpil. Yon lè, frè Rutherford te menm di: “Sanble ‘gwo foul la’ pap twò gwo pase sa vre.” Nòmalman, kounye a, nou konnen jan Jewova beni travay rekòt la anpil depi lè sa a! Anba direksyon Jezi ak lespri sen, ni moun Bondye chwazi pou al nan syèl la, ni moun ki fè pati “lòt mouton” yo te vin jan Jezi te predi yo t ap ye a, sètadi, yo vin tounen “yon sèl twoupo” k ap sèvi ansanm anba direksyon “yon sèl bèje”.

Frè Rutherford pa t ka konnen jan kantite moun ki fè pati gwo foul la t ap vin anpil (Soti sou bò dwat Nathan H. Knorr, Joseph F. Rutherford, ak Hayden C. Covington).

19. Ki fason nou ka patisipe nan ede gwo foul la vin pi plis?

19 Pifò moun ki fidèl yo pral viv pou toutan nan yon paradi sou tè a anba dominasyon Kris ak 144 000 moun ki pral dirije avè l yo. Èske nou pa kontan wè fason Kris te gide pèp Bondye a pou yo vin konprann kalite esperans klè sa a, Bib la bay pou lavni an? Se pa ti privilèj nou genyen pou nou fè moun nou rankontre nan travay predikasyon an konnen esperans sa a! Kidonk, otank sitiyasyon nou pèmèt nou, ann fè tout sa n kapab pou n se moun ki aktif nan travay predikasyon an, yon fason pou gwo foul la kontinye ogmante, e pou nou fè plis louwanj pou non Jewova. — Li Lik 10:2.

Gwo foul la kontinye ap vin pi plis toujou.

Kalite fidelite Wayòm nan egzije

20. Ki sa ki gen nan òganizasyon Satan an, e ki jan sa gen rapò ak fidelite kretyen yo?

20 Tank pèp Bondye a t ap kontinye aprann plis bagay sou Wayòm nan, se tank yo te bezwen pi byen konprann sa sa vle di pou yo rete fidèl anvè gouvènman sa a ki nan syèl la. Nan sans sa a, nan ane 1922, Toudegad te fè konnen te gen de òganizasyon: òganizasyon Jewova a ak òganizasyon Satan an. Òganizasyon Satan an gen ladan l sistèm komèsyal, sistèm relijye ak sistèm politik monn nan. Moun ki te montre yo fidèl anvè Wayòm Bondye a, yon Wayòm Kris ap dirije, pa t dwe soutni kèlkeswa bagay ki fè pati òganizasyon Satan an, e yo te dwe fè efò pou tout sa yo fè montre yo se moun ki fidèl (2 Kor. 6:17). Ki sa sa te vle di?

21. a) Ki jan esklav fidèl la te bay pèp Bondye a avètisman kont gwo biznis? b) Ki sa Toudegad te di konsènan “Gran Babilòn nan” nan ane 1963?

21 Manje esklav fidèl la ap bay nan domèn espirityèl yo pa sispann montre koripsyon ki gen nan gwo biznis yo, e li pa sispann avèti pèp Bondye a pou yo pa tonbe nan materyalis (Mat. 6:24). Menm jan an tou, piblikasyon nou yo pa janm sispann montre ki sa pati relijye ki nan òganizasyon Satan an ye. An 1963, Toudegad te fè konnen aklè “Gran Babilòn nan” pa t sèlman reprezante Lakretyente, men, li te reprezante tout fo relijyon ki nan monn nan. Donk, jan nou pral wè sa plis toujou nan chapit 10 liv sa a, yo te ede pèp Bondye a ki soti nan tout peyi ak tout kilti pou yo “sot ladan l” yon fason pou yo pirifye tèt yo anba tout pratik ki gen nan fo relijyon yo. — Rev. 18:2, 4.

22. Pandan Premye Gè mondyal la, ki fason anpil moun pami pèp Bondye a te konprann Women 13:1?

22 Men, ki sa nou ka di konsènan pati politik ki nan sistèm Satan an? Èske vrè kretyen yo te ka patisipe nan lagè ak nan konfli nasyon yo t ap fè yo? Pandan Premye Gè mondyal la, Etidyan Labib yo te konprann disip Kris yo pa t dwe nan touye moun parèy yo (Mat. 26:52). Sepandan, pou anpil nan yo, lè Women 13:1 mande pou nou obeyi “otorite yo”, yo te konprann sa te vle di yo kapab antre nan lame, yo ka met inifòm sòlda sou yo e yo ka menm pote zam. Sepandan, lè yo ta mande yo pou yo touye ènmi yo, yo t ap tire anlè.

23, 24. Pandan Dezyèm Gè mondyal la, ki sa nou te konprann konsènan Women 13:1, e kòman disip Kris yo te vin pi byen konprann vèsè sa a?

23 Tousuit apre Dezyèm Gè mondyal la te fin eklate an 1939, Toudegad te egzamine kesyon netralite a afon. Atik la te montre byen klè kretyen yo pa dwe patisipe nan kèlkeswa gè ak konfli nasyon ki nan monn Satan an ap fè yo. Ala yon konsèy ki te vini nan bon moman! Konsa, disip Kris yo pa t gen etikèt ki sou do nasyon yo kòm moun ki te fè san koule nan gè sa a. Sepandan, apati ane 1929, nan piblikasyon nou yo, nou te kòmanse reflechi sou otorite yo pale nan Women 13:1 an, e nou te rann nou kont otorite sa a pa t reprezante dirijan nan monn nan, men, yo te reprezante Jewova ak Jezi. Nou te toujou bezwen jwenn yon pi bon konpreyansyon.

24 Lespri sen te ede disip Kris yo jwenn konpreyansyon sa a nan ane 1962, grasa kèk atik enpòtan konsènan Women 13:1-7 ki te parèt nan Toudegad 15 novanm ak Toudegad 1ye desanm. Finalman, pèp Bondye a te vin pi byen konprann prensip Jezi te bay ki montre nou pa dwe soumèt nou je fèmen ak tout sa Leta mande. Men sa Jezi te di: “Bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.” ​(Lik 20:25). Kounye a, vrè kretyen yo konprann otorite yo se gouvènman ki nan monn nan e kretyen yo dwe soumèt devan yo. Sepandan, kretyen yo pa fè sa je fèmen. Lè otorite yo mande nou pou nou dezobeyi Jewova Dye, n ap reponn menm jan ak apot ki t ap viv nan tan lontan yo, n ap di: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” ​(Tra. 5:29). Nan chapit 13 ak nan chapit 14 liv sa a, nou pral jwenn plis detay sou fason pèp Bondye a te montre yo respekte prensip ki gen rapò ak netralite kretyen an.

Se pa ti privilèj nou genyen pou nou fè lòt moun konnen esperans Bib la bay konsènan lavi ki pap janm fini an!

25. Ki sa k fè w kontan dèske lespri sen ede w konprann Wayòm Bondye a?

25 Ann fè yon ti reflechi sou tout sa disip Kris yo te aprann konsènan Wayòm nan pandan syèk ki sot pase a. Nou te aprann ki lè Wayòm nan te tabli nan syèl la e ki enpòtans li genyen. Nou te vin pi byen konprann de kalite esperans moun fidèl yo genyen an, anpalan de esperans pou y al viv nan syèl ak esperans pou yo viv sou tè a. Nou konn fason pou nou montre nou fidèl anvè Bondye toutpandan n ap soumèt nou devan otorite ki nan monn nan depi yo pa mande n dezobeyi Bondye. Kidonk, mande tèt ou: ‘Èske m t ap janm konnen verite sa yo ki gen anpil valè si Jezi Kris pa t ede esklav fidèl li gen sou tè a pou yo rive konprann yo, e pou yo fè nou konnen yo?’ Se pa ti benediksyon sa ye dèske nou gen Kris ak lespri sen pou gide nou!

^ § 3 Selon sa yon liv fè konnen, mo grèk lè yo tradui l yo mete “gide” pou li nan vèsè sa a vle di “montre wout la”.

^ § 7 Anvan sa, nou te panse vizyon sa a te gen rapò ak yon gè ant relijyon payen ki te gen nan Anpi women an ak Legliz katolik women an.

^ § 10 Nan mwa jen 1880, Toudegad Siyon an (anglè) te fè konnen 144 000 moun yo se t ap juif ki konvèti anvan 1914. Sepandan, pi devan nan menm ane 1880 an, yo te pibliye yon lòt fason yo te konprann sijè sa a ki plis sanble ak sa nou konnen depi lè sa a.