Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 13

Pwoklamatè Wayòm nan prezante ka yo devan tribinal

Pwoklamatè Wayòm nan prezante ka yo devan tribinal

IDE KLE CHAPIT LA

Jan Jezi te anonse sa, pèp li a te jwenn anpil opozisyon akoz travay predikasyon an.

1, 2. a) Ki sa chèf relijye yo te fè pou yo kanpe travay predikasyon an, men, ki jan apot yo te reyaji? b) Poukisa apot yo te refize obeyi lòd yo te ba yo pou sispann preche a?

SE TE yon ti tan apre pannkòt ane 33 epòk nou an. Lè sa a, kongregasyon ki te Jerizalèm nan te gen kèk semèn sèlman depi l egziste. Satan te wè se yon bon moman pou l atake l. Anvan menm kongregasyon an te vin djanm, li te vle tou fin avè l. San pèdi tan, Satan ranje bagay yo yon fason pou chèf relijye yo entèdi travay predikasyon Wayòm nan. Sepandan, apot yo te met kouraj sou yo pou yo preche. Kòm rezilta, sa te fè anpil gason ak fi “vin kwè nan Seyè a”. — Tra. 4:18, 33; 5:14.

Apot yo te kontan “dèske Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi”.

2 Opozan yo te fache anpil, e yo pa t vle kite sa. Se sa k fè, yo te fè met apot yo nan prizon. Sepandan, pandan nuit lan, Jewova te voye yon zanj vin ouvri pòt prizon an pou yo, e konsa, yo te retounen preche byen bonè nan maten. Men, yo te arete apot yo ankò e yo mennen yo devan tribinal. Yo te akize yo kòm moun ki pa t respekte lòd yo te bay pou sispann preche a. Apot yo te met kouraj sou yo epi yo te di: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” Jij yo te tèlman fache, yo te vle “touye” apot yo. Nan moman sa a, Gamalyèl, yon anseyan Lalwa anpil moun respekte, te pran lapawòl, epi l di jij yo: “Fè atansyon [...]. Pa okipe mesye sa yo, kite yo trankil.” Yon bagay ki fè moun sezi sèke, jij yo te koute konsèy Gamalyèl la e yo te kite apot yo ale. Ki sa apot fidèl sa yo te fè? Yo te met kouraj sou yo, yo te kontinye “anseye san rete [...] e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, anpalan de Jezi.” — Tra. 5:17-21, 27-42; Pwo. 21:1, 30.

3, 4. a) Ki taktik Satan gen lontan depi l ap itilize kont pèp Bondye a? b) Ki sa nou pral egzamine nan chapit sa a ak nan de chapit ki vin apre yo?

3 Jijman sa a yo te fè nan ane 33 epòk nou an se te premye opozisyon kongregasyon kretyen an te jwenn, e se pa t dènye a (Tra. 4:5-8; 16:20; 17:6, 7). Nan epòk pa nou an, Satan kontinye ap pouse moun ki opoze ak vrè adorasyon an pou yo fè otorite yo met entèdiksyon sou travay predikasyon nou an. Yo lage plizyè akizasyon sou do pèp Bondye a. Gen moun ki di n ap twouble lapè piblik. Gen lòt ki di n ap pouse moun fè soulèvman, e gen lòt ki di nou se machann liv. Lè sa nesesè, frè nou yo konn al devan tribinal pou yo ka demanti akizasyon sa yo. Ki rezilta frè yo konn jwenn nan ka sa yo? Ki efè desizyon tribinal yo te pran sa gen plizyè dizèn ane gen sou ou jodi a? Ann egzamine kèk ka ki t al devan tribinal pou n wè ki fason yo te ede n “defann bon nouvèl la e [...] fè rekonèt li devan lajistis”. — Fil. 1:7.

4 Nan chapit sa a, nou pral pale sou fason nou te defann dwa nou genyen pou n preche lib e libè. De chapit k ap vin apre yo pral pale konsènan kèk batay nou te mennen devan tribinal nan efò n ap fè pou n ret separe ak monn nan e pou n suiv prensip Wayòm nan.

Moun k ap twouble lapè piblik oswa moun k ap defann Wayòm Bondye a fidèlman?

5. Nan fen ane 1930 yo, poukisa yo te arete pwoklamatè Wayòm yo, e ki sa moun ki te pran latèt yo te panse fè?

5 Nan fen ane 1930 yo, gen kèk vil ak kèk eta nan peyi Etazini ki t ap chèche fòse Temwen Jewova yo gen yon lisans pou yo ka patisipe nan travay predikasyon an. Men, frè nou yo pa t al chèche gen lisans sa a paske yo konnen nenpòt ki lè otorite yo te ka pran lisans lan nan men yo. Anplis de sa, yo te konnen pa gen okenn gouvènman ki gen dwa pou l kanpe kont lòd Jezi te bay kretyen yo pou yo preche mesaj Wayòm nan (Mak 13:10). Kòm rezilta, yo te arete plizyè santèn pwoklamatè Wayòm nan. Moun ki te pran latèt nan òganizasyon an te reyaji, yo te panse pote ka yo devan tribinal. Yo te espere montre desizyon otorite yo te pran pou anpeche Temwen yo pratike relijyon yo a lib e libè te kont sa lalwa di. Nan ane 1938, te gen yon sitiyasyon ki te rive ki te fè yo prezante yon ka nan tribinal. Se te premye fwa yo te prezante yon ka konsa nan tribinal. Ki sa k te rive?

6, 7. Ki sa k te rive fanmi Cantwell?

6 Jou jedi maten 26 avril 1938 la, Newton Cantwell, ki te gen 60 an, ak Esther, madanm li, ansanm ak Henry, Russell ak Jesse, pitit gason yo te genyen yo, te kite lakay yo pou yo t al fè yon jounen ap preche nan vil New Haven, Konektikèt. Yo toule senk te pyonye espesyal. Yo te prepare yo pou yo te fè plis pase yon jou deyò. Sa k fè sa? Se paske yo te arete yo plizyè fwa deja, e konsa, yo te konnen yo te ka arete yo ankò. Men malgre sa, sa pa t retire sou anvi yo te genyen pou yo preche mesaj Wayòm nan. Yo te sèvi ak de machin pou yo t al nan vil New Haven nan. Newton te kondui machin fanmi an, ki te gen ladan l piblikasyon ki baze sou Bib la ak fonograf mobil. Henry li menm, ki te gen 22 an, te kondui machin ki gen opalè sou tèt li a. Jan yo te atann sa, apre kèk èdtan, lapolis te kanpe yo.

7 Premyèman, lapolis te arete Russell, ki te gen 18 an. Apre sa, yo te arete Newton ak Esther. Jesse, ki te gen 16 an, te kanpe nan yon distans ap gade pandan lapolis ap arete paran l ak frè l. Etandone Henry t ap preche nan yon lòt pati nan vil la, Jesse te lage poukont li. Malgre sa, li te pran fonograf li e li te kontinye preche. Te gen de mesye katolik ki te kite Jesse jwe diskou frè Rutherford la ki te gen tit “Lènmi yo”. Men, pandan mesye sa yo t ap koute diskou a, yo te vin fache. Yo te tèlman fache yo te anvi bat Jesse. Jesse te rete byen kalm epi l deplase. Men, yon ti tan annapre, lapolis te kanpe l e yo te arete l. Lapolis pa t lage akizasyon sou do sè Cantwell, men yo te lage akizasyon sou do frè Cantwell ak pitit gason l yo. Sepandan, menm jou a, yo te bay lajan pou yo lage yo, men, yo t ap gen pou yo parèt devan tribinal.

8. Ki sa k fè tribinal la te fè konnen Jesse Cantwell se yon moun k ap simen latwoublay?

8 Kèk mwa annapre, nan mwa septanm 1938, fanmi Cantwell te parèt devan tribinal vil New Haven nan. Yo te akize Newton, Russell ak Jesse kòmkwa yo t ap mande lajan san yo pa gen lisans pou sa. Malgre yo t al plede koz yo devan pi gwo tribinal nan Konektikèt la, tribinal la te fè konnen Jesse se yon moun k ap simen latwoublay. Poukisa tribinal la te fè konn sa? Se paske de mesye katolik ki t ap tande diskou Jesse t ap pase a te fè tribinal la konnen diskou sa a te manke relijyon yo a dega, e sa yo te tande a te pwovoke yo. Pou frè ki te responsab yo te fè fas ak desizyon tribinal la te pran an, yo te mennen ka a devan pi gwo tribinal peyi a.

9, 10. a) Kòman pi gwo tribinal peyi Etazini an te pran yon desizyon an favè fanmi Cantwell? b) Ki fason nou kontinye jwenn byenfè grasa jijman sa a?

9 Apati 29 mas 1940, Charles E. Hughes, jij an chèf la, ak uit lòt jij te tande frè Hayden Covington, yon avoka Temwen Jewova yo *. Pandan avoka eta Konektikèt la t ap eseye montre Temwen yo se moun k ap simen latwoublay, gen youn nan jij yo ki te mande l: “Èske se pa vre, mesaj Kris te preche nan epòk pa l la te fè moun fache?” Men sa avoka a te reponn: “Wi, e si m byen sonje sa Bib la di, li fè nou konnen sa k te rive Jezi paske l te preche mesaj sa a.” Pawòl li te di a te vle di anpil bagay! San avoka a pa rann li kont, li te mete Temwen yo nan menm lo ak Jezi, e li te met eta Konektikèt la nan menm gwoup ak moun ki te kondane Jezi yo. Nan dat ki te 20 me 1940 lan, tout jij nan tribinal la te pran yon desizyon an favè Temwen yo.

Hayden Covington (devan, nan mitan), Glen How (agoch), ak kèk lòt frè ak sè k ap kite yon tribinal apre yo te fin ranpòte yon viktwa.

10 Ki rezilta desizyon sa a te pote? Li te pwoteje dwa frè yo genyen pou yo pratike relijyon yo vle, e konsa, pa gen okenn lwa federal, lwa yon komin oswa yon eta ki ta kapab met yon limit sou dwa yo genyen pou yo pratike relijyon yo vle. Mete sou sa, tribinal la te fè konnen pa gen anyen nan konduit Jesse ki montre “li se yon moun k ap twouble lòd ak lapè piblik”. Konsa, yon fason klè, jijman sa a te montre Temwen Jewova yo pa moun k ap twouble lapè piblik. Ala yon gwo viktwa sèvitè Bondye yo te ranpòte devan tribinal! Ki fason nou kontinye benefisye jijman sa a? Men sa yon avoka ki se yon Temwen fè konnen: “Jodi a, antanke Temwen, dwa nou genyen pou n pratike relijyon nou vle san yo pa met restriksyon sou nou pèmèt nou pataje yon mesaj ki bay espwa ak lòt moun nan zòn nou abite a.”

Moun k ap pouse moun revòlte oswa moun k ap preche laverite?

Gwo lahèn Kebèk genyen pou Bondye, pou Kris e pou libète se yon wont pou tout Kanada!

11. Ki kanpay frè nou yo nan peyi Kanada te fè, e poukisa?

11 Pandan ane 1940 yo, Temwen Jewova nan peyi Kanada te fè fas ak opozisyon ki rèd anpil. Se sa k fè, nan ane 1946, pou frè nou yo te ka fè tout moun konnen jan Leta pa t respekte dwa yo genyen pou yo adore Bondye jan yo vle a, yo te òganize yon kanpay ki te dire 16 jou kote yo te distribye yon feyè ki gen tit Gwo lahèn Kebèk genyen pou Bondye, pou Kris e pou libète se yon wont pou tout Kanada! (anglè). Nan feyè sa a ki te gen kat paj, yo te bay detay sou konplo chèf legliz yo t ap fè pou yo fè vyolans sou frè nou yo, yo te bay detay tou sou fason lapolis ap matirize yo ansanm ak vyolans foul moun konn fè sou yo nan pwovens Kebèk la. Men sa feyè a te di: “Yo kontinye ap arete Temwen Jewova yo san rezon. Yo depoze anviwon 800 plent kont Temwen Jewova yo nan Monreyal.”

12. a) Ki jan opozan yo te reyaji devan kanpay la? b) Ki akizasyon yo te lage sou do frè nou yo? (Gade nòt anba paj la tou.)

12 Maurice Duplessis se te moun ki te gen plis otorite nan pwovens Kebèk la, e l t ap travay men nan men ak Kadinal Legliz katolik women an ki te rele Villeneuve. Pou Maurice Duplessis te montre jan l pa t kontan ak sa k te ekri nan feyè a, li te deklare yon “gè san pitye” kont Temwen yo. San pèdi tan, kantite akizasyon yo te lage sou do nou yo te vin double, soti 800 pou rive 1 600. Men sa yon sè ki te pyonye fè konnen: “Lapolis te tèlman arete nou, nou pa t ka konte kantite fwa yo te fè sa.” Yo te akize Temwen yo te kenbe k ap distribye feyè a kòm moun k ap “pouse lòt moun revòlte” *.

13. Ki moun yo te premye akize kòm moun k ap pouse moun revòlte, e ki desizyon tribinal la te pran?

13 Nan ane 1947, frè Aimé Boucher ansanm ak de pitit fi l yo Gisèle, ki te gen 18 an, ak Lucille, ki te gen 11 an, te premye moun yo te eseye jije kòm moun yo te di k ap pouse lòt moun revòlte. Yo t ap distribye feyè Gwo lahèn Kebèk genyen an toupre jaden yo nan yon ti zòn nan vil Kebèk ki chaje ak mòn. Sepandan, li te difisil pou yon moun ta konsidere yo kòm moun k ap simen latwoublay. Frè Boucher se te yon moun dou ki te gen anpil imilite, e ki te konn byen pran swen ti jaden l te genyen an, e detanzantan, li te konn desann nan vil la sou yon cheval ak yon charyo. Aktout sa, fanmi l te sibi kèk nan move tretman yo te site nan feyè a. Jij nan tribinal la, yon jij ki te rayi Temwen yo, te refize aksepte tout prèv frè yo te bay ki te montre fanmi Boucher te inosan. Jij la te dakò ak akizasyon lòt avoka a kòmkwa feyè a t ap ankouraje vyolans, e konsa, yo ta dwe rekonèt fanmi Boucher kòm koupab. Kidonk, nou te ka di se kòmsi jij la te di: Se yon krim sa ye pou yon moun di laverite! Yo te kondane Aimé ak Gisèle kòm moun k ap pouse lòt moun revòlte. Menm Lucille, ki te pi jèn, te pase 2 jou nan prizon. Frè yo te mennen ka a devan pi gwo tribinal peyi Kanada a, e tribinal la te dakò pou l tande ka a.

14. Ki jan frè Kebèk yo te reyaji pandan plizyè ane yo t ap sibi pèsekisyon yo?

14 Pandan tan sa a, frè ak sè nan vil Kebèk yo te met kouraj sou yo pou yo kontinye preche mesaj Wayòm nan malgre tout atak ak vyolans yo t ap sibi san pran souf, e byen souvan, yo te konn jwenn bon rezilta. Pandan kat ane ki te vin apre yo te kòmanse kanpay pou distribye feyè a nan ane 1946 la, kantite Temwen nan Kebèk yo te ogmante soti 300 pou rive 1 000 *!

15, 16. a) Ki desizyon pi gwo tribinal peyi Kanada a te pran nan ka fanmi Boucher a? b) Ki efè viktwa sa a te genyen sou frè nou yo ak lòt moun?

15 Nan mwa jen 1950, tout jij nan pi gwo tribinal Kanada a, ki te 9 moun antou, te la pou tande ka frè Aimé Boucher a. Simwa annapre, nan dat 18 desanm 1950 lan, tribinal la te pran yon desizyon an favè nou. Poukisa? Frè Glen How, yon avoka Temwen yo, te fè konnen tribinal la te dakò ak sa avoka ki t ap defann frè a te di ki montre pou yon moun “pouse lòt moun revòlte”, sa mande pou moun sa a ankouraje lòt moun fè vyolans oswa pou l manniganse koudeta kont gouvènman an. Sepandan, feyè a “pa t gen okenn bagay konsa ladan l, e konsa, sa ki te ekri nan feyè a se te yon aksyon legal konsènan libète moun genyen pou yo pale”. Men sa frè How te ajoute: “Mwen te wè jan Jewova te fè n ranpòte laviktwa *[63].”

16 Vrèmanvre, desizyon pi gwo tribinal peyi Kanada a te pran an te yon kokennchenn viktwa pou Wayòm Bondye a. Desizyon sa a te elimine baz pou tout lòt 122 ka ki t ap tann jijman yo, kote yo te akize Temwen nan Kebèk yo kòmkwa yo se moun k ap bay manti pou pouse lòt moun revòlte. Anplis de sa, desizyon tribinal la te pran an te montre, kounye a, ni sitwayen nan peyi Kanada ni lòt sitwayen k ap viv nan peyi ki anba kontwòl Grann Bretay yo te gen dwa pou yo di sa yo panse sou fason gouvènman an ap dirije. Mete sou sa, viktwa sa a te fè Legliz ansanm ak Leta Kebèk sispann atake Temwen Jewova yo *.

Machann liv oswa moun k ap anonse Wayòm nan avèk zèl?

17. Ki fason kèk gouvènman eseye gen kontwòl aktivite ki gen rapò ak predikasyon nou an?

17 Menm jan ak kretyen nan premye syèk yo, jodi a, sèvitè Jewova yo pa moun k ap “mache vann pawòl Bondye a”. (Li 2 Korentyen 2:17.) Malgre sa, gen kèk gouvènman ki eseye gen kontwòl aktivite n ap fè antanke kretyen an pa mwayen yon seri lwa ki gen rapò ak komès. Ann konsidere de ka ki te parèt devan tribinal kote yo te chèche konnen si wi ou non Temwen Jewova yo se machann liv oswa yo se moun k ap preche.

18, 19. Ki fason otorite yo nan peyi Dànmak te eseye kanpe travay predikasyon an?

18 Dànmak. Nan dat 1ye oktòb 1932 a, yo te vote yon lwa ki te fè konnen li ilegal pou yon moun ap vann piblikasyon ki enprime san l pa gen yon patant kòm machann liv. Sepandan, frè nou yo pa t chèche jwenn yon patant. Nan jou ki te vin apre a, gen senk pwoklamatè ki te fè yon jounen ap preche nan yon ti vil ki rele Roskilde ki twouve l a anviwon 30 kilomèt alwès vil Kopennag, kapital Dànmak. Nan fen jounen an, yo pa t wè August Lehmann, youn nan pwoklamatè yo. Yo te arete l kòmkwa l t ap vann liv san l pa gen yon patant pou sa.

19 August Lehmann te parèt devan tribinal nan dat 19 desanm 1932. Li te fè konnen byen klè se vizite l t al vizite moun yo pou l ofri yo piblikasyon ki baze sou Bib la, men, li pa t dakò ak akizasyon yo te lage sou do l kòmkwa li t ap vann liv la. Tribinal la te dakò avè l. Men sa tribinal la te di: “Akize a [...] gen ase lajan pou l pran swen tèt li, e [li] pa t resevwa okenn kòb, ni li pa t gen entansyon resevwa anyen, olye de sa, aktivite l ap fè yo fè l depanse lajan pito.” Tribinal la te pran pou Temwen yo e l te fè konnen aktivite frè Lehmann ap fè a “se pa yon travay ki fè moun fè lajan”. Sepandan, advèsè pèp Bondye yo te pran detèminasyon pou yo te sispann travay predikasyon an toupatou nan peyi a (Sòm 94:20). Avoka gouvènman an te mennen ka a devan pi gwo tribinal peyi a. Ki jan frè nou yo te reyaji?

20. Ki desizyon pi gwo tribinal nan peyi Dànmak la te pran, e ki jan frè nou yo te reyaji?

20 Nan semèn kote pi gwo tribinal nan peyi a t ap tande ka yo, tout Temwen nan peyi Dànmak yo te ogmante aktivite predikasyon yo a. Nan jou ki te madi 3 oktòb 1933 a, pi gwo tribinal la te anonse desizyon l te pran an. Li te dakò ak lòt tribinal la pou di August Lehmann pa t vyole okenn lwa. Jijman sa a te vle di Temwen yo t ap ka kontinye preche lib e libè. Pou frè ak sè yo te demontre jan yo rekonesan anvè Jewova pou viktwa sa a li te fè yo genyen devan tribinal la, yo te ogmante aktivite predikasyon yo a pi plis toujou. Depi lè tribinal la te fin pran desizyon sa a, frè nou yo nan peyi Dànmak pa janm jwenn pwoblèm nan men gouvènman an lè y ap fè travay predikasyon yo a.

Kèk Temwen nan peyi Dànmak ki te montre yo gen kran nan ane 1930 yo.

21, 22. Ki desizyon pi gwo tribinal nan peyi Etazini an te pran nan ka frè Murdock la?

21 Etazini. Jou ki te dimanch 25 fevriye 1940 lan, yo te arete Robert Murdock Jr., yon pyonye, ansanm ak sèt lòt Temwen pandan yo t ap preche nan vil Jeannette, yon vil ki toupre vil Pitsbèg, ki nan eta Pennsilvani. Yo te akize yo kòm moun k ap ofri moun piblikasyon san yon pa achte yon patant pou sa. Yo te mande pou pi gwo tribinal peyi Etazini an tande ka yo a, e tribinal la te dakò.

22 Nan dat 3 me 1943 a, pi gwo tribinal la te anonse desizyon l te pran an, yon desizyon li te pran an favè Temwen yo. Tribinal la pa t dakò ak egzijans pou yon moun jwenn yon patant lan paske egzijans sa a te mande pou “moun nan peye pou yon dwa Konstitisyon peyi a deja ba li”. Tribinal la te konsidere desizyon vil la te pran an kòm “yon restriksyon sou libète laprès ak yon restriksyon sou libète moun genyen pou yo pratike relijyon yo vle”. Pandan yon jij ki rele Justice William O. Douglas t ap di ki sa majorite jij yo te panse, li te fè konnen aktivite Temwen Jewova yo ap fè a se yon aktivite ki “plis pase preche, li plis pase distribye piblikasyon ki gen rapò ak relijyon. Li se toule de bagay sa yo anmenmtan.” Men sa l te ajoute: “Kalite aktivite relijye sa a gen enpòtans li menm jan [...] ak adorasyon y ap bay nan legliz yo ak lè y ap preche sou chè yo.”

23. Ki sa k fè viktwa nou te fè devan tribinal yo nan ane 1943 a gen anpil enpòtans pou nou jodi a?

23 Desizyon sa a pi gwo tribinal la te pran an te reprezante yon gwo viktwa pou pèp Bondye a. Jijman sa a te dakò ak sa n di nou ye toutbon an, anpalan de kretyen k ap preche, men, nou pa moun k ap vann liv. Nan jou sa a nan ane 1943 a, yon jou nou pap janm bliye, Temwen Jewova yo te ranpòte laviktwa nan 12 pami 13 ka yo te genyen devan pi gwo tribinal la, jijman Murdock la ladan l tou. Nou te sèvi ak desizyon sa yo tribinal la te pran an kòm yon gwo egzanp nan dènye jijman nou fèk sot fè yo kote, yon lòt fwa ankò, opozan yo te kanpe kont dwa nou genyen pou n preche mesaj Wayòm nan kay an kay e an piblik.

“Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm”

24. Ki fason nou reyaji lè yon gouvènman entèdi travay predikasyon nou an?

24 Antanke sèvitè Jewova, nou vrèman kontan lè gouvènman yo rekonèt dwa nou genyen pou n preche mesaj Wayòm nan lib e libè. Men, lè yon gouvènman entèdi travay predikasyon nou an, nou annik chanje metòd nou konn preche a pou n ka kontinye travay la fason nou kapab. Menm jan ak apot yo, “se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm”. (Tra. 5:29; Mat. 28:19, 20.) Anmenmtan tou, n al devan tribinal yo pou yo leve entèdiksyon yo met sou aktivite nou yo. Ann pran de egzanp.

25, 26. Ki sa k te rive nan peyi Nikaragwa ki te pèmèt nou prezante ka a devan pi gwo tribinal peyi a, e ki jan sa te fini?

25 Nikaragwa. Nan jou ki te 19 novanm 1952 a, Donovan Munsterman, yon misyonè e ki te sèvitè filyal, te antre nan biwo imigrasyon an ki nan Managwa, kapital peyi a. Yo te ba l lòd pou l parèt devan kapitèn Arnoldo García ki te chèf biwo a. Kapitèn nan te di frè Donovan, yo te entèdi tout Temwen Jewova nan peyi Nikaragwa yo pou yo “kontinye anseye moun doktrin yo, e yo te entèdi yo ankouraje moun patisipe nan aktivite ki gen rapò ak relijyon yo a”. Lè frè Donovan te mande l poukisa, kapitèn nan te fè l konnen Temwen yo pa t jwenn pèmisyon pou yo fè travay predikasyon yo a nan men minis gouvènman an, e konsa, yo te akize yo kòm kominis. Kiyès menm ki te akize nou? Se chèf yo nan legliz katolik women an.

Frè yo nan peyi Nikaragwa pandan entèdiksyon an.

26 San pèdi tan, frè Munsterman te mande pou l wè ak minis gouvènman an, minis relijyon an e menm ak prezidan peyi a, anpalan de Anastasio Somoza García, men, sa pa t mache. Kidonk, frè yo te chanje metòd yo te konn itilize yo. Yo te fèmen Sal Wayòm nan, yo te reyini nan gwoup ki pi piti, e yo te sispann bay temwayaj nan lari. Sepandan, yo te kontinye preche mesaj Wayòm nan. Anmenmtan tou, yo te siyen yon papye voye bay pi gwo tribinal peyi Nikaragwa a pou mande tribinal la leve entèdiksyon an. Jounal yo te pibliye entèdiksyon an ak sa yo te di nan papye a, epi, pi gwo tribinal peyi a te dakò tande ka a. Ki jan sa te fini? Nan dat 19 jen 1953 a, tout jij ki fè pati pi gwo tribinal la te pran yon desizyon an favè Temwen yo. Tribinal la te fè konnen entèdiksyon an te vyole yon lwa nan konstitisyon peyi a ki garanti moun libète pou yo pale, libète konsyans e pou yo pratike relijyon yo vle. Anplis de sa, tribinal la te bay lòd pou relasyon gouvènman peyi Nikaragwa a te genyen ak Temwen yo te retounen jan yo te ye anvan sa a.

27. Poukisa pèp Nikaragwa a te sezi lè yo te tande desizyon pi gwo tribinal la te pran an, e ki jan frè yo te konsidere viktwa sa a?

27 Pèp Nikaragwa a te sezi lè yo te wè pi gwo tribinal la te pran yon desizyon an favè Temwen yo. Anvan sa, chèf legliz yo te tèlman gen yon gwo enfliyans, sa te fè tribinal la evite gen pwoblèm avè yo. Mete sou sa, manm ofisyèl ki nan gouvènman an te tèlman gen pouvwa, li te ra pou tribinal la pran desizyon kont yo. Frè nou yo gen konfyans se paske yo jwenn pwoteksyon nan men Wa yo a epi yo kontinye preche ki fè yo te ranpòte viktwa sa a. — Tra. 1:8.

28, 29. Nan mitan ane 1980 yo, ki chanjman nou pa t atann ki te vin rive nan peyi Zayi?

28 Zayi. Nan mitan ane 1980 yo, te gen anviwon 35 000 Temwen nan peyi Zayi, yo rele peyi sa a Repiblik demokratik Kongo kounye a. Pou frè yo nan biwo filyal la te ka jere aktivite Wayòm nan ki t ap ogmante, yo te konstwi kèk nouvo lokal. Nan mwa desanm 1985, yo te òganize yon kongrè entènasyonal nan kapital peyi a ki se Kinchasa, e te gen 32 000 delege ki te soti plizyè kote nan monn nan ki te ranpli stad vil la. Sepandan, tousuit apre, kondisyon yo te kòmanse chanje pou sèvitè Jewova yo. Ki sa k te pase?

29 Frè Marcel Filteau, yon misyonè ki soti Kebèk e ki te konn sibi pèsekisyon anba rejim Duplessis a, t ap sèvi nan peyi Zayi nan epòk sa a. Men sa l di ki te pase: “Nan dat ki te 12 mas 1986 la, frè ki te responsab yo te resevwa yon lèt ki fè konnen asosyasyon Temwen Jewova yo nan peyi Zayi se yon asosyasyon ki ilegal.” Se prezidan peyi a, Mobutu Sese Seko, ki te siyen entèdiksyon sa a.

30. Ki kokennchenn desizyon Komite filyal la te dwe pran, e ki sa yo te deside fè?

30 Nan demen, men sa radyo nasyonal la te fè konnen: “Nou pap janm tande pale de Temwen Jewova yo nan peyi [Zayi] ankò.” Tousuit apre sa, te vin gen pèsekisyon. Yo te kraze Sal Wayòm yo, yo te vòlè afè frè nou yo, yo te arete yo, yo te mete yo nan prizon epi yo bat yo. Yo te menm met timoun yo nan prizon. Nan dat 12 oktòb 1988 la, gouvènman an te sezi byen òganizasyon an, epi, Gad sivil peyi a, ki se yon pati nan lame a, te pran lokal filyal la pou sèvi kòm kazèn yo. Frè ki te responsab yo te ekri yon lèt voye bay Prezidan Mobutu, men, yo pa t resevwa okenn repons. Rive nan pwen sa a, Komite filyal la te gen pou l pran yon kokennchenn desizyon: “Èske n ta dwe prezante ka a devan pi gwo tribinal peyi a oswa èske n ta dwe tann?” Men sa Timothy Holmes, ki te yon misyonè e ki t ap sèvi kòm kowòdonatè Komite filyal peyi a nan epòk sa a, fè konnen: “Nou te priye Jewova pou l ban nou sajès ak direksyon.” Apre yo te fin byen egzamine sitiyasyon an, komite a te rann li kont li potko lè pou yo prezante ka a devan tribinal. Olye de sa, yo te wè l pi enpòtan pou yo pran swen frè ak sè yo epi pou yo chèche jwenn mwayen pou yo ka kontinye preche.

“Pandan ka nou an te devan tribinal la, nou te wè kòman Jewova te ka chanje bagay yo.”

31, 32. Ki gwo desizyon pi gwo tribinal nan peyi Zayi a te pran, e ki efè desizyon sa a te genyen sou frè nou yo?

31 Gen plizyè ane ki te pase. Yo te vin ralanti sou presyon yo t ap fè sou Temwen yo epi yo te vin gen plis respè pou dwa moun nan peyi a. Komite filyal la te rann li kont lè a te rive pou yo fè demach pou leve entèdiksyon an, e yo te mande pi gwo tribinal jistis peyi Zayi a pou koute ka a. Yon bagay ki estrawòdinè, sèke tribinal la te dakò pou l tande ka a. Konsa, nan dat 8 janvye 1993 la, prèske setan apre prezidan peyi a te fin bay lòd pou yo met entèdiksyon an, tribinal la te fè konnen aksyon gouvènman an te pran kont Temwen yo se yon aksyon ki pa legal, epi l te leve entèdiksyon an. Fè yon ti reflechi sou sa sa te vle di. Jij yo te met pwòp lavi yo an danje lè yo te anile yon desizyon prezidan peyi a te pran! Men sa frè Holmes fè konnen: “Pandan ka nou an te devan tribinal la, nou te wè kòman Jewova te ka chanje bagay yo.” ​(Dàn. 2:21). Viktwa sa a te fè lafwa frè yo vin pi djanm. Yo te santi Jezi, Wa a, te bay pèp li a direksyon pou yo konnen ki lè pou yo aji ak kòman pou yo fè sa.

Temwen nan Repiblik demokratik Kongo yo kontan dèske yo lib pou yo adore Jewova.

32 Lefètke yo te leve entèdiksyon an, biwo filyal la te jwenn pèmisyon pou yo fè lòt misyonè antre nan peyi a, yo te ka bati nouvo lokal pou filyal la e yo te ka resevwa piblikasyon nou yo *. Se pa ti kontan sèvitè Jewova yo ki sou tout tè a kontan pou yo wè jan Jewova ap pwoteje pèp li a pou l ka rete djanm nan domèn espirityèl! — Iza. 52:10.

“Se Jewova ki èd mwen”

33. Ki sa n aprann sou ti analiz sa a nou sot fè konsènan kèk nan viktwa nou te ranpòte devan tribinal yo?

33 Analiz sa a nou sot fè sou kèk nan viktwa nou te ranpòte devan tribinal yo montre Jezi kontinye ap akonpli pwomès li te fè a lè l te di: “M ap mete pawòl sajès nan bouch nou. Menmsi tout opozan nou yo ta met ansanm, yo pap ka kenbe tèt ak pawòl sa yo, yo pap ka di anyen.” ​(Li Lik 21:12-15.) Pa gen dout nan sa, pafwa, Jewova konn sèvi ak kèk moun jodi a ki tankou Gamalyèl pou l pwoteje pèp li a, e l konn pouse yon seri jij ak avoka ki gen kouraj pou yo kanpe pou fè gen jistis. Jewova fè zam moun ki opoze avè n yo pa reyisi. (Li Izayi 54:17.) Pa gen okenn opozisyon ki ka kanpe travay Bondye a!

34. Ki sa k fè viktwa nou te ranpòte devan tribinal yo se bagay ki estrawòdinè, e ki sa viktwa sa yo montre? (Gade kare ki gen tit “ Kèk gwo viktwa nou ranpòte devan gwo tribinal ki pèmèt travay Wayòm nan vanse” a tou.)

34 Ki sa k fè viktwa nou ranpòte devan tribinal yo se bagay ki estrawòdinè? Fè yon ti reflechi: Temwen Jewova yo se pa moun ki gen anpil pouvwa oswa ki gen anpil enfliyans. Nou pa nan vote, nou pap soutni okenn pati politik, ni nou pap eseye enfliyanse okenn politisyen. Anplis de sa, moun pami nou ki gen ka yo ki parèt devan gwo tribinal yo se yon seri moun, an jeneral, yo konsidere kòm “moun ki pa t fè gwo etid, e [ki] se moun òdinè”. (Tra. 4:13.) Kidonk, dapre sa moun panse, posiblite a te piti anpil pou tribinal yo te pran yon desizyon kont opozan relijye nou yo ak opozan politik nou yo. Sepandan, tribinal yo pa t sispann pran desizyon an favè nou! Viktwa nou ranpòte devan tribinal yo bay prèv n ap mache “devan je Bondye” e n ap mache “ansanm ak Kris”. (2 Kor. 2:17.) Se sa k fè, menm jan ak apot Pòl, n ap fè konnen: ‘Se Jewova ki èd nou, nou pa pè.’ — Ebre 13:6.

^ § 9 Ka sa a (Cantwell v. State of Connecticut) se te premye pami 43 ka ki te prezante devan pi gwo tribinal peyi Etazini an kote frè Hayden Covington te gen pou l defann frè yo. Frè Covington te mouri nan ane 1978. Dorothy, madanm li, te kontinye sèvi Jewova fidèlman pou jis li mouri nan ane 2015 lè l te gen 92 an.

^ § 12 Akizasyon yo te lage sou do frè yo te baze sou yon lwa yo te pran nan ane 1606. Li te bay yon jiri dwa pou l deklare yon moun koupab si jiri a panse sa moun sa a te di a se yon bagay k ap ankouraje moun fè vyolans, menmsi sa moun nan di a se laverite.

^ § 14 Nan ane 1950, te gen 164 sèvitè aplentan nan vil Kebèk. Pami yo te gen 63 frè ak sè ki te gradye nan Lekòl Galaad ki te aksepte asiyasyon yo te ba yo nan vil sa a, malgre opozisyon terib ki t ap tann yo.

^ § 15 Frè W. Glen How se te yon avoka ki gen kran ki te byen reprezante Temwen Jewova yo, nan peyi Kanada ak kèk lòt peyi etranje, nan plizyè santèn ka yo te prezante devan tribinal soti ane 1943 pou rive ane 2003.

^ § 16 Pou n jwenn plis detay konsènan ka sa a, gade atik ki gen tit “La bataille n’est pas la vôtre, mais celle de Dieu” a ki te parèt nan Réveillez-vous! 22 avril 2000, paj 18-24.

^ § 32 Finalman, Gad sivil la te kite lokal filyal la. Men, frè yo te konstwi nouvo lokal filyal la yon lòt kote.