Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an?

An reyalite, se de relijyon ki genyen: youn k ap mennen nan lavi ak youn k ap mennen nan destriksyon. Bwochi sa a ka ede w jwenn wout k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an.

Entwodiksyon

Lavi nou gen kounye a ak lavi n ap gen alavni depann de Bondye Toupisan an. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou l aksepte adorasyon n ap ba li a!

1YE PATI

Èske tout relijyon anseye laverite?

Moun ki nan relijyon yo gen anpil kwayans ki diferan. Èske tout ide sa yo se laverite?

2YÈM PATI

Ki jan w ka aprann laverite sou Bondye?

Èske gen yon bagay moun ka antann yo sou li pou yo anseye laverite nan domèn relijyon?

3YÈM PATI

Kiyès k ap viv nan monn envizib la?

Kwayans ki la kòm tradisyon ki konsènen espri yo gen yon gwo enfliyans. Men, èske kwayans sa yo se laverite? Labib reponn kesyon sa a.

4YÈM PATI

Ki kote zansèt nou yo ye?

Anpil moun kwè lanmò pa mete yon fen nan lavi, men se jis yon pasaj pou yon moun al viv nan yon lòt monn. Ki sa Labib di?

5YÈM PATI

Laverite sou maji, fetich ak lougawou

Espri yo pisan e yo konn fè moun mal, men nou pa dwe fè yo parèt pi pisan pase sa yo ye.

6YÈM PATI

Èske Bondye dakò ak tout relijyon?

Gen kèk moun ki panse Bondye dakò ak tout relijyon. Èske se sa Labib di?

7YÈM PATI

Ki moun k ap pratike vrè relijyon an?

Labib kapab ede w idantifye ki moun k ap fè volonte Bondye.

8YÈM PATI

Kite fo relijyon an, pratike vrè relijyon an

Jezi te di: “Nenpòt moun ki pa avè m kont mwen.” Ki jan w ka montre nan ki kan ou ye?

9YÈM PATI

Vrè relijyon an ka fè w jwenn byenfè pou toutan

Si w sèvi Jewova, l ap beni w depi kounye a e alavni.