Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon

Entwodiksyon

BONDYE TOUPISAN AN se Mèt linivè a. Lavi nou gen kounye a ak lavi n ap gen alavni depann de li. Li gen pouvwa pou l rekonpanse moun e li gen pouvwa pou l pini moun. Li gen pouvwa pou l bay lavi e li gen pouvwa pou l retire lavi. Si nou gen apwobasyon l, n ap reyisi. Si nou pa gen apwobasyon l, sa ap mal pou nou. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou l aksepte adorasyon n ap ba li a!

Moun adore divès fason. Si relijyon se tankou wout, èske Bondye dakò ak tout wout sa yo? Non. Jezi, Pitit Bondye a, te montre gen de wout sèlman. Li te di: “Wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki gran, e anpil moun pase ladan l. Men, pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen, e se kèk grenn moun ki jwenn li.” — Matye 7:13, 14.

Gen de kalite relijyon sèlman: youn mennen nan lavi e lòt la mennen nan destriksyon. Objektif bwochi sa a se ede w jwenn wout lavi ki pap janm fini an.