Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

6YÈM PATI

Èske Bondye dakò ak tout relijyon?

Èske Bondye dakò ak tout relijyon?

1. Selon Pawòl Bondye a, ki de sèl relijyon ki genyen?

JEZI te di: “Pase nan pòt ki jis la. Paske, pòt ki mennen nan destriksyon an se yon pòt ki laj, e wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki gran, e anpil moun pase ladan l. Men, pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen, e se kèk grenn moun ki jwenn li.” ​(Matye 7:13, 14). Selon Pawòl Bondye a, gen sèlman de relijyon: gen youn ki vrè e gen youn ki fo. Gen youn ki bon e gen youn ki pa bon. Gen youn ki mennen nan lavi e gen youn ki mennen nan destriksyon.

2. Ki jan Ekriti yo montre se pa tout relijyon ki fè Bondye plezi?

2 Gen kèk moun ki panse tout relijyon fè Bondye plezi. Vèsè biblik ki vin annapre yo montre se pa vre:

  • “Yon lòt fwa ankò, Izrayelit yo te kòmanse fè sa ki mal nan je Jewova. Yo te kòmanse sèvi Baal yo, imaj Achtorèt yo, dye Aram yo, dye peyi Sidon yo, dye peyi Mowab yo, dye desandan Amon yo ak dye moun Filisti yo. Yo te vire do bay Jewova e yo te sispann sèvi l. Lè sa a, Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp Izrayèl la.” ​(Jij 10:6, 7). Si nou adore zidòl oswa nenpòt dye ki pa vrè Dye a, nou pap gen apwobasyon Jewova.

  • “Pèp sa a se nan bouch li onore m, men kè l byen lwen m. Se pou granmesi yo kontinye ap adore m, paske doktrin y ap anseye yo se kòmandman lèzòm yo ye.” ​(Mak 7:6, 7). Si moun ki di y ap adore Bondye anseye ide pa yo olye yo anseye sa ki nan Bib la, adorasyon yo a pa gen valè. Li pa akseptab pou Bondye.

  • “Bondye se yon Espri, e moun k ap adore l yo dwe adore l avèk lespri ak laverite.” ​(Jan 4:24). Adorasyon n ap bay la dwe ann amoni ak verite ki nan Pawòl Bondye a.

Fwi fo relijyon an bay

3. Bay youn nan mwayen k ap pèmèt nou rekonèt relijyon an ak fo a.

3 Ki jan nou ka wè si yon relijyon ap fè Bondye plezi? Jezi te di: “Tout bon pyebwa bay bon fwi, men tout pyebwa ki pa bon bay fwi ki san valè. Yon bon pyebwa pa ka donnen fwi ki san valè. [...] Vrèmanvre, se aksyon mesye sa yo k ap fè nou rekonèt yo.” Nou te ka di tou, si yon relijyon sot nan Bondye, l ap bay bon fwi. Men, si yon relijyon sot nan Satan, l ap bay move fwi. — Matye 7:15-20.

4. Ki kalite adoratè Jewova yo demontre yo genyen?

4 Vrè relijyon an bay moun ki gen lanmou nan mitan yo e ki montre lanmou pou lòt moun. Sa fèt konsa paske Jewova se yon Dye ki gen lanmou. Jezi te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” Nan ki degre relijyon yo rive atenn nivo sa a vrè adorasyon an dwe genyen an? — Jan 13:35; Lik 10:27; 1 Jan 4:8.

5. Ki jan yon ansiklopedi dekri komès yo te fè ak esklav afriken yo?

5 Gen yon ansiklopedi ki fè yon deklarasyon konsènan komès esklav afriken yo. Men sa l di: “Yo te livre anviwon 18 000 000 Afriken bay òganizasyon mizilman ki nan Saara ak nan oseyan Endyen yo ki t ap fè komès esklav ant ane 650 ak ane 1905. Nan dezyèm mwatye 15yèm syèk la, Ewopeyen yo te kòmanse fè komès sou kòt lwès Afrik, e vè ane 1867, yo te anbake ant 7 000 000 ak 10 000 000 Afriken kòm esklav voye nan Nouvo Monn nan nan bato.” — The New Encyclopædia Britannica.

6. Ki jan relijyon te enplike nan komès esklav?

6 Ki pozisyon relijyon yo te pran nan epòk sa a, kote te gen latwoublay ann Afrik, lè yo t ap fòse gason, fi ak timoun kite kay yo ak fanmi yo, yo mare yo nan chenn, yo tanpe yo ak fè cho, yo achte yo e yo vann yo tankou bèf ? Men sa Bethwell Ogot ekri nan yon jounal Naywobi nan peyi Kenya: “Ni relijyon ki di yo se kretyen yo ni relijyon Islam nan, yo tout atache ak yon kwayans ki fè konprann limanite fè yon sèl, epoutan yo bay yon seri sosyete ki soutni esklavaj e ki chaje ak prejije ras. [...] Nou ta dwe rekonèt ni mizilman ni kretyen, ni Lwès ni Mwayenn Oryan gen menm responsablite nan fènwa moral ki te lakòz Afriken yo sibi gwo soufrans pandan plizyè syèk.” — Daily Nation.

Relijyon ak lagè

7. Ki wòl chèf relijye yo jwe nan lagè?

7 Fo relijyon an montre fwi l yo pouri nan lòt sans ankò. Pa egzanp, byenke Labib di pou n “renmen pwochen nou”, chèf relijye yo nan lemonnantye chofe nan soutni lagè e nan ankouraje lagè. — Matye 22:39.

Fo relijyon jwe yon wòl nan lagè ak nan komès esklav.

8. a) Ki jan chèf relijye yo te ankouraje moun touye moun nan konfli ki te gen ann Afrik? b) Ki sa yon pastè te di konsènan chèf relijye yo pandan gè sivil ki te fèt nan peyi Nijerya a?

8 Se yon bagay tout moun konnen, diran ane 1994 la, gen mè ak pè ki te patisipe nan masak ki te fèt nan peyi Wannda a. Relijyon te jwe yon gwo wòl tou nan lòt konfli ki te fèt ann Afrik. Pa egzanp, pandan gè sivil ki te fèt nan peyi Nijerya kote te gen anpil san koule, nan toule de kan yo, relijyon yo te ankouraje moun yo goumen. Pandan gè sa a t ap dewoule, gen yon pastè ki te di lidè nan legliz yo te “mete travay Bondye ba yo fè a sou kote”. Li te di tou: “Nou menm ki rele tèt nou sèvitè Bondye, nou vin tounen sèvitè Satan.”

9. Ki sa Labib di konsènan sèvitè Satan yo?

9 Labib di apeprè menm bagay la: “Satan li menm toujou ap fè tèt li pase pou zanj limyè. Donk, se pa yon bagay ki estrawòdinè si sèvitè l yo tou toujou ap fè tèt yo pase pou moun k ap travay pou ladwati.” ​(2 Korentyen 11:14, 15). Menm jan ak anpil moun mechan ki fè kwè yo se bon moun, Satan twonpe moun, li sèvi ak yon seri chèf relijye ki parèt jis, men ki fè yon seri aksyon ki pa bon e ki bay fwi ki pouri.

10. Nan ki sans chèf relijye yo nye Bondye?

10 Toupatou nan lemonn, chèf relijye yo preche sou lanmou, lapè ak byenveyans, men yo pratike lahèn, lagè ak mepri pou Bondye. Labib byen dekri yo. Men sa l di: “An piblik, yo deklare yo konnen Bondye, men yo nye l nan aksyon yo.” — Tit 1:16.

Soti nan “Gran Babilòn nan”

11. Ki jan Bib la pale de fo relijyon?

11 Nou ka wè sa Jewova panse de fo relijyon lè nou li liv Revelasyon an ki nan Bib la. Ladan l, yo pale de fo relijyon an kòm yon fi senbolik: “Gran Babilòn nan.” ​(Revelasyon 17:5). Gade ki jan Bondye pale de li:

  • ‘Wa latè yo fè imoralite seksyèl ak gwo pwostitye a.’ ​(Revelasyon 17:1, 2). Olye pou fo relijyon an fidèl ak Bondye, li mele nan politik, souvan se li menm k ap di gouvènman yo sa pou yo fè.

  • “Yo jwenn san pwofèt yo lakay li, ak san moun ki sen yo, ak san tout moun yo touye sou tè a.” ​(Revelasyon 18:24). Fo relijyon an pèsekite sèvitè fidèl Bondye yo e li touye yo, e li responsab lanmò plizyè milyon moun nan lagè.

  • “Li te bay tèt li glwa [e] li t ap viv nan liks san l pa wont.” ​(Revelasyon 18:7). Fo relijyon an gen anpil richès, chèf li yo sèvi avèk yo pou yo viv nan liks.

  • “[Li] te twonpe tout nasyon yo ak sa [l] ap pratike ki gen rapò ak movèzespri.” ​(Revelasyon 18:23). Lefètke fo relijyon an ap bay yon fo ansèyman ki fè kwè nanm nan pa mouri, li ouvri pòt pou tout kalite pratik ki gen rapò ak movèzespri ak fetich, li fè moun pè mò e li fè yo adore zansèt.

12. Ki avètisman Labib bay konsènan fo relijyon?

12 Labib bay moun yo avètisman fèm pou yo soti nan fo relijyon. Men sa l di: “Sot ladan l, pèp mwen, si nou pa vle patisipe avè l nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa yon pati nan kalamite l yo.” — Revelasyon 18:4, 5.

13. Ki sa k pral rive fo relijyon ak moun ki ladan l yo?

13 Talè konsa, Gran Babilòn nan, anpi mondyal fo relijyon an, pral detwi nèt. Labib di: “Kalamite l yo pral vini nan yon sèl jou: se pral lanmò, lapenn ak grangou. E li pral boule nèt nan dife, paske Jewova Dye, ki te jije l la, gen fòs.” ​(Revelasyon 18:8). Pou nou pa resevwa yon pati nan kalamite fo relijyon an, nou dwe koupe tout kontak avè l, nou pa dwe gen anyen pou n wè ak pratik, ak fèt e avèk kwayans ki pa fè Bondye plezi yo. Se yon bagay ki ijan. Lavi nou menase. — 2 Korentyen 6:14-18.