Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

1YE PATI

Èske tout relijyon anseye laverite?

Èske tout relijyon anseye laverite?

1. Site kèk relijyon yo pratike ann Afrik.

PRÈSKE tout moun ann Afrik dakò li enpòtan pou moun adore Bondye. Men, pa gen anpil moun ki antann yo sou fason pou yo adore l. Gen moun ki adore nan moske e gen lòt ki ale nan tanp. Gen lòt menm se legliz y ale. Men, li pa t ap kòrèk pou n ta panse gen twa relijyon sèlman ann Afrik. Pami mizilman yo, gen diferans nan lwa yo suiv ak nan kwayans yo genyen. Relijyon tradisyonèl yo pa menm ditou sot nan yon zòn al nan yon lòt. Pami legliz ki deklare yo se kretyen yo, gen gwo dezinyon. Apa gwo legliz yo, gen plizyè milye legliz endepandan toupatou ann Afrik.

Relijyon nou ladan l lan dwe baze sou laverite

2. a) An jeneral, ki sa k fè yon moun nan yon relijyon? b) Ki sa k pa yon rezon pou Bondye dakò ak relijyon nou ladan l lan?

2 Sa k fè moun yo nan relijyon yo ye a? Pifò moun adopte relijyon paran yo te leve yo ladan l lan. Evènman ki te rive nan tan lontan tou gen enfliyans sou relijyon moun yo ap pratike jodi a. Gen yon liv (The Africans — A Triple Heritage) ki di: “Islam gaye nan nò Saara paske moun nan relijyon sa a te pran zòn nan, [...] krisyanis gaye nan sid Saara menm jan an. Si nan nò Saara se anba kout epe yo fè Islam gaye, nan sid Saara se ak fizi yo gaye krisyanis.” Epoutan, pifò nan nou kwè Bondye dakò ak relijyon nou ladan l lan. Men, se pa paske paran nou nan yon relijyon oswa paske kèk otorite etranje te fòse zansèt nou yo aksepte l ki fè l bon.

3-5. Ki egzanp ki ede nou wè se pa tout relijyon ki anseye laverite?

3 Malgre tout relijyon ap di yo bay moun yo bon konsèy sou fason pou yo sèvi Bondye, ide yo genyen yo pa menm. Yo chak anseye anpil bagay diferan sou kiyès Bondye ye ak ki sa li vle nou fè. Ann fè yon ti reflechi: Ann sipoze ou jwenn yon djòb nan yon gwo konpayi. Premye jou travay la, ou aprann patwon an al nan yon vwayaj pou travay la. Donk, ou mande twa anplwaye ki sa pou w fè. Premye a di patwon an vle w bale atè a. Dezyèm nan di ou gen pou w pentire lokal la. Twazyèm nan di ou gen pou w distribye lèt.

4 Apre sa, ou poze anplwaye yo kesyon sou patwon an. Premye a di w patwon an wo, li jèn e li sevè. Dezyèm nan di w patwon an kout, li granmoun e li janti. Twazyèm nan fè w konnen patwon an se pa yon gason, se yon fi. Sandout, w ap rann ou kont se pa toule twa anplwaye yo ki di laverite. Si w ta renmen ret nan travay ou fèk jwenn nan, w ap gen pou w fè kèk rechèch pou w konnen ki moun patwon an ye e ki travay li vle w fè.

5 Se menm bagay la pou relijyon. Piske gen yon pakèt ide sou kiyès Bondye ye ak ki sa li vle nou fè, nou bezwen gen asirans fason n ap adore l la ann amoni ak laverite. Men, ki jan nou ka aprann laverite sou Bondye?