Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

2YÈM PATI

Ki jan w ka aprann laverite sou Bondye?

Ki jan w ka aprann laverite sou Bondye?

1, 2. Ki egzanp ki montre nesesite pou gen yon referans pou moun pran desizyon nan kesyon relijyon?

KI JAN nou ka rive konn Bondye? Èske l nesesè pou n egzamine tout ansèyman bann relijyon ki genyen yo ap bay? Sa t ap enposib. Menmsi nou ta ka fè sa, ki jan n t ap fè konnen ki ansèyman ki kòrèk?

2 Se sèten, akoz tout ide depaman sa yo ki gen sou Bondye, nou bezwen yon mwayen pou n konnen sa ki verite a, sa vle di yon referans moun ka dakò avè l. Ann pran yon egzanp: Ann sipoze gen yon diskisyon ki pete nan yon mache sou longè yon twal mezire. Machann nan di twal la se twa lonn li ye, men moun k ap achte a panse li pi piti. Ki jan yo ka rezoud pwoblèm nan? Yo ta dwe mezire twal la ak yon santimèt.

3. Poukisa yo te ekri Bib la?

3 Èske gen yon santimèt, sa vle di yon referans, pou moun pran desizyon nan kesyon relijyon? Wi, se Labib. Bondye fè ekri Bib la pou moun tout kote ka aprann laverite sou li. Yo enprime plizyè milya bib. Yo tradui l ann antye oswa an pati nan plis pase 2 500 lang. Prèske tout moun ka li laverite sou Bondye nan pwòp lang yo.

4. Ki enfòmasyon Bib la gen ladan l?

4 Labib se yon kado Bondye bay ki gen anpil valè. Li esplike yon seri bagay nou pa t ap janm ka konnen poukont nou. Li pale de kreyati k ap viv nan yon monn envizib. Li fè nou konn panse Bondye, pèsonalite li ak objektif li. Li esplike fason Bondye te boule ak lèzòm sou yon peryòd plizyè milye ane. Li pale konsènan sa k pral rive alavni. E li montre ki jan nou ka jwenn wout lavi ki pap janm fini an.

Rezon ki fè w ka fè Bib la konfyans

5. Ki egzanp ki montre Labib ann amoni ak lasyans?

5 Gen plizyè rezon ki fè nou ka kwè Bib la se Pawòl Bondye toutbonvre. Youn nan rezon yo sèke Labib ann amoni ak lasyans. Nan tan lontan, moun toupatou sou tè a te panse tè a te apiye sou yon bagay. Pa egzanp, lontan, ann Afrik delwès, moun yo te kwè gen yon koulèv ki plòtonnen kò l ki kenbe tè a. Li fè 3 500 wonn ak kò l anlè tè a e li fè 3 500 lòt wonn ak kò l pa anba. Sepandan, sa gen plis pase 3 500 ane, gen yon ekriven biblik ki te fè konnen Bondye “pandye [tè a] san pa gen anyen ki kenbe l”, sa ki ann amoni ak lasyans. — Jòb 26:7.

6. Ki pi gwo prèv ki montre Labib se Pawòl Bondye?

6 Pi gwo prèv ki montre Labib se Pawòl Bondye toutbonvre sèke sa li anonse k ap rive yo toujou reyalize. Kontrèman ak moun k ap anonse sa demen ap pote, Bondye konnen lavni toutbonvre. Tout sa l di toujou reyalize.

7. Site kèk pwofesi nan Bib la ki te reyalize nan tan lontan.

7 Plizyè santèn pwofesi nan Bib la te reyalize nan tan lontan. Pa egzanp, 700 ane alavans, Labib te di egzakteman Jezi gen pou l fèt Betleyèm, e se sa k te fèt (Miche 5:2; Matye 2:3-9). Anplis de lòt pwofesi li te bay konsènan Jezi yo, li te anonse tou se yon fi vyèj ki t ap fè Jezi e yo t ap trayi l pou 30 pyès monnen ann ajan. Pwofesi sa yo te reyalize tou. Se sèten pa gen okenn moun ki te ka anonse bagay sa yo. — Ezayi 7:14; Zakari 11:12, 13; Matye 1:22, 23; 27:3-5.

8. Site kèk pwofesi nan Bib la k ap reyalize jodi a. E ki sa yo pwouve?

8 Anpil pwofesi nan Bib la ap reyalize nan epòk nou an. Men kèk ladan yo:

  • “Nasyon pral leve kont nasyon [nan lagè], e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen gwo tranblemanntè e pral gen rate manje ak epidemi nan yon zòn apre yon lòt.” — Lik 21:10, 11.

  • ‘Mechanste t ap gen pou l ogmante.’ — Matye 24:12.

  • “Nan dènye jou yo, [...] moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, [...] y ap dezobeyi paran yo, [...] y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, [...] y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye.” — 2 Timote 3:1-5.

Èske w pa wè bagay sa yo ap fèt jodi a? Lefètke pwofesi ki nan Bib la se laverite e yo egzak, sa montre Bib la se pa yon liv òdinè. Li se Pawòl Bondye enspire a. — 2 Timote 3:16.

Èske yo chanje pawòl ki nan Bib la?

9, 10. Ki sa k montre Bondye pa kite moun chanje pawòl ki nan Bib la?

9 Ann sipoze ou ta gen yon faktori epi ou afiche yon lis règ pou moun k ap travay nan faktori a suiv. Si yon ènmi ta chanje sa w ekri nan lis la, ki sa w t ap fè? Èske w pa t ap korije sa l chanje a? Menm jan an tou, Bondye pa kite moun chanje verite ki nan Pawòl li a, Labib.

10 Moun ki eseye chanje ansèyman ki nan Pawòl Bondye a pa reyisi fè sa. Lè nou konpare Labib nou gen jodi a ak ansyen kopi yo, pa gen diferans. Sa montre yo pa chanje pawòl ki nan Bib la pandan ane ki pase yo.