Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

4YÈM PATI

Ki kote zansèt nou yo ye?

Ki kote zansèt nou yo ye?

1, 2. Ki sa anpil moun kwè anrapò ak moun ki mouri yo?

PLIZYÈ milyon moun ann Afrik kwè lanmò se pa fen lavi moun ki mouri yo, men se tou senpleman yon chanjman, se yon etap kote y al viv nan yon lòt monn. Anpil moun panse zansèt yo ki mouri sot nan monn vizib la pou y al nan monn envizib la, yo sot nan monn kote moun ye a pou y al nan monn kote espri yo ye a.

2 Moun kwè zansèt sa yo oswa espri zansèt sa yo pèmèt fanmi pa yo ki sou tè a jwenn mwayen pou yo viv e pou afè yo mache. Dapre moun sa yo, espri zansèt yo se zanmi ki gen anpil fòs, ki kapab fè yo fè bon rekòt, ki fè yo gen sante e ki pwoteje yo pou malè pa rive yo. Si yo vag sou espri sa yo oswa yo derespekte yo, gen moun ki fè yo konnen espri yo ap fè malè rive yo, sètadi y ap lage maladi, povrete ak kalamite sou yo.

3. Ki jan kèk moun adore zansèt?

3 Moun ki vivan yo suiv yon seri pratik e yo fè yon seri seremoni pou onore espri zansèt yo e pou yo kenbe bon relasyon avèk yo. Pratik sa yo plis parèt nan koutim yo genyen lè y ap prepare antèman ak lè yo fin antere mò a, tankou vèy ak dènye priyè. Moun montre yo adore zansèt lòt fason tou. Pa egzanp, anvan kèk moun bwè yon bwason, yo vide ti gout atè pou zansèt yo. Epitou, apre yon manje fin kuit, yo kite manje nan chodyè pou si zansèt yo vini yo ka jwenn yon bagay pou yo manje.

4. Ki sa anpil moun kwè anrapò ak nanm?

4 Gen lòt moun ki kwè moun ki vivan yo gen yon nanm ki pa ka mouri e ki kontinye viv apre kò a fin mouri. Si yon moun te mennen yon vi dwat, yo di nanm li pral nan syèl oswa nan paradi, men si yon moun te mennen yon move vi, yo panse nanm li kondane pou l al nan lanfè. Souvan, moun yo melanje ide sa a ak kwayans tradisyonèl yo genyen. Pa egzanp, gen jounal k ap fè anons antèman ki konn anonse nan ki legliz seremoni antèman an ap fèt ki konn di pafwa moun nan “travèse nan yon lòt monn” oswa “l al jwenn zansèt yo”. Tout kwayans sa yo baze sou ide ki fè kwè nanm nan, oswa espri a, kontinye viv apre kò a fin mouri. Ki sa Labib di sou sa?

Nanm nan ak lespri a

5, 6. Selon Labib, ki sa nanm nan ye?

5 Labib montre nanm nan se pa yon bagay ki anndan yon moun. Nanm nan se moun nan menm. Pa egzanp, lè Bondye te kreye Adan, Adan te “tounen yon [nanm] ki vivan”. (Jenèz 2:7.) Bondye pa t bay Adan yon nanm, Adan te yon nanm, yon moun total.

6 Se sa k fè, selon sa nou li nan Bib la, nanm yo fèt (Jenèz 46:18). Yo ka manje oswa yo ka ret san manje (Levitik 7:20; Sòm 35:13). Yo kriye e yo pèdi fòs (Jeremi 13:17; Jonas 2:7). Yo ka kidnape nanm, yo kouri dèyè yo e yo ka mare yo ak chenn (Detewonòm 24:7; Sòm 7:5; 105:18). Gen kèk tradiksyon Labib ki mete “nanm” pou mo ki nan lang orijinal la nan vèsè sa yo, tandiske gen lòt ki itilize mo tankou “kreyati” oswa “moun”. Yo tout vle di menm bagay.

7. Ki vèsè nan Bib la ki montre nanm nan ka mouri?

7 Etandone nanm nan se moun nan, lè yon moun mouri se nanm nan ki mouri. Ezekyèl 18:4 di: “Nanm ki peche a, se li menm k ap mouri.” Epitou, men sa Travay 3:23 di: “Tout moun [oswa nanm] ki pa koute Pwofèt sa a, y ap detwi yo nèt nan mitan pèp la.’” Kidonk, nanm nan se pa yon bagay ki kontinye viv lè kò a fin mouri.

8. Ki sa lespri a ye?

8 Lespri a pa menm ak nanm nan. Nan moun, lespri a se fòs lavi a ki pèmèt yo mennen aktivite ki gen nan lavi a. Lespri a se tankou kouran elektrik. Kouran elektrik ka fè yon vantilatè oswa yon frijidè fonksyone, men li pa ka ni bay van ni glase bagay poukont li. Menm jan an tou, lespri nou pèmèt nou wè, li pèmèt nou tande e li pèmèt nou reflechi. Men, lespri a poukont li pa ka fè youn nan bagay sa yo san je a, zòrèy la, oswa sèvo a. Se poutèt sa Labib di konsènan lòm: “Lè lespri yo ale, yo menm yo tounen nan tè a. Nan menm jou sa a, yo sispann panse.” — Sòm 146:4.

9. Ki sa nanm nan ak lespri a pa fè?

9 Sepandan, selon sa Labib di, ni nanm nan ni lespri a pa kite kò a pou y al viv nan monn envizib la lè moun nan mouri.

Nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye?

10. Ki sa Labib di konsènan kondisyon mò yo?

10 Donk, nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye? Etandone se Jewova ki kreye moun, li montre tou ki sa k rive yo lè yo mouri. Pawòl li a fè konnen moun ki mouri yo pa gen vi, yo pa ka tande, yo pa ka wè, yo pa ka pale e yo pa ka reflechi sou anyen. Men sa Labib di:

  • “Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” — Eklezyas 9:5.

  • “Yo pa ka ni renmen, ni rayi, ni fè jalouzi ankò.” — Eklezyas 9:6.

  • “Pa gen ni travay, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm kote w prale a.” — Eklezyas 9:10.

11. Apre Adan te fin peche, ki sa Jewova te di l?

11 Reflechi sou sa Labib di konsènan Adan, premye zansèt nou an. Jewova te fè Adan “ak pousyè ki sot nan tè a”. (Jenèz 2:7.) Si Adan te obeyi lwa Jewova a, li t ap viv pou toutan sou tè a ak kè kontan. Men, Adan te dezobeyi lwa Jewova a e pinisyon li te jwenn se te lanmò. Ki kote Adan t ale lè l mouri? Bondye te di l: “[W ap] retounen nan tè a, paske se ak pousyè tè ou te fèt. Piske se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè.” — Jenèz 3:19.

12. Ki sa k te rive Adan lè l mouri?

12 Ki kote Adan te ye anvan Jewova te pran pousyè pou l kreye l? Li pa t okenn kote. Li pa t egziste. Se sa k fè lè Jewova te di Adan t ap “retounen nan tè a”, li te vle di Adan t ap vin san vi ankò, menm jan ak pousyè. Adan pa t al viv nan monn kote espri yo ye a. Li pa t ‘travèse’ nan yon swadizan monn kote lespri zansèt yo ye. Li pa t al ni nan syèl ni nan lanfè. Li te retounen jan l te ye anvan an, sètadi san vi. Li te sispann egziste.

13. Ki sa k rive ni moun ni bèt lè yo mouri?

13 Èske se menm bagay la ki rive tout moun nèt? Wi. Men esplikasyon Labib bay: “[Ni moun ni bèt] pral menm kote. Yo tout soti nan pousyè e yo tout ap tounen nan pousyè.” — Eklezyas 3:19, 20.

14. Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo?

14 Labib pwomèt nou Bondye pral leve moun ki mouri yo pou yo viv sou tè a k ap vin yon paradi (Jan 5:28, 29; Travay 24:15). Men, moman sa a poko rive. Pou kounye a, y ap dòmi nan lanmò (Jan 11:11-14). Nou pa dwe ni pè moun ki mouri yo, ni adore yo, piske yo pa ka ni ede nou, ni fè nou mal.

15, 16. Ki jan Satan eseye fè moun kwè moun ki mouri yo pa mouri vre?

15 Ide ki fè kwè lè yon moun mouri li pa mouri vre a se yon manti Satan Ledyab gaye. Pou li menm ak demon l yo gaye manti sa a, yo eseye fè moun kwè maladi ak lòt pwoblèm ki genyen se espri moun ki mouri yo ki lakòz yo. Se vre gen kèk pwoblèm se demon yo ki lakòz yo, e se vre tou gen kèk pwoblèm se pa demon yo ki lakòz. Men, sa ki sèten sèke moun k ap dòmi nan lanmò yo pa ka fè anyen mal rive nou.

16 Gen yon lòt fason ankò demon yo eseye fè moun panse sa Labib di konsènan moun ki mouri yo se manti. Yo twonpe moun lè yo fè yo panse yo wè moun ki mouri a oswa yo pale avè l. Demon yo fè sa pa mwayen vizyon, rèv, moun k ap mete lòt moun an kontak ak espri oswa lòt mwayen. Sepandan, se pa ak moun ki mouri a moun nan an kontak, men se ak demon ki fè tèt yo pase pou moun ki mouri a. Se poutèt sa Jewova kondane ni moun k ap mete lòt moun an kontak ak mò ni moun k ap chèche pale ak mò. — Detewonòm 18:10-12; Zakari 10:2.