Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

7YÈM PATI

Ki moun k ap pratike vrè relijyon an?

Ki moun k ap pratike vrè relijyon an?

1. Ki sa nou dwe fè pou n fè Bondye plezi?

POU nou gen bon relasyon ak Bondye, yon relasyon ki chita sou lanmou, nou pa dwe gen okenn rapò ak fo relijyon. Nou dwe pratike vrè relijyon an. Jodi a, gen plizyè milyon moun sou tout tè a k ap fè sa.

2. Ki kote nou ka jwenn Temwen Jewova yo, e ki travay y ap fè?

2 Jan Labib te anonse sa, vrè adoratè yo se “yon gwo foul moun” ki soti “nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”. (Revelasyon 7:9.) Nan 235 peyi, gen plizyè milyon Temwen Jewova ki aktif nan ede lòt moun aprann chemen Jewova yo ak sa li mande.

Sa ki pèmèt moun idantifye vrè adoratè yo

3. Kiyès Temwen yo adore, e ki kalite adorasyon yo evite?

3 Temwen yo rekonèt se Jewova sèl ki merite adorasyon. Yo refize pwostène devan zidòl oswa devan imaj relijye (1 Jan 5:21). Yo pa rann mò omaj nan patisipe nan vèy oswa nan lòt seremoni ki gen rapò ak fo kwayans relijye ak “ansèyman demon”. (1 Timote 4:1.) Men, yo konsole moun ki nan lapenn akoz moun yo genyen ki mouri, lè yo esplike yo pwomès Bondye fè ki fè konnen li pral resisite moun ki mouri pou yo vin viv sou tè a k ap vin yon paradi. — Jan 5:28, 29; Travay 24:15.

4. Ki pozisyon pèp Bondye a pran anrapò ak maji?

4 Temwen yo pa gen okenn rapò ak maji, ak fetich, oswa ak lougawou, etandone yo konnen bagay sa yo sot nan Dyab la. Yo pa met konfyans yo nan maji pou pwoteje yo, se nan Jewova yo met konfyans yo. — Pwovèb 18:10.

5. Nan ki sans Temwen Jewova yo “pa fè pati monn nan”?

5 Jezi te di disip li yo pa t ap “fè pati monn nan”. (Jan 17:16.) Jezi li menm te refize patisipe nan zafè politik nan epòk li a (Jan 6:15). Menm jan an tou, Temwen yo pa patisipe nan politik, nan seremoni nasyonalis ak nan lit klas sosyal ki gen nan monn sa a. Men, yo peye taks e yo obeyi lwa peyi kote y ap viv. — Jan 15:19; Women 13:1, 7.

6. Ki prensip sèvitè Bondye yo suiv nan kesyon maryaj ak divòs?

6 Etandone Temwen yo obeyi sa gouvènman yo mande, yo veye pou maryaj yo anrejistre (Tit 3:1). Yo obeyi sa Bondye di, e konsa yo pa gen plizyè madanm oswa plizyè mari (1 Timote 3:2). Anplis de sa, lefètke sèvitè Bondye yo aplike prensip ki nan Bib la, gen mwens chans pou yo divòse.

7. Ki jan Temwen yo montre lanmou youn pou lòt?

7 Temwen yo renmen youn lòt. Lanmou sa a ansanm ak lanmou yo gen pou Bondye fè yo ini kòm yon vrè fanmi, byenke yo sot nan divès tribi ak nan divès nasyon. Lè gen katastwòf oswa lè gen moun ki nan nesesite, Temwen yo vin ede youn lòt byen vit. Temwen yo montre lanmou nan fason y ap viv. — Jan 13:35.

Temwen Jewova yo fòme yon fanmi entènasyonal ki ini.

8. Ki move bagay pèp Bondye a rejte?

8 Pèp Jewova a travay di pou yo mennen yon vi onèt, yon vi dwat. Yo pa vòlè, yo pa bay manti, yo pa nan imoralite, yo pa bwè depase limit e yo pa aji yon fason malonèt nan biznis y ap fè. Mari yo pa bat madanm yo. Gen kèk moun ki te konn fè bagay sa yo anvan yo te vin Temwen. Men, grasa èd Jewova, yo sispann fè yo. Nan je Bondye, “yo lave”, yo vin pwòp. — 1 Korentyen 6:9-11.

Moun k ap fè volonte Bondye

9. Ki sa yon liv di konsènan legliz kretyen ki ann Afrik yo?

9 Natirèlman, anpil relijyon deklare yo gen laverite. Yo ka pale de aksyon enpresyonan yo fè pou yo soutni sa yo deklare a. Pa egzanp, konsènan legliz yo rele legliz kretyen ann Afrik yo, gen yon liv ki di: “Gen [nouvo gwoup kretyen] ki ranplase majisyen yo ak ougan yo nan djòb yo te konn fè. [...] Yo fè konnen yo bay revelasyon e yo fè mirak. Pwofèt ki gen pami yo bay vizyon e yo entèprete rèv. Yo sèvi ak dlobenit, luil sent, sann, bouji ak lansan pou geri maladi e pou anpeche moun malad.”

10, 11. Poukisa se pa swadizan mirak k ap fèt jodi a ki montre yon relijyon soti nan Bondye?

10 Moun nan relijyon sa yo fè konnen se mirak yo fè ki pwouve Bondye beni relijyon yo a. Men, swadizan mirak sa yo se pa prèv ki montre Jewova apwouve yon relijyon. Satan bay kèk fo adoratè pouvwa pou yo fè “mirak”. (2 Tesalonisyen 2:9.) Anplis de sa, Labib te fè konnen don Bondye bay pa mwayen mirak yo, tankou don pou moun pwofetize, don pou moun pale nan lòt lang ak don pou moun resevwa konesans espesyal, t ap gen pou yo “disparèt”. — 1 Korentyen 13:8.

11 Men avètisman Jezi te bay: “Se pa tout moun k ap di m: ‘Seyè, Seyè’, k ap antre nan Wayòm syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre ladan l. Jou sa a, anpil moun pral di m: ‘Seyè, Seyè, èske se pa nan non w nou te pwofetize? Èske se pa nan non w nou te chase demon? Èske se pa nan non w nou te fè anpil mirak?’ Men, lè sa a, m ap di yo: ‘Mwen pa t janm konnen nou! Rale kò nou sou mwen, nou menm k ap vyole lalwa.’” — Matye 7:21-23.

12. Kiyès k ap antre nan Wayòm syèl la?

12 Kiyès menm k ap antre nan Wayòm syèl la? Se moun ki fè volonte Jewova.

Moun k ap anonse Wayòm Bondye a

13. Ki travay Bondye bay pèp li a fè jodi a, e kiyès k ap fè l?

13 Ki sa ki volonte Bondye pou pèp li a jodi a? Jezi te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon.” ​(Matye 24:14). Se travay sa a Temwen Jewova yo ap fè avèk zèl.

14. Ki sa Wayòm Bondye a ye, e kiyès ki pral dirije nan Wayòm nan?

14 Sou “tout tè a”, Temwen Jewova yo ap pwoklame Wayòm Bondye a kòm yon gouvènman ki nan syèl la ki pral dirije tout tè a nèt nan ladwati. Yo fè konnen Jewova mete Jezi Wa nan Wayòm sa a, ansanm ak 144 000 moun li chwazi nan mitan limanite pou al dirije avè l. — Dànyèl 7:14, 18; Revelasyon 14:1, 4.

15. Ki sa Wayòm nan pral detwi?

15 Temwen yo sèvi ak Bib la pou yo montre moun Wayòm Bondye a pral detwi tout sistèm Satan an. Fo relijyon an ak ansèyman l ap bay yo, ki dezonore Bondye e ki bay Dyab la glwa, ap detwi (Revelasyon 18:8). Tout gouvènman lèzòm yo ki opoze ak Bondye ap detwi tou. — Dànyèl 2:44.

16. Ki moun ki pral viv anba dominasyon Kris Jezi, e ki kote yo pral viv?

16 Anplis de sa, Temwen Jewova yo fè konnen Kris Jezi pral pote byenfè estrawòdinè pou tout moun ki fè sa Bondye mande. Yo pral viv anba dominasyon l sou tè a. Men pwomès Labib fè: “L ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a, l ap delivre malere a ak nenpòt moun ki pa gen moun pou ede l. L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo, l ap sove lavi moun ki pòv yo.” — Sòm 72:12, 13.

17. Ki sèl moun k ap pwoklame Wayòm Bondye a?

17 Pa gen okenn lòt gwoup moun k ap fè volonte Bondye, sètadi k ap preche bon nouvèl Wayòm nan. Se sèl Temwen Jewova yo k ap fè konn Wayòm Bondye a toupatou sou tè a.