Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

8YÈM PATI

Kite fo relijyon an, pratike vrè relijyon an

Kite fo relijyon an, pratike vrè relijyon an

1. Anrapò ak adorasyon, devan ki chwa moun yo ye jodi a?

JEZI te di: “Nenpòt moun ki pa avè m kont mwen.” ​(Matye 12:30). Se swa nou avèk Jewova oswa nou avèk Satan. Pifò moun panse y ap sèvi Bondye fason ki fè l plezi a, men Labib di Satan “ap twonpe lemonnantye”. (Revelasyon 12:9.) Plizyè milyon moun kwè se Bondye y ap adore, men an reyalite se Satan Ledyab y ap sèvi. Moun yo jodi a devan yon chwa: Yo dwe sèvi swa Jewova, “Bondye verite a”, swa Satan, “papa manti” a. — Sòm 31:5; Jan 8:44.

Soti nan fo relijyon an

2. Bay youn nan fason Satan eseye anpeche moun adore Jewova.

2 Pran desizyon sèvi Jewova se chwa ki saj la, chwa k ap pèmèt yon moun jwenn apwobasyon l. Men, Satan pa kontan ak moun k ap sèvi Bondye. Li bay moun sa yo pwoblèm. Youn nan fason li fè sa se lè li fè moun pase yo nan rizib oswa opoze ak yo, li fè menm zanmi moun sa yo ak fanmi yo fè sa. Men avètisman Jezi te bay: “Wi, ènmi yon moun se pral moun lakay li.” — Matye 10:36.

3. Si fanmi w oswa zanmi w opoze ak adorasyon w ap bay Bondye a, ki sa w ap fè?

3 Si sa rive w, ki jan w ap reyaji? Anpil moun konnen fason y ap adore a pa bon, epoutan yo ezite kite l. Yo panse yo pa t ap fidèl anvè fanmi yo si yo ta fè sa. Èske sa rezonab? Si w aprann gen moun nan fanmi pwòch ou k ap pran dwòg, èske w pa t ap fè yo konnen dwòg se yon danje pou yo? Ou pa t apral nan pran dwòg avèk yo, pa vre?

4. Ki sa Jozye te di Izrayelit yo konsènan adorasyon nan epòk li a?

4 Jozye te ankouraje Izrayelit yo pou yo abandone vye pratik ak vye tradisyon ki gen nan relijyon zansèt yo. Men sa l te di: “Se sa k fè, se pou nou gen lakrentif pou Jewova e se pou nou sèvi l yon fason ki san repwòch e avèk fidelite. Se pou nou retire dye zansèt nou yo t ap sèvi nan lès Rivyè a ak ann Ejip yo nan mitan nou, e se pou nou sèvi Jewova.” ​(Jozye 24:14). Jozye te fidèl anvè Bondye, e Jewova te beni l. Si nou fidèl anvè Jewova, l ap beni nou tou. — 2 Samyèl 22:26.

Debarase nou ak bagay ki te konn sèvi nan fo adorasyon

5. Poukisa nou dwe debarase nou ak bagay ki gen rapò ak maji?

5 Soti nan fo relijyon vle di tou nou dwe detwi tout bagay nou ka genyen ki gen rapò ak maji, tankou gad, bag ak braslè ki monte, ak lòt bagay ankò. Li enpòtan pou n fè sa paske sa ap montre nou met tout konfyans nou nan Jewova.

6. Ki sa kretyen nan premye syèk la te fè ak liv yo te genyen ki te gen rapò ak maji yo?

6 Ann egzamine sa kèk kretyen nan premye syèk la te fè lè yo te deside pratike vrè relijyon an. Labib di: “Anpil moun ki te konn pratike maji te rasanble liv maji yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun.” — Travay 19:19.

7. Ki sa nou ka fè si demon ap toumante nou?

7 Kèk nan moun ki vin sèvi Jewova e ki te gen rapò dirèk ak lougawou, fetich, oswa pratik ki gen rapò ak maji ka gen pwoblèm ak demon k ap toumante yo. Si sa rive w, priye Jewova awotvwa, site non l. L ap ede w. — Pwovèb 18:10; Jak 4:7.

8. Ki jan kretyen yo konsidere zidòl, imaj ak foto ki te konn sèvi nan fo adorasyon?

8 Moun ki vle sèvi Jewova pa dwe konsève okenn zidòl, imaj, oswa foto ki te konn sèvi nan fo adorasyon, nitou yo pa dwe sèvi ak bagay sa yo. Vrè kretyen yo “ap mache selon lafwa, [yo] pap mache selon sa [yo] wè”. (2 Korentyen 5:7.) Yo respekte lwa Bondye a ki entèdi moun sèvi ak imaj nan adorasyon y ap ba li. — Egzòd 20:4, 5.

Vin asosye ak pèp Jewova a

9. Ki konsèy Labib bay sou fason pou yon moun vin saj?

9 Labib di: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” ​(Pwovèb 13:20). Si nou vle vin saj, nou bezwen mache ak Temwen Jewova yo oswa vin asosye ak yo. Se yo menm k ap mache sou wout lavi a. — Matye 7:14.

10. Ki jan Temwen Jewova yo ka ede w pou w sèvi Bondye?

10 Temwen yo vrèman pran ka moun. Travay yo se ede moun ki gen kè sensè konprann verite ki nan Bib la, yon seri verite k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. Yo ka etidye Labib gratis avè w pou yo ede w. Y ap reponn kesyon ou genyen e y ap montre w ki jan pou w aplike konesans ou jwenn nan Bib la nan lavi w. — Jan 17:3.

11. Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo fè yo ap ede w?

11 Nan reyinyon yo fè yo, jeneralman se nan yon Sal Wayòm yo fè yo, w ap aprann plis bagay sou chemen Jewova yo. W ap vin gen plis anvi pou w pratike vrè adorasyon an. Epitou, w ap resevwa fòmasyon sou fason pou w ede lòt moun aprann verite ki nan Bib la. — Ebre 10:24, 25.

12. Ki jan lapriyè ka ede w sèvi Bondye?

12 Ofiramezi w ap aprann plis bagay sou volonte Jewova ak sou objektif li, sandout w ap vin gen plis rekonesans pou chemen l yo ki se chemen lanmou. Ou ta dwe vin gen plis dezi tou pou w fè sa ki fè l plezi e pou w rejte sa k pa fè l plezi. Sonje ou ka pwoche bò kote Jewova nan lapriyè pou w mande l ede w pou w fè sa ki dwat e pou w rejte sa ki mal. — 1 Korentyen 6:9, 10; Filipyen 4:6.

Ki jan w ka pratike vrè relijyon an?

13. Ki jan w ka fè kè Jewova kontan?

13 Rive yon lè, toutpandan w ap amelyore relasyon w ak Bondye, se sèten w ap wè nesesite pou w vin yon Temwen Jewova ki vwe lavi w e ki batize. Si w vin fè pati pèp Jewova a, w ap fè kè Jewova kontan (Pwovèb 27:11). W ap pami moun ki gen kè kontan Bondye te pale de yo, lè l te di: “M ap abite pami yo e m ap mache pami yo, m ap vin Bondye yo e y ap vin pèp mwen.” — 2 Korentyen 6:16.