Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

9YÈM PATI

Vrè relijyon an ka fè w jwenn byenfè pou toutan

Vrè relijyon an ka fè w jwenn byenfè pou toutan

1. Ki sa k ap rive si nou “pwoche bò kote Bondye”?

JEWOVA renmen moun k ap sèvi l yo. Si n adore Jewova, l ap beni nou depi kounye a e pou toutan. Men sa Bib la di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

2. Ki jan nou ka pwoche bò kote Bondye, e ki efè sa ap gen sou priyè nou?

2 Pou n pwoche bò kote Bondye, nou dwe etidye Pawòl li a e nou dwe aplike l. Lè n priye ann amoni ak volonte Jewova, l ap koute priyè nou e l ap reponn nou. Men sa apot Jan te ekri: “Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou. E si nou konnen li tande nou pou kèlkeswa sa nou mande l, nou konnen n ap gen bagay nou mande yo, piske nou mande l yo.” — 1 Jan 5:14, 15.

3-7. Ki jan nou ka gen sajès ki soti nan Bondye a, e ki jan sa ka ede nou?

3 Anplis de sa, pandan n ap pwoche bò kote Bondye, l ap ban nou sajès pou nou reyisi nan aktivite n ap mennen chak jou nan lavi a. Labib di: “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l.” — Jak 1:5.

4 Ki jan sajès ki soti nan Bondye a ka ede nou? Li ka ede n konnen bagay ki pa fè Jewova plezi yo. Nou ka aprann tou poukisa bagay sa yo pa bon e ki sa n ka fè pou n pa pratike yo. Konesans sa a ka pwoteje n kont anpil nan pwoblèm k ap trakase lèzòm an jeneral. Pa egzanp, lefètke pèp Bondye a obeyi konsèy Bondye bay pou yo rete pwòp nan domèn moral, sa ede yo evite ansent san yo pa vle, maladi moun ka pran nan relasyon seksyèl ak maryaj ki pa gen kè kontan ladan l oswa pou maryaj yo pa kraze.

5 Ki lòt bagay sajès Bondye bay la ka fè pou nou? Li ka pèmèt nou pwofite lavi nou omaksimòm. Li ka ede n pran desizyon ki saj nan yon seri domèn, tankou fason pou n jere lajan nou. N ap kapab atenn bèl objektif e n ap kapab rejte objektif ki pap toujou itil nou.

6 Sajès ki soti nan Bondye a ka ede n tou nan relasyon nou gen ak lòt moun. Nou ka gen plis kè kontan nan fanmi nou. Nou ka gen bonjan amitye ki dire, e moun ap respekte n, menm moun ki pap sèvi Bondye.

7 Anplis de sa, lefètke nou gen sajès ki soti nan Bondye a, sa ap pèmèt nou amelyore fason nou wè lavi a. Sa ap ede n fè fas avèk difikilte ak desepsyon nou jwenn nan lavi a. Epitou, n ap gen ekilib nan fason nou wè lavni e n ap wè lavni yon fason pozitif. Yon lòt bò, lefètke nou wè bagay yo yon fason pozitif, sa ap ede n viv an sante nan domèn mantal ak nan domèn fizik. — Pwovèb 14:30; Ezayi 48:17.

8. Si nou sèvi Bondye, ki sa nou pap pè?

8 Si n sèvi vrè Dye a, n ap libere anba laperèz moun ki pap sèvi l yo genyen. Lefètke nou konnen moun ki mouri yo pa gen vi nan yo pandan yo nan tonm nan, nou pap pè moun ki mouri. Etandone nou gen konfyans nan pwomès Bondye fè pou l resisite moun ki mouri, nou pap pè mouri. E kòm nou konnen Bondye toupisan, nou pap pè lougawou oswa fetich. — Jan 8:32.

Moun ki jis yo pral posede tè a

9-11. Ki moun ki pral viv nan Paradi a, e ki moun ki pap la?

9 Si nou pwoche bò kote Bondye, nou pap pè lavni. Jan nou te wè sa, Labib te anonse anpil nan pwoblèm nou wè sou tè a jodi a. Jewova fè nou konnen bagay sa yo pa la pou toutan. Talè konsa, Wayòm Bondye a pral fè tè a tounen yon paradi. — Lik 21:10, 11, 31; 23:43.

10 Se sèl moun ki pwoche bò kote Jewova e ki sèvi l ki pral viv nan Paradi a. Labib di: “Talè konsa, mechan yo pap la ankò, w ap gade kote yo te ye yo, ou pap jwenn yo. Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” — Sòm 37:10, 11.

11 Moun ki derefize obeyi lwa Bondye yo ki jis ap detwi pou toutan (2 Tesalonisyen 1:8, 9). Yo pap egziste ankò. Menm jan ak Satan ansanm ak demon l yo yo pral resevwa yon lanmò etènèl (Revelasyon 20:10, 14). Men, moun ki aprann konnen Jewova e ki sèvi l pral pran tout plezi yo sou tè a nan Paradi a.

Yon avni estrawòdinè!

12. Ki sa Labib di konsènan lavni?

12 Jewova sere anpil bèl bagay pou moun ki renmen l yo. Gade sa Pawòl li a di sou lavi nan Paradi a sou tè a:

  • Ap gen anpil manje pou moun manje: “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” — Sòm 72:16.

  • Ap gen bonjan kay pou moun rete: “Y ap bati kay e y ap abite ladan yo.” — Ezayi 65:21.

  • Ap gen travay ki bay kè kontan: “Moun mwen chwazi yo ap byen jwi travay yo fè ak men yo. Yo pap kraze kò yo travay pou granmesi.” — Ezayi 65:22, 23.

  • Pap gen maladi: “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” — Ezayi 33:24.

  • Pap gen moun enfim: “Je moun ki avèg yo ap ouvri, zòrèy moun ki soud yo ap tande. Lè sa a, moun ki enfim nan pye yo ap vòltije tankou jenn ti kabrit, e lang moun ki bèbè yo ap fè rèl kè kontan.” — Ezayi 35:5, 6.

  • Pap gen ni doulè, ni chagren, ni lanmò: “[Bondye] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:4.

  • Pap gen lagè: “[Bondye] fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a.” — Sòm 46:9.

  • Moun pral viv pou toutan: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

13. Ki sèl moun ki ka fè tè a vin yon paradi, e poukisa?

13 Lèzòm pap janm ka reyalize bagay sa yo, men Jewova gen pouvwa pou l fè kèlkeswa sa l di l ap fè. Anyen pa ka anpeche l fè sa l vle fè. Labib di: “Pa gen yon pawòl Bondye di ki enposib pou l reyalize.” — Lik 1:37.

14. Ki jan w ka jwenn wout lavi ki pap janm fini an?

14 Jewova sèvi ak Temwen l yo pou l bay moun toupatou posiblite pou yo “pase nan pòt ki jis la” e pou yo vwayaje nan wout lavi ki pap janm fini an. Nou swete pou w pami moun ki gen kè kontan ki aksepte envitasyon sa a. Nou swete pou w pratike vrè relijyon an e pou w jwi benediksyon Jewova ap bay yo pou toutan! — Matye 7:13, 14.