Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 2

Bondye se pi bon zanmi w ka genyen

Bondye se pi bon zanmi w ka genyen

Vin zanmi Bondye se pi bon bagay ou ka fè nan lavi a. Bondye pral aprann ou ki jan pou w viv ak kè kontan e an sekirite. L ap libere w anba yon pakèt fo kwayans, anba yon pakèt pratik nuizib. L ap koute priyè w. L ap ede w viv anpè. L ap ede w viv ak kè poze (Sòm 71:5; 73:28). Bondye ap soutni w lè w nan pwoblèm (Sòm 18:18). Anplis de sa, Bondye ofri w lavi ki pap janm fini an kòm kado! — Women 6:23.

Tank w ap vin pi pwòch Bondye, se tank w ap vin pi pwòch moun ki zanmi Bondye yo. Yo vin zanmi w tou. An reyalite, y ap vin tankou frè ak sè pou ou. Y ap kontan anseye w sou Bondye, y ap ede w, y ap ankouraje w.

Bondye pi gran pase nou. Pandan n ap chèche vin zanmi Bondye, men yon bagay enpòtan nou dwe konprann: vin zanmi Bondye se pa tankou amitye ki egziste ant de moun ki pòy. Bondye pi gran pase nou, li pi saj e li pi pisan pase nou lontan. Li se Chèf nou, e li gen dwa pou l dirije. Donk, si nou vle vin zanmi l, nou dwe koute l lè l pale avèk nou, e nou dwe mache sou lòd li. Sa ap toujou bon pou nou. — Ezayi 48:18.