Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 7

Yon avètisman nan tan lontan

Yon avètisman nan tan lontan

Jewova pap kite mechan vin kraze Paradi a. Se zanmi l yo sèl k ap la. Sa k pral pase mechan yo? Pou nou ka konnen, ann reflechi sou sa k te rive nan epòk Noye a. Noye te viv sou tè a sa gen plizyè milye ane. Se te yon bon moun ki te toujou ap lite pou l fè volonte Jewova. Men, lòt moun ki t ap viv sou tè a t ap aji mal. Donk, Jewova di Noye li pral voye yon delij dlo k ap detwi tout mechan yo. Li mande Noye pou l bati yon lach k ap pèmèt Noye ak fanmi l pa mouri lè delij dlo a t ava vini. — Jenèz 6:9-18.

Noye ak fanmi l bati lach la. Noye te avèti pèp la delij dlo a t apral vini, men yo pa t koute l. Yo te kontinye ap fè sa k mal. Lè Noye fin bati lach la, li fè bèt yo antre ladan l, e li menm ak tout fanmi l antre tou. Annapre, Jewova fè yon gwo tanpèt frape e lapli fè 40 jou ak 40 nuit ap tonbe. Dlo vin kouvri tout tè a. — Jenèz 7:7-12.

Mechan yo te peri, men Noye ak tout fanmi l te rete vivan. Jewova te pwoteje yo anba delij dlo a, e lè yo te soti nan lach la, pa t gen mechan ankò sou tè a (Jenèz 7:22, 23). Bib la di, talè konsa, Jewova pral detwi moun ki refize fè sa ki dwat yo. Moun k ap fè sa ki byen yo pap detwi. Yo pral viv pou toutan nan Paradi ki pral gen sou tè a. — 2 Pyè 2:5, 6, 9.

Jodi a, anpil moun ap fè sa ki mal. Monn nan chaje ak pwoblèm. Malgre Jewova pa sispann voye Temwen l yo pou yo avèti moun yo, pifò pa vle koute pawòl Jewova. Yo pa vle chanje. Yo pa vle pou se Bondye k ap di yo sa ki byen ak sa ki mal. Sa k pral rive moun sa yo? Ou kwè yon jou y ava chanje? Anpil ladan yo pap janm chanje. Talè konsa, mechan yo ap peri e yo pap janm reviv ankò. — Sòm 92:7.

Tè a pap detwi. L ap tounen yon paradi. Moun ki vin zanmi Bondye yo pral viv pou toutan nan Paradi ki pral gen sou tè a. — Sòm 37:29.