Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 8

Kiyès ki ènmi Bondye?

Kiyès ki ènmi Bondye?

Pi gwo ènmi Bondye se Satan Ledyab. Satan se yon kreyati espirityèl ki te rebele kont Jewova. Satan kontinye opoze ak Bondye e l ap bay moun anpil pwoblèm. Satan mechan anpil. Li se yon mantè e li se yon asasen. — Jan 8:44.

Gen lòt kreyati espirityèl ki mete ansanm ak Satan pou yo rebele kont Bondye. Bib la rele yo demon. Menm jan ak Satan, demon yo se ènmi lèzòm yo ye. Yo pran plezi pou yo fè moun mal (Matye 9:32, 33; 12:22). Jewova pral detwi Satan ak demon l yo pou toutan. Yo pa ret anpil tan pou yo sispann fè moun mal. — Revelasyon 12:12.

Si w vle vin zanmi Bondye, ou pa dwe fè sa Satan renmen. Satan ak demon yo rayi Jewova. Se ènmi Bondye yo ye, e yo vle fè w tounen ènmi Bondye tou. Kiyès ou vle chwazi fè plezi: Satan oswa Jewova? Si w ap chèche gen lavi ki pap janm fini an, ou dwe chwazi fè volonte Bondye. Satan gen anpil trik, e li itilize plizyè fason pou l twonpe moun. Pifò moun kite l twonpe yo. — Revelasyon 12:9.