Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 16

Montre w se moun ki renmen Bondye

Montre w se moun ki renmen Bondye

Si w vle rete zanmi yon moun, fòk ou pale avè l. W ap koute sa l ap di w, l ap koute sa w ap di l. Ou pale moun de zanmi w lan an byen. Se menm bagay la si w vle zanmi Bondye. Gade sa Bib la di sou sa:

Pale ak Jewova nan lapriyè souvan. “Pèsevere nan lapriyè.” — Women 12:12.

Li Pawòl Bondye a, Labib. “Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil pou anseye, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat.” — 2 Timote 3:16.

Aprann lòt moun konnen Bondye. “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” — Matye 28:19, 20.

Fè zanmi ak moun ki zanmi Bondye. “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” — Pwovèb 13:20.

Asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan. “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, [...] annou youn ankouraje lòt.” — Ebre 10:24, 25.

Se pou w soutni travay Wayòm nan. “Se pou chak moun [bay] jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” — 2 Korentyen 9:7.