Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 6

Paradi a pa lwen!

Paradi a pa lwen!

Move bagay k ap pase sou tè a jodi a montre Paradi a pa lwen. Bib la di nou ta gen pou n wè yon seri evènman terib yon tikras tan anvan Paradi a vini. N ap viv evènman sa yo kounye a! Men kèk nan bagay Bib la te di ki t ava rive:

Gwo lagè. Men sa Bib la di: “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm.” ​(Matye 24:7). Pwofesi sa a reyalize. Depi 1914, te gen de gè mondyal ak yon pakèt lòt gè. Gen plizyè milyon moun ki mouri ladan yo.

Maladi ap gaye toupatou. T apral gen “epidemi nan yon zòn apre yon lòt”. (Lik 21:11.) Èske sa fèt vre? Wi. Kansè, maladi kè, tibèkiloz, malarya, sida ak lòt maladi gentan touye plizyè milyon moun.

Rate manje. Nan lemonnantye, w ap jwenn moun ki pa gen ase manje pou yo manje. Chak ane, gen plizyè milyon moun ki mouri grangou. Se yon lòt siy ki montre Paradi a pa lwen. Bib la di: “Pral gen rate manje.” — Mak 13:8.

Tranblemanntè. Men sa Bib la di: “Pral gen [...] tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.” ​(Matye 24:7). Sa reyalize tou nan epòk pa nou an. Depi 1914, gen plis pase yon milyon moun ki mouri nan tranblemanntè.

Moun mechan. Moun yo t ap “renmen lajan”, yo t ap “renmen pwòp tèt yo”. Yo t ap “renmen plezi olye yo renmen Bondye”. Timoun yo t ap “dezobeyi paran yo”. (2 Timote 3:1-5.) W ap dakò, anpil moun nan epòk nou an se konsa yo ye, pa vre? Yo pa gen okenn respè pou Bondye, e yo soti pou yo bay moun k ap chèche konnen Bondye yo pwoblèm.

Krim. Bib la te predi tou “mechanste [t] ap ogmante”. (Matye 24:12.) Sandout, w ap dakò gen plis krim k ap fèt jodi a. Se toupatou moun pè pou yo pa vòlè zafè yo, pou yo pa twonpe yo, oswa pou yo pa blese yo.

Tout bagay sa yo montre Wayòm Bondye a pa lwen. Bib la di: “Lè nou wè bagay sa yo ap rive, konnen Wayòm Bondye a toupre.” ​(Lik 21:31). Ki sa Wayòm Bondye a ye? Se gouvènman Bondye a ki nan syèl la ki pral fè tè a tounen yon paradi. Wayòm Bondye a pral ranplase gouvènman lèzòm yo. — Dànyèl 2:44.