Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 5

Zanmi Bondye yo pral viv nan Paradi a

Zanmi Bondye yo pral viv nan Paradi a

Paradi a pap sanble ak monn n ap viv ladan l jodi a. Bondye pa t janm vle pou lèzòm gen pwoblèm, tristès, doulè ak soufrans. Alavni, Bondye pral fè tè a tounen yon paradi. Ki jan sa pral ye? Annou gade ki sa Bib la di sou sa:

Moun debyen. Se zanmi Bondye sèl k ap nan Paradi a. Yo tout, yo pral aji byen youn ak lòt. Yo pral viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki dwat. — Pwovèb 2:21.

Manje agogo. Moun pap soufri anba grangou nan Paradi a. Bib la di: “Tè a gen pou l chaje ak manje angren.” — Sòm 72:16.

Bèl kay ak bon travay. Nan Paradi ki pral genyen sou tè a, chak fanmi ap gen pwòp kay pa l ki rele l chè mèt chè mètrès. Chak moun ap gen yon travay k ap ba li kè kontan. — Ezayi 65:21-23.

Lapè nan lemonnantye. Pyès moun pa pral ni fè lagè, ni mouri nan batay. Pawòl Bondye a di: “[Bondye] fè pa gen lagè ankò.” — Sòm 46:8, 9.

Bon sante. Bib la pwomèt: “Pa gen yon moun [nan Paradi a] k ap di: “Mwen malad.” ​(Ezayi 33:24). Anplis, pèsonn pap enfim nan pye, pap gen ni moun ki avèg, ni moun ki soud, ni moun ki bèbè. — Ezayi 35:5, 6.

Doulè, tristès ak lanmò ap kaba. Pawòl Bondye a di: “Pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:4.

Mechan yo pap la ankò. Jewova pwomèt: “Kanta pou mechan yo, y ap detwi yo sou tè a, E moun ki pa fidèl yo, y ap derasinen yo sou li.” — Pwovèb 2:22.

Moun ap gen lanmou ak respè youn pou lòt. Pap gen moun k ap fè enjistis ankò, pap gen moun k ap toupizi lòt moun, pap gen moun ki toujou ap chèche gen plis e pap gen moun ki rayi moun ankò. Moun ap viv nan tèt ansanm, y ap viv ann amoni ak prensip Bondye yo ki dwat. — Ezayi 26:9.