Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 103

Bèje yo se kado Bondye bay

Bèje yo se kado Bondye bay

(Efezyen 4:8)

  1. 1. Bondye mete bèje pou ede’n,

    Pou pran swen twoupo’l la.

    Grasa egzanp yo bay, yo gide’n

    Nan chemen lavi a.

    (REFREN)

    Bèje yo merite konfyans nou,

    Yo fidèl e yo sensè.

    Yo se kado Jewova ban nou,

    N’apresye efò yo fè.

  2. 2. Bèje nou yo gen sousi pou nou,

    Yo toujou byen pran swen’n.

    Pawòl yo di ankouraje’n tou,

    Sitou lè’n nan lapenn.

    (REFREN)

    Bèje yo merite konfyans nou,

    Yo fidèl e yo sensè.

    Yo se kado Jewova ban nou,

    N’apresye efò yo fè.

  3. 3. Yo ban’n konsèy ki sot nan Bib la

    Pou’n ka pa janm devye.

    Yo ede’n toujou suiv Jewova,

    Pou’n sèvi’l nètale.

    (REFREN)

    Bèje yo merite konfyans nou,

    Yo fidèl e yo sensè.

    Yo se kado Jewova ban nou,

    N’apresye efò yo fè.