Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 116

Pouvwa bonte genyen

Pouvwa bonte genyen

(Efezyen 4:32)

  1. 1. Jewova, Papa, nou vle ba’w louwanj:

    N’aprann nan Pawòl ou

    Ou plen ak sajès e ou Toupisan,

    Men’w chaje bonte ak lanmou.

  2. 2. Jezi rele moun monn nan maltrete

    Vin jwenn bon soulajman.

    Se avèk tandrès l’ap dirije yo,

    Li bon e li rafrechisan.

  3. 3. Bondye avèk Kris deja montre nou

    Ki jan pou’n ye vrèman.

    Nou ka devlope bonte plis toujou,

    Se yon kalite k’atiran.