Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 146

“Tout bagay vin tounèf”

“Tout bagay vin tounèf”

(Revelasyon 21:1-5)

  1. 1. “Siy tan yo” pwouve Wayòm nan enstale.

    Jezi Kris chita sou yon twòn glorye.

    Syèl la gentan pwòp, yo chase Dyab la.

    Volonte Bondye pral fèt sou tè a.

    (REFREN)

    Rejwi: tant Bondye avèk lòm.

    L’ap avèk yo, e y’ap anfòm.

    Pap gen chagren ak dlo nan je ankò,

    Ni dèy, ni soufrans, ni rèl, ni lanmò.

    Bondye di l’ap refè tout bagay bèl,

    E pawòl sa yo fidèl.

  2. 2. Nou wè Nouvo Jerizalèm fidèl la,

    Madanm Timouton an gen bèl ekla.

    Pou mari’l, l’abiye ak bèl bijou.

    Jewova pral tounen limyè’l chak jou.

    (REFREN)

    Rejwi: tant Bondye avèk lòm.

    L’ap avèk yo, e y’ap anfòm.

    Pap gen chagren ak dlo nan je ankò,

    Ni dèy, ni soufrans, ni rèl, ni lanmò.

    Bondye di l’ap refè tout bagay bèl,

    E pawòl sa yo fidèl.

  3. 3. Vil sa’ bèl anpil, l’ap fè tout moun plezi.

    E pou toutan, pòt li ap ret ouvri.

    Tout nasyon pral mache nan bèl glwa li.

    E, menm jan avè’l, limyè’n dwe jayi.

    (REFREN)

    Rejwi: tant Bondye avèk lòm.

    L’ap avèk yo, e y’ap anfòm.

    Pap gen chagren ak dlo nan je ankò,

    Ni dèy, ni soufrans, ni rèl, ni lanmò.

    Bondye di l’ap refè tout bagay bèl,

    E pawòl sa yo fidèl.