Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 52

Ve kretyen yo fè

Ve kretyen yo fè

(Ebre 10:7, 9)

  1. 1. Jewova kreye linivè,

    Se yon mèvèy total.

    Tè a, syèl la, tout se pou li,

    Se travay pwòp men pa’l.

    Se li ki bay souf lavi a,

    L’aji ak presizyon.

    Li vrèman merite tout louwanj,

    Tout moun dwe’l adorasyon.

  2. 2. Pou Jezi te fè sa ki jis,

    Nan dlo’l te batize.

    Nan yon priyè, li di Bondye:

    ‘Plezi’m se fè sa’w vle.’

    Lè’l soti nan dlo Jouden an

    Kòm moun Bondye chwazi,

    Li priye Papa’l avèk tout kè’l.

    Li fè tout sa Bondye di.

  3. 3. Nou vin devan ou, Jewova,

    Pou’n louwe non’w ki gran.

    Nou nye tèt nou, nou ba’w kè nou

    Ak lavi’n pou toutan.

    Ou te bay sèl Pitit ou a,

    Ki peye chè pou nou.

    Nou pap kontinye viv pou tèt pa’n,

    Nou deja vwe vi’n ba ou.