Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 77

Yon limyè ki klere nan yon monn fènwa

Yon limyè ki klere nan yon monn fènwa

(2 Korentyen 4:6)

  1. 1. Nan monn sa’, nan monn fènwa sa’,

    G’on limyè k’ap klere.

    Lannuit lan rive nan bout li,

    Yon lòt jou pral leve.

    (REFREN)

    Mesaj n’ap bay la bèl!

    Li bay espwa ak lajwa,

    Li klere nan fènwa.

    Li gen yon bèl ekla.

    L’aprann nou talè konsa

    Fènwa pap la.

  2. 2. N’ap leve moun k’ap dòmi yo,

    Pa gen tan pou pèdi.

    N’ap ba yo espwa ak kouray,

    N’ap priye pou y’aji.

    (REFREN)

    Mesaj n’ap bay la bèl!

    Li bay espwa ak lajwa,

    Li klere nan fènwa.

    Li gen yon bèl ekla.

    L’aprann nou talè konsa

    Fènwa pap la.