Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 79

Anseye yo pou yo kenbe fèm

Anseye yo pou yo kenbe fèm

(Matye 28:19, 20)

  1. 1. Nou kontan travay ak Jewova,

    Pou’n anseye mouton’l yo.

    Li gide yo chak jou pazapa,

    Yo remèt li lavi yo.

    (REFREN)

    Jewova, tande nou souple,

    Ti mouton yo se byen’w yo ye.

    Nan non Jezi Kris, n’ap priye’w, n’ap sipliye’w,

    Ede yo tout kenbe byen fèm.

  2. 2. Se chak jou, nou priye’w, bon Papa,

    Pou lafwa yo pa febli.

    Nou pran swen yo san’n pa fè reta,

    Yo vin djanm, yo fè’w plezi.

    (REFREN)

    Jewova, tande nou souple,

    Ti mouton yo se byen’w yo ye.

    Nan non Jezi Kris, n’ap priye’w, n’ap sipliye’w,

    Ede yo tout kenbe byen fèm.

  3. 3. Nou swete pou yo tout fè’w konfyans,

    Pou yo kwè nan Jezi Kris.

    Si y’andire ak obeyisans,

    Y’ap ka jwenn lavi gratis.

    (REFREN)

    Jewova, tande nou souple,

    Ti mouton yo se byen’w yo ye.

    Nan non Jezi Kris, n’ap priye’w, n’ap sipliye’w,

    Ede yo tout kenbe byen fèm.