Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 83

“Kay an kay”

“Kay an kay”

(Travay 20:20)

  1. 1. N’al kay an kay, n’al pòt an pòt

    Pou’n simen Pawòl la.

    N’al tout kote pou nou ede

    Moun yo vin gen lafwa.

    Wayòm nan la, l’ap dirije,

    Se sa Kris te predi.

    Se mesaj sa’, jèn kou granmoun

    Ap bay nan tout peyi.

  2. 2. N’al kay an kay, n’al pòt an pòt,

    Delivrans n’ap preche.

    Moun ki kwè nan non Jewova,

    Se yo menm k’ap sove.

    Ki jan y’ap fè kwè nan yon non

    Si yo pa menm konnen’l?

    Donk, kit nan kay, kit nan papòt,

    Nou sipoze nonmen’l.

  3. 3. Wi, kay an kay annou preche

    Bon nouvèl Wayòm nan.

    Konsa, moun yo ap ka chwazi

    Kiyès y’ap suiv vrèman.

    Nou menm, omwen, n’ap fè konnen

    Non Jewova byen klè.

    E plis nou prale pòt an pòt,

    N’ap jwenn moun ki sensè.

(Gade tou Tra. 2:21; Wom. 10:14.)