Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bay Jewova glwa

Bay Jewova glwa

(Sòm 96:8)

Telechaje:

  1. 1. Pa gen tankou’w, O Jewova,

    Ou menm ki se Souvren an.

    Ki sa mwen ta kapab ba ou

    Pou lanmou’w demontre toutan?

    Lè’m leve je’m gade syèl la,

    Mwen wè glwa’w ak pisans ou.

    Kiyès mwen ye, O Jewova,

    Pou’w fè mwen jwi favè’w chak jou?

    (REFREN)

    Jewova Dye, mwen vle chante pou ou,

    M’ap chante pou mwen louwe’w.

    Ou se Bondye’m, e’w se Wa pou toutan.

    M’ap ba’w glwa ou merite,

    Wi, tout glwa se pou ou’l ye.

  2. 2. Mwen ba’w lavi’m, O Jewova.

    M’ap louwe’w nan tout sa’m fè.

    M’ap fè konnen jan’w vrèman bon

    E jan ou estrawòdinè.

    Mwen kontan sèvi’w Jewova,

    Mwen fyè paske’w onore’m.

    Ou ban mwen fòs, e’w fè’m gen glwa.

    Se ou ki pou toujou gide’m.

    (REFREN)

    Jewova Dye, mwen vle chante pou ou,

    M’ap chante pou mwen louwe’w.

    Ou se Bondye’m, e’w se Wa pou toutan.

    M’ap ba’w glwa ou merite,

    Wi, tout glwa se pou ou’l ye.

  3. 3. Lè’m wè tè a ak lanmè a,

    Lalin, zetwal ak solèy,

    Sa fè’m rejwi tèlman yo bèl,

    E’m ka wè lanmou’w san parèy.

    Yo montre fòs ou, grandè ou

    Ak sajès ou ki san fay.

    Ki jan mwen ta ka pa ba’w glwa

    Ou menm ki kreye tout bagay?

    (REFREN)

    Jewova Dye, mwen vle chante pou ou,

    M’ap chante pou mwen louwe’w.

    Ou se Bondye’m, e’w se Wa pou toutan.

    M’ap ba’w glwa ou merite,

    Wi, tout glwa se pou ou’l ye.