Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa k pap la ankò lè Wayòm Bondye a vini?

Ki sa k pap la ankò lè Wayòm Bondye a vini?

“Se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.” — 1 JAN 2:17.

KANTIK: 134, 24

1, 2. a) Nan ki sans nou ta ka konpare sistèm sa a ak yon kriminèl yo kondane? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki jan moun yo pral reyaji lè sistèm mechan sa a detwi?

“MEN YON KADAV K AP PASE!” Se pawòl sa yo yo konn di byen fò lè y ap mennen yon gwo kriminèl sot nan pyès kote l te ye nan prizon an, e lè pòt an fè yo fè gwo bri apre l fin soti. Poukisa gadyen prizon yo konn di yon pawòl konsa? Prizonye a parèt plizoumwen an sante, li pa gen okenn pwoblèm fizik ki ka lakòz li pèdi lavi l. Malgre sa, gadyen yo ap mennen l yon kote pou y al egzekite l. Se kòmsi kriminèl sa a yo kondane a deja mouri *.

2 Nan yon sans, sistèm ki la kounye a tankou yon moun ki kondane yo pral egzekite. Sa gen lontan depi Jewova kondane monn mechan sa a, e kounye a, li pa lwen egzekite l. Bib la di: “Se pase monn nan ap pase.” (1 Jan 2:17). Wè pa wè, fen sistèm sa a ap rive. Epoutan, gen yon gwo diferans ant fen monn sa a ak egzekisyon yon prizonye. Nan ka kote yo pral egzekite yon prizonye, gen moun ki gendwa pa dakò ak santans lan, ki gendwa panse l pa jis oswa ki gendwa espere y ap kanpe sou egzekisyon an nan dènye minit lan. Men, nan ka monn sa a, se Souvren linivè a ki pafè e ki jis ki ba l santans lan (Det. 32:4). Yo pap kanpe sou egzekisyon an, e pèsonn pap gen dout li merite santans lan. Apre yo fin egzekite santans lan, tout kreyati entèlijan ki gen nan linivè ap dakò ak tout kè yo se yon jijman ki te jis. Se pa ti soulajman sa pral pote!

3. Nou pral pale konsènan kat bagay k ap pase lè Wayòm Bondye a vini, ki bagay sa yo?

3 Bon, ki sa k gen nan “monn” k ap “pase a”? Anpil nan bagay moun yo jodi a abitye konsidere kòm bagay k ap toujou egziste nan lavi a nan monn sa a pap la ankò. Èske se yon nouvèl ki tris? Okontrè! Anfèt, se yon pati ki enpòtan anpil nan “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan”. (Mat. 24:14.) Kidonk, ann konsantre sou sa k pap la ankò lè Wayòm Bondye a vini. Nou pral egzamine kat gwo kategori: moun ki mechan, òganizasyon ki kòwonpi, move zak ak move kondisyon. Nan chak ka, nou pral egzamine 1) efè bagay sa yo gen sou nou kounye a, 2) sa Jewova pral fè ak yo, e 3) fason li pral ranplase yo ak bagay ki vrèman bon.

MOUN KI MECHAN

4. Ki efè aksyon moun ki mechan yo gen sou nou jodi a?

4 Ki efè aksyon moun ki mechan yo gen sou nou jodi a? Apre apot Pòl te fin anonse nan epòk n ap viv kounye a “tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte”, men sa Bondye te pouse l ekri: “Moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam ap vin pi mal toujou.” (2 Tim. 3:1-5, 13). Èske w wè pwofesi sa a ap reyalize? Gen anpil nan nou ki viktim anba men moun ki mechan, tankou moun ki vyolan k ap toupizi moun, moun ki gen prejije ak moun ki kriminèl e ki fewòs. Gen kèk nan moun sa yo ki fè mechanste aklè, gen lòt ki mètdam ki kache sa yo fè pou yo pran pòz y ap defann sa ki jis. Menmsi nou menm nou pa viktim anba men moun mechan sa yo, aksyon yo gen efè sou nou kanmenm. Sa fè nou mal anpil lè nou aprann vye zak moun sa yo fè. Nou choke anpil lè n aprann fason moun ki mechan yo fè vyolans sou timoun, moun ki aje ak lòt moun ki san defans. Moun ki mechan yo gen yon seri tandans ki pa sanble ak tandans moun genyen, yon seri tandans ki sot nan lachè e ki menm soti nan demon yo (Jak 3:15). Erezman, Pawòl Jewova a ban nou bon nouvèl ki ede n fè fas ak move nouvèl sa yo.

5. a) Ki posiblite moun ki mechan yo genyen jiska prezan? b) Ki sa k pral rive moun ki mechan ki refize chanje yo?

5 Ki sa Jewova pral fè? Jis kounye a Jewova kontinye ap bay moun ki mechan yo posiblite pou yo chanje (Eza. 55:7). Pèsonèlman, yo youn poko resevwa dènye santans yo. Se sistèm sa a ki deja kondane. E moun ki refize chanje yo, ki kontinye ap soutni sistèm sa a jiskaske gwo tribilasyon an kòmanse? Jewova pwomèt l ap elimine moun ki mechan yo sou tè a pou toutan. (Li Sòm 37:10.) Moun ki mechan yo gendwa panse jijman sa a pap frape yo. Gen anpil nan yo ki aprann kache sa yo fè, e nan monn sa a, byen souvan, sanble yo chape anba men lajistis ak anba tout konsekans aksyon yo (Jòb 21:7, 9). Poutan, men sa Bib la fè n sonje: “Bondye ap gade chemen chak moun, e li wè tout kote yo met pye yo, pa gen okenn fènwa ni okenn fènwa pwès pou moun k ap fè sa ki mal yo kache.” (Jòb 34:21, 22). Pa gen okenn kote yon moun ka kache pou Jewova Dye. Pa gen okenn mètdam ki ka twonpe l, ni pa gen okenn fènwa ki twò gwo oswa ki twò pwès ki ka anpeche je Bondye ki pa gen limit wè aklè sa k ap pase. Apre Amagedon, n ap gade kote mechan yo te ye yo, men nou pap wè yo. Yo pap la ankò pou toutan! — Sòm 37:12-15.

6. Kiyès k ap rete lè moun ki mechan yo pap la ankò, e poukisa se yon bon nouvèl?

6 Kiyès k ap rete lè moun ki mechan yo pap la ankò? Men yon pwomès ki touchan Jewova fè: “Moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” Annapre, men sa nou li nan menm sòm sa a: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” (Sòm 37:11, 29). Kiyès “moun ki gen imilite” yo ak “moun ki jis” yo ye? Moun ki gen imilite yo se moun ki dispoze obeyi ansèyman ak direksyon Jewova bay, e moun ki jis yo se moun ki renmen fè sa ki dwat nan je Jewova Dye. Nan monn nan jodi a, kantite moun ki mechan yo pi plis lontan pase kantite moun ki jis yo. Men, nan monn nouvo k ap vini an, kantite moun ki gen imilite yo ak moun ki jis yo pap ni pi plis ni pi piti, se sèl moun sa yo k ap vivan lè sa a. Vrèmanvre, se moun sa yo ki pral fè tè a vin yon paradi!

ÒGANIZASYON KI KÒWONPI

7. Ki efè òganizasyon ki kòwonpi yo gen sou nou jodi a?

7 Ki efè òganizasyon ki kòwonpi yo gen sou nou jodi a? Anpil nan bagay mal k ap fèt nan monn sa a se pa travay kèk grenn moun, men se travay òganizasyon yo. Pa egzanp, reflechi sou òganizasyon relijye yo k ap twonpe plizyè milyon moun konsènan kiyès Bondye ye, k ap fè moun pèdi konfyans nan Bib la, k ap twonpe moun konsènan avni tè a ak lèzòm e konsènan anpil lòt sijè ankò. Ki sa n ka di konsènan gouvènman k ap ankouraje lagè ak vyolans ant moun ki pa menm ras e ki pa gen menm kilti, k ap toupizi moun ki pòv e ki san defans, ki renmen pran lajan anba anba e ki nan patipri? E konpayi ki ava yo k ap sal anviwònman an, k ap gaspiye resous natirèl yo, k ap eksplwate moun k ap achte yo pou kèk moun ka vin pi rich pandan plizyè milyon moun ap goumen ak lamizè? Pa gen dout, se òganizasyon kòwonpi yo ki responsab anpil nan mizè ki gen nan monn nan jodi a.

8. Selon Bib la, ki sa k pral rive òganizasyon ki parèt byen djanm nan je anpil moun jodi a?

8 Ki sa Jewova pral fè? Gwo tribilasyon an ap kòmanse lè otorite ki nan gouvènman yo vire kont tout fo relijyon pwostitye yo rele Gran Babilòn nan reprezante (Rev. 17:1, 2, 16; 18:1-4). Y ap detwi òganizasyon relijye sa yo nèt. Bon, ki sa k pral rive tout lòt òganizasyon ki kòwonpi yo? Bib la sèvi ak mòn yo ak zile yo kòm egzanp pou l dekri anpil nan òganizasyon ak enstitisyon ki parèt byen djanm nan je lèzòm. (Li Revelasyon 6:14.) Pawòl Bondye a fè konnen yo pral sekwe gouvènman yo ak tout òganizasyon ki atache avèk yo depi nan fondasyon yo. Gwo tribilasyon an ap rive nan dènye bout li lè Bondye detwi tout gouvènman ki gen nan vye monn sa a ak tout moun ki pran pozisyon pou yo kont Wayòm Bondye a (Jer. 25:31-33). Apre sa, pap gen okenn òganizasyon ki kòwonpi ankò!

9. Poukisa nou gen asirans tè tounèf la ap byen òganize?

9 Ki sa k pral ranplase òganizasyon ki kòwonpi yo? Apre Amagedon, èske ap gen òganizasyon sou tè a? Men sa Bib la fè n konnen: “Selon pwomès Bondye fè, n ap tann yon syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite.” (2 Pyè 3:13). Ansyen syèl la ak ansyen tè a, sa vle di gouvènman ki kòwonpi yo ak moun k ap viv sou tè a ki anba kontwòl yo, ap detwi. Ki sa k pral ranplase yo? Ekspresyon “syèl tounèf ak yon tè tounèf” la vle di pral gen yon nouvo gouvènman e pral gen yon nouvo gwoup moun sou tè a ki pral anba direksyon gouvènman sa a. Yon fason ki pafè, Wayòm Jezi Kris la pral reflete pèsonalite Jewova Dye ki se yon Bondye ki gen lòd (1 Kor. 14:33). Kidonk, Bondye ap byen òganize “tè tounèf” la. Ap gen bon moun pou jere bagay yo (Sòm 45:16). Se Kris ansanm ak 144 000 moun ki pral dirije avè l yo ki pral bay moun sa yo direksyon. Èske w ka imajine yon epòk kote se yon sèl òganizasyon ki gen tèt ansanm e ki pa kòwonpi ki pral ranplase tout òganizasyon ki kòwonpi yo?

MOVE ZAK

10. Ki kalite move zak ki abitye fèt nan zòn kote w ap viv la, e ki efè yo gen sou ou menm ak fanmi w?

10 Ki efè move zak gen sou nou jodi a? N ap viv nan yon monn ki chaje ak bagay mal k ap fèt. Sanble zak ki imoral, ki malonèt e ki vyolan gaye toupatou nan sistèm sa a. Byen souvan, se paran yo sitou k ap lite pou yo pwoteje pitit yo kont bagay mal sa yo. Sanble konpayi divètisman yo vin pi maton toujou nan fè moun vin pi renmen tout kalite bagay mal toutpandan y ap pase nan rizib prensip Jewova bay anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal (Eza. 5:20). Vrè kretyen yo opoze ak tandans sa a. Yo goumen pou yo kenbe entegrite yo nan yon monn k ap fè moun pa gen respè pou prensip Jewova yo.

11. Ki sa nou aprann nan fason Jewova te jije Sodòm ak Gomò a?

11 Ki sa Jewova pral fè ak move zak yo? Reflechi sou sa l te fè lè te gen anpil bagay mal ki t ap fèt nan vil Sodòm ak Gomò. (Li 2 Pyè 2:6-8.) Lòt, yon moun ki te jis, te boulvèse anpil akoz tout move bagay ki t ap fèt devan li menm ak fanmi l. Lè Jewova te detwi tout zòn sa a, li te fè plis pase annik mete fen nan bagay mal ki t ap fèt yo. Se bay li t ap “bay moun ki pa gen respè pou Bondye yo yon egzanp sou bagay ki gen pou vini” yo. Menm jan Jewova te met yon fen nan tout aktivite ki imoral ki t ap fèt nan epòk sa a, se menm jan an tou l ap met yon fen nan bagay mal k ap fèt jodi a lè l pral egzekite jijman l sou sistèm ki la kounye a.

12. Site kèk aktivite ou ta renmen patisipe ladan yo lè vye sistèm sa a pa la ankò.

12 Ki sa k pral ranplase move zak k ap fèt yo? Paradi a sou tè a ap chaje ak aktivite ki bay kè kontan. Reflechi sou jan travay pou n fè tè a vin yon paradi a pral enteresan oswa jan sa pral enteresan lè n pral konstwi kay pou tèt nou ak pou moun pa nou yo. Reflechi sou posiblite nou pral genyen pou n akeyi plizyè milyon moun ki resisite e pou n ede yo aprann konnen chemen Jewova yo ak fason li te aji ak lèzòm (Eza. 65:21, 22; Tra. 24:15). Lavi nou ap chaje ak aktivite k ap ede n gen kè kontan e k ap ede n bay Jewova louwanj!

MOVE KONDISYON

13. Nan ki move kondisyon rebelyon Satan, Adan ak Èv te fè a lage monn nan jodi a?

13 Ki efè move kondisyon yo gen sou nou jodi a? Moun ki mechan yo, òganizasyon kòwonpi yo ak move zak k ap fèt yo, tout bagay sa yo lakòz moun ap viv nan move kondisyon sou tè a. Kiyès nan nou ki ka di lagè, lamizè, ak rasis pa gen okenn efè sou li? E ki sa n ka di konsènan maladi ak lanmò? Bagay sa yo gen efè sou nou tout. Yo se konsekans dirèk rebelyon twa mechan, anpalan de Satan, Adan, ak Èv, te fè kont Jewova. Pa gen nou youn jodi a ki kapab chape anba dezòd rebelyon yo a vin lakòz.

14. Ki sa Jewova pral fè ak move kondisyon ki genyen yo? Bay yon egzanp.

14 Ki sa Jewova pral fè ak move kondisyon ki genyen yo? Ann pran egzanp lagè. Jewova pwomèt l ap elimine lagè pou toutan. (Li Sòm 46:8, 9.) Ki sa l pral fè ak maladi? L ap efase sa (Eza. 33:24). E lanmò menm? Jewova ap anglouti l pou toutan (Eza. 25:8)! L ap retire povrete (Sòm 72:12-16). Se menm bagay la li pral fè ak tout lòt move kondisyon ki fè lavi a difisil jodi a. Jewova ap menm chase move “lè” ki nan sistèm sa a, piske move mantalite Satan ak demon yo gaye toupatou a pap egziste ankò. — Efe. 2:2.

Imajine yon monn ki pa gen lagè, maladi ak lanmò! (Gade paragraf 15.)

15. Site kèk bagay ki pap egziste ankò apre Amagedon.

15 Èske w ka imajine yon monn kote pa gen lagè, maladi ak lanmò? Fè yon ti reflechi: pa gen okenn lame, okenn bato degè, okenn avyon degè ankò! Pa gen okenn zak ni okenn moniman ki fè moun sonje lagè. Pa gen okenn lopital, okenn doktè, okenn enfimyè, ni okenn asirans sante. Pa gen okenn mòg, okenn ponp finèb, okenn moun k ap prepare antèman ak okenn simityè! E piske pap gen krim ankò, pap gen okenn konpayi sekirite, okenn sistèm alam, okenn fòs polis, e petèt pap gen kadna oswa kle ankò! Reflechi sou jan tètchaje pap nui lespri nou ak kè nou ankò.

16, 17. a) Ki soulajman moun ki pral chape nan Amagedon yo pral jwenn? Bay yon egzanp. b) Ki jan n kapab gen asirans n ap ret an vi lè vye monn sa a pap la ankò?

16 Ki jan lavi a pral ye lè move kondisyon yo pap la ankò? Se pa yon bagay ki fasil pou n imajine. Moun k ap viv toupre yon estasyon machin ki chaje aktivite ka vin pa remake bri ki genyen an ankò, e moun k ap viv toupre yon kote yo jete fatra ka pa pran sant fatra yo ankò. Se menm jan an tou, nou tèlman gen lontan depi n ap viv nan vye monn sa a, sa ka fè n sispann wè jan sitiyasyon ki gen nan monn nan fè n strese anpil. Men, lè tout bagay negatif sa yo pa la ankò, se pa ti soulajman nou pral jwenn!

17 Ki sa k pral ranplase tout strès nou gen jodi a? Men repons Bib la bay nan Sòm 37:11: “Y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” Èske pawòl sa yo pa touche kè w? Se sa Jewova ta renmen pou ou. Kidonk, fè tout sa w kapab pou w ret pwòch ak Jewova Dye ansanm ak òganizasyon l lan pandan dènye jou sa yo ki bay anpil tètchaje! Bay esperans ou genyen an anpil valè, byen reflechi sou li, fè l vin reyèl nan lespri w ak nan kè w, epi pataje l ak lòt moun ak tout kè w (1 Tim. 4:15, 16; 1 Pyè 3:15)! Konsa, ou kapab gen asirans ou pap pase ansanm ak vye monn sa a ki kondane a. Okontrè, w ap rete, w ap vivan e w ap gen kè kontan pou tout tan gen tan!

^ § 1 Paragraf sa a ap pale de yon koutim ki te gen nan prizon kèk kote Ozetazini sa gen plizyè ane.