Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Lè w fè yon ve, kenbe pawòl ou”

“Lè w fè yon ve, kenbe pawòl ou”

“Se pou w respekte ve w fè Jewova yo.” — MAT. 5:33.

KANTIK: 63, 59

1. a) Ki jan sitiyasyon jij Jefte a te sanble ak sitiyasyon Ana a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

JIJ Jefte te yon chèf ki vanyan. Ana te yon madanm ki te soumèt devan mari l. Jefte te yon sòlda ki te brav. Ana te yon dam tou senp ki t ap pran swen kay li. Se vre yo t ap adore menm Dye, men, ki lòt bagay petèt ki te fè sitiyasyon jij Jefte sanble ak sitiyasyon Ana, madanm Èlkana? Yo chak te fè Bondye yon ve, e avèk fidelite, yo toule de te respekte ve yo te fè a. Yo se bèl egzanp pou gason ak fi jodi a ki chwazi fè Jewova yon ve. Sepandan, sa soulve kèk kesyon enpòtan: Ki sa yon ve ye? Jis nan ki pwen se yon bagay ki serye lè yon moun fè Bondye yon ve? Ki leson nou kapab aprann nan egzanp Jefte ak Ana?

2, 3. a) Ki sa yon ve ye? b) Ki sa Bib la di sou kesyon fè Bondye yon ve a?

2 Selon Bib la, yon ve se yon pwomès serye yon moun fè Bondye. Se lè yon moun pwomèt pou l fè yon bagay, pou l bay yon kado, pou l fè yon kalite sèvis, oswa pou l pa fè kèk bagay. Yo pa fòse moun fè ve, se yon bagay yon moun deside fè poukont li. Sepandan, ve yo sakre e yo gen anpil valè nan je Bondye paske yo gen menm enpòtans ak yon sèman, oswa yon deklarasyon kote yon moun fè yon sèman pou l pwomèt l ap fè yon bagay oswa l pap fè l (Jen. 14:22, 23; Ebre 6:16, 17). Ki sa Bib la di sou enpòtans sa genyen lè yon moun fè Bondye yon ve?

3 Men sa Lwa Moyiz la te di: “Si yon gason fè Jewova yon ve oswa li fè yon sèman pou l respekte ve li fè [...], li dwe kenbe pawòl li. Li dwe fè tout sa l te di nan ve li fè a.” (Nonb 30:2). Annapre, men sa Bondye te pouse Salomon ekri: “Lè w fè Bondye yon ve, pa pran tan pou w fè sa w di a, paske li pa renmen moun ki sòt. Lè w fè yon ve, kenbe pawòl ou.” (Ekl. 5:4). Jezi, bò kote pa l, te montre enpòtans sa genyen lè yon moun fè yon ve lè l te di: “Yo te di moun nan tan lontan yo: ‘Ou pa dwe fè sèman, apre sa pou w pa respekte sèman w fè a, e se pou w respekte ve w fè Jewova yo.’” — Mat. 5:33.

4. a) Jis nan ki pwen se yon bagay serye lè yon moun fè Bondye yon ve? b) Ki sa n ta renmen aprann nan egzanp Jefte ak Ana?

4 Donk, li klè, se yon bagay ki serye anpil lè yon moun fè Bondye pwomès. Fason nou wè ve nou fè yo gen efè sou relasyon nou ak Jewova. Men sa David te ekri: “Ki moun ki ka monte nan mòn Jewova a e ki moun ki ka kanpe kote li mete apa pou li a? Se moun [...] ki pa fè fo sèman sou lavi M [anpalan de lavi Jewova], e ki pa fè sèman avèk entansyon pou yo twonpe moun.” (Sòm 24:3, 4, nòt). Ki ve Jefte ak Ana te fè, e èske sa te fasil pou yo respekte ve yo te fè a?

YO TE FIDÈL AK VE YO TE FÈ BONDYE A

5. Ki ve Jefte te fè, e ki sa k te rive?

5 Avèk fidelite, Jefte te kenbe pwomès li te fè Jewova a lè l t apral fè lagè ak desandan Amon yo ki t ap fè pèp Bondye a pè (Jij 10:7-9). Jefte te tèlman vle pot laviktwa, li te fè yon ve, li te di: “Si w lage desandan Amon yo nan men m, kèlkeswa moun ki soti nan pòt lakay mwen pou l vin rankontre m lè m retounen sennesòf sot nan peyi desandan Amon yo, moun sa a ap pou Jewova.” Ki sa k te rive? Desandan Amon yo te pèdi batay la, e se pitit Jefte renmen anpil la ki te soti vin rankontre l apre l te fin pot laviktwa sou ènmi l yo. Se li menm ki t apral moun ki t “ap pou Jewova” a (Jij 11:30-34). Ki efè sa te gen sou pitit fi Jefte a?

6. a) Èske sa te fasil pou Jefte ak pitit fi l la respekte ve Jefte te fè Bondye a? b) Ki leson ou aprann nan Detewonòm 23:21, 23 ak Sòm 15:4 nan kesyon fè Bondye yon ve?

6 Pou pitit fi Jefte a te respekte ve papa l te fè a, li te dwe sèvi Jewova aplentan nan tabènak la. Èske se yon ve Jefte te fè san reflechi? Non, paske li te konnen pitit fi l la te ka soti vin rankontre l. Aktout sa, se te yon sitiyasyon ki te difisil anpil pou yon papa ak pitit fi l, se yon gwo sakrifis sa te ye pou toule de. Lè Jefte te wè pitit fi l la, li te “chire rad sou li” e l te di kè l ap dechire. Pitit fi l la te ‘kriye poutèt li t ap rete vyèj’. Poukisa? Jefte pa t gen pitit gason, e sèl pitit fi l te genyen an pa t ap janm kapab marye pou l ba l pitit pitit. Pa t ap gen okenn mwayen pou non fanmi an kontinye egziste e pèsonn pa t ap ka eritye byen fanmi an. Men, se pa sa k te pi enpòtan pou yo. Men sa Jefte te di: “Mwen fè Jewova yon ve e mwen pa kapab fè bak.” E pitit fi l la te reponn: “Se pou w fè m sa w te di ou t ap fè m nan.” (Jij 11:35-39). Moun sa yo te fidèl e yo pa t ap janm panse pa respekte yon ve yo te fè Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, kèlkeswa sa sa te koute yo pèsonèlman. — Li Detewonòm 23:21, 23; Sòm 15:4.

7. a) Ki ve Ana te fè, e poukisa, epi ki jan sa te fini pou li? b) Ki efè ve Ana te fè a te gen sou Samyèl? (Gade nòt la.)

7 Ana se yon lòt moun ki te ret fidèl ak ve li te fè Jewova a. Li te fè pwomès li a lè l te anba gwo tètchaje ak gwo lapenn paske l pa t ka fè pitit e yo te toujou ap manke l dega (1 Sam. 1:4-7, 10, 16). Ana te ouvri kè l bay Bondye e l te fè yon ve, li te di: “O Jewova, Chèf lame yo, si w wè tray sèvant ou an ap pase e ou sonje m, si w pa bliye sèvant ou an e ou bay sèvant ou an yon pitit gason, m ap ba ou l, Jewova, pou l ka sèvi w pandan tout lavi l. Okenn razwa pap touche tèt li *.” (1 Sam. 1:11). Bondye te bay Ana sa l te mande a, e l te vin fè premye pitit li, yon pitit gason. Se pa ti kontan sa te fè l kontan! Epoutan, Ana pa t bliye ve li te fè Bondye a. Lè l te fè tigason l lan, men sa l te fè konnen: “Se Jewova mwen te mande l.” — 1 Sam. 1:20.

8. a) Èske sa te fasil pou Ana respekte ve li te fè a? b) Ki jan pawòl David te di ki nan Sòm 61 an fè w sonje bèl mantalite Ana te genyen an?

8 Kou Ana te fin sevre ti Samyèl ki te gen anviwon twazan, li te fè egzakteman sa l te pwomèt Bondye a. Li pa t menm panse fè yon lòt bagay. Li mennen Samyèl bay gran prèt Eli nan tabènak la, nan Silo, epi l di l: “Se pou m te ka gen tigason sa a mwen t ap priye, e Jewova ban m sa m te mande l la. Kounye a, mwen bay Jewova l. Pandan tout lavi l, se pou Jewova li ye.” (1 Sam. 1:24-28). Epi, “ti Samyèl menm te kontinye jwenn favè Jewova” nan tabènak la (1 Sam. 2:21). Men, ki efè sa te gen sou Ana? Ana te renmen ti pitit gason l lan anpil, men kounye a, li pa t ap kapab wè l chak jou. Reflechi ak jan li te anvi pran l nan bra l, jwe avè l, epi pran swen l, sa vle di pou l gen bèl ti souvni yon manman ki gen lanmou genyen lè l ap gade tipitit li k ap grandi. Aktout sa, Ana pa t regrèt li te respekte ve li te fè Bondye a. Jewova te fè kè l kontan. — 1 Sam. 2:1, 2; li Sòm 61:1, 5, 8.

Èske w respekte ve ou fè Jewova yo?

9. Ki lòt kesyon ki merite jwenn repons?

9 Piske kounye a, nou konprann enpòtans sa genyen lè yon moun fè Bondye yon ve, ann egzamine kesyon ki vin apre yo: Ki kalite ve nou kapab fè antanke kretyen? Epitou, jis nan ki pwen nou dwe detèmine pou n respekte ve nou fè?

VE W TE FÈ ANVAN BATÈM OU

Ve w te fè anvan w batize a. (Gade paragraf 10.)

10. Ki ve ki pi enpòtan yon kretyen kapab fè, e ki sa ve sa a gen ladan l?

10 Ve ki pi enpòtan yon kretyen kapab fè se vwe Jewova lavi l. Sa k fè n di sa? Se paske, nan yon priyè kretyen sa a te fè an prive, li te pwomèt Jewova l ap itilize lavi l nan sèvis li pou toutan, kèlkeswa sa k rive. Jan Jezi te di sa, moun sa a “nye tèt li”, li abandone tout dwa li gen sou tèt li, e li fè ve pou l met volonte Bondye anvan tout bagay nan lavi l (Mat. 16:24). Depi jou sa a, li “se byen Jewova”. (Wom. 14:8.) Nenpòt moun ki vwe Bondye lavi l dwe pran ve sa a trèzoserye, menm jan yon moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te pale de yon ve li fè Bondye lè l te di: “Ki sa m ka bay Jewova pou tout byen li fè pou mwen? M ap respekte pwomès mwen te fè Jewova yo devan tout pèp li a.” — Sòm 116:12, 14.

11. Ki sa k te rive jou batèm ou?

11 Èske w deja vwe Jewova lavi w e w batize nan dlo pou w montre sa? Si w deja fè sa, se yon bon bagay! Pa bliye sa, jou w te batize a, yo te mande w devan anpil temwen si w deja vwe Jewova lavi w e w konprann “ve ou fè a ak batèm ou idantifye w kòm Temwen Jewova ki fè pati òganizasyon Bondye ap dirije ak lespri sen l”. Repons pozitif ou te bay se yon deklarasyon piblik ki montre ou vwe Bondye lavi w san rezèv e w kalifye pou w batize antanke minis Jewova òdone. Se sèten ou te fè kè Jewova kontan anpil!

12. a) Ki kesyon li t ap bon pou n poze tèt nou? b) Ki kalite Pyè te di nou dwe chèche gen lakay nou?

12 Sepandan, batèm nan se jis yon kòmansman. Se sa k fè, nou vle kontinye viv ann amoni ak ve nou fè a lè n sèvi Bondye fidèlman. Donk, nou ta ka mande tèt nou: ‘Ki pwogrè mwen fè nan lavi m antanke kretyen depi lè m fin batize? Èske m kontinye sèvi Jewova ak tout kè m (Kol. 3:23)? Èske m priye, mwen li Pawòl Bondye a, mwen asiste reyinyon kongregasyon an e m patisipe nan travay predikasyon an toutotan sa posib? Oubyen èske m yon ti jan neglije aktivite espirityèl sa yo?’ Apot Pyè fè konnen nou kapab evite vin inaktif nan sèvis nou si n kontinye mete yon seri kalite sou lafwa nou tankou konesans, andirans ak atachman pou Bondye. — Li 2 Pyè 1:5-8.

13. Ki sa yon kretyen ki vwe lavi l e ki batize dwe rann li kont?

13 Pa gen okenn fason yon moun ka defèt yon ve li te fè, sa vle di pou l anile yon pwomès li te fè Bondye. Si yon moun bouke sèvi Jewova oubyen li bouke viv antanke kretyen, li pa ka di li pa t janm vwe lavi l toutbon e batèm li pa t valab *. Se li menm ak tout volonte l ki te prezante tèt li kòm yon moun ki vwe Bondye tout vi l. L ap gen pou l rann Jewova ak kongregasyon an kont pou nenpòt peche grav li ta fè (Wom. 14:12). Nou pa ta dwe janm kite yo di ‘nou pèdi lanmou nou te genyen okòmansman an’. Okontrè, nou ta renmen Jezi kapab di de nou: “Mwen konnen sa w fè, mwen konnen lanmou ou genyen, lafwa w, sèvis w ap fè, andirans ou, e mwen konnen sa w fè kounye a plis pase sa w te konn fè anvan.” (Rev. 2:4, 19). Ann fè tout sa n kapab pou n kontinye viv ann amoni ak ve nou fè a, pou n fè Jewova plezi.

VE W TE FÈ LÈ W T AP MARYE

Ve w te fè lè w t ap marye a. (Gade paragraf 14.)

14. Ki dezyèm ve ki pi enpòtan yon moun kapab fè, e poukisa?

14 Dezyèm ve ki pi enpòtan yon moun kapab fè se ve li fè lè l ap marye. Sa k fè n di sa? Paske maryaj se yon bagay ki sakre. Lemarye ak lamarye fè youn lòt yon ve devan Bondye e devan temwen yo. An jeneral, yo pwomèt pou youn renmen lòt, pou youn pran swen lòt, pou youn respekte lòt e pou yo fè sa “toutotan [yo] toule de ap viv ansanm sou tè a, selon dispozisyon Bondye mete nan kad maryaj la”. Petèt, gen lòt moun ki pa t di menm pawòl sa yo lè yo t ap marye, men, yo te fè yon ve kanmenm devan Bondye. Apre sa, yo te deklare yo se mari ak madanm, e maryaj yo a dwe dire toutotan y ap viv (Jen. 2:24; 1 Kor. 7:39). “Kidonk”, jan Jezi te di sa, “sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l”, kit se mari a, kit se madanm nan, oswa nenpòt lòt moun. Se sa k fè, de moun ki pral marye dwe met nan tèt yo yo pap ka chwazi divòse konsa konsa. — Mak 10:9.

15. Poukisa kretyen yo pa dwe suiv moun nan monn nan ki pa pran maryaj pou anyen?

15 Nòmalman, pa janm gen yon maryaj ki pafè. Se de moun enpafè ki marye. Se sa k fè Bib la di moun ki marye yo “ap jwenn tribilasyon” pafwa (1 Kor. 7:28). Malerezman, anpil moun nan monn sa a pa pran maryaj pou anyen. Lè vin gen pwoblèm nan relasyon yo, yo jis kite sa e yo abandone moun yo marye avè l la. Sepandan, se pa konsa kretyen yo wè maryaj. Lè yon moun kraze maryaj li se kòmsi l bay Bondye manti, e Bondye rayi moun k ap bay manti (Lev. 19:12; Pwo. 6:16-19)! Men sa apot Pòl te ekri: “Èske w gen madanm? Sispann chèche separe avè l.” (1 Kor. 7:27). Pòl te kapab di sa paske l te konnen Jewova rayi lè moun fè kou trèt epi yo divòse. — Mal. 2:13-16.

16. Ki sa Bib la di konsènan divòs ak separasyon?

16 Selon Bib la, Jezi te anseye sèl rezon yon moun ki marye e ki inosan genyen pou l kraze ve li te fè lè l t ap marye a se si l chwazi pa padone konjwen l ki fè adiltè (Mat. 19:9; Ebre 13:4). Bon, e lè yon moun marye separe ak moun li marye avè l la? Bib la klè sou sa tou. (Li 1 Korentyen 7:10, 11.) Bib la pa bay okenn rezon pou moun ki marye separe. Sepandan, gen kèk kretyen ki marye ki panse gen kèk sitiyasyon ki ba yo rezon pou yo separe, tankou lè youn nan konjwen yo met lavi lòt la oswa relasyon l ak Bondye an danje yon fason ki egzajere swa paske l fè vyolans sou li, swa paske l vin aposta *.

17. Ki jan yon mari kretyen ak madanm li kapab fè maryaj yo vin yon inyon ki solid?

17 Lè gen moun nan kongregasyon an ki vin mande ansyen yo konsèy sou pwoblèm yo jwenn nan maryaj yo, l ap bon pou ansyen yo mande yo si yo pa gen lontan depi yo te gade videyo Ki sa vrè lanmou an ye? e si pa gen lontan depi yo te etidye bwochi Fanmi w ka gen kè kontan an. Poukisa? Paske zouti sa yo mete aksan sou yon pakèt prensip Bondye bay ki te ede plizyè moun konsolide maryaj yo. Men sa yon mari ak madanm li te di: “Depi lè n kòmanse etidye bwochi sa a, nou vin gen plis kè kontan nan maryaj nou.” Men sa yon dam ki gen 22 an maryaj, e maryaj li te sou wout kraze, te fè konnen: “Nou toule de batize, men nou pa t menm moun ditou nan domèn afektif. Videyo a te vin nan bon moman! Bagay yo vin pi bon pou nou kounye a.” Èske w marye? Fè tout sa w kapab pou w aplike prensip Jewova yo nan maryaj ou. Lè w fè sa, sa ap ede w respekte ve ou te fè lè w t ap marye a ak kè kontan!

VE SÈVITÈ APLENTAN ESPESYAL YO FÈ

18, 19. a) Ki sa anpil paran ki kretyen fè? b) Ki sa n ka di konsènan moun ki nan sèvis aplentan espesyal yo?

18 Èske n te wè nan ki lòt domèn sitiyasyon Jefte a te sanble ak sitiyasyon Ana a? Akoz ve yo te fè a, pitit fi Jefte a ak pitit gason Ana a te vin ap bay yon sèvis sakre ki espesyal nan tabènak la. Sa te fè yo viv yon fason ki bay plis satisfaksyon. Jodi a, gen anpil paran ki kretyen ki ankouraje pitit yo antre nan sèvis aplentan e pou yo santre lavi yo sou sèvis y ap bay Bondye a. Paran ki fè sa yo merite bonjan felisitasyon. — Jij 11:40; Sòm 110:3.

Ve sèvitè aplentan espesyal yo fè. (Gade paragraf 19.)

19 Aktyèlman, gen anviwon 67 000 moun ki fè pati Lòd entènasyonal sèvitè aplentan espesyal Temwen Jewova yo. Genyen k ap sèvi nan Betèl, gen lòt k ap travay nan konstriksyon oswa nan sikonskripsyon, genyen k ap sèvi kòm enstriktè oswa kòm pyonye espesyal, misyonè, responsab Sal asanble ak lokal kote yo fè lekòl biblik yo. Yo tout fè yon “Ve obeyisans ak povrete”, kote yo dakò pou yo fè kèlkeswa travay yo ba yo fè a pou fè enterè Wayòm nan vanse, pou yo viv yon fason ki senp, e pou yo pa travay pou lajan san mande pèmisyon. Se pa moun yo ki espesyal, men se asiyasyon yo genyen yo. Yo rann yo kont jan sa enpòtan pou yo respekte ve yo te fè a avèk imilite, toutotan yo nan sèvis aplentan espesyal.

20. Ki sa n dwe fè “chak jou”, e poukisa?

20 Konbyen nan ve nou sot egzamine yo ou te fè Bondye? Èske se youn, de, oswa toule twa? Siman ou rann ou kont ou pa dwe pran ve ou fè yo alalejè (Pwo. 20:25). Lè yon moun pa kenbe pawòl li devan Jewova e li pa respekte yon ve l fè, sa ka gen gwo konsekans (Ekl. 5:6). Kidonk, ann pran plezi ‘chante louwanj pou non Jewova pou toutan toutpandan n ap respekte ve nou fè yo chak jou’. — Sòm 61:8.

^ § 7 Selon ve Ana te fè a, pitit li a t ap vin yon Nazireyen pandan tout vi l, sa ki vle di li te dwe vin yon moun yo chwazi, yon moun yo vwe e yo met apa pou sèvis sakre Jewova a. — Nonb 6:2, 5, 8.

^ § 13 Lè n wè tout dispozisyon ansyen yo pran pou yo asire yo yon moun kalifye pou l batize, li t ap vrèman difisil pou batèm yon moun pa ta valab.

^ § 16 Gade apendis ki gen tit “Pwennvi Bib la sou divòs ak separasyon” ki nan liv “Rete nan lanmou Bondye” a.