Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Lè w fikse panse w sou lespri a w ap jwenn lavi ak lapè’

‘Lè w fikse panse w sou lespri a w ap jwenn lavi ak lapè’

“Moun k ap mache selon lespri fikse panse yo sou bagay lespri.” — WOMEN 8:5.

KANTIK: 57, 52

1, 2. Poukisa kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo enterese nan Women chapit 8?

PETÈT ou konn li Women 8:15-17 nan epòk Memoryal lanmò Jezi. Vèsè sa yo montre ki jan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo fè konnen yo gen esperans pou y al viv nan syèl la pou toutan. Women 8:1 pale de moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo kòm “moun ki ann inyon ak Kris”. Men, èske Women chapit 8 konsène moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo sèlman? Oubyen, èske l kapab ede moun ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a tou?

2 Yo te ekri Women chapit 8 sitou pou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Yo resevwa “lespri a” antanke moun k ap “tann [...] pou Bondye adopte [yo] kòm pitit, lè [yo] libere anba kò [ki fèt ak chè yo] genyen an”. (Women 8:23.) Alavni, y ap vin pitit Bondye nan syèl la. Jewova padone peche yo sou baz ranson an. Li deklare yo jis yon fason pou yo ka vin pitit li. — Women 3:23-26; 4:25; 8:30.

3. Poukisa moun ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a dwe etidye Women chapit 8 la tou?

3 Sepandan, nan chapit ki vin anvan yo nan liv Women an, Pòl te ekri konsènan yon moun Jewova pa t chwazi pou al nan syèl, men, Jewova te konsidere l kanmenm kòm yon moun ki jis. Moun sa a se te Abraram. Moun sa a ki te fidèl te viv byen lontan anvan Jezi te bay lavi l kòm ranson. (Li Women 4:20-22.) Jodi a, Jewova kapab konsidere kretyen fidèl sa yo tou ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a kòm moun ki jis. Yo menm tou yo ka jwenn byenfè nan konsèy ki nan Women chapit 8 la.

4. Lè n li Women 8:21, ki kesyon nou dwe poze tèt nou?

4 Nan Women 8:21, Jewova ban nou asirans monn nouvo l la ap vini epi lèzòm ap libere anba peche ak lanmò. Vèsè a di yo pral jwi “libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. Èske w wè tèt ou k ap viv nan monn nouvo sa a? Ann fè yon ti pale sou sa nou bezwen fè pou n viv ladan l.

“MOUN KI FIKSE PANSE YO SOU LACHÈ”

5. Ki sitiyasyon Pòl te pale de li nan Women 8:4-13?

5 Li Women 8:4-13. Nan uityèm chapit liv Women an, Pòl te pale konsènan de kategori moun, anpalan de moun k ap mache “selon lachè” ak moun k ap mache “selon lespri”. Gen moun ki panse Pòl t ap pale de moun ki pa t kretyen ak moun ki te kretyen. Men, se kretyen yo Pòl t ap ekri lè sa a, anpalan de “moun yo rele pou vin sen yo”. (Women 1:7.) Kidonk, ni moun ki t ap mache “selon lachè” yo, ni moun ki t ap mache “selon lespri” yo se kretyen yo te ye. Ki diferans ki te genyen ant de kategori moun sa yo?

6, 7. a) Bay kèk sans mo “lachè” a genyen nan Bib la. b) Ki jan Bib la sèvi ak mo “lachè” a nan Women 8:4-13?

6 Nan Bib la, mo “lachè” a ka fè referans ak divès bagay. Pafwa, li vle di chè ki sou kò nou an (Women 2:28; 1 Korentyen 15:39, 50). Li ka fè referans tou ak relasyon ki gen nan yon fanmi. Pa egzanp, Bib la fè konnen Jezi se “desandan David selon lachè”, epi Pòl te di Juif yo se “fanmi [l] nan lachè”. — Women 1:3; 9:3.

7 Bon, ki sa Pòl te vle di lè l te pale de moun k ap mache “selon lachè” yo nan Women 8:4-13 la? Pou n jwenn repons lan, ann gade Women 7:5. Men sa Pòl te di nan vèsè sa a: “Lè nou t ap viv selon lachè, dezi ki mennen nan peche, dezi Lalwa te devwale yo, t ap travay nan kò nou.” Nan vèsè sa a, Pòl te esplike moun k ap mache “selon lachè” yo se moun ki fikse lespri yo sou dezi yo genyen ki mennen nan peche e yo suiv dezi sa yo, moun sa yo fè sa yo vle.

8. Poukisa Pòl te bezwen avèti kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo evite viv “selon lachè”?

8 Poukisa Pòl te bezwen avèti kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pou yo evite viv “selon lachè”? E poukisa tout kretyen yo jodi a bezwen avètisman sa a? Se paske nenpòt sèvitè Bondye ki fidèl kapab kòmanse fè dezi li genyen vin bagay ki pi enpòtan nan lavi l. Pa egzanp, Pòl te di gen frè ak sè ki t ap viv Wòm ki te esklav “move dezi yo genyen”. Lè l te di pawòl sa yo, petèt li te vle di moun sa yo te kite sèks, manje ak lòt plezi ankò vin bagay ki pi enpòtan nan lavi yo (Women 16:17, 18; Filipyen 3:18, 19; Jid 4, 8, 12). Epitou, pandan yon tan, te gen yon sitiyasyon nan kongregasyon Korent lan kote yon frè te gen relasyon imoral “ak madanm papa l”. (1 Korentyen 5:1.) Li klè, kretyen sa yo ki t ap viv nan premye syèk la te bezwen avètisman Pòl te bay konsènan moun k ap mache “selon lachè” yo. — Women 8:5, 6.

9. Sou ki sa Women 8:6 pap pale?

9 Avètisman sa a konsène nou tou jodi a. Menm moun ki gen plizyè ane depi y ap sèvi Jewova ka kòmanse mache “selon lachè”. Kidonk, èske Pòl te vle di nou pa dwe janm panse ak bagay tankou manje, travay, detant oswa relasyon santimantal? Se pa sa l te vle di. Bagay sa yo se bagay ki nòmal nan lavi a. Menm Jezi te pran plezi nan manje e li te renmen bay moun manje. Epitou, li te rann li kont li te bezwen pran repo. Mete sou sa, nan lèt Pòl te ekri yo, li te fè konnen relasyon seksyèl gen yon plas enpòtan nan maryaj.

Ki sa konvèsasyon nou montre? (Gade paragraf 10, 11.)

10. Ki sa ekspresyon “fikse panse yo sou” a vle di?

10 Ki sa Pòl te vle di lè l te itilize ekspresyon “fikse panse yo sou” a? Mo grèk Pòl te itilize a fè referans ak yon moun ki konsantre tout panse l ak tout objektif li sou yon bagay. Dapre esplikasyon yon biblis bay, ekspresyon sa a fè referans ak moun “ki plis enterese nan, ki toutan ap pale sou”, e ki plis konsantre sou dezi lachè yo genyen. Yo kite dezi sa yo kontwole fason y ap viv.

Ki bagay ki plis enterese nou nan lavi a?

11. Ki bagay konsa ki ka vin gen twòp enpòtans pou nou?

11 Kretyen ki t ap viv Wòm yo te bezwen egzamine tèt yo pou yo wè sou ki sa yo te fikse lespri yo. Èske se te sou “bagay lachè”? Jodi a, nou menm tou, nou bezwen chèche wè ki bagay ki pi enpòtan pou nou. Sou ki bagay nou plis renmen pale? Ki bagay nou vrèman renmen fè? Gen moun ki ka rann yo kont se toutan y ap panse ak bwè divès kalite diven, dekore kay, achte nouvo rad, envesti lajan, oubyen planifye vakans yo. Bagay sa yo se pa bagay ki mal. Yo gendwa se bagay ki nòmal nan lavi nou. Pa egzanp, menm Jezi te bay diven nan yon maryaj, e Pòl te konseye Timote pou l pran “yon ti diven” poutèt sante l (1 Timote 5:23; Jan 2:3-11). Sepandan, diven pa t bagay ki te pi enpòtan nan lavi yo. E nou menm? Ki bagay ki plis enterese nou nan lavi a?

12, 13. Poukisa n dwe veye sou ki bagay nou fikse panse nou?

12 Men avètisman Pòl te bay: “Moun ki fikse panse yo sou lachè ap jwenn lanmò.” (Women 8:6). Ki sa l te vle di lè l te di pawòl sa a? Si n ap mache “selon lachè”, nou kapab pèdi relasyon nou gen ak Jewova kounye a e pi devan nou ka pèdi lavi nou. Men, sa pa oblije rive. Tout moun kapab chanje. Èske n sonje mesye ki imoral ki t ap viv nan vil Korent yo te oblije eskominye a? Li te chanje e l te sispann suiv dezi imoral li yo. Yon lòt fwa ankò, li te vin ap sèvi Jewova yon fason ki pwòp. — 2 Korentyen 2:6-8.

13 Mesye sa a se youn nan pi vye egzanp antanke moun ki t ap viv “selon lachè”, e malgre sa li te rive chanje. Kidonk, jodi a, si yon kretyen ta kòmanse suiv move dezi li genyen olye l suiv prensip Jewova yo, li menm tou li ka chanje. Lè nou sonje avètisman Pòl te bay la, sa ka pouse n fè kèlkeswa chanjman ki nesesè.

“MOUN KI FIKSE PANSE YO SOU LESPRI”

14, 15. a) Sou ki bagay Pòl te ankouraje n fikse panse nou? b) Ki sa ekspresyon “fikse panse [nou] sou lespri” a pa vle di?

14 Apre Pòl te fin pale de danje ki gen pou “moun ki fikse panse yo sou lachè” yo, men sa l te esplike: “Moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn lavi ak lapè.” Ala yon bèl rekonpans nou kapab jwenn!

15 Sepandan, lè yon “moun [...] fikse panse [l] sou lespri”, sa pa vle di li pap viv nan reyalite a. Sa pa vle di moun sa a se sèlman ak Jewova oswa ak Bib la l ap panse e se de sa sèlman li pale. Pa egzanp, nan premye syèk la, sèvitè Bondye yo te konn viv yon fason ki nòmal. Yo te pran plezi nan manje, bwè, marye, leve timoun e yo te konn travay. — Mak 6:3; 1 Tesalonisyen 2:9.

Sa k te pi enpòtan nan lavi Pòl se te sèvi Bondye.

16. Ki sa k te pi enpòtan nan lavi Pòl?

16 Sepandan, Pòl ak lòt kretyen yo nan premye syèk la pa t kite aktivite nòmal sa yo vin bagay ki pi enpòtan nan lavi yo. Pa egzanp, nou konnen Pòl te konn fè tant pou l te ka pran swen tèt li. Men, travay sa a pa t bagay ki te pi enpòtan nan lavi l. Sa k te pi enpòtan nan lavi Pòl se te sèvi Bondye. Pòl te konsantre l sou preche ak anseye moun. (Li Travay 18:2-4; 20:20, 21, 34, 35.) Frè ak sè nan vil Wòm yo te bezwen imite Pòl, e nou bezwen fè sa tou. — Women 15:15, 16.

17. Ki byenfè n ap jwenn lè n fikse “panse [nou] sou lespri” a?

17 Ki jan lavi nou ap ye si nou konsantre nou sou sèvis n ap bay Jewova a? Men sa Women 8:6 di: “Moun ki fikse panse yo sou lespri ap jwenn lavi ak lapè.” Sa gen ladan l kite lespri Jewova gide panse nou epi aprann panse menm jan avè l. Jewova pwomèt l ap ban nou yon vi ki bay kè kontan e ki bay satisfaksyon depi kounye a, e alavni l ap ban nou lavi ki pap janm fini an.

Grasa Jewova, lespri nou kapab anpè toutbon.

18. Ki jan nou ka jwenn lapè lè n fikse “panse [nou] sou lespri” a?

18 Ki sa Pòl te vle di lè l te di si n “fikse panse [nou] sou lespri” sa kapab fè n jwenn lapè? Tout moun vle gen lapè, yo sitou vle pou lespri yo anpè, men, se yon tikras moun ki rive jwenn lapè sa a. Grasa Jewova, lespri nou kapab anpè toutbon. Mete sou sa, nou kapab anpè ak moun nan fanmi nou ansanm ak moun nan kongregasyon an. Piske nou enpafè, pafwa n ap gen pwoblèm ak frè ak sè n yo. Lè sa rive, nou suiv konsèy Jezi te bay lè l te di: “Fè lapè ak frè w la.” (Matye 5:24). Pa bliye, frè w la oswa sè w la tou ap sèvi Jewova, “Bondye ki bay lapè a”. — Women 15:33; 16:20.

19. Ki kalite lapè ki san parèy nou kapab genyen?

19 Si n fikse “panse [nou] sou lespri” a, n ap anpè ak Bondye tou. Men sa pwofèt Ezayi te ekri: “W ap [Jewova] pwoteje moun ki konte sou ou nèt yo. W ap ba yo lapè nètale, paske, se nan ou yo met konfyans yo.” — Ezayi 26:3; li Women 5:1.

20. Sa k fè w gen rekonesans pou konsèy ou jwenn nan Women chapit 8 la?

20 Kit nou gen esperans pou n viv nan syèl la oswa sou tè a pou toutan, nou tout ka jwenn byenfè nan pawòl ki chaje ak sajès nou jwenn nan Women chapit 8 la. Nou gen rekonesans dèske Bib la ankouraje n konsantre n sou sèvis n ap bay Jewova a olye n konsantre n sou pwòp dezi nou. Nou konnen lè n fikse “panse [nou] sou lespri” a, nou ka jwenn yon bèl rekonpans. Men sa Pòl te ekri: “Kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an.” — Women 6:23.