Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen vin “tout bagay pou tout kalite moun”

Mwen vin “tout bagay pou tout kalite moun”

“Depi w batize, m ap kite w!” Se menas sa a papa m te fè manman m an 1941. Malgre sa, manman m te deside batize. Se konsa, papa m te kite l. Lè sa a, mwen te gen uit an sèlman.

ANVAN sa te rive, m te deja enterese nan laverite. Manman m te resevwa kèk piblikasyon ki baze sou Bib la, e m te renmen yo anpil. Mwen te sitou renmen foto yo. Papa m pa t vle manman m pale avè m sou sa l t ap aprann yo. Men, mwen te vle konnen e m te poze kesyon, se sa k fè li te fè etid avè m lè papa m pa la. Se konsa, mwen menm tou, mwen te deside vwe lavi m bay Jewova. M te batize nan Blakpoul, ann Angletè, an 1943, lè m te gen dizan.

MWEN KÒMANSE SÈVI JEWOVA

Depi lè sa a, manman m avè m te konn patisipe ansanm nan travay predikasyon an regilyèman. Nan epòk sa a, nou te konn itilize fonograf pou n preche. Fonograf yo te gwo e yo te lou, yo te peze anviwon kat kilo edmi (10 liv). Jis imajine mwen menm, yon jèn tigason, k ap eseye pote youn nan aparèy sa yo!

Distans pou m te gen 14 an, mwen te deja vle vin pyonye. Manman m te di mwen dwe pale de sa toudabò ak sèvitè frè yo (se konsa yo te rele siveyan sikonskripsyon yo). Li te konseye m chèche aprann yon bagay ki ka pèmèt mwen pran swen tèt mwen nan sèvis la. E se sa m te fè. Apre m fin pase dezan ap travay, mwen te poze yon lòt siveyan sikonskripsyon kesyon sou sèvis pyonye. Li te di: “Pran sèvis la!”

Se konsa, ann avril 1949, manman m avè m te likide tout mèb nou te genyen e nou t al viv Midèltonn, toupre Mannchestè, kote n te kòmanse sèvis pyonye. Apre kat mwa, mwen te chwazi yon frè ki pyonye kòm patnè m. Biwo filyal la te ban nou konsèy pou n demenaje al nan yon kongregasyon ki te fèk fòme nan Ilam. Manman m te pyonye ansanm ak yon sè nan yon lòt kongregasyon.

Mwen te gen 17 an sèlman, men patnè m nan avè m te responsab pou n kondui reyinyon yo paske se kèk frè sèlman nan kongregasyon an ki te kalifye. Annapre, mwen t al nan kongregasyon Bòkstonn kote pa t gen anpil pwoklamatè e ki te bezwen èd. Eksperyans sa yo te prepare m pou asiyasyon mwen t apral jwenn alavni yo.

N ap fè piblisite pou yon diskou piblik ansanm ak lòt moun nan Wòchestè, Nouyòk, 1953.

Nan ane 1951, mwen te ranpli yon fòmilè pou m asiste Lekòl Galaad. Apre sa, an desanm 1952, otorite nan peyi a te mande m pou m fè sèvis militè. Mwen te mande retire non m sou lis moun k ap gen pou fè sèvis militè yo paske m se yon sèvitè aplentan, men tribinal la pa t aksepte demann mwen an e yo te kondane m pou m pase sis mwa nan prizon. Pandan m nan prizon, mwen te resevwa envitasyon pou m al nan 22yèm klas Lekòl Galaad. Nan mwa jiyè 1953, yon ti tan apre m sot nan prizon, mwen te pran yon bato ki rele Georgic pou m al Nouyòk.

Kou m rive, mwen te asiste asanble ki gen tèm Sosyete monn nouvo a ki te fèt an 1953. Apre sa, mwen te pran tren pou m al nan South Lansing, Nouyòk, kote yo t ap fè lekòl la. M te fèk sot nan prizon, donk m pa t gen lajan. Lè m desann tren an, m te pran yon bis ki prale South Lansing, men m te oblije prete 25 santim vwayaj la t ap koute a nan men yon pasaje.

YON ASIYASYON ALETRANJE

Nan Lekòl Galaad, nou te resevwa bonjan fòmasyon ki te ede n “vin tout bagay pou tout kalite moun”. (1 Korentyen 9:22.) Yo te voye Paul Bruun, Raymond Leach, ansanm avè m nan peyi Filipin, men nou te oblije tann plizyè mwa anvan yo ban nou viza. Apre sa, nou te pran bato pou n al Wotèdam, nan Peyiba. Epi, nou te travèse lanmè Meditèrane, kanal Syèz ak oseyan Endyen pou n al Malezi, e apre sa, nou t al Ong Kong. Finalman, apre n fin fè 47 jou sou lanmè, nou te rive nan vil Maniy 19 novanm 1954.

Raymond Leach avè m te fè 47 jou nan bato pou n al nan asiyasyon nou nan peyi Filipin antanke misyonè.

Pandan n lòt bò a, nou te oblije adapte nou ak yon nouvo kilti, yon nouvo peyi ak yon nouvo lang. Men, okòmansman, yo te voye nou toule twa nan yon kongregasyon nan vil Kezon kote anpil moun te pale anglè. Kòm rezilta, apre sis mwa, nou te sèlman konn kèk mo nan lang Tagalòg. Sa t apral chanje nan pwochen asiyasyon nou an.

Yon jou, nan mwa me 1955, lè n te rive lakay apre predikasyon, frè Leach avè m te jwenn kèk lèt ki te fè n konnen yo nome nou siveyan sikonskripsyon. Mwen te gen sèlman 22 an, men, nan asiyasyon sa a mwen te aprann nouvo fason pou m “vin tout bagay pou tout kalite moun”.

M ap fè yon diskou piblik nan yon asanble sikonskripsyon nan lang bikòl.

Pa egzanp, m te bay premye diskou m antanke siveyan sikonskripsyon bò yon boutik moun nan vilaj la te konn vin achte. Nan epòk la, nan peyi Filipin, se nan espas piblik yo te konn fè diskou piblik yo. Tank mwen t ap vizite diferan kongregasyon nan sikonskripsyon an, mwen te bay plizyè diskou nan kyòs ki sou plas piblik yo, nan mache, devan oditoryòm piblik, sou teren baskèt, sou plas piblik, e souvan nan kafou ki nan vil yo. Yon lè, pandan m te nan vil Sann Pablo, mwen pa t kapab bay yon diskou nan yon mache paske te gen gwo lapli. Kidonk, mwen te mande frè responsab yo pou yo kite m fè diskou a nan Sal Wayòm nan. Annapre, frè yo te mande m si yo ka konte reyinyon sa a kòm yon reyinyon piblik piske l pa t fèt nan yon espas piblik!

Mwen te toujou ret lakay frè yo. Byenke kay yo te senp, yo te pwòp. Anpil fwa, kabann mwen se te yon ti matla byen mens sou yon planche an bwa. Sèl kote m te ka benyen se pa deyò kay la kote moun te ka wè m, se sa k fè m te aprann benyen yon fason ki senp. M te konn vwayaje nan bis e pafwa nan bato pou m al sou lòt zile yo. Pandan tout ane m te pase nan sèvis la, mwen pa t janm posede yon machin.

Mwen te aprann pale tagalòg, byenke m pa t janm suiv yon kou pou sa. Pou m te aprann, mwen te koute frè ak sè yo k ap pale nan predikasyon ak nan reyinyon. Frè yo te vle ede m aprann, e m te gen rekonesans pou pasyans yo ak remak sensè yo te fè.

Tank tan t ap pase, mwen te oblije fè plis ajisteman toujou akoz nouvo asiyasyon m yo. An 1956, lè frè Nathan Knorr te vizite nou, nou te òganize yon kongrè nasyonal. M te gen responsablite kominike ak laprès. Mwen pa t gen okenn eksperyans, men lòt moun te ede m. Mwens pase ennan annapre, nou te òganize yon lòt kongrè nasyonal, e se mwen ki te siveyan kongrè a. Frè Frederick Franz ki te sot nan syèj mondyal la te vin vizite nou, e mwen te aprann anpil bagay nan men l. Lè l t ap bay diskou piblik la, li te abiye ak yon barong Tagalog, yon rad tradisyonèl peyi Filipin. Sa te fè frè ak sè Filipin yo kontan anpil, e sa te anseye m enpòtans pou m dispoze adapte m ak tout moun.

Mwen te bezwen fè plis ajisteman lè m te vin siveyan distri. Nan epòk la, nou te konn montre frè yo fim ki rele Kè kontan ak Sosyete monn nouvo a (anglè). Nou te prèske toujou pase fim nan sou plas piblik, se sa k fè pafwa ti bèt te konn nui nou. Se limyè pwojektè yo ki te konn atire yo, e yo te konn ret kole nan pwojektè a. Sa te mande anpil travay pou n netwaye l annapre! Sa pa t fasil pou n òganize evènman sa yo, men sa te ban nou satisfaksyon pou n wè moun yo vin aprann konnen òganizasyon entènasyonal Jewova a.

Nan kèk zòn, prèt katolik yo te konn fè presyon sou otorite yo pou yo pa ban nou pèmisyon pou n òganize asanble. Pou pèsonn pa t ka tande vwa oratè a, yo te konn sonnen klòch legliz yo nenpòt lè nou t ap bay diskou toupre legliz yo. Malgre tout bagay sa yo, moun yo te kontinye aprann laverite, e anpil moun nan zòn sa yo ap adore Jewova kounye a.

NOUVO ASIYASYON YO FÈ N FÈ PLIS AJISTEMAN

An 1959, yo te voye m al sèvi nan biwo filyal la. Mwen te aprann anpil bagay nan eksperyans mwen te fè nan filyal la. Apre yon ti tan, yo te mande m al vizite lòt peyi antanke siveyan zòn. Pandan youn nan vwayaj sa yo, mwen te rankontre Janet Dumond, yon misyonè nan peyi Tayilann. Youn te ekri lèt voye bay lòt pandan yon tan, e annapre nou te marye. Nou gen 51 an depi n ap sèvi Jewova ansanm ak kè kontan.

Ansanm ak Janet sou youn nan pakèt zile ki gen nan peyi Filipin yo.

M te kontan vizite moun nan pèp Jewova a nan 33 peyi. Mwen gen anpil rekonesans dèske premye asiyasyon m yo te ede m aprann boule ak moun divès kilti, e ki sot nan diferan kouch sosyal. Vizit sa yo te ede m pi byen konprann Jewova renmen tout kalite moun. — Travay 10:34, 35.

Nou kontan anpil dèske kantite Temwen yo kontinye ogmante.

NOU TOUJOU AP FÈ AJISTEMAN

Se te yon plezi pou Janet avè m travay ansanm ak frè ak sè yo nan peyi Filipin, e nou kontinye ap sèvi nan biwo filyal la, nan vil Kezon. Gen dis fwa plis pwoklamatè kounye a pase kantite pwoklamatè ki te genyen lè m te kòmanse sèvi nan peyi a sa gen 60 an. Menm apre tout ane sa yo, mwen bezwen toujou pare pou m adapte m ak sa Jewova mande. Pa egzanp, akoz chanjman ki fèk fèt nan òganizasyon an, nou te oblije dispoze fè plis ajisteman toujou.

Nou veye pou n preche regilyèman.

Nou fè tout sa n kapab pou n suiv direksyon Jewova bay, e se pi bon fason pou yon moun viv. Epi, nou te eseye fè nenpòt ajisteman ki te nesesè pou n te ka byen sèvi frè ak sè yo. Wi, toutotan Jewova vle nou fè sa, nou detèmine pou n tounen “tout bagay pou tout kalite moun”.

Nou toujou ap sèvi nan biwo filyal la, nan vil Kezon.