Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki vin apre yo:

Ki prèv nou jwenn nan Bib la ki montre Bondye konn mete l nan plas nou?

Lè pèp Izrayèl nan tan lontan an te esklav ann Ejip, Bondye te santi soufrans yo ak doulè yo (Egz. 3:7; Eza. 63:9). Bondye te kreye nou pòtre ak li, e nou kapab mete nou nan plas lòt moun. Li mete l nan plas nou, menm lè nou ta ka santi nou pa merite pou l renmen nou. — wp18.3, paj 8-9.

Ki jan sa Jezi te konn anseye yo te ede moun yo pou yo sispann gen prejije?

Anpil Juif ki t ap viv nan epòk Jezi a te gen prejije. Kris te atire atansyon sou enpòtans pou n gen imilite e l te montre l pa dakò ak fyète konsènan ras. Li te ankouraje disip li yo pou youn konsidere lòt kòm frè ak sè. — w18.06, paj 9-10.

Ki sa nou aprann nan rezon ki fè Bondye pa t kite Moyiz antre nan Peyi Li te pwomèt la?

Moyiz te gen yon relasyon sere ak Jewova (Det. 34:10). Lè Izrayelit yo te prèske fin pase 40 an nan dezè a, yon lòt fwa ankò yo te tonbe plenyen paske yo pa t gen dlo. Bondye te di Moyiz pou l pale ak mas wòch la. Olye Moyiz te fè sa, li te frape mas wòch la. Petèt Jewova te fache paske Moyiz pa t suiv enstriksyon li te ba l yo oubyen paske li pa t bay Bondye glwa pou mirak la (Nonb 20:6-12). Sa ta dwe fè nou wè jan li enpòtan pou nou obeyi Jewova e pou nou ba li glwa. — w18.07, paj 13-14.

Ki jan nou ka twonpe nou byen fasil si nou jije moun sou aparans?

Gen twa domèn ki fè anpil moun jije moun sou aparans: ras moun oswa koulè po yo, sa moun posede ak laj moun. Li enpòtan anpil pou nou chèche wè moun yo menm jan ak Bondye ki pa gen patipri (Tra. 10:34, 35)! — w18.08, paj 8-12.

Bay kèk fason kretyen ki granmoun yo ka ede lòt moun?

Menmsi asiyasyon yon frè ki granmoun ta chanje, li toujou gen anpil valè nan je Bondye e gen anpil bagay li ka fè pou l ede lòt moun. Gen kèk sè nan kongregasyon an mari yo pa kwayan, li ka chèche ede mesye sa yo. Li ka ede moun ki inaktif yo, li ka kondui etid biblik epi chèche fè plis nan travay predikasyon an. — w18.09, paj 8-11.

Ki piblikasyon kretyen yo ap jwenn nan ribrik Zouti pou anseye a?

Y ap jwenn kat ak fich envitasyon, uit bèl feyè ansanm ak Toudegad ak Reveye n! Epitou, y ap jwenn kèk bwochi, de liv yo plis itilize pou fè etid biblik yo ak kat videyo ki itil anpil, tankou videyo ki gen tit Poukisa nou dwe etidye Labib? — w18.10, paj 16.

Ki jan yon kretyen ka “achte laverite”, jan Pwovèb 23:23 mande sa?

Nou pa bay lajan pou nou gen laverite. Men nou bezwen pase tan e nou bezwen fè efò pou nou rive genyen l. — w18.11, paj 4.

Ki sa nou ka aprann nan fason Oze te aji ak madanm li, Gomè?

Gomè te fè adiltè plizyè fwa, men Oze te padone l e li pa t divòse avè l. Si konjwen yon kretyen ta fè imoralite seksyèl, konjwen ki inosan an ka padone l. Si konjwen ki inosan an rekòmanse gen relasyon seksyèl ak konjwen ki koupab la, sa elimine rezon Bib la bay pou yo divòse a. — w18.12, paj 13.