Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn: Kreyatè w la vle w gen kè kontan

Jèn: Kreyatè w la vle w gen kè kontan

‘Li fè w kontan ak bon bagay li ba w pandan tout lavi w.’ — SÒM 103:5.

KANTIK: 135, 39

1, 2. Poukisa l saj pou nou koute Kreyatè nou an lè n ap deside ki sa n ap fè ak lavi nou? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

SI W se yon jèn, petèt anpil moun deja ba w konsèy sou sa pou w fè ak lavi w. Petèt pwofesè w, moun k ap bay konsèy sou karyè pou w chwazi ak lòt moun ankò ka ankouraje w pou w fè gwo etid e pou w gen yon bèl karyè k ap fè w fè anpil lajan. Men, Jewova konseye w pou w pran yon lòt direksyon. Yon bagay ki sèten, sèke li vle w travay di pandan w lekòl toujou pou w ka pran swen tèt ou lè w fini lekòl (Kol. 3:23). Men, lè w ap chwazi ki sa k priyorite pou ou nan lavi a, li ankouraje w suiv yon seri bon prensip ki ann amoni ak objektif li e ak sa l ta renmen nou fè nan tan lafen an. — Mat. 24:14.

2 Yon bagay pou w sonje tou, sèke Jewova konn tout bagay. Li konnen sa k ap tann monn sa a e li konnen jis nan ki pwen lafen an toupre rive (Eza. 46:10; Mat. 24:3, 36). Mete sou sa, li konnen nou. Li konnen ki sa k ap fè nou jwenn vrè satisfaksyon ak vrè kè kontan e li konnen ki sa ki ka ban nou desepsyon ak lapenn. Kidonk, kèlkeswa jan konsèy lèzòm bay yo ka parèt bon, si yo pa ann amoni ak Pawòl Bondye a, yo pa gen okenn valè. — Pwo. 19:21.

“PA GEN OKENN SAJÈS [...] LAKAY MOUN KI KONT JEWOVA”

3, 4. Ki sa k te rive Adan ak Èv ak tout pitit yo poutèt yo te koute move konsèy?

3 Se depi nan kòmansman istwa lèzòm y ap bay moun move konsèy. Se Satan an premye ki te bay move konsèy. Li te pran dwa ki pa pou li e li te bay tèt li wòl konseye lè l te di Èv li menm ak mari l ap gen plis kè kontan si yo chwazi viv jan yo vle (Jen. 3:1-6). Men, an reyalite Satan t ap chèche avantaj pa l. Li te vle se li menm pou Adan ak Èv ak pitit yo obeyi e pou yo adore olye yo adore Jewova. Men, ki sa l te fè pou yo? Se Jewova ki te ba yo tout sa yo te genyen. Li te mete yo viv ansanm, li te ba yo bèl jaden kote yo t ap viv la e li te ba yo yon kò ki pafè ki te kapab viv pou toutan.

4 Malerezman, Adan ak Èv te dezobeyi Bondye, konsa yo te koupe tout relasyon avè l. Jan nou konn sa, rezilta sa te bay la pa t bon menm. Menm jan lè yo koupe yon flè nan yon plant, tikras pa tikras, li fennen epi li mouri, se konsa tou Adan ak Èv te depafini epi yo mouri. Pitit yo te soufri tou akoz peche ki se yon malediksyon (Wom. 5:12). Menm lè sa a, pifò moun chwazi pou yo pa soumèt devan Bondye. Yo vle viv jan yo vle (Efe. 2:1-3). Rezilta yo jwenn yo montre aklè “pa gen okenn sajès [...] lakay moun ki kont Jewova”. — Pwo. 21:30.

5. Ki konfyans Bondye te gen nan moun li kreye yo, e èske li te gen rezon fè yo konfyans?

5 Malgre tout sa k te pase, Jewova te konnen gen moun, san wete anpil jèn ki serye, ki t ap gen pou yo chèche l e pou yo sèvi l (Sòm 103:17, 18; 110:3). Se pa ti renmen l renmen yo! Èske w se youn nan yo? Si se wi, ou mèt sèten Bondye ap fè w jwenn anpil “bon bagay” k ap fè kè w kontan anpil (Li Sòm 103:5; Pwo. 10:22). Jan nou pral wè sa, pami “bon bagay” sa yo, gen yon pakèt konesans k ap ede nou vin pwòch ak Bondye, gen bonjan zanmi, bon objektif ak vrè libète.

JEWOVA BA W KONESANS K AP EDE W VIN PWÒCH AVÈ L

6. Poukisa w dwe chèche vin pwòch ak Bondye, e ki sa Jewova ba w pou l ede w fè sa?

6 Kontrèman ak bèt yo, ou santi w bezwen vin pwòch ak Bondye, e se sèl Kreyatè w la ki ka ede w fè sa (Mat. 4:4). Lè w koute l avèk rekonesans, ou vin gen bon konprann, sajès ak kè kontan. Jezi te di: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” (Mat. 5:3). Bondye ede w vin pi pwòch avè l pa mwayen Pawòl li a ak yon pakèt piblikasyon li ba w pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Se pa ti bon tout piblikasyon sa yo bon pou nou! — Eza. 65:13, 14.

7. Bay kèk byenfè w ap jwenn lè w chèche gen konesans ki soti nan Bondye a.

7 Konesans ki soti nan Bondye a ap fè w vin gen sajès e l ap aprann ou reflechi. Sa ap pwoteje w divès fason. (Li Pwovèb 2:10-14.) Pa egzanp, kalite sa yo ap ede w pou w pa pran nan fo ansèyman, tankou ansèyman ki fè konnen pa gen yon Kreyatè. Grasa yo, ou pap pran nan yon seri manti ki fè kwè pou w gen kè kontan fò w gen lajan ak anpil byen. Mete sou sa, yo ede w rekonèt move dezi yo ak konpòtman k ap mennen w nan malè e pou w lite pou w pa tonbe ladan yo. Donk, kontinye chèche gen sajès ki soti nan Bondye a e kontinye aprann reflechi, konsidere yo tankou trezò! Tank w ap vin gen bèl kalite sa yo, se tank w ap vin ka wè jan Jewova renmen w ak jan li vle sa k pi bon an pou ou. — Sòm 34:8; Eza. 48:17, 18.

8. Poukisa w ta dwe chèche vin pwòch ak Bondye depi kounye a, e ki jan sa ap bon pou ou alavni?

8 Talè konsa, tout monn Satan an pral detwi nèt e se nan Jewova sèlman w ap jwenn sekirite. Vrèmanvre, se sou li nou pral konte pou n jwenn manje (Aba. 3:2, 12-19). Jèn, se kounye a pou w chèche vin pi pwòch ak Papa w ki nan syèl la e pou w chèche gen plis konfyans nan li (2 Pyè 2:9). Si w fè sa, menm lè nenpòt bagay ap pase bò kote w, w ap toujou santi w menm jan ak David, ki te ekri: “Mwen gen Jewova devan je m toutan. Piske li sou bò dwat mwen, mwen pap janm brannen.” — Sòm 16:8.

JEWOVA BA W PI BON ZANMI OU TE KA GENYEN YO

9. a) Selon Jan 6:44, ki sa Jewova fè? b) Ki sa ki estrawòdinè lè w rankontre yon lòt Temwen Jewova?

9 Jewova rale yon seri moun vini e li kite yo vin fè pati fanmi li. Li atire moun ki gen kè sensè yo avèk dousè pou yo vin nan vrè adorasyon an. (Li Jan 6:44.) Lè w fèk rankontre yon moun ki pa nan laverite, ki sa w konn sou li? Bon, ou ka konn non l, ou ka wè l, men petèt ou pa vrèman konn anyen sou moun sa a. Se pa menm bagay la lè w fèk rankontre yon moun ki konnen Jewova e ki renmen l. Menm lè moun sa a pa gen menm edikasyon avè w, menm lè l sot nan yon lòt peyi, yon lòt tribi oswa li gen yon lòt kilti, gen anpil bagay ou deja konnen sou li e li deja konnen sou ou!

Jewova vle nou gen pi bon zanmi yo e l vle n chèche gen bonjan objektif. (Gade paragraf 9-12.)

10, 11. Ki sa sèvitè Jewova yo genyen lakay yo ki sanble, e ki byenfè nou jwenn nan sa?

10 Pa egzanp, byen vit, n ap rann nou kont nou pale “lang ki pwòp” la, anpalan de laverite (Sof. 3:9). Konsa, nou konnen nan ki sa nou kwè: sa nou konnen sou Bondye, ki prensip n ap suiv, ki esperans nou genyen, ak anpil lòt bagay ankò. Èske bagay sa yo se pa bagay ki pi enpòtan w ka konnen sou yon moun, bagay ki ka fè w gen konfyans nan li? Mete sou sa, se bagay sa yo ki fè nou ka vin gen bon zanmi ki pap lage nou.

11 Nou pa egzajere lè nou di antanke sèvitè Jewova, ou gen pi bon zanmi ou te ka genyen e yo toupatou sou tè a. Se apèn si nou deja rankontre kèk nan yo! Ki lòt moun apa sèvitè Jewova yo ki gen kalite kado sa a?

JEWOVA FÈ W GEN BONJAN OBJEKTIF

12. Ki bonjan objektif ou ka bay tèt ou?

12 Li Eklezyas 11:9–12:1. Èske w gen youn oubyen plizyè objektif w ap fè efò pou w atenn? Petèt w ap fè efò pou w li yon pòsyon nan Bib la chak jou. Oubyen, ou gendwa ap eseye amelyore fason w pale ak fason w anseye. Kèlkeswa objektif ou genyen, ki jan w santi w lè w wè bonjan rezilta w jwenn, oubyen lè lòt moun wè yo epi yo felisite w pou yo? Sandout ou santi w akonpli yon bagay e w santi w kontan. E se konsa w dwe santi w. Sa enpòtan, paske w mete volonte Bondye anvan volonte pa w, menm jan Jezi te fè sa. — Sòm 40:8; Pwo. 27:11.

13. Sa k fè sèvi Bondye pi bon lontan pase kouri dèyè bagay ki nan monn nan?

13 Lè w konsantre sou sèvis w ap bay Jewova a, w ap fè yon travay ki bay satisfaksyon toutbon, paske se yon bagay ki enpòtan anpil. Men sa apot Pòl te ekri: “Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen, se pou nou toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a, paske, anrapò ak Seyè a, nou konnen nou pap travay pou granmesi.” (1 Kor. 15:58). Tandiske lè yon moun ap kouri dèyè bagay ki nan monn nan, menm lè li sanble reyisi, alafen lavi moun sa a pa gen sans (Lik 9:25). Yon moun ki te rive konprann sa, e ki ede nou konprann sa tou, se wa Salomon. — Wom. 15:4.

14 Ki sa w ka aprann nan eksperyans Salomon te fè anrapò ak plezi?

14 Salomon te rich anpil e li te gen anpil pouvwa. Li te fè yon eksperyans. Li te “chèche pran plezi [l] pou [l] wè ki bon bagay [l] ap jwenn nan sa”. (Ekl. 2:1-10.) Li te bati kay, li te fè bèl jaden ak bèl kote ki plen ak pyebwa e li te chèche jwenn tout sa l te anvi. Ki jan l te santi l annapre? Èske l te kontan? Èske l te santi l reyisi? Èske l te satisfè? Nou pa bezwen ap fè devinèt. Ann kite Salomon ban nou repons lan. Li te ekri: “Lè m t ap reflechi sou tout travay mwen te fè ak pwòp men m [...] mwen te wè tout sa ap pase [...]. Pa t gen anyen ki te enpòtan toutbonvre anba solèy la.” (Ekl. 2:11). Ala yon bèl leson! Èske w ap bay sa enpòtans?

15. Poukisa li enpòtan pou nou gen lafwa, e selon Sòm 32:8, ki byenfè li ka fè nou jwenn?

15 Jewova pa ta renmen w fè move eksperyans nan lavi a ki ka fè w soufri. Men, ou bezwen gen lafwa pou w obeyi Bondye e pou w bay volonte l premye plas nan lavi w. Lafwa sa a gen anpil valè e yon moun pap janm regrèt li genyen l. Wi, Jewova pap janm bliye “lanmou nou demontre pou non l”. (Ebre 6:10.) Kidonk, fè efò pou w gen yon lafwa ki solid, konsa w ap wè Papa w ki nan syèl la vle sa ki pi bon an pou ou. — Li Sòm 32:8.

BONDYE BA W VRÈ LIBÈTE A

16. Poukisa nou dwe bay libète valè e poukisa nou dwe byen sèvi avè l?

16 Men sa Pòl te ekri: “Kote lespri Jewova ye, se la ki gen libète.” (2 Kor. 3:17). Jewova renmen libète, e li fè nou gen lanmou sa a tou. Men, li vle w byen sèvi ak libète w, e se yon pwoteksyon pou ou. Petèt ou konnen kèk jèn ki gade pònografi, ki fè imoralite seksyèl, ki riske lavi yo lè yo pratike spò ki danjere anpil, ki pran dwòg oubyen ki bwè anpil bwason ki gen alkòl. Se sèten yo ka kontan oswa yo ka pran plezi yo pandan kèk moman. Men, byen souvan, yo peye sa byen chè, pafwa yo vin malad, yo vin esklav sa y ap fè a oswa yo konn menm mouri (Gal. 6:7, 8). Vrèmanvre, swadizan libète yo genyen an konn fè yo soufri anpil e sa konn mennen nan desepsyon. — Tit 3:3.

17, 18. a) Ki jan obeyi Bondye libere nou? b) Nan ki sans libète Adan ak Èv te genyen okòmansman an diferan ak libète moun gen jodi a?

17 Bon, konbyen moun ou konnen ki te vin malad paske yo te suiv prensip ki nan Bib la? Sa klè, lè nou obeyi Jewova nonsèlman sa bon pou sante nou men sa libere nou (Sòm 19:7-11). Mete sou sa, lè w byen sèvi ak libète w genyen an toutpandan w respekte lwa ak prensip pafè Bondye bay yo, ou montre Bondye ansanm ak paran w yo ou merite pou yo ba w plis libète. Anfèt, Bondye gen objektif pou l bay sèvitè fidèl li yo yon libète ki pafè, yon libète Bib la rele “libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. — Wom. 8:21.

18 Adan ak Èv te goute libète sa a. Ki kantite bagay Bondye te entèdi yo fè lè yo te nan jaden Edenn nan? Yon sèl bagay. Yo pa t gen dwa manje fwi nan yon sèl pyebwa (Jen. 2:9, 17). Èske w t ap di lòd sa a rèd oswa se te yon abi? Non! Lè nou gade kantite lwa lèzòm fè e yo fòse lòt moun aprann yo epi obeyi yo, sa pa anyen.

19. Nan ki sans yo anseye nou pou nou vin yon pèp ki lib?

19 Jewova montre li gen anpil sajès nan fason li boule ak sèvitè l yo. Li pa plede ap ban nou yon pil ak yon pakèt lwa. Okontrè, li pran pasyans avèk nou pou l anseye nou fason pou n suiv lwa lanmou an. Li vle nou suiv prensip li yo nan lavi nou epi rayi sa ki mal (Wom. 12:9). Diskou Jezi te bay sou mòn nan se yon bèl egzanp nan sans sa a paske l te esplike sa ki mennen nan move aksyon (Mat. 5:27, 28). Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, nan monn nouvo a, Kris pral kontinye anseye nou pou nou wè sa ki byen ak sa ki mal jan li menm li wè yo (Ebre 1:9). Epitou, li pral fè lespri nou ak kò nou vin pafè. Imajine jan sa pral ye lè nou pap gen tantasyon pou nou fè sa ki mal ak lè nou pap soufri ankò akoz move efè peche gen sou nou! Finalman, nou pral gen “libète [Jewova pwomèt nou an] nan laglwa”.

20. a) Ki jan Jewova sèvi ak libète l genyen an? b) Ki jan nou ka suiv egzanp Bondye bay la?

20 Nòmalman, nou pap janm gen yon libète total. Se lanmou nou gen pou Bondye ak pou moun parèy nou k ap gide nou nan fason nou sèvi ak libète nou. Anfèt, Jewova jis mande nou imite l. Li gen yon libète ki san limit, men, li chwazi kite lanmou gide l nan fason li boule ak kreyati entèlijan l yo (1 Jan 4:7, 8). Donk, li nòmal pou nou di se sèlman si nou imite Bondye, sa vle di si nou kite se lanmou ki gide nou nan fason nou sèvi ak libète nou, n ap rive byen sèvi ak libète nou genyen an.

21. a) Ki jan David te santi l parapò ak Jewova? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

21 Èske w apresye tout “bon bagay” Jewova ba ou? Li ba w konesans k ap ede w pwoche kote l, li ba ou bon zanmi, bonjan objektif ak posiblite pou w gen vrè libète a (Sòm 103:5). Si w apresye yo, nou swete pou w di menm pawòl ki nan Sòm 16:11 lan ki di: “Ou fè m konnen chemen ki mennen nan lavi a. Depi w la, gen anpil lajwa, wi, bò kote w, se lajwa pou toutan.” Atik ki vin apre a pral pale sou kèk lòt trezò nou jwenn nan Sòm 16 la. Yo pral ede nou pi byen konprann kèk lòt bagay enpòtan ki ka ede nou gen vrè kè kontan an.