Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

“Jewova byen aji” avè nou

“Jewova byen aji” avè nou

MWEN menm ak Danièle madanm mwen te fèk rive nan otèl la lè resepsyonis lan te di m: “Tanpri mesye, èske w ka rele pòs polis ki jere fwontyè a?” Kèk èdtan anvan sa, nou te rive nan peyi Gabon, yon peyi ki ann Afrik de lwès, kote yo te entèdi travay nou an nan ane 1970 yo.

Danièle se yon moun ki reflechi vit, li te di m nan zòrèy: “Ou pa menm bezwen rele lapolis, yo la deja.” Pa dèyè do nou an, te gen yon machin ki te kanpe devan otèl la. Kèk minit apre, yo te arete nou toule de. Men, erezman Danièle te gentan avèti m, sa te ban m tan pou m konfye yon lòt frè kèk dokiman m te genyen.

Pandan yo t ap mennen nou nan pòs polis la, mwen t ap reflechi sou benediksyon Jewova ban mwen dèske li ban m yon madanm konsa, ki espirityèl e ki gen anpil kouraj. Se jis youn nan pakèt fwa mwen menm ak Danièle te gen posiblite travay ansanm. Kite m esplike nou sa ki te fè n vizite peyi kote yo te entèdi travay predikasyon nou an.

JEWOVA OUVRI JE M

Mwen te fèt nan ane 1930 nan yon ti vil nan nò Lafrans ki rele Kwa. Fanmi m te katolik fran e yo te konn al lamès chak semèn. Papa m te konn patisipe nan aktivite ki t ap fèt nan pawas la. Men, mwen te prèske gen 14 an lè yon bagay te rive e sa te ouvri je m sou ipokrizi ki gen nan legliz la.

Pandan Dezyèm gè mondyal la, Lafrans te anba okipasyon lame alman an. Nan prèch prèt la te konn fè, li te konn ankouraje nou pou nou soutni gouvènman Vichy a k ap soutni lame alman an. Sa l t ap di yo te boulvèse nou. Menm jan ak anpil moun peyi Lafrans, nou te konn koute radyo BBC an kachèt, yon radyo ki te konn bay nouvèl sou Peyi alye yo. Men, bridsoukou, prèt la te chanje kan. Li te fè yon mès aksyondegras paske lame Peyi Alye yo t ap avanse an septanm 1944. Sa te choke m! Sa te vin febli konfyans mwen te gen nan chèf legliz yo.

Papa m mouri yon ti tan apre lagè a. Pi gran sè m nan te deja marye e li t ap viv nan peyi Bèljik, donk, mwen te santi mwen dwe pran swen manman m. Mwen te vin jwenn yon bon djòb. Patwon m nan ak pitit gason l lan se te moun ki te atache anpil ak relijyon katolik la. Se vre mwen te gen yon bèl avni nan konpayi an, men sa pa t pran tan pou m fè fas ak yon pwoblèm.

Simone, sè m nan, te vin Temwen Jewova, e li te vizite nou nan ane 1953. Li te byen sèvi ak Bib la pou l montre ansèyman legliz katolik bay sou dife lanfè, Trinite ak nanm ki pa ka mouri se pa laverite. Okòmansman, mwen pa t dakò avè l paske li pa t sèvi ak yon tradiksyon katolik, men, pi devan mwen te vin gen konviksyon sa li t ap di m yo se laverite. Annapre, li te pote ansyen nimewo Toudegad pou mwen, e mwen te chofe pou m li yo nan chanm mwen leswa. Mwen pa t pran tan pou m wè se laverite, men mwen te pè pou m pa t pèdi travay mwen paske m pran pozisyon pou Jewova.

Pandan kèk mwa, mwen te kontinye etidye Bib la ak atik ki nan Toudegad yo poukont mwen. Finalman, mwen te deside ale nan yon Sal Wayòm. Lanmou mwen te wè ki te genyen nan kongregasyon an te vrèman touche m. Te gen yon frè ki te fè sis mwa ap etidye Labib avè m, e apre sa, mwen te batize nan mwa septanm 1954. Yon ti tan apre, mwen te kontan wè manman m ak ti sè m nan vin Temwen Jewova.

MWEN KONTE SOU JEWOVA PANDAN M NAN SÈVIS APLENTAN

Malerezman, manman m mouri kèk semèn anvan kongrè entènasyonal ki te fèt nan ane 1958 nan vil Nouyòk la, e mwen te gen privilèj asiste kongrè sa a. Lè m te fin asiste kongrè a, mwen pa t gen moun ki sou kont mwen ankò, se sa k fè mwen te kite djòb mwen an e m te kòmanse sèvis pyonye. Pandan tan sa a, mwen te fiyanse ak yon pyonye ki zele, yon sè ki rele Danièle Delie e m te marye ak ti madanm cheri m nan an me 1959.

Danièle te kòmanse sèvis aplentan nan yon zòn andeyò Bretay ki byen lwen lakay li. Li te bezwen gen kouraj pou l preche nan zòn sa a kote se relijyon katolik ki t ap domine. E sa te mande l kouraj tou pou l vwayaje sou bisiklèt pou l al preche nan tèritwa ki nan zòn sa a. Menm jan avè m, li te santi li ijan pou l preche. Nou te santi lafen an toupre (Mat. 25:13). Lespri sakrifis li te gen lakay li te ede nou kontinye nan sèvis aplentan.

Kèk jou apre nou fin marye, nou te resevwa asiyasyon pou nou travay nan sèvis sikonskripsyon. Nou te aprann viv yon fason ki senp. Premye kongregasyon nou te vizite a te gen 14 pwoklamatè, e frè ak sè yo pa t vrèman gen mwayen pou yo akeyi nou lakay yo. Donk, nou te met matla sou estrad Sal Wayòm nan pou nou dòmi. Li pa t twò konfòtab e se pa t sa nou te swete, men li te bon anpil pou do nou!

Nou te konn vizite kongregasyon yo ak ti machin nou an.

Malgre pwogram nou te chaje anpil, Danièle te byen adapte l nan sèvis sikonskripsyon an. Byen souvan, li te konn ret tann mwen nan ti machin nou an lè te gen reyinyon ansyen ki te fèt sanzatann. Men, li pa t janm plenyen. Nou te fè dezan sèlman nan sèvis sikonskripsyon an, e pandan tan sa a, nou te aprann jan li enpòtan pou moun ki marye yo travay ann ekip e pou youn di lòt jan yo vrèman santi yo. — Ekl. 4:9.

NOU TE RESEVWA NOUVO ASIYASYON

Nan ane 1962, nou te jwenn envitasyon pou n asiste 37yèm klas Lekòl Galaad la nan Bwouklin, Nouyòk, e lekòl la t ap dire dis mwa. Pami 100 elèv yo, te gen 13 frè ki te patisipe ansanm ak madanm yo. Donk, nou te santi se yon privilèj pou nou toude asiste lekòl la ansanm. Mwen toujou sonje bèl moman nou te pase ak yon seri moun ki te gen yon lafwa estrawòdinè, tankou Frederick Franz, Ulysses Glass ak Alexander H. Macmillan.

Nou te vrèman kontan asiste Lekòl Galaad ansanm!

Pandan fòmasyon an, yo te ankouraje nou pou n aprann byen gade sa ki toutotou nou. Nan samdi aprèmidi, apre kou yo, nan fòmasyon yo t ap ban nou an, nou te konn soti pou n al vizite kèk kote nan vil Nouyòk. Nou te konnen nan lendi nou t ap gen pou nou ekri sa nou te wè yo. Byen souvan, lè n ap tounen nan samdi swa, nou te konn fatige anpil. Men, Betelit ki te konn soti avè n nan te konn poze nou kèk kesyon pou ede nou sonje kèk pwen enpòtan pou egzamen nou te gen pou n fè alekri nan lendi. Te gen yon samdi, nou te fè tout aprèmidi a ap mache nan vil la. Nou t al vizite yon obsèvatwa kote nou te jwenn enfòmasyon sou meteyò ak meteyorit *. Epitou, nou t al vizite yon mize ki rele American Museum of Natural History. Nou te aprann diferans ki genyen ant yon kayiman ak yon kwokodil. Lè nou te tounen nan Betèl, moun ki t ap fè nou vizite a te mande nou: “Ki diferans ki genyen ant yon meteyò ak yon meteyorit?” Danièle te reponn: “Bon, dan meteyorit yo pi long!” Li te tèlman fatige!

Nou te pran plezi vizite frè ak sè fidèl yo ann Afrik.

Se pa ti sezi nou te sezi lè yo te voye nou nan filyal Lafrans, kote nou te sèvi ansanm pandan plis pase 53 an. Nan ane 1976, yo te nome m kowòdonatè komite filyal la e mwen te jwenn asiyasyon pou m al vizite plizyè peyi ann Afrik ak nan zòn Mwayenn Oryan an, kote travay predikasyon nou an te anba entèdiksyon. Sa te fè nou ka vwayaje al nan peyi Gabon, kote nou te fè eksperyans nou te pale nan kòmansman atik la. Fò m di nou franchman, mwen pa t janm santi mwen kalifye pou responsablite mwen te genyen yo. Men, Danièle te ede m anpil, sa ki te fè m santi m ka aksepte prèske nenpòt responsablite.

Mwen menm k ap entèprete yon diskou pou frè Theodore Jaracz nan kongrè ki te fèt nan vil Pari nan ane 1988 e ki te gen tit “La justice divine”.

NOU TE ANDIRE YON GWO EPRÈV ANSANM

Depi nan kòmansman, nou te renmen sèvis nou nan Betèl. Danièle te aprann anglè senk mwa anvan li te asiste Lekòl Galaad. Apre sa, li te vin maton nan tradui piblikasyon nou yo. Nou te jwenn anpil kè kontan nan travay nou nan Betèl, men nou te jwenn plis kè kontan toujou lè nou patisipe nan aktivite kongregasyon an. Mwen sonje anpil moman kote mwen menm ak Danièle te konn pran tren byen ta nan aswè. Se vre nou te konn fatige, men se pa ti kontan nou te kontan paske nou te sot kondui yon seri etid biblik k ap pwogrese. Men malerezman, sante Danièle te vin chanje bridsoukou, sa ki te vin fè l pa t ka fè sa li te konn fè anvan.

Nan ane 1993, doktè te fè l konnen li gen kansè nan tete. Tretman an pa t fasil menm, li te oblije fè operasyon ak chimyoterapi ki te rèd anpil. Kenzan apre, yo te fè l konnen li gen yon kansè ki pi rèd toujou. Men, li te tèlman renmen travay li te genyen kòm tradiktè a, li te fè yon jan pou l rekòmanse travay kou sante l te pèmèt li.

Menm lè sante Danièle pa t bon menm, nou pa t janm panse kite Betèl. Men kanmenm, lè w nan Betèl e w malad, sa pa fasil, sitou lè lòt moun pa konnen nan ki pwen maladi a grav (Pwo. 14:13). Se vre Danièle te gen plis pase 75 an, men, lè w gade l, ou pa t ap janm wè li malad, tèlman li te toujou gen yon bèl souri e li te toujou bwòdè. Li pa t ret ap plenyen sò l. Okontrè, li te konsantre sou ede lòt moun. Li te konnen lè l pran tan pou l koute moun k ap soufri, sa ka ede yo anpil (Pwo. 17:17). Danièle pa t janm lese konprann li se yon konseye, men li te konn itilize eksperyans li pou l ede anpil sè pou yo pa pè kansè.

Nou te fè fas ak lòt difikilte ankò. Lè Danièle te vin pa ka kontinye nan sèvis aplentan ankò, li te fikse objektif pou l soutni m plis nan sèvis la. Li te fè anpil efò pou l fè sèvis mwen pi fasil, sa ki te fè m te ka kontinye sèvi kòm kowòdonatè komite filyal la pandan 37 an. Pa egzanp, li te konn prepare tout ti bagay pou n te ka manje ansanm nan chanm nou a midi, e pou nou te ka jwenn yon ti moman nan jounen an pou nou rilaks nou. — Pwo. 18:22.

NOU TE FÈ FAS AK ENKYETID CHAK JOU

Danièle te toujou pozitif e li te toujou renmen lavi. Annapre, li te vin gen kansè yon twazyèm fwa. Nou te santi nou pa t ka fè anyen ankò. Seyans chimyoterapi ak radyoterapi yo te fini ak tout ti fòs li, pafwa menm mache li pa t ka mache. Kè m t ap rache lè m t ap gade madanm mwen ki te yon bon tradiktè k ap goumen pou l jwenn mo pou l pale.

Menm lè n te santi n pa kapab ankò, nou te kontinye priye toutpandan nou gen konviksyon Jewova pap janm kite nou jwenn yon soufrans nou pa ka sipòte (1 Kor. 10:13). Nou te toujou fè efò pou n gen rekonesans pou tout èd Jewova ban nou pa mwayen Pawòl li, ekip medikal ki nan Betèl la ak èd frè ak sè n yo ki renmen nou te ban nou.

Byen souvan, nou te mande Jewova pou l gide nou pou n konnen ki tretman pou nou chwazi. Rive yon lè, nou pa t resevwa okenn tretman. Doktè ki t ap pran swen Danièle pandan 23 ane a pa t ka esplike rezon ki fè Danièle te pèdi konesans apre chak seyans chimyoterapi. Li pa t gen okenn lòt sijesyon li te ka fè nou. Nou te santi nou poukont nou e nou t ap mande tèt nou ki jan sa ap fini. Se nan moman sa a, te vin gen yon lòt doktè ki trete kansè ki te dakò pran swen Danièle. Se te kòmsi Jewova te ranje bagay yo pou ede nou fè fas ak enkyetid nou te genyen yo.

Nou te aprann fè fas ak enkyetid lè nou pa plede ap bay tèt nou pwoblèm pou demen. Jan Jezi te di sa, “chak jou gen kont traka pa l”. (Mat. 6:34.) Lè nou wè bagay yo yon fason pozitif e nou renmen ri, sa kapab ede n tou. Pa egzanp, lè Danièle te wè li pase de mwa san l pa fè chimyoterapi, li te di m avèk yon ti souri: “Ou konnen, mwen pa t janm santi m byen konsa!” (Pwo. 17:22). Malgre li t ap soufri, li te pran plezi repete nouvo kantik Wayòm yo awotvwa avèk yon vwa ki fèm.

Etadespri pozitif li te genyen an te ede m fè fas ak difikilte mwen te genyen yo. Franchman, pandan 57 ane nou genyen depi nou marye yo, li te toujou pran swen m nan divès domèn. Li pa t menm vle montre m kòman pou m fri yon ze! Donk, lè li te vin prèske pa ka fè anyen, mwen te oblije aprann fason pou m lave veso, fason pou m lave rad, ak fason pou m prepare kèk manje tou senp. An pasan, mwen te kraze kèk vè, men mwen te kontan fè yon seri bagay pou fè l plezi *.

MWEN GEN JEWOVA REKONESANS POU LANMOU L AK BONTE L

Lè m byen gade, mwen te aprann yon seri bèl leson nan limit nou te vin genyen akoz pwoblèm sante ansanm ak vyeyès. Premyèman, nou pa dwe janm twò okipe pou nou montre moun nou marye avè l la jan nou renmen l. Nou dwe byen sèvi ak ane kote nou gen tout fòs nou sou nou pou n pran swen moun nou renmen yo (Ekl. 9:9). Dezyèmman, nou pa dwe bay tèt nou twòp pwoblèm pou yon seri ti detay. Okontrè, nou dwe wè pakèt benediksyon nou genyen chak jou yo. — Pwo. 15:15.

Lè m ap reflechi ak lavi nou nan sèvis aplentan, mwen gen asirans Jewova te beni nou plis pase sa nou te ka imajine. Mwen gen menm santiman ak youn nan moun ki te ekri Sòm yo ki te di: “Jewova byen aji avè m.” — Sòm 116:7.

^ § 20 Yon meteyò se yon moso wòch oswa metal ki fè yon dife ki briye anpil lè l ap sot nan lespas pou l antre nan atmosfè tè a. Yon meteyorit se yon gwo moso wòch oswa metal ki sot nan lespas e ki tonbe sou tè a.

^ § 32 Sè Danièle Bockaert mouri pandan yo t ap prepare atik sa a. Li te gen 78 an.