Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Moun ki jis yo ap rejwi pou sa Jewova fè pou yo”

“Moun ki jis yo ap rejwi pou sa Jewova fè pou yo”

DIANA gen plis pase 80 an, e mari l mouri. Anvan sa, mari a te fè Alzaymè e li te pase kèk ane nan yon mezon retrèt. Diana, te pèdi de nan pitit gason l yo e li te lite pandan yon tan ak kansè nan tete. Malgre sa, moun nan kongregasyon Diana yo toujou wè l nan reyinyon ak nan predikasyon e yo toujou wè kè l kontan.

John, te yon siveyan itineran pandan plis pase 43 an. Li te renmen fòm sèvis sa a, se te tout vi l! Men, li te kanpe sèvis itineran an pou l te ka pran swen yon fanmi l ki malad. Kounye a, l ap sèvi nan yon kongregasyon. Lè moun ki te konnen John yo rankontre l nan yon asanble oswa nan yon kongrè, se kòmsi li pa janm chanje. Li toujou gen anpil kè kontan.

Kòman Diana ak John fè gen kè kontan malgre tout pwoblèm yo genyen? Ki jan yon moun k ap soufri ka gen kè kontan? E ki jan yon moun ka kontinye gen kè kontan si l oblije kite yon privilèj li te renmen? Bib la ede nou jwenn repons lan, li di: “Moun ki jis yo ap rejwi pou sa Jewova fè pou yo.” (Sòm 64:10). Yon bagay k ap ede nou pi byen konprann verite enpòtan sa a se si nou rive konprann sa ki bay kè kontan toutbon ak sa ki pa bay vrè kè kontan an.

KÈ KONTAN KI PA DIRE A

Gen bagay ki prèske toujou bay kè kontan, tankou lè de moun damou pral marye, lè yon moun fè pitit, oubyen lè yon moun gen yon nouvo asiyasyon nan sèvis Jewova a. Li nòmal pou tout bagay sa yo bay kè kontan paske se nan Jewova yo soti. Se li ki kreye maryaj, se li ki fè l posib pou moun fè pitit e se li ki bay moun travay pou yo fè nan òganizasyon l lan. — Jen. 2:18, 22; Sòm 127:3; 1 Tim. 3:1.

Men, gen kèk bagay ki bay kè kontan e bagay sa yo gendwa pa dire. Malerezman, yon mari oswa yon madanm ka vin enfidèl oswa li ka mouri (Eze. 24:18; Oze 3:1). Gen timoun ki dezobeyi paran yo e ki dezobeyi Bondye, genyen ki menm eskominye. Pitit gason Samyèl yo pa t sèvi Jewova jan yo ta dwe fè sa, e move bagay David te fè yo te lakòz kalamite tonbe sou moun lakay li (1 Sam. 8:1-3; 2 Sam. 12:11). Bagay sa yo fè moun soufri e yo bay lapenn. Se sèten yo pa bay kè kontan.

Menm jan an tou, nou konn pa ka rete nan yon asiyasyon nou te gen nan sèvis Jewova a paske nou malad, nou oblije al pran swen fanmi nou oubyen akoz chanjman ki fèt nan òganizasyon an. Anpil nan moun ki oblije fè chanjman sa yo admèt yo yon jan tris lè yo sonje jan yo te konn gen kè kontan nan travay yo te konn fè a.

Nou ka wè aklè jan bagay sa yo, ki bay kè kontan, pa toujou dire. Kidonk, èske gen yon lòt bagay ki bay kè kontan k ap rete menm lè bagay yo difisil? Sandout li egziste paske Samyèl, David ak lòt moun ankò te kontinye gen kè kontan menm lè yo te jwenn eprèv.

KÈ KONTAN K AP DIRE A

Jezi te konnen ki sa ki bay vrè kè kontan an. Anvan l te vin sou tè a, li pa t gen okenn pwoblèm e li “te toujou kontan ret bò kote [Jewova]”. (Pwo. 8:30.) Men, lè l te vin sou tè a, pafwa, li te fè fas ak gwo difikilte. Malgre sa, Jezi te pran plezi fè volonte Papa l (Jan 4:34). Ki jan sa te ye nan dènye èdtan li te pase ap soufri yo? Men sa Bib la fè nou konnen: “Poutèt kè kontan ki te rezève pou li a, li andire anba lanmò sou yon poto soufrans.” (Ebre 12:2). Tout sa fè nou gen bonjan rezon pou nou egzamine de nan bagay Jezi te di ki bay vrè kè kontan an.

Yon lè, 70 disip Jezi te retounen vin jwenn li apre yo te fin preche. Kè yo te kontan pou gwo bagay yo te rive fè, yo te menm chase demon! Poutan, men sa Jezi te di yo: “Pa rejwi poutèt espri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan syèl la.” (Lik 10:1-9, 17, 20). Vrèmanvre, sa ki pi enpòtan se pa yon privilèj espesyal, men se gen favè Jewova. Jewova ap sonje disip ki fidèl yo e l ap fè yo favè, sa ki bay kè kontan.

Yon lòt fwa, Jezi t ap pale ak yon foul moun. Gen yon fi juif ki t ap koute ki fè konnen manman yon gran anseyan konsa dwe kontan anpil. Men Jezi te korije l, men sa l te di: “Now! Pito w di: Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” (Lik 11:27, 28). Se vre, yon pitit ka fè paran l fyè e sa ka fè paran sa a kontan anpil. Men, pi gwo rezon pou yon moun gen kè kontan se paske li gen bon relasyon ak Jewova e paske li obeyi l.

Vrèmanvre, pi gwo bagay ki ka fè yon moun gen vrè kè kontan an se lè l santi Jewova pran plezi nan li. E pa gen eprèv ki ka retire santiman sa a, menm lè nou konnen eprèv pa dous. Okontrè, lè nou andire eprèv yo, nou rete fidèl, sa fè nou pote yon viktwa ki fè nou gen kè kontan (Wom. 5:3-5). Mete sou sa, Jewova bay moun ki mete konfyans yo nan li lespri l, e lajwa fè pati fwi lespri a (Gal. 5:22). Sa ede nou konprann poukisa Sòm 64:10 gen rezon di: “Moun ki jis yo ap rejwi pou sa Jewova fè pou yo.”

Ki sa k te ede John kontinye gen kè kontan?

E nou ka konprann poukisa Diana ak John te ka kontinye gen kè kontan lè yo te fè fas ak difikilte. Diana di: “Mwen t al chèche pwoteksyon nan men Jewova menm jan yon timoun t apral chèche pwoteksyon nan men yon paran l.” Ki jan l te santi Bondye pran plezi nan li? Li di: “Mwen santi Jewova ban m posiblite pou m kontinye preche regilyèman ak yon souri sou vizaj mwen.” Ki sa k te ede John kontinye rete aktif nan travay predikasyon an apre l te kanpe nan travay itineran li te renmen anpil la? Men sa John di: “Nan ane 1998, mwen te resevwa asiyasyon pou m anseye nan Lekòl fòmasyon ministeryèl la, depi lè sa a, mwen te fè plis etid pèsonèl pase sa m te konn fè anvan.” Li fè konnen li te pi fasil pou li menm ak madanm li fè ajisteman yo te dwe fè yo paske yo te toujou pare pou yo fè kèlkeswa bagay Jewova te mande yo fè. Li di: “Nou te fè l san nou pa regrèt anyen.”

Gen anpil lòt moun ki te wè jan pawòl ki nan Sòm 64:10 yo se verite. Ann pran egzanp yon koup ki te fè plis pase 30 an ap sèvi nan Betèl Etazini. Yo te vin resevwa asiyasyon pou y al sèvi kòm pyonye espesyal. Men sa yo admèt: “Li nòmal pou w nan lapenn lè w pèdi yon bagay ou te renmen”, men yo di: “Ou pa ka nan lapenn pou toutan.” San pèdi tan, yo te patisipe nan travay predikasyon an ansanm ak kongregasyon an. Men yon lòt bagay yo fè konnen: “Nou te priye sou yon seri bagay byen presi. E lè nou te wè repons priyè nou yo, sa te ankouraje nou e sa te fè nou gen kè kontan. Yon ti tan apre nou fin rive, gen lòt moun nan kongregasyon an ki te pran sèvis pyonye, e nou te kontan kondui de etid kote moun yo t ap fè pwogrè.”

‘KÈ KONTAN POU TOUTAN’

Natirèlman, li pa toujou fasil pou nou gen kè kontan, ka menm gen moman kote kè nou pa kontan. Poutan, Jewova te fè ekri pawòl ki nan Sòm 64:10 yo pou ban nou fòs. Menm nan moman kote nou dekouraje yo, nou ka sèten “moun ki jis yo”, ki rete fidèl menm lè yo fè fas ak kèk chanjman nan lavi yo, “ap rejwi pou sa Jewova fè pou yo”. Mete sou sa, nou kapab tann pou Jewova reyalize pwomès li te fè konsènan “yon syèl tounèf ak yon tè tounèf” la. Lè sa a, tout enpèfeksyon ap disparèt. Tout moun k ap sèvi Bondye pral “rejwi” e “kè [yo ap] kontan pou toutan” nan kèlkeswa sa l kreye ak kèlkeswa sa l bay. — Eza. 65:17, 18.

Imajine ki sa sa pral vle di lè sa a! N ap an sante nèt, e chak jou nou leve n ap chaje ak enèji. Kèlkeswa jan soufrans nou te genyen anvan sa yo te rèd, nou pap menm sonje doulè nou te genyen yo. Nou gen asirans “ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo, e yo pap gen bagay konsa nan kè yo”. Rezirèksyon an se pral yon mirak k ap fè tout moun retounen jwenn moun pa yo. Nou pa ka konte konbyen moun ki pral gen menm santiman ak paran tifi 12 an Jezi te resisite a, yo “pa t konn kote pou yo met kò yo, tèlman yo te kontan”! (Mak 5:42.) Alafen, tout moun sou tè a se pral “moun ki jis” toutbon, e yo pral “rejwi pou sa Jewova fè pou yo” pou tout letènite.