Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Nan ki sans apot Pòl te “transpòte jis nan twazyèm syèl” e li te transpòte “nan paradi”? — 2 Kor. 12:2, 4.

Nan 2 Korentyen 12:2, 3, Pòl te pale de yon mesye ki te “transpòte jis nan twazyèm syèl”. De kiyès li te vle pale? Lè l te ekri kongregasyon Korent lan, te gen yon pwen li te mete anpil aksan sou li: Bondye te sèvi avè l kòm apot (2 Kor. 11:5, 23). Apre sa, li te pale de “vizyon ak revelasyon Seyè a” te ba li. Nan kontèks la, Pòl pa t ap pale de lòt frè. Donk, lè Pòl te pale de mesye ki te resevwa vizyon ak revelasyon an, sa klè se de tèt li l t ap pale. — 2 Kor. 12:1, 5.

Donk, se Pòl ki te “transpòte jis nan twazyèm syèl” e ki “te transpòte nan paradi”. (2 Kor. 12:2, 4.) Li te sèvi ak mo “revelasyon” an, sa ki montre li t ap pale de bagay ki gen pou vini.

Ki sa “twazyèm syèl” Pòl te wè a te ye?

Nan Bib la, yo konn sèvi ak mo “syèl” la pou pale de syèl nou ka wè a (Jen. 11:4; 27:28; Mat. 6:26). Men, yo konn sèvi ak mo “syèl” la nan lòt sans tou. Pafwa, li ka fè referans ak gouvènman lèzòm yo (Dàn. 4:20-22). Oswa li ka fè referans ak dirije Bondye ap dirije pa mwayen Wayòm li an. — Rev. 21:1.

Pòl di li te wè “twazyèm syèl” la. Ki sa l te vle di menm? Pafwa, Bib la repete yon bagay twa fwa pou l met aksan sou li, pou l ba l plis fòs (Eza. 6:3; Eze. 21:27; Rev. 4:8). Sanble lè Pòl t ap pale de “twazyèm syèl” la, li t ap mete aksan sou yon gouvènman ki pi siperyè lontan pase kèlkeswa gouvènman an, anpalan de Wayòm Mesi a Jezi Kris ansanm ak 144 000 moun yo ap dirije. (Gade Étude perspicace des Écritures, volim 1, paj 473, 476.) Se de Wayòm Mesi a apot Pyè t ap pale lè l te di n ap tann “syèl tounèf” Bondye pwomèt la. — 2 Pyè 3:13.

Bon, lè Pòl te pale de “paradi” a, ki sa l te vle di?

Menm jan ak mo syèl la, mo “paradi” a ka gen plizyè sans: 1) Si n ap panse ak premye kote lèzòm te ye a, li lojik pou mo “paradi” a fè referans ak Paradi ki pral sou tè a. 2) Li ka gen rapò ak lapè sèvitè Bondye yo pral genyen ant yo menm e ak Bondye nan monn nouvo a. 3) Mete sou sa, li ka fè referans ak bèl fason bagay yo ye nan syèl la, ki se “paradi Bondye” yo pale de li nan Revelasyon 2:7 la. — Gade Toudegad 15 jiyè 2015, paj 8 paragraf 8.

Li posib pou Pòl t ap fè referans ak toule twa bagay sa yo lè l t ap pale de eksperyans li an nan 2 Korentyen 12:4.

Men sa pou n sonje:

Sanble “twazyèm syèl” Pòl pale de li nan 2 Korentyen 12:2 a se Wayòm Mesi a Jezi Kris ak 144 000 moun yo ap dirije a, e se Wayòm sa a ki “syèl tounèf” la. — 2 Pyè 3:13.

Yo rele l “twazyèm syèl” paske Wayòm nan pi siperyè lontan pase kèlkeswa gouvènman an.

Sanble “paradi” kote yo te “transfere” Pòl nan yon vizyon an se: 1) Paradi ki pral egziste sou tè a, 2) paradi espirityèl k ap la lè sa a, ki ka gen rapò ak lapè sèvitè Bondye yo pral genyen ant yo menm e ak Bondye e k ap pi bon lontan pase lapè pèp Bondye a genyen jodi a, e 3) “paradi Bondye a” ki nan syèl la k ap la anmenmtan ak Paradi k ap sou tè a nan monn nouvo a.

Selon sa nou sot wè la a, se syèl tounèf la ansanm ak tè tounèf la ki monn nouvo a. Se pral yon bagay tounèf nèt k ap gen ladan l Wayòm nan ki nan syèl la ak moun ki pral sèvi Jewova nan yon paradi sou tè a.