Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“N a wè nan Paradi a!”

“N a wè nan Paradi a!”

“W ap avè m nan Paradi a.” — LIK 23:43.

KANTIK: 145, 139

1, 2. Ki sa kèk moun panse lè yo tande mo paradi a?

SE YON evènman yo pap janm bliye! Te gen delege ki te sot nan lòt peyi ki te vin nan yon kongrè ki t ap fèt nan vil Sewoul nan peyi Kore. Pandan yo t ap kite estad la, Temwen Jewova nan peyi a te rasanble e anpil ladan yo t ap voye men toutpandan yo t ap di byen fò: “N a wè nan Paradi a!” Ki paradi w panse yo te vle di?

2 Paradi pa vle di menm bagay pou tout moun. Gen moun ki di kesyon paradi a se yon rèv. Gen lòt ki di paradi a se kèlkeswa kote yo jwenn kè kontan ak satisfaksyon. Yon moun ki grangou anpil e ki chita sou yon tab ki chaje manje ka santi l nan paradi. Gen lòt moun yo menm lè yo wè yon bèl peyizaj, yon kote ki gen anpil bèl flè, yo ka di: “Waw, la a se yon paradi!” E ou menm, ki sa w t ap di yon paradi ye? Èske w kwè ap gen yon paradi?

3. Ki sa Bib la di ki fè n panse ak yon paradi?

3 Bib la pale de yon paradi ki te egziste deja ak yon paradi ki pral genyen. Ide Paradi a parèt depi nan kòmansman Bib la. Men kòman yon tradiksyon katolik (Douay Version) ki fèt apati laten tradui Jenèz 2:8: “Depi okòmansman, Seyè a, Bondye, te plante yon paradi ki fè plezi: kote li te mete [Adan] moun li te fè a.” (Se nou ki mete mo yo ann italik.) Nan tèks ebre a, yo pale de jaden Edenn. Edenn vle di “plezi” e jaden sa a te vrèman agreyab. Te gen anpil manje, bèl peyizaj, e pakèt bèt ki te genyen yo te antann yo byen. — Jen. 1:29-31.

4. Poukisa nou ka di jaden Edenn nan te yon paradi?

4 Mo grèk yo itilize pou yo tradui mo ebre ki pou “jaden” an se paradeyisos. Gen yon ansiklopedi (Cyclopaedia M’Clintock ak Strong) ki fè konnen yon Grèk ki tande mo paradeyisos la ta ka imajine yon bèl jaden ki gwo anpil ki pwoteje kont tout bagay ki ka bay pwoblèm, kote ki gen anpil gwo pyebwa k ap bay plizyè kalite fwi, kote ki gen bèl dlo k ap koule e ki gen bon zèb pou bèt manje. — Konpare ak Jenèz 2:15, 16.

5, 6. Ki jan Paradi a te pèdi e ki kesyon sa fè nou poze?

5 Bondye te mete Adan ak Èv nan yon paradi konsa, men yo pa t rete ladan l. Sa k fè sa? Yo te vin pa kalifye pou yo ret ladan l paske yo te dezobeyi Bondye. Konsa, ni yo menm ni pitit yo t ap vin genyen yo te pèdi Paradi a (Jen. 3:23, 24). Byenke Paradi a pa t gen moun ladan l, sanble li te rete la rive jis nan epòk delij Noye a.

6 Gen kèk moun ki ka mande tèt yo: ‘Èske ap janm gen yon paradi sou tè a ankò?’ Ki sa reyalite a montre? Si w gen espwa viv nan Paradi a ak moun ou renmen yo, èske w gen bonjan rezon pou w gen espwa sa a? Èske w ka esplike rezon ki fè w kwè ap gen yon paradi toutbon?

SA KI MONTRE PRAL GEN YON PARADI

7, 8. a) Ki pwomès Bondye te fè Abraram? b) Ak ki sa pwomès Bondye te fè a te ka fè Abraram panse?

7 Pi bon kote nou ka jwenn repons yo se nan liv Sila a ki te kreye premye Paradi a te enspire a. Ann egzamine sa Bondye te di Abraram, zanmi l lan. Bondye te di Abraram li t ap fè desandan l yo vin anpil “tankou grenn sab bò lanmè”. E Jewova te fè pwomès ki vin apre a ki gen anpil enpòtans: “Grasa desandans ou, tout nasyon sou tè a ap jwenn benediksyon, paske w koute vwa m.” (Jen. 22:17, 18). Bondye te refè pitit gason ak pitit pitit gason Abraram yo menm pwomès la. — Li Jenèz 26:4; 28:14.

8 Pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Abraram te panse lèzòm pral jwenn yon rekonpans nan yon paradi ki nan syèl la. Se sa k fè, lè Bondye te di “tout nasyon sou tè a” ap jwenn benediksyon, nòmalman Abraram te gendwa panse se sou tè a y ap jwenn benediksyon sa yo. Piske se Bondye ki te fè pwomès la, Abraram te gen rezon espere ap gen yon pi bon kondisyon pou “tout nasyon sou tè a”. Èske se sèl prèv sa a Bib la bay ki montre ap gen yon paradi sou tè a?

9, 10. Ki lòt pwomès Bondye te vin fè ki ban nou rezon pou n kwè ap gen yon paradi?

9 Bondye te enspire David, youn nan desandan Abraram yo, pou l pale konsènan yon epòk kote “mechan yo pap la ankò”. (Sòm 37:1, 2, 10.) Lè sa a, “moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total”. Mete sou sa, David te fè konnen: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” (Sòm 37:11, 29; 2 Sam. 23:2). Ki efè w panse pwomès sa yo te genyen sou moun ki te vle fè volonte Bondye yo? Yo te gen rezon pou yo kwè si se sèlman moun ki jis ki pral viv sou tè a, ebyen, rive yon lè, pral gen yon paradi k ap menm jan ak jaden Edenn nan.

10 Tank tan t ap pase, pifò Izrayelit ki te di y ap sèvi Jewova yo te vire do ba li ansanm ak vrè adorasyon an. Donk, Bondye te kite Babilónyen yo pot laviktwa sou pèp li a, detwi peyi yo a epi mennen anpil nan yo ann egzil (2 Kwo. 36:15-21; Jer. 4:22-27). Men malgre sa, pwofèt Bondye yo te fè konnen apre 70 an, pèp Bondye a t ap retounen nan peyi yo. Pwofesi sa yo te reyalize. Men, yo vle di anpil bagay pou nou tou. Toutpandan n ap egzamine kèk nan yo, pa bliye sijè n ap egzamine a: pral gen yon paradi sou tè a.

11. Ki jan Ezayi 11:6-9 te akonpli, men ki kesyon ki bezwen repons?

11 Li Ezayi 11:6-9. Bondye te sèvi ak pwofèt Ezayi pou l fè konnen apre pèp Li a fin retounen nan peyi yo, yo pa t ap gen pou yo fè fas ak yon seri danje. Epitou, yo pa t ap bezwen pè pou ni bèt ki mechan ni moun ki sovaj tankou bèt pa atake yo. Timoun kou granmoun t ap an sekirite. Èske sa pa fè w sonje jan Bondye te vle pou bagay yo ye nan jaden Edenn nan (Eza. 51:3)? Pwofesi Ezayi te bay la te di tou se pa sèlman nasyon Izrayèl la ki t ap “plen konesans sou Jewova menm jan lanmè a plen dlo”, men se tout tè a. Ki lè sa pral fèt?

12. a) Ki benediksyon moun ki retounen sot ann egzil nan Babilòn yo t ap jwenn? b) Ki sa k montre Ezayi 35:5-10 gen yon lòt akonplisman?

12 Li Ezayi 35:5-10. Pi devan, Ezayi te mete aksan sou menas moun ki sot ann egzil yo pa t ap jwenn. Ni bèt ni moun pa t ap yon menas pou yo. Peyi yo a t ap pwodui anpil fwi paske t ap gen anpil dlo, menm jan jaden Edenn nan te byen wouze (Jen. 2:10-14; Jer. 31:12). Èske se t ap akonplisman sa a sèlman li t ap genyen? Pa gen anyen ki montre te gen yon mirak ki te fèt kote moun ki retounen sot ann egzil yo te jwenn gerizon. Pa egzanp, moun ki avèg yo pa t retounen wè. Donk, Bondye te montre se alavni moun yo t ap gen pou yo geri.

13, 14. Ki jan moun ki te ann egzil yo te wè reyalizasyon pwofesi ki nan Ezayi 65:21-23 a, men ki pati nan pwofesi sa a ki poko reyalize? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

13 Li Ezayi 65:21-23. Juif yo pa t tounen al viv nan kay ki konfòtab, ni yo pa t jwenn tè ki gen jaden e yo pa t jwenn jaden rezen. Men, bagay yo t ap chanje ofiramezi Bondye t ap beni yo. Se pa ti kontan yo te kontan pou yo bati kay e pou yo abite ladan yo! Yo te ka plante semans epi pwofite bon rekòt yo te fè.

14 Remake yon detay enpòtan ki nan pwofesi sa a. Èske ap gen yon epòk kote nou pral “viv anpil tan menm jan ak yon pyebwa”? Gen kèk pyebwa ki viv plizyè milye ane. Lèzòm ap bezwen gen bon sante pou yo ka viv tout tan sa a. Si yo ta rive viv nan kondisyon Ezayi te anonse a, ebyen se t ap yon rèv ki t ap vin yon reyalite, se t ap yon paradi! E pwofesi sa a pral reyalize!

Ki jan pwomès Jezi te fè konsènan Paradi a pral reyalize? (Gade paragraf 15, 16.)

15. Ki jan w t ap rezime kèk nan benediksyon yo site nan liv Ezayi a?

15 Fè yon ti reflechi sou jan pwomès nou fèk egzamine yo montre ap gen yon paradi alavni: Moun sou tout tè a pral jwenn benediksyon Bondye. Ni bèt ni moun ki sovaj tankou bèt pap reprezante yon danje pou pèsonn. Moun ki avèg, moun ki soud ak moun ki andikape yo pral geri. Moun pral kapab bati pwòp kay yo e yo pral kontan fè jaden ki bay bon manje. Yo pral viv pi lontan pase pyebwa. Vrèmanvre, nou jwenn bonjan prèv nan Bib la ki montre bagay sa yo gen pou fèt alavni. Malgre sa, gen kèk moun ki gendwa fè konprann pwofesi sa yo pa vrèman ap pale sou yon paradi ki pral gen sou tè a. Ki repons ou t ap bay? Ki bonjan rezon w genyen ki fè w kwè pral gen yon paradi sou tè a? Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a bay yon bon rezon.

W AP NAN PARADI A!

16, 17. Nan ki sikonstans Jezi te pale konsènan Paradi a?

16 Byenke Jezi te inosan, yo te kondane l e yo te mete l sou yon poto pou l mouri ansanm ak de bandi juif, youn agoch, youn adwat. Gen youn ladan yo, anvan l mouri, ki te rekonèt Jezi se yon wa. Men sa l te mande Jezi: “Jezi, sonje m lè w vin wa.” (Lik 23:39-42). Repons Jezi te bay nou jwenn nan Lik 23:43 a konsène avni nou. Gen plizyè opinyon sou fason pou tradui vèsè sa a. Gen kèk biblis ki fè konnen, nan lang orijinal la, vèsè sa a vle di: “Mwen pwomèt ou sa, jodi a w ap avè m nan Paradi a.” Men, se pa tout moun ki dakò se sans sa a vèsè a genyen vre. Donk, ki sa Jezi te vle di menm lè l te di “jodi a”?

17 Nan anpil lang ki gen jodi a, pou yo ka bay sans yon fraz oswa pou yo fè l pi klè, yo sèvi ak siy ponktiyasyon oswa yo ranje mo yo yon fason nan fraz la. Men, nan premye maniskri grèk yo, yo pa t konn toujou sèvi ak siy ponktiyasyon. Donk, nou ka ap mande tèt nou: Èske Jezi te vle di, “Mwen pwomèt ou: Jodi a w ap avè m nan Paradi a”? Oswa èske li te vle di, “Mwen pwomèt ou jodi a: W ap avè m nan Paradi a”? Tradiktè yo ka chanje fòm fraz la selon sa yo panse Jezi te vle di, e ou ka jwenn toude fòm yo nan tradiksyon Labib moun plis itilize yo.

18, 19. Ki sa ki ka ede nou konprann sa Jezi te vle di?

18 Men, sonje sa Jezi te di disip li yo anvan sa: “Pitit lòm nan ap fè twa jou twa nuit nan vant tè a.” Li te di tou: “Yo gen pou yo trayi Pitit lòm nan, pou yo livre l nan men lèzòm, e y ap touye l, epi sou twazyèm jou a Bondye ap leve l.” (Mat. 12:40; 16:21; 17:22, 23; Mak 10:34). Apot Pyè fè konnen sa te rive vre (Tra. 10:39, 40). Donk, Jezi pa t al nan okenn Paradi jou ni li menm ni bandi an te mouri a. Jezi te “nan Tonm [oswa “Adès”]” pandan kèk jou jiskaske Bondye te resisite l. — Tra. 2:31, 32; nòt *.

19 Donk, nou ka konprann pwomès Jezi te fè bandi a te kòmanse konsa: “Anverite m ap di w sa jodi a.” Yo te abitye pale konsa menm nan epòk Moyiz la. Men sa Moyiz te di: “Se pou pawòl sa yo m ap di nou jodi a rete nan kè nou.” — Det. 6:6; 7:11; 8:1, 19; 30:15.

20. Ki sa k fè nou konprann sa Jezi te di a jan nou konprann li an?

20 Men sa yon tradiktè Labib ki soti nan zòn kote Jezi te viv lè l te sou tè a te di konsènan repons Jezi te bay la: “Nan tèks sa a, y ap mete aksan sou mo ‘jodi a’ e li ta dwe konsa: ‘Anverite mwen di w sa jodi a, w ap avè m nan Paradi a.’ Pwomès la te fèt nan jou sa a, men li dwe reyalize alavni. Fason moun nan zòn sa a abitye pale montre pwomès la te fèt yon jou men y ap respekte l kanmenm.” Se sa k fè, gen yon tradiksyon nan lang siryak nan senkyèm syèk la ki tradui repons Jezi te bay la konsa: “Amèn, m ap di w sa jodi a, w ap avè m nan Jaden Edenn nan.” Se pa ti ankouraje pwomès sa a dwe ankouraje nou tout.

21. Ki privilèj Jezi pa t bay bandi a, e poukisa?

21 Bandi ki t apral mouri a pa t konnen Jezi te fè yon alyans ak apot fidèl li yo pou y al dirije avè l nan Wayòm nan ki nan syèl la (Lik 22:29). Epitou, bandi a pa t menm batize (Jan 3:3-6, 12). Donk, nou ka konprann pwomès Jezi te fè l la dwe gen rapò ak yon paradi sou tè a. Kèk ane annapre, apot Pòl te pale de yon vizyon kote li te wè yon mesye ki “transpòte nan paradi”. (2 Kor. 12:1-4.) Kontrèman ak bandi ki t apral mouri a, yo te chwazi apot Pòl ak lòt apot fidèl yo pou y al nan syèl la pou y al dirije ak Jezi nan Wayòm nan. Aktout sa, Pòl t ap fè referans ak yon bagay ki gen pou rive alavni, anpalan de yon “paradi” ki gen pou vini *. Èske sa gen rapò ak tè a? Èske w ap kapab la?

SA W KA ATANN

22, 23. Ki sa w ka espere?

22 Sonje David te fè konnen gen yon lè k ap rive kote “moun ki jis yo gen pou yo posede tè a”. (Sòm 37:29; 2 Pyè 3:13.) David t ap fè referans ak yon moman kote moun ki sou tè a pral viv jan prensip jis Bondye yo mande sa. Men sa pwofesi ki nan Ezayi 65:22 a di: “Pèp mwen an ap viv anpil tan menm jan ak yon pyebwa.” Sa montre lèzòm pral viv pandan plizyè milye ane. Èske nou ka kwè sa? Wi, selon Revelasyon 21:1-4, Bondye pral voye je gade lèzòm, e pami benediksyon li pwomèt yo “pap gen lanmò ankò”. Moun ki pral sèvi Bondye nan monn nouvo jis li a pap mouri.

23 Kidonk, sa Bib la anseye sou Paradi a klè. Adan ak Èv te pèdi Paradi ki te gen ann Edenn nan, men Paradi a pa t pèdi pou toutan. Jan Bondye te pwomèt sa, moun ki sou tè a pral jwenn benediksyon. Bondye te enspire David pou l fè konnen moun ki gen imilite yo ak moun ki jis yo pral posede tè a e yo pral viv sou li pou toutan. Pwofesi ki nan liv Ezayi a dwe fè nou anvi wè jan bagay yo pral bèl. Ki lè sa ap fèt? Lè pwomès Jezi te fè Juif ki bandi a reyalize. Ou kapab la nan Paradi sa a. Lè sa a, pawòl yo te di delege nan peyi Kore yo pral reyalize: “N a wè nan Paradi a!”

^ § 18 Pwofesè Marvin Pate te fè konnen anpil biblis kwè lè Jezi te di “jodi a”, li te vle di li t ap mouri e li t ap nan Paradi menm jou a oswa nan 24 èdtan. Pwofesè a te fè konnen pwoblèm ki genyen ak esplikasyon sa a se paske li pa ann amoni ak lòt verite ki nan Bib la. Pa egzanp, Bib la di Jezi te nan Tonm apre li fin mouri e annapre li monte nan syèl. — Mat. 12:40; Tra. 2:31; Wom. 10:7.

^ § 21 Gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad sa a.