Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

George Rollston ak Arthur Willis, de pyonye ki kanpe pou met dlo nan machin yo. — Nan nò tèritwa a, 1933.

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

“Pa gen wout ki twò rèd oswa ki twò long”

“Pa gen wout ki twò rèd oswa ki twò long”

JOU ki te 26 mas 1937 la, te gen de mesye ki t ap vwayaje tou fatige ki t ap kondui yon ti kamyon tou dousman ki kouvri ak pousyè nan Sidne, ann Ostrali. Depi lè yo te kite vil la, sa gen ennan, yo te fè plis pase 19 300 kilomèt ap vwayaje nan kèk zòn ki pi lwen e ki pi difisil nan kontinan an. Mesye sa yo se pa t moun ki t ap chèche dekouvri zòn nan. Arthur Willis ak Bill Newlands se te jis de pyonye zele ki te detèmine pou y al preche bon nouvèl Wayòm Bondye a nan gwo tèritwa ki pi lwen nan peyi Ostrali.

Rive nan fen ane 1920 yo, ti kantite Etidyan Labib * ki te gen ann Ostrali yo te plis preche nan bouk yo, nan vil ki bò lanmè yo ak toupre zòn sa yo. Nan zòn ki pa pre lanmè yo, gen moun ki epapiye nan tèritwa pi lwen nan peyi Ostrali yo, se yon zòn ki sèk e ki pi gwo pase mwatye peyi Etazini. Men, frè yo te byen konnen disip Jezi yo dwe al bay temwayaj sou li “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”, tankou tèritwa ki pi lwen ann Ostrali yo (Tra. 1:8). Bon, ki jan yo t ap rive fè yon gwo travay konsa? Piske yo te gen lafwa total Jewova t ap beni efò yo, yo te detèmine pou yo fè tout sa yo kapab.

PYONYE YO PREPARE WOUT LA

An 1929, plizyè kongregasyon nan Kwinzlann ak nan lwès Ostrali te fè plizyè machin ki gen tout sa yo bezwen pou yo preche nan tèritwa ki pa pre lanmè yo. Chofè yo te yon seri pyonye ki vanyan ki te ka sipòte yon seri kondisyon ki difisil e ki te ka repare machin yo lè yo an pàn. Pyonye sa yo te preche anpil kote ki potko janm resevwa temwayaj.

Pyonye ki pa t ka gen machin yo t al nan tèritwa sa yo sou bisiklèt. Pa egzanp, an 1932, Bennett Brickell ki te gen 23 an te fè yon vwayaj ki te dire senk mwa, soti Wòkamtonn, Kwinzlann, toutpandan l t ap preche nan tèritwa ki pi lwen nan nò zòn nan. Li te pote lenn, rad, manje, ak yon pakèt liv sou bisiklèt li a ki te byen chaje. Lè kawotchou bisiklèt li a te fini, li te kontinye wout li ak konfyans Jewova t ap gide l. Li te pouse bisiklèt li a sou rès 320 kilomèt ki te rete yo nan zòn kote swaf te konn touye moun. Pandan 30 an ki te vin apre yo, frè Brickell te fè plizyè santèn milye kilomèt ap vwayaje nan tout Ostrali sou bisiklèt, sou moto ak nan machin. Se li ki te kòmanse preche Aborijèn yo, li te patisipe nan fòme nouvo kongregasyon, yo te byen konnen l e yo te respekte l nan zòn ki byen lwen yo.

YO TE FÈ FAS AK ANPIL PWOBLÈM

Ostrali se youn nan peyi nan monn nan ki gen mwens moun k ap viv nan menm zòn, sitou zòn ki byen lwen yo kote moun yo pap viv toupre youn lòt. Se sa k fè pèp Jewova a te detèmine pou l jwenn moun ki ret nan zòn ki byen lwen nan kontinan an.

Stuart Keltie ak William Torrington se de pyonye ki te gen yon detèminasyon konsa. An 1933, yo te travèse Dezè Simsonn, yon gwo dezè ki chaje ak pil sab, pou yo t al preche nan vil Alispringz ki nan mitan kontinan an. Lè ti machin yo a te vin an pàn e yo te oblije abandone l, frè Keltie ki te gen yon janm ki fèt an bwa te kontinye vwayaj predikasyon l lan, men fwa sa a, li te vwayaje sou chamo! Travay pyonye yo te bay bon rezilta lè yo te rankontre yon moun ki te gen yon otèl nan Wilyamkrik, yon estasyon tren ki te byen lwen. Charles Bernhardt, mèt otèl la, te vin aksepte laverite annapre, li te vann otèl la e l te fè 15 an pyonye poukont li nan kèk zòn ann Ostrali ki pi lwen e ki gen plis sechrès.

Arthur Willis k ap prepare l pou l al preche nan gwo tèritwa ki byen lwen ann Ostrali. — Vil Pèt, nan lwès Ostrali, 1936.

Li klè, pyonye yo te bezwen gen kouraj ak andirans pou yo fè fas ak pakèt pwoblèm yo te jwenn yo. Yon lè, pandan Arthur Willis ak Bill Newlands, nou te pale de yo nan entwodiksyon an, t ap preche nan zòn ki byen lwen ann Ostrali yo, yo te fè de semèn ap travay di pou yo vwayaje sou yon distans 32 kilomèt paske gwo lapli te fè dezè a vin tounen yon ma labou. Pafwa, yo te konn ap swe e yo te konn redi anba gwo chalè pou yo pase ak machin yo sou yon pakèt gwo pil sab, yo te konn travèse vale ki chaje ak wòch ak ravin ki chaje ak sab. Lè machin yo te an pàn, e sa te konn rive souvan, yo te konn fè plizyè jou apye oubyen sou bisiklèt pou y al nan vil ki pi pre a e yo te konn pase plizyè semèn ap tann pyès machin yo bezwen yo. Malgre tètchaje sa yo, yo pa t janm dekouraje. Men sa Arthur Willis te di pandan l t ap rezime yon deklarasyon yo te fè nan jounal ki te rele Epòk annò a (anglè): “Pa gen wout ki twò rèd oswa ki twò long pou temwen Li yo.”

Charles Harris, ki te pase anpil tan kòm pyonye, te esplike malgre l te lwen lòt moun e l te jwenn anpil pwoblèm nan tèritwa sa yo, sa te fè l vin pi pwòch Jewova. Men sa l te ajoute: “Li pi fasil lontan pou yon moun viv ak mwens bagay posib. Si Jezi te dispoze dòmi nan seren lè sa te nesesè, nou ta dwe kontan fè menm bagay la nan asiyasyon nou lè sa nesesè.” E se sa plizyè pyonye te fè. Grasa gwo efò yo te fè, bon nouvèl la te rive nan tout rakwen nan kontinan an, sa ki te ede yon pakèt moun pran pozisyon pou Wayòm Bondye a.

^ § 4 Etidyan Labib yo te vin pote non Temwen Jewova an 1931. — Eza. 43:10.