Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ranson an: Yon “kado pafè” Papa a ban nou

Ranson an: Yon “kado pafè” Papa a ban nou

‘Tout bèl don ak tout kado pafè sot nan men Papa a.’ — JAK 1:17.

KANTIK: 148, 109

1. Ki benediksyon ranson an pèmèt moun jwenn?

GEN anpil benediksyon ki vin posib grasa sakrifis ranson Jezi Kris la. Ranson an ouvri pòt pou finalman tout pitit Adan ki renmen sa ki jis vin fè pati fanmi Bondye. Anplis de sa, Ranson an fè l vin posib pou n viv pou toutan ak kè kontan. Aktout sa, ranson Kris la fè plis pase annik pèmèt moun ki obeyisan yo gen posiblite gen yon bèl avni. Lefètke Jezi te dispoze mouri toutpandan l ap defann sa Jewova wè ki jis, sa soulve yon seri kesyon ki gen anpil enpòtans. — Ebre 1:8, 9.

2. a) Ki kesyon ki gen anpil enpòtans Jezi te site nan priyè modèl li a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Anviwon dezan anvan Jezi te mouri pou l bay sakrifis ranson an, men ki jan li te montre disip li yo priye: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” (Mat. 6:9, 10). Pou n ka gen plis rekonesans pou ranson an, ann egzamine ki rapò li genyen ak fè non Bondye vin sen, ak dominasyon Wayòm Bondye a e ak reyalizasyon objektif Bondye.

“SE POU NON W VIN SEN”

3. Ak ki sa non Jewova gen rapò, e ki jan Satan te lage vèni sou non sakre sa a?

3 Nan priyè modèl Jezi te fè a, premye bagay li te mande se pou non Bondye vin sen. Non Jewova gen rapò ak tout grandè li genyen, ak tout glwa li ak sentete l. Lè Jezi t ap pale ak Jewova nan yon lòt priyè, li te di: “Papa, ou menm ki sen.” (Jan 17:11). Piske Jewova sen, tout prensip ak tout lwa li bay sen tou. Malgre sa, nan jaden Edenn nan, avèk riz, Satan te simen dout sou dwa Bondye genyen pou l bay moun prensip pou yo suiv. Lè Satan te bay manti sou Jewova a, li te lage vèni sou non Bondye ki sen. — Jen. 3:1-5.

4. Ki jan Jezi te travay pou non Bondye vin sen?

4 Yon lòt bò, Jezi te vrèman renmen non Jewova (Jan 17:25, 26). Jezi te travay pou non Bondye vin sen. (Li Sòm 40:8-10.) Lefètke Jezi te gen yon konduit ki pafè sou tè a, li te montre se yon bagay ki rezonab e ki kòrèk pou Jewova bay kreyati entèlijan l yo prensip pou yo suiv. Menm lè Satan te fè Jezi mouri yon fason ki terib, Jezi te ret fidèl ak Papa l ki nan syèl la nan tout bagay. Piske Jezi te fidèl, li te montre yon moun ki pafè kapab kontinye obeyi prensip Bondye yo ki jis yon fason ki pafè.

5. Ki jan nou ka travay pou non Bondye vin sen?

5 Ki jan nou ka montre nou renmen non Jewova? Nou ka montre sa nan konduit nou. Jewova mande nou pou nou sen. (Li 1 Pyè 1:15, 16.) Sa vle di pou nou adore Jewova sèlman e pou nou obeyi l ak tout kè nou. Menm lè yo pèsekite nou, nou fè tout sa n kapab pou n viv ann amoni ak prensip li yo e ak lwa l yo ki jis. Lè n aji yon fason ki dwat, nou fè limyè nou briye, konsa nou pèmèt non Jewova jwenn glwa (Mat. 5:14-16). Antanke moun ki sen, nou montre nan fason nou mennen lavi nou lwa Jewova yo bon e akizasyon Satan yo se manti. Lè n peche, kòm nou tout konn fè peche, nou repanti sensèman e nou vire do bay move aksyon ki dezonore Jewova. — Sòm 79:9.

6. Sa k fè Jewova kapab konsidere nou kòm moun ki jis malgre nou enpafè?

6 Sou baz sakrifis Kris la, Jewova padone peche moun ki demontre lafwa yo. Li aksepte moun ki vwe lavi yo ba li antanke adoratè l. Jewova deklare kretyen li chwazi pou al nan syèl yo jis antanke pitit li e li konsidere moun ki fè pati “lòt mouton” yo kòm zanmi l antanke moun ki jis (Jan 10:16; Wom. 5:1, 2; Jak 2:21-25). Se sa k fè, menm jodi a, ranson an pèmèt Papa nou konsidere nou kòm moun ki jis k ap travay pou fè non l vin sen.

“SE POU WAYÒM OU AN VINI”

7. Ki benediksyon n ap jwenn anba dominasyon Wayòm nan grasa ranson an?

7 Nan priyè modèl Jezi te fè a, men sa l te mande Bondye annapre: “Se pou Wayòm ou an vini.” Ki rapò ranson an genyen ak Wayòm Bondye a? Grasa ranson an, li vin posib pou yo rasanble 144 000 moun pou yo sèvi antanke wa ak prèt ansanm ak Kris nan syèl la (Rev. 5:9, 10; 14:1). Jezi ak moun ki pral dirije ansanm avè l yo, ki fòme Wayòm Bondye a, pral fè moun ki obeyisan yo jwi byenfè ranson an pral pote yo sou yon peryòd mil an. Tè a ap tounen yon paradi, e tout moun ki fidèl yo ap vin pafè, sa k ap fè kreyati ki nan syèl yo ak sa yo ki sou tè a gen tèt ansanm antanke sèl fanmi Bondye a (Rev. 5:13; 20:6). Jezi pral kraze tèt sèpan an e l ap efase tout tras rebelyon Satan an nan linivè. — Jen. 3:15.

8. a) Ki jan Jezi te ede disip li yo wè enpòtans Wayòm Bondye a? b) Ki jan nou montre n ap soutni Wayòm nan jodi a?

8 Pandan Jezi te sou tè a, li te ede disip li yo wè enpòtans Wayòm Bondye a. Kou Jezi te fin batize, li te anonse “bon nouvèl Wayòm Bondye a” toupatou (Lik 4:43). Nan dènye pawòl Jezi te di disip li yo anvan l retounen nan syèl la, li te di yo dwe sèvi l temwen “rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Tra. 1:6-8.) Travay predikasyon Wayòm nan bay moun toupatou sou tè a posiblite pou yo aprann konn sa ranson an ye ak posiblite pou yo viv anba dominasyon Wayòm Bondye a. Jodi a, nou montre nou soutni Wayòm nan lè n ede frè Kris yo ki sou tè a nan travay yo genyen pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout tè a. — Mat. 24:14; 25:40.

“SE POU VOLONTE W FÈT”

9. Poukisa nou mèt gen konfyans Jewova ap reyalize objektif li gen pou lèzòm?

9 Ki sa Jezi te vle di lè l te di annapre: “Se pou volonte w fèt”? Se Jewova ki Kreyatè a. Yonfwa Jewova fin di yon bagay ap fèt se kòmsi l te deja fèt (Eza. 55:11). Li pap pèmèt rebelyon Satan te fè a fè l chanje objektif li gen pou lèzòm. Depi okòmansman, se te volonte Jewova pou tè a plen ak pitit Adan ak Èv ki pafè (Jen. 1:28). Si Adan ak Èv te mouri san yo pa t fè pitit, objektif Bondye te genyen pou tè a plen ak desandan Adan ak Èv pa t ap reyalize. Se sa k fè, apre Adan ak Èv te fin peche, Jewova te pèmèt yo fè pitit. Grasa ranson an, Bondye bay tout moun ki demontre lafwa posiblite pou yo vin pafè e pou yo viv pou toutan. Jewova renmen moun e se volonte l pou moun ki obeyisan yo viv jan l te vle a.

10. Ki byenfè ranson an pote pou moun ki mouri yo?

10 Sa n ka di pou plizyè milya moun ki mouri san yo pa t gen posiblite aprann konnen Jewova pou yo te ka sèvi l? Grasa ranson an, Bondye pral resisite moun ki mouri yo. Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou pral fè yo retounen viv ankò e l pral ba yo posiblite pou yo aprann konnen objektif li pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an (Tra. 24:15). Jewova vle pou moun viv, li pa vle yo mouri. Antanke Sous lavi a, l ap vin Papa tout moun ki resisite yo (Sòm 36:9). Kidonk, li nòmal pou Jezi anseye n pou n priye “Papa nou ki nan syèl la”. (Mat. 6:9.) Jewova bay Jezi yon wòl enpòtan nan travay resisite moun nan (Jan 6:40, 44). Nan Paradi a, Jezi pral jwe wòl li antanke sila a ki se “rezirèksyon an [ak] lavi a”. — Jan 11:25.

11. Ki volonte Bondye pou “gwo foul moun” nan?

11 Jewova pa montre l donan sèlman ak kèk moun espesyal, paske men sa Jezi te di: “Kèlkeswa moun ki fè volonte Bondye, se moun sa a ki frè m, ki sè m, ki manman m.” (Mak 3:35). Se volonte Bondye pou yon “gwo foul moun” pèsonn pa ka konte ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi ak lang vin adore l. Moun ki demontre lafwa nan sakrifis ranson Kris la e ki fè volonte Bondye kapab pami moun k ap rele byen fò yo e k ap di: “Se Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, ak Ti Mouton an ki sove nou.” — Rev. 7:9, 10.

12. Ki jan objektif Jewova gen pou moun ki obeyisan yo parèt nan priyè modèl la?

12 Objektif Jewova gen pou moun ki obeyisan yo parèt nan sa Jezi te mande nan priyè modèl la. Ann amoni ak priyè sa a, nou vle fè tout sa n kapab pou n fè non Jewova vin sen, oubyen pou n respekte non sa a antanke yon non ki sen (Eza. 8:13). Non Jezi vle di “Jewova se delivrans”, e delivrans nou jwenn grasa ranson an fè non Jewova jwenn onè ak glwa. Bondye ap sèvi ak Wayòm li an pou l fè moun ki obeyisan yo jwenn byenfè grasa ranson an. Vrèmanvre, priyè modèl Jezi te fè a ban nou asirans pa gen anyen ki ka anpeche volonte Bondye fèt. — Sòm 135:6; Eza. 46:9, 10.

MONTRE W GEN REKONESANS POU RANSON AN

13. Ki sa nou montre lè nou batize?

13 Youn nan fason ki enpòtan nou montre rekonesans nou pou ranson an se lè n vwe lavi nou bay Jewova sou baz lafwa nou gen nan ranson an e lè nou batize. Lè n batize, sa montre “se byen Jewova nou ye”. (Wom. 14:8.) Li reprezante demann nou fè Bondye pou n gen yon bon konsyans (1 Pyè 3:21). Jewova reponn demann sa a lè l pirifye nou ak san Kris te vèse kòm sakrifis la. Nou gen yon konfyans total l ap ban nou tout sa l pwomèt nou. — Wom. 8:32.

Ki fason nou montre rekonesans nou pou ranson an? (Gade paragraf 13, 14.)

14. Poukisa nou resevwa lòd pou nou renmen pwochen nou?

14 Ki lòt fason ankò nou ka montre rekonesans nou pou ranson an? Piske tout sa Jewova fè se lanmou ki pouse l fè yo, se volonte l pou tout adoratè l yo demontre lanmou kòm prensipal kalite yo (1 Jan 4:8-11). Nou montre nou vle vin “pitit Papa nou ki nan syèl la” lè n renmen pwochen nou (Mat. 5:43-48). Lòd pou nou renmen pwochen nou vin tousuit apre lòd pou nou renmen Jewova (Mat. 22:37-40). Youn nan fason ki enpòtan nou montre lanmou pou pwochen nou se lè n obeyi lòd pou n preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. Lè n montre nou renmen lòt moun, nou reflete glwa Bondye. Donk, lanmou pou Bondye “konplè nan nou” lè nou obeyi lòd li bay pou n renmen lòt moun, sitou frè ak sè nou yo. — 1 Jan 4:12, 20.

GRASA RANSON AN, JEWOVA FÈ “TAN SOULAJMAN” AN RIVE

15. a) Ki benediksyon nou jwenn depi kounye a nan men Jewova? b) Ki benediksyon k ap tann nou?

15 Chemen pou n jwenn padon nèt la ouvri devan nou lè n demontre lafwa nan ranson an. Pawòl Bondye a ban nou asirans peche nou yo kapab “efase”. (Li Travay 3:19-21.) Jan nou te egzamine sa pi wo a, sou baz ranson an, Jewova adopte sèvitè l li chwazi grasa lespri sen l yo antanke pitit li (Wom. 8:15-17). Pou nou menm ki fè pati “lòt mouton” yo, se kòmsi Jewova te fè yon sètifika adopsyon ki gen non nou sou li. Apre nou fin pafè e nou pase dènye eprèv la, Jewova ap kontan siyen sètifika sa a, se kòmsi l ap adopte nou kòm pitit li renmen anpil ki sou tè a (Wom. 8:20, 21; Rev. 20:7-9). Lanmou Jewova genyen pou pitit li yo ki gen anpil valè pou li ap la pou toutan. Byenfè ranson an pral pote yo ap la pou toutan (Ebre 9:12). Kado sa a pap janm pèdi valè. Pa gen okenn moun oswa okenn pisans ki ka retire l nan men nou.

16. Ki jan ranson an pèmèt nou vin lib toutbon?

16 Pa gen anyen Dyab la kapab fè pou l anpeche tout moun ki repanti toutbon yo rive fè pati fanmi Jewova. Jezi te vin sou tè a e l te mouri “yon fwa pou tout”. Konsa, li te peye ranson an pou toutan (Ebre 9:24-26). Ranson an anile kondanasyon nou te eritye nan men Adan an nèt. Grasa sakrifis Kris la, nou vin lib paske nou pa esklav monn sa a ki anba kontwòl Satan, e nou pap viv kòm moun ki pè lanmò ankò. — Ebre 2:14, 15.

17. Ki sa lanmou Jewova gen pou ou pouse w fè?

17 Nou ka gen yon konfyans total nan pwomès Bondye fè yo. Menm jan nou ka toujou fè lwa Jewova tabli nan kreyasyon l lan konfyans, se konsa tou, nou ka toujou konte sou Jewova. Li pa chanje (Mal. 3:6). Jewova ban nou plis bagay lontan pase lavi. Li ban nou lanmou. “Nou vin konnen Bondye gen lanmou pou nou, e nou kwè sa. Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:16). Tout tè a pral tounen yon paradi kote moun pral viv ak kè kontan, e tout moun sou tè a pral reflete lanmou Bondye. Annou met ansanm ak kreyati fidèl Bondye yo ki nan syèl la pou n di: “Louwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pisans ak fòs pou Bondye nou an pou tout tan gen tan. Amèn.” — Rev. 7:12.