TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Janvye 2017

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 27 fevriye pou rive 2 avril 2017.

Yo te ofri tèt yo volontèman

Gen anpil sè selibatè k al sèvi aletranje ki te pè fè sa. Ki jan yo te fè jwenn kouraj yo te bezwen an. Ki sa yo te aprann nan sèvis yo aletranje?

“Mete konfyans ou nan Jewova epi fè sa ki bon”

Jewova kontan fè pou nou sa nou pa kapab fè pou tèt nou. Men, li vle n fè sa nou kapab. Ki jan tèks pou ane 2017 la ede n kenbe ekilib nou?

Bay libète n genyen pou n deside a anpil valè

Ki sa libète pou moun deside a ye e ki sa Bib la anseye sou sa? Ki jan w ka montre ou respekte libète lòt moun genyen pou yo deside?

Rezon ki fè li toujou bon pou n konn limit nou

Sa sa vle di pou yon moun konn limit li, e ki rapò sa gen ak imilite? Poukisa l enpòtan pou n chèche gen kalite sa a?

Nou ka ret nan limit nou menm lè n jwenn eprèv

Ki jan n kapab ret nan limit nou lè sitiyasyon n chanje, lè moun ap kritike n oswa lè y ap fè lwanj pou nou, ak lè nou pa konn ki sa pou n fè?

‘Konfye bagay sa yo bay gason ki fidèl’

Ki jan frè ki pi aje yo kapab ede frè ki pi jèn yo aksepte plis responsablite? Ki jan frè ki pi jèn yo ka montre yo bay frè ki gen plizyè ane depi yo pran latèt yo anpil valè?

Èske w te konnen?

Nan epòk yo te ekri Bib la, ki jan yo te konn vwayaje ak dife sot nan yon zòn al nan yon lòt?