Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Li bay moun ki fatige yo fòs’

‘Li bay moun ki fatige yo fòs’

Men tèks pou ane 2018 la: “Moun ki met espwa yo nan Jewova ap repran fòs.” — EZA. 40:31.

KANTIK: 3, 47

1. Ak ki presyon nou oblije fè fas, e ki rezon Jewova genyen pou l pran plezi nan sèvitè fidèl li yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

JAN W konn sa deja, pa gen okenn fason yon moun ka viv nan sistèm sa a san l pa jwenn pwoblèm. Gen anpil nan frè ak sè nou renmen anpil yo k ap lite anba maladi grav. Gen lòt, aktout yo gen anpil ane depi yo an sante, y ap pran swen moun nan fanmi yo ki aje. Gen lòt ankò k ap goumen jis pou yo bay fanmi yo sa yo gen bezwen, men yo pap chèche viv nan liks. Epitou, nou konnen gen anpil moun k ap fè fas ak plizyè pwoblèm alafwa! Sa lakòz yo depanse yon pakèt tan ak yon pakèt enèji nan domèn afektif, san wete kantite lajan sa koute yo. Aktout sa, nou gen yon konfyans total nan pwomès Bondye yo e n gen yon lafwa solid nan yon pi bon lavi ki gen pou vini. Se pa ti kontan sa dwe fè Jewova kontan!

2. Ki ankourajman nou ka jwenn nan Ezayi 40:29, men, ki erè grav nou ka fè?

2 Sepandan, èske pafwa w konn santi presyon w jwenn nan lavi a vle pote w ale? Si sa konn rive w, konnen se pa ou menm sèl. Bib la montre sèvitè fidèl nan tan lontan yo te konn santi yo about souvan (1 Wa 19:4; Jòb 7:7). Sepandan, olye yo te bay legen, yo te konte sou Jewova pou yo jwenn fòs. Yo pa t regrèt yo te fè sa, paske Bondye nou an ‘bay moun ki fatige yo fòs’. (Eza. 40:29.) Malerezman, nan epòk nou an, gen kèk moun nan pèp Bondye a ki panse pi bon fason pou yo fè fas ak presyon yo jwenn nan lavi a se lè yo swadizan ‘pran yon poz nan laverite’, kòmsi aktivite n ap fè antanke kretyen an se yon chay pou yo olye l se yon benediksyon. Konsa, yo sispann li Pawòl Bondye a, yo sispann asiste reyinyon kongregasyon an e yo sispann patisipe nan travay predikasyon an, egzakteman jan Satan atann y ap fè a.

3. a) Ki jan n ka kontrekare objektif Satan genyen pou l fè nou vin fèb la? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

3 Dyab la byen konnen lè n bay tout nou menm nan aktivite kretyen yo sa ka ban nou fòs, e l pa vle nou vin djanm. Se sa k fè, lè n santi nou fèb nan domèn fizik ak afektif, pinga nou vire do bay Jewova. Chèche vin pi pwòch avè l paske “l ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm”. (1 Pyè 5:10; Jak 4:8.) Nan atik sa a, nou pral egzamine de sitiyasyon ki ka lakòz nou vin ralanti nan sèvis n ap bay Bondye a, e n pral wè ki jan lè n suiv prensip ki nan Bib la sa ka ede n fè fas ak pwoblèm yo. Men, anvan sa, ann pale sou kapasite Jewova genyen pou l fòtifye nou, jan sa parèt nan Ezayi 40:26-31.

MOUN KI MET ESPWA YO NAN JEWOVA AP REPRAN FÒS

4. Ki leson nou ka aprann nan Ezayi 40:26?

4 Li Ezayi 40:26. Pa gen okenn moun ki ka konte tout zetwal ki gen nan linivè. Syantifik yo kwè ka gen anviwon 400 milya zetwal nan galaksi nou an sèlman ki rele Lavwa lakte. Sepandan, Jewova bay chak zetwal yon non oswa l rele yo chak nan non yo. Ki leson nou aprann? Si Jewova montre l enterese pèsonèlman nan kreyasyon l lan ki pa gen vi, imajine ki jan l santi l konsènan ou menm k ap sèvi l paske w renmen l, men, se pa paske w te pwograme pou w fè sa (Sòm 19:1, 3, 14)! Papa nou ki renmen n anpil la konnen n fen e byen. “Ata branch cheve nan tèt nou li konte.” (Mat. 10:30). Epitou, men ki asirans youn nan moun ki te ekri sòm yo ban nou: “Jewova konnen sa moun ki san repwòch yo ap pase.” (Sòm 37:18). Vrèmanvre, li konn ki eprèv n ap andire e l ka ban n fòs pou n andire yo chak.

5. Ki jan n ka gen asirans Jewova kapab fòtifye nou?

5 Li Ezayi 40:28. Jewova se Sous tout enèji. Pa egzanp, ann konsidere kantite enèji li mete nan solèy nou an sèlman. Men sa yon ekriven syantifik ki rele David Bodanis te di: “Kantite enèji solèy nou an degaje chak segonn se menm ak kantite enèji ki gen nan [plizyè milya] bonm [atomik].” Selon kalkil yon lòt syantifik fè, li fè konnen “nan yon segonn sèlman, [solèy la] degaje [...] ase enèji pou pèmèt lèzòm jwenn sa yo bezwen pandan 200 000 ane”! Èske yon moun ka gen dout Sila a ki “ranpli” solèy la ak enèji li genyen an ka ban nou fòs nou bezwen pou n fè fas ak kèlkeswa pwoblèm nou genyen?

6. Nan ki sans jouk Jezi a fasil pou moun pote, e ki efè sa ta dwe gen sou nou lefètke n konn sa?

6 Li Ezayi 40:29. Lè yon moun ap sèvi Jewova, sa fè l gen anpil kè kontan. Jezi te di disip li yo: “Pran jouk mwen an met sou zepòl nou.” Epi, li te di tou: “N ap jwenn fòs [...]. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” (Mat. 11:28-30). Se pa ti verite ki gen nan pawòl sa yo! Pafwa, nou ka santi n fatige lè n kite kay nou pou n al asiste yon reyinyon nan kongregasyon an oswa pou n al nan travay predikasyon an. Men, ki jan n konn santi n lè n retounen? Nou gen fòs, sa vle di nou pi byen prepare pou n fè fas ak pwoblèm lavi a. Vrèmanvre, jouk Jezi a fasil pou moun pote!

7. Rakonte yon eksperyans ki montre verite ki gen nan pawòl ki nan Matye 11:28-30 lan.

7 Gen yon sè, n ap bay non Keyila, ki oblije fè fas ak yon maladi kwonik ki fè l fatige toutan, li fè depresyon e l konn gen gwo tèt fè mal. Nou konprann pafwa li konn twouve l difisil pou l asiste reyinyon kongregasyon an. Men, apre l te fin fè efò pou l asiste yon reyinyon piblik, men sa l te ekri: “Diskou a te pale sou dekourajman. Fason frè a te prezante enfòmasyon yo te tèlman touche m, sa te fè m kriye. Sa te fè m sonje reyinyon yo se kote m dwe ye.” Se pa ti kontan l te kontan dèske l te fè efò pou l asiste reyinyon an!

8, 9. Ki sa apot Pòl te vle di lè l te ekri: “Lè m fèb, se atò m gen pisans”?

8 Li Ezayi 40:30. Kèlkeswa jan nou ta kalifye, nou tout gen limit nan sa n ka reyalize ak pwòp fòs nou. Se yon leson nou tout dwe aprann. Aktout apot Pòl te gen anpil kapasite, li te rekonèt li gen limit ki anpeche l fè tout sa l vle fè. Men sa Bondye te di l pandan l t ap fè Bondye konnen enkyetid li yo: “Pisans mwen ap vin pafè pou ou lè w fèb.” Pòl te konprann leson an. Men sa l te di: “Lè m fèb, se atò m gen pisans.” (2 Kor. 12:7-10). Ki sa l te vle di?

9 Pòl te rann li kont li pa ka fè anpil bagay san l pa jwenn èd yon moun ki gen anpil pisans. Lespri sen Bondye te ka bay Pòl pisans li te bezwen an. Anplis de sa, lespri Bondye te ka pèmèt Pòl rive fè yon seri bagay li pa t ap janm ka fè ak pwòp fòs li. Se menm bagay la pou nou. Si fòs nou genyen an soti nan Jewova, n ap vin djanm toutbon!

10. Ki jan Jewova te ede David fè fas ak pwoblèm li te genyen yo?

10 Byen souvan, David, youn nan moun ki te ekri sòm yo, te konn wè jan lespri sen Bondye gen pisans. Men sa l te di nan yon chante: “Grasa èd ou, mwen ka atake yon bann vòlè, grasa pisans Bondye, mwen ka grenpe yon miray.” (Sòm 18:29). Gen kèk miray, sa vle di kèk pwoblèm, nou pa ka “grenpe” ak pwòp fòs nou. Nou bezwen jwenn fòs nan men Jewova pou n fè sa.

11. Fè yon ti pale sou wòl lespri sen jwe nan ede n fè fas ak pwoblèm nou yo.

11 Li Ezayi 40:31. Èg yo pa vole epi plane sou yon distans byen long senpleman ak pwòp fòs yo. Gen yon mas lè cho ki fè èg la monte pi wo, sa ki pèmèt li toujou gen enèji. Se sa k fè, lè w ap fè yon travay ki sanble twòp pou ou, sonje èg la. Sipliye Jewova pou l ba w fòs grasa “èd la, [anpalan de] lespri sen”. (Jan 14:26.) Erezman nou ka jwenn li nenpòt lè n bezwen l, 24 sou 24. Men, nou ka santi n plis bezwen jwenn èd nan men Bondye lè n gen yon pwoblèm ak yon moun nan kongregasyon an. Ki sa k konn lakòz pwoblèm sa yo?

12, 13. a) Poukisa kretyen yo konn gen pwoblèm youn ak lòt? b) Ki sa istwa Jozèf la aprann nou sou Jewova?

12 Piske nou tout enpafè, sa konn lakòz nou gen pwoblèm youn ak lòt. Se sa k fè, gende lè pawòl kwayan parèy nou yo di oswa fason yo aji ap fè n fache, oubyen sa nou di oswa fason n aji ap fè yo fache. Sa ka vin yon gwo eprèv pou nou. Menm jan ak lòt eprèv yo, Jewova pèmèt nou demontre entegrite n lè l aprann nou travay nan tèt ansanm ak gason ak fi ki vwe lavi yo ba li, yon seri moun li renmen malgre yo enpafè.

Jewova pa t abandone Jozèf, li pap abandone w nonplis. (Gade paragraf 13.)

13 Istwa Jozèf la montre byen klè Jewova pa anpeche sèvitè l yo jwenn eprèv. Lè Jozèf te yon jèn gason, frè l bò kot papa yo te jalou sò l, yo te vann li kòm esklav e yo te mennen l ann Ejip (Jen. 37:28). Jewova te wè sa k te rive a, e sandout sa te fè l lapenn pou l wè fason yo te trete Jozèf, zanmi l lan ki te yon moun ki jis. Aktout sa, li pa t aji. Annapre, lè madan Potifa te akize Jozèf kòmkwa li t ap eseye vyole l, sa k te lakòz yo met Jozèf nan prizon, Jewova pa t fè anyen toujou. Men, èske Bondye te janm abandone Jozèf? Okontrè, “Jewova te fè tout sa [Jozèf] fè reyisi”. — Jen. 39:21-23.

14. Ki byenfè nou ka jwenn nan domèn espirityèl ak nan domèn fizik lè n ‘pa fè kòlè’?

14 Men yon lòt egzanp. Pa gen anpil moun ki sibi move tretman David te sibi yo. Aktout sa, zanmi sa a Bondye te genyen an pa t kite rankin fin avè l. Olye de sa, men sa l te ekri: “Pinga w fè kòlè, pinga w move, pinga w fache epi w al lage kò w nan fè sa ki mal.” (Sòm 37:8). Pi gwo rezon nou genyen pou n ‘pa fè’ kòlè se paske n vle imite Jewova, li menm ki “pa trete nou dapre peche nou fè”. (Sòm 103:10.) Men, nou jwenn bonjan byenfè tou lè n ‘pa fè’ kòlè. Kòlè ka lakòz kèk gwo pwoblèm fizik tankou tansyon ak difikilte pou n respire. Li ka gen efè sou fwa nou ak pankreya nou e l ka lakòz pwoblèm dijesyon. Lè n an kòlè, nou pa toujou byen reflechi. Epitou, pafwa, yon gwo kòlè ka fè yon moun fè depresyon pandan anpil tan. Yon lòt bò, Bib la di: “Lè kè yon moun poze, sa fè tout kò l an sante.” (Pwo. 14:30). Nan ka sa a, ki sa n ka fè lè yo blese santiman nou e ki jan n ka fè lapè ak frè nou yo? Nou ka fè fas ak sitiyasyon sa yo lè n aplike bonjan konsèy nou jwenn nan Bib la.

LÈ FRÈ N AK SÈ N YO FÈ N YON BAGAY KI FÈ N FACHE

15, 16. Ki jan n ta dwe abòde yon moun ki fè n fache?

15 Li Efezyen 4:26. Nou pa sezi lè n oblije sibi move tretman nan men moun nan monn nan. Men, lè se yon kwayan parèy nou oswa yon moun nan fanmi nou ki di n yon bagay oswa ki fè n yon bagay ki fè n mal anpil, sa ka fè n fache. Ann sipoze nou jis pa ka bliye yon bagay ki te rive. Èske w ap kenbe rankin nan kè w pandan plizyè ane? Oswa èske w ap suiv konsèy Bib la bay lè w chèche regle bagay yo byen vit? Plis nou kite anpil tan pase anvan n regle sitiyasyon an, se plis l ap vin pi difisil pou n fè lapè ak frè nou yo.

16 Ann sipoze yon frè ta ofanse w e w pa ka pase sou sa. Ki etap ou ka suiv pou w fè lapè? Toudabò, ouvri kè w bay Jewova nan lapriyè. Mande l ede w gen yon konvèsasyon ki ankourajan ak frè w la. Sonje frè w la se youn nan zanmi Jewova genyen yo (Sòm 25:14). Bondye renmen l. Jewova aji ak zanmi l yo avèk bonte e l atann pou n fè menm jan an (Pwo. 15:23; Mat. 7:12; Kol. 4:6). Apre sa, byen reflechi ak sa w pral di. Pa kouri panse frè w la fè espre pou l fè w fache, di tèt ou se pa konsa l ye. Epi, se pou w admèt li posib pou ou menm tou ou te kontribye nan sa k pase a. Ou gendwa kòmanse konvèsasyon an lè w di kèk pawòl tankou: “Petèt mwen se yon moun ki sansib anpil, men, lè w t ap pale avè m yè a, m te santi...” Si w pa jwenn rezilta w te swete a apre w fin pale avè l, chèche jwenn yon lòt okazyon pou w fè lapè. Pandan tan sa a, priye pou frè w la, mande Jewova pou l beni l. Mande Bondye pou l ede w ret konsantre sou bèl kalite frè w la genyen. Kèlkeswa sa k rive, ou ka gen asirans Jewova ap kontan wè efò sensè w fè pou w fè lapè ak frè w la ki se zanmi Bondye.

LÈ SA N TE FÈ NAN TAN LONTAN AP BOULVÈSE N

17. Ki mwayen Jewova itilize pou l ede n jwenn padon lè n fè yon peche, e poukisa n ta dwe byen pwofite dispozisyon sa a?

17 Gen kèk moun ki santi yo pa diy pou yo sèvi Jewova paske yo te fè yon peche grav. Piske yo santi yo koupab, sa ka vin yon pwa lou pou yo. Men ki jan wa David, ki t ap goumen ak santiman ki te fè l santi l koupab, te esplike sa: “Lè m te kache peche m nan, m te santi m t ap deperi. Mwen te konn ap plenn tout lajounen. Paske, lajounen kou lannuit, se kòmsi w t ap peze m ak men w.” Erezman, David te chèche rezoud pwoblèm nan antanke yon moun ki kite lespri Bondye gide l. Men sa l te ekri: “Finalman, mwen te fè w konnen peche m te fè a [...]. E ou menm, ou te padone peche m yo.” (Sòm 32:3-5). Si w fè yon peche grav, Jewova pare pou l ede w jwenn padon. Men, ou dwe aksepte èd li bay pa mwayen kongregasyon an (Pwo. 24:16; Jak 5:13-15). Pa pran tan pou w fè sa, avni etènèl ou depann de sa! Men, ann sipoze ou toujou santi konsyans ou ap kale w pou peche w te fè nan tan lontan yo menm lè sa gen anpil tan depi Jewova te padone yo.

18. Ki jan egzanp Pòl ka ede moun k ap lite ak santiman ki fè yo santi yo pa diy?

18 Nòmalman, apot Pòl te gen kèk moman kote l te konn santi l boulvèse akoz move fason l te konn aji. Men sa l te rekonèt: “Mwen se pi piti nan apot yo, e mwen pa merite pou yo rele m apot, paske mwen te konn pèsekite kongregasyon Bondye a.” Sepandan, men sa Pòl te ajoute: “Men, se grasa favè san parèy Bondye a mwen vin sa m ye a.” (1 Kor. 15:9, 10). Jewova te aksepte Pòl pou sa l te ye a, e l te atann pou Pòl wè tèt li konsa tou. Si w repanti pou peche w fè yo ak tout kè w e w konfese yo nèt, ou ka gen asirans Jewova ap fè w mizèrikòd. Kidonk, fè Jewova konfyans, epi aksepte mizèrikòd li! — Eza. 55:6, 7.

19. Ki sa tèks pou ane 2018 la di, e poukisa l apwopriye?

19 Etandone sistèm sa a toupre rive nan bout li, nou ka atann presyon ki gen nan lavi a ap vin pi plis. Men, nou mèt gen asirans Sila a ki ‘bay moun ki fatige yo fòs e ki fè moun ki manke fòs yo gen tout fòs yo’ ka ban nou kèlkeswa sa n bezwen pou n fè fas ak presyon n ap jwenn yo (Eza. 40:29; Sòm 55:22; 68:19). Pandan ane 2018 la, nou pral sonje verite enpòtan sa a chak fwa nou asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan. Verite sa a parèt aklè nan pawòl nou jwenn nan tèks pou ane a ki di: “Moun ki met espwa yo nan Jewova ap repran fòs.” — Eza. 40:31.