Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Tèt ansanm ki bay kè kontan nan Memoryal la

Tèt ansanm ki bay kè kontan nan Memoryal la

“Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan lè [nou] abite ansanm e [nou] gen tèt ansanm!” — SÒM 133:1.

KANTIK: 18, 14

1, 2. Ki evènman nan ane 2018 la k ap fè moun gen plis tèt ansanm, e poukisa? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

JOU k ap 31 mas 2018 la, pandan solèy la pral kouche, pèp Bondye a ak anpil moun ki enterese pral rasanble pou yo selebre Soupe Seyè a ki fèt chak ane. Selon lè solèy la kouche chak kote sou tè a, plizyè milyon moun pral rasanble pou yo selebre Memoryal lanmò Kris la. Chak ane, Memoryal la se pi bèl evènman yo selebre sou tout tè a ki fè moun gen plis tèt ansanm!

2 Nou ka sèlman eseye imajine jan Jewova ak Jezi dwe kontan lè yo wè plizyè milyon moun sou tè a ap asiste evènman espesyal sa a gwoup pa gwoup jiskaske jou sa a fini. Bib la te anonse t ap gen “yon gwo foul moun okenn moun pa t [ap] ka konte ki [t ap] soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang” ki t ap di byen fò: “Se Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, ak Ti Mouton an ki sove nou.” (Rev. 7:9, 10). Se pa ti bèl sa bèl lè Jewova ak Jezi jwenn onè nan fason sa a grasa Memoryal la nou selebre chak ane!

3. Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral jwenn repons pou kèk kesyon. 1) Ki jan nou chak ka prepare n pou n asiste Memoryal la e ki jan n ka jwenn byenfè ladan l? 2) Nan ki sans Memoryal la gen efè sou tèt ansanm ki gen pami pèp Bondye a? 3) Ki jan nou chak ka kontribye pou gen tèt ansanm? 4) Èske ap gen yon dènye Memoryal? Si se wi, ki lè?

FASON POU N PREPARE N AK BYENFÈ N AP JWENN LÈ N ASISTE L

4. Poukisa l enpòtan pou n la nan Memoryal la toutotan l posib?

4 Fè yon ti reflechi ak enpòtans sa genyen lè n asiste Memoryal la. Sonje, reyinyon kongregasyon an fè pati adorasyon n ap bay Bondye a. Se sèten Jewova ak Jezi wè kiyès ki fè efò pou yo asiste reyinyon sa a ki pi enpòtan nan ane a. Sensèman, nou ta renmen yo wè n la nan Memoryal la depi n pa gen yon pwoblèm fizik oswa yon sikonstans ki fè l enposib pou n la. Lè n montre nan aksyon nou reyinyon nou fè pou n adore Bondye yo enpòtan pou nou, nou bay Jewova yon lòt rezon pou l konsève non nou nan “liv” li genyen pou l sonje n nan, sètadi “liv lavi a”, ki gen non moun ki pral gen lavi ki pap janm fini an. — Mal. 3:16; Rev. 20:15.

5. Ki jan nou ka “verifye si nou nan lafwa” kèk jou anvan Memoryal la?

5 Kèk jou anvan Memoryal la, nou ka rezève tan pou n priye e pou n byen egzamine relasyon nou gen ak Jewova a. (Li 2 Korentyen 13:5.) Ki jan n ka fè sa? Se lè n “verifye si nou nan lafwa”. Pou n rive fè sa, l ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske m kwè toutbon mwen fè pati sèl òganizasyon Jewova apwouve pou fè volonte l la? Èske m fè tout sa m kapab pou m preche e pou m anseye lòt moun bon nouvèl Wayòm nan? Èske fason m aji montre mwen kwè toutbon n ap viv nan dènye jou yo e dominasyon Satan an prèske rive nan bout li? Kounye a, èske m toujou gen menm konfyans m te gen nan Jewova ak Jezi lè m te vwe Jewova Dye lavi m nan?’ (Mat. 24:14; 2 Tim. 3:1; Ebre 3:14). Lè n reflechi sou repons kesyon sa yo sa ap ede n kontinye teste sa nou menm nou ye.

6. a) Ki sèl mwayen pou yon moun gen lavi? b) Chak ane, ki jan yon ansyen prepare l pou Memoryal la, e ki jan w ta ka fè menm jan an?

6 Li sijè biblik ki pale sou siyifikasyon Memoryal la epi medite sou yo. (Li Jan 3:16; 17:3.) Sèl mwayen pou yon moun gen lavi ki pap janm fini an se lè l “aprann konnen” Jewova epi l ‘demontre lafwa’ nan Jezi, sèl Pitit Gason Li fè a. Pou w prepare w pou Memoryal la, li ta bon pou w chwazi etidye kèk sijè k ap ede w vin pi pwòch Jewova ak Jezi. Ann egzamine sa yon frè ki gen lontan depi l ap sèvi kòm ansyen abitye fè. Pandan plizyè ane, li te rasanble plizyè atik Toudegad ki pale espesyalman sou Memoryal la ansanm ak lanmou Jewova ak Jezi demontre pou nou. Kèk semèn anvan Memoryal la, li reli atik sa yo e l medite sou enpòtans selebrasyon sa a genyen. Detanzantan, li ajoute youn oswa de atik sou sa l te rasanble yo. Ansyen sa a vin rann li kont lè l reli atik sa yo ak lè l fè lekti Labib pou Memoryal la e l medite sou li, li aprann kèk nouvo bagay chak ane. Sa k pi enpòtan an, li santi l vin gen plis lanmou pou Jewova ak Jezi chak ane. Lè w fè pwojè pou w etidye fason sa a, sa ka ede w vin gen plis lanmou ak plis rekonesans pou Jewova ak Jezi e konsa sa ka ede w jwenn plis byenfè nan Memoryal la.

EFÈ MEMORYAL LA GEN SOU INITE NOU GEN NAN MITAN NOU AN

7. a) Pou ki bagay Jezi te priye jou swa li te etabli premye Soupe Seyè a? b) Ki sa k montre Jewova te reponn priyè Jezi te fè a?

7 Jou swa ki te gen premye Soupe Seyè a, Jezi te priye Jewova pou tout disip li yo vin fè youn e pou yo ka gen tèt ansanm menm jan avè l ak Papa l, yon bagay ki gen anpil valè pou yo. (Li Jan 17:20, 21.) Vrèmanvre, Jewova te reponn priyè sa a Pitit Gason li renmen anpil la te fè a, e kounye a gen plizyè milyon moun ki kwè Jewova te voye Pitit Gason l lan. Plis pase tout lòt reyinyon pèp Bondye a òganize, Memoryal la bay bonjan prèv ki montre Temwen Jewova yo gen tèt ansanm. Moun tout koulè ki soti nan plizyè nasyon reyini ansanm nan yon seri lokal toupatou sou tè a. Nan kèk zòn, moun yo pa abitye wè moun divès ras reyini ansanm pou yo adore Bondye oswa gen lòt moun ki konn meprize rasanbleman sa yo. Men, tèt ansanm nou genyen an bèl anpil nan je Jewova ak Jezi!

8. Ki mesaj Jewova te bay Ezekyèl anrapò ak tèt ansanm?

8 Antanke pèp Jewova, nou pa sezi dèske n gen tèt ansanm. Anfèt, Jewova te deja predi sa. Ann konsidere mesaj li te bay pwofèt Ezekyèl konsènan de bout bwa ki t ap gen pou yo kole youn ak lòt, yon bout bwa “pou Jida” e yon lòt “pou Jozèf”. (Li Ezekyèl 37:15-17.) Men ki sa yo te esplike nan “Kesyon lektè yo poze” ki te parèt nan Toudegad jiyè 2016 la: “Jewova te bay Ezekyèl yon mesaj ki bay espwa kote l te pwomèt nasyon Izrayèl la t ap vin fè yon sèl apre yo fin retounen nan Peyi li te pwomèt la. Anplis de sa, mesaj sa a te fè konnen pèp Bondye a t ap vin fè yon sèl, e sa te kòmanse nan dènye jou yo.”

9. Ki jan akonplisman pwofesi Ezekyèl la parèt byen klè chak ane nan Memoryal la?

9 Apati ane 1919 rive jis kounye a, toudabò, tikras pa tikras, Jewova ap òganize moun li chwazi pou al nan syèl yo, yo menm ki tankou bout bwa ki “pou Jida” a yon fason senbolik, e l ap fè yo vin fè yon sèl ankò. Apre sa, tank gen plis moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, yo menm ki tankou bout bwa ki “pou Jozèf” la yon fason senbolik, k ap vin met ansanm ak moun Bondye chwazi pou al nan syèl la, se tank de gwoup sa yo ap vin fè “yon sèl twoupo”. (Jan 10:16; Zak. 8:23.) Jewova te pwomèt l ap kole de bout bwa sa yo e l t ap fè yo vin fè yon sèl nan men l (Eze. 37:19). Kounye a, toule de gwoup yo ap sèvi Bondye nan tèt ansanm anba direksyon yon sèl Wa, anpalan de Jezi Kris ki nan glwa li, li menm pwofesi yo te pale de li antanke “David, sèvitè” Bondye a (Eze. 37:24, 25). Bèl inite yo pale de li nan liv Ezekyèl la parèt byen klè chak ane lè rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl la ansanm ak “lòt mouton” yo met tèt yo ansanm pou yo selebre Memoryal lanmò Kris la! Men, ki sa nou chak ka fè pou toujou gen tèt ansanm nan mitan nou e pou n ankouraje sa?

FASON NOU CHAK KA KONTRIBYE POU N GEN TÈT ANSANM

10. Ki jan n ka kontribye pou gen tèt ansanm nan mitan pèp Bondye a?

10 Youn nan fason nou ka kontribye pou gen tèt ansanm nan mitan pèp Bondye a se lè n demontre imilite. Lè Jezi te sou tè a, li te ankouraje disip li yo pou yo aji ak imilite (Mat. 23:12). Si n gen imilite nan kè nou, nou pap kite lespri monn nan ki fè moun pran tèt yo pou yon pakèt afè gen enfliyans sou nou. Olye de sa, imilite ap ede n soumèt tèt nou devan moun ki pran latèt yo, e yon etadespri obeyisan konsa enpòtan anpil pou gen tèt ansanm nan kongregasyon an. Sa k pi enpòtan an, lè n gen imilite, sa ap fè Bondye plezi paske li “kont moun ki gen ògèy yo, men li bay moun ki gen imilite yo favè san parèy la”. — 1 Pyè 5:5.

11. Lè n reflechi sou siyifikasyon pen an ak diven an nan Memoryal la, ki jan sa ede n kontribye pou gen tèt ansanm?

11 Yon dezyèm fason nou ka kontribye pou n gen tèt ansanm se lè n reflechi sou siyifikasyon pen an ak diven an nan Memoryal la. Anvan nuit espesyal sa a, e sitou pandan nuit sa a, byen reflechi sou siyifikasyon pen san ledven an ak diven wouj la (1 Kor. 11:23-25). Pen an reprezante kò Jezi ki san peche li te bay kòm sakrifis, e diven an reprezante san l ki te vèse a. Men, nou bezwen fè plis pase annik gen yon konpreyansyon entèlektyèl sou siyifikasyon pen an ak diven an. Pa bliye sakrifis ranson Kris la se prèv de pi gwo lanmou ki egziste, anpalan de lanmou Jewova te demontre lè l te bay Pitit Gason l lan pou nou ansanm ak lanmou Jezi te demontre lè l te dispoze bay lavi l pou nou. Lè n reflechi sou lanmou yo demontre a, sa dwe pouse n renmen yo tou. Epitou, lanmou nou menm ak adoratè parèy nou yo gen pou Jewova a tankou yon kòd ki mare nou ansanm e ki fè n vin gen plis tèt ansanm.

Lè n padone lòt moun, nou kontribye pou n gen tèt ansanm. (Gade paragraf 12, 13.)

12. Nan egzanp Jezi te bay konsènan fason wa a te fè regleman ak esklav li yo, ki jan l te montre byen klè Jewova atann pou n padone lòt moun?

12 Yon twazyèm fason nou ka kontribye pou n gen tèt ansanm se lè n padone lòt moun ak tout kè nou. Lè n padone moun ki te ofanse nou, nou montre nou apresye dispozisyon Bondye pran pou l padone peche n yo sou baz sakrifis ranson Kris la. Ann konsidere egzanp Jezi te bay nou jwenn nan Matye 18:23-34 la. Mande tèt ou: ‘Èske m chofe pou m aplike sa Jezi te anseye yo? Èske m pran pasyans ak kretyen parèy mwen yo e m montre m konprann yo? Èske m dispoze padone moun ki te peche kont mwen?’ Se vre gen peche ki pi grav pase lòt e gen kèk bagay moun fè ki vrèman difisil pou yon moun enpafè padone. Men, egzanp sa a aprann nou sa Jewova atann de nou. (Li Matye 18:35.) Jezi montre byen klè Jewova pap padone nou si n pa padone frè nou yo lè n gen yon rezon solid pou n fè sa. Pawòl sa a fè n reflechi! Nou pwoteje inite nou an ki gen anpil valè e n konsève l lè n padone lòt moun jan Jezi te anseye nou sa.

13. Lè n montre n se moun ki renmen fè lapè, ki jan sa kontribye pou gen tèt ansanm nan mitan nou?

13 Lè n padone lòt moun, nou montre n se moun ki renmen fè lapè. Sonje konsèy apot Pòl te bay lè l te di nou dwe “fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”. (Efe. 4:3.) Pandan epòk Memoryal sa a, e sitou nan jou swa Memoryal la, byen reflechi ak fason w trete lòt moun. Mande tèt ou: ‘Èske m bay bonjan prèv mwen se yon moun ki pa konn kenbe rankin? Èske yo rekonèt mwen kòm yon moun ki fè tout sa m kapab pou m kontribye pou gen lapè ak tèt ansanm?’ Kesyon sa yo se kesyon enpòtan nou dwe konsidere pandan epòk sa a nan ane a.

14. Ki jan n ka montre nou “youn ap sipòte lòt nan lanmou”?

14 Yon katriyèm fason nou ka kontribye pou n gen tèt ansanm se lè n montre n gen lanmou menm jan ak Jewova, Bondye lanmou an (1 Jan 4:8). Konsènan adoratè parèy nou yo, se sèten nou pap janm di: “M ka renmen yo, men, m pa oblije gen afeksyon pou yo!” Yon refleksyon konsa se kontrè ak konsèy Pòl te bay lè l te mande pou “youn [...] sipòte lòt nan lanmou”. (Efe. 4:2.) N ap remake li pa t annik di pou “youn [...] sipòte lòt”. Li te ajoute nou dwe fè sa “nan lanmou”. Gen yon diferans. Nan kongregasyon nou yo, nou jwenn tout kalite moun Jewova rale vin jwenn li (Jan 6:44). Piske Jewova rale yo vin jwenn li, li dwe twouve yo se bon moun. Nan ka sa a, ki jan nenpòt nan nou ta ka fè panse yon adoratè parèy nou pa merite pou n renmen l? Nou pa dwe meprize lanmou Jewova ban nou lòd pou n demontre a! — 1 Jan 4:20, 21.

KI LÈ DÈNYE MEMORYAL LA AP FÈT?

15. Ki jan n fè konnen ap gen yon dènye Memoryal?

15 Yon jou, y ap selebre Memoryal la yon dènye fwa. Ki jan n fè konnen? Nan premye lèt Bondye te enspire Pòl pou l ekri kretyen nan vil Korent Bondye te chwazi pou al nan syèl yo, Pòl te fè konnen, lè yo komemore lanmò Jezi chak ane, “se kontinye [yo] kontinye anonse lanmò Seyè a jiskaske l vini”. (1 Kor. 11:26.) Mo “vini” ki nan vèsè sa a fè referans ak menm evènman ki gen rapò ak “vini” Jezi te pale nan pwofesi l te bay konsènan tan lafen an. Men sa Jezi te di konsènan gwo tribilasyon ki gen pou rive sou nou an: “Siy Pitit lòm nan pral parèt nan syèl la, epi, tout nasyon sou tè a pral frape lestomak yo tèlman y ap tris, e yo pral wè Pitit lòm nan k ap vini sou nyaj nan syèl la avèk pisans e avèk anpil glwa. Epi, [Jezi] ap voye zanj li yo, e avèk yon gwo kout twonpèt, yo pral rasanble moun ki pou li yo, moun Bondye chwazi yo, yo menm ki soti nan kat kwen tè a, sot nan yon pwent syèl la rive nan yon lòt.” (Mat. 24:29-31). Rasanble “yo pral rasanble moun ki pou li yo” fè referans ak moman kote tout kretyen Bondye chwazi ki toujou sou tè a pral resevwa rekonpans yo nan syèl la. Sa ap fèt apre premye faz gwo tribilasyon an, men, anvan batay Amagedon an. Lè sa a, tout 144 000 moun yo pral met ansanm ak Jezi pou yo pot laviktwa sou wa latè yo (Rev. 17:12-14). Memoryal yo pral selebre anvan moman sa a kote yo pral rasanble moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo se pral dènye Memoryal la paske Jezi ap “vini” lè sa a.

16. Poukisa w detèmine pou w la nan Memoryal la ane sa a?

16 Se pou n pran detèminasyon pou n jwenn byenfè lè n asiste Memoryal la jou k ap 31 mas 2018 la. Epi, ann mande Jewova ede n kontinye travay pou gen tèt ansanm pami pèp li a! (Li Sòm 133:1.) Pa bliye, gen yon jou k ap vini kote Memoryal n ap selebre a se ap dènye Memoryal la. Annatandan, ann fè tout sa n kapab pou n la, epi, ann kontinye bay kè kontan nou jwenn nan tèt ansanm ki gen nan Memoryal la anpil valè.