Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki kalite lanmou ki bay kè kontan toutbon?

Ki kalite lanmou ki bay kè kontan toutbon?

“Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la.” — SÒM 144:15.

KANTIK: 111, 109

1. Poukisa epòk n ap viv la se yon epòk espesyal?

N AP viv nan yon epòk nan istwa lèzòm ki vrèman espesyal. Jan Bib la fè konn sa, Jewova ap rasanble “yon gwo foul moun [...] ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang”. Moun ki rasanble yo vin tounen “yon gwo nasyon” ki gen plis pase uit milyon moun k ap bay “[Bondye] yon sèvis sakre lajounen kou lannuit” ak kè kontan (Rev. 7:9, 15; Eza. 60:22). Anvan sa, pa t janm gen tout moun sa yo ki gen lanmou pou Bondye ak pwochen yo.

2. Ki vye kalite lanmou moun ki lwen Bondye yo demontre? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

2 Sepandan, Pawòl Bondye enspire a te anonse tou nan epòk nou an, moun ki lwen Bondye yo t ap demontre yon vye kalite lanmou, anpalan de yon lanmou ki egoyis. Men sa apot Pòl te ekri: “Nan dènye jou yo [...] moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan [...], y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye.” (2 Tim. 3:1-4). Kalite lanmou ki egoyis sa a depaman ak lanmou kretyen yo genyen an, li opoze avè l. Lè moun gen objektif ki egoyis sa pa fè yo gen kè kontan y ap atann nan. Vrèmanvre, yon lanmou konsa fè monn nan vin egoyis e l fè l “difisil pou moun sipòte”.

3. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a, e poukisa?

3 Pòl te rann li kont lanmou egoyis sa a ki gaye toupatou t ap yon danje pou kretyen yo. Se sa k fè l te ban nou avètisman pou n “evite” moun ki demontre vye kalite lanmou an (2 Tim. 3:5). Men, nou pa ka evite tout kontak ak moun sa yo. Donk, ki jan n ka evite gen mantalite monn nan ki gaye toutotou n epi pou n fè tout sa n kapab pou n fè Jewova, Bondye lanmou an, plezi? Ann konpare lanmou Bondye vle n genyen an ak lanmou yo pale de li nan 2 Timote 3:2-4 la. Lè n fè sa, sa ap ede n wè enpòtans lanmou nou dwe demontre a genyen e pou n amelyore l, yon lanmou k ap pèmèt nou gen vrè satisfaksyon ak vrè kè kontan an.

LANMOU POU BONDYE OSWA LANMOU POU TÈT NOU?

4. Poukisa l pa mal pou yon moun renmen tèt li yon fason ki rezonab?

4 Bondye te enspire apot la pou l ekri: “Moun yo ap renmen pwòp tèt yo.” Èske l mal pou n renmen tèt nou? Non, li nòmal e l menm nesesè pou n gen bonjan lanmou pou tèt nou. Jewova te kreye nou fason sa a. Men sa Jezi te di: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” (Mak 12:31). Si n pa renmen tèt nou, nou pa ka renmen pwochen nou. Epitou, men sa nou li nan Ekriti yo: “Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. Yon gason ki renmen madanm li, se tèt li l renmen, paske, pa gen moun ki janm rayi pwòp kò l. Men, li nouri l e li ancheri l.” (Efe. 5:28, 29). Kidonk, li nòmal pou yon moun renmen tèt li yon fason ki rezonab.

5. Ki jan w t ap dekri moun ki renmen tèt yo depase limit?

5 Lanmou yo pale de li nan 2 Timote 3:2 a se pa yon lanmou ki nòmal, li pa bon lanmou an. Se yon lanmou ki defòme e ki egoyis. Moun ki renmen tèt yo depase limit panse de tèt yo plis pase sa yo dwe panse. (Li Women 12:3.) Sèl bagay ki enterese yo nan lavi a se tèt yo. Yo pa bay lòt moun twòp atansyon. Lè bagay yo mal pase, yo gen tandans blame lòt moun olye yo aksepte responsablite yo. Gen yon biblis ki konpare moun ki renmen tèt yo ak yon ti bèt yo rele “erison ki [...] fè kò l fè yon boul pou l kenbe chalè lenn ki sou kò l ap degaje a pou li menm [...] e [...] ki pare pikan l yo ki byen pwenti pou pike bèt ki pa genyen yo”. Moun egoyis sa yo pa kontan toutbon.

6. Lè n gen lanmou pou Bondye, ki rezilta sa bay?

6 Gen kèk biblis ki fè konnen Pòl te met lanmou moun gen pou pwòp tèt yo an premye nan lis defo ki t ap gaye nan dènye jou yo paske lòt defo yo soti nan lanmou sa a. Yon lòt bò, moun ki renmen Bondye yo t ap gen yon seri kalite ki diferan nèt. Bib la montre lanmou pou Bondye gen rapò ak lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè ak metriz (Gal. 5:22, 23). Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri: “Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la.” (Sòm 144:15). Jewova se yon Bondye ki gen kè kontan, e pèp li a reflete kalite sa a. Mete sou sa, kontrèman ak moun ki renmen pwòp tèt yo e ki renmen resevwa sèlman, sèvitè Jewova yo pran plezi bay tèt yo pou byennèt lòt moun. — Tra. 20:35.

Ki jan n ka evite renmen tèt nou? (Gade paragraf 7.)

7. Ki kesyon k ap ede n egzamine ki kalite lanmou nou gen pou Bondye?

7 Ki jan n ka rive wè si lanmou nou gen pou tèt nou an ap pran plas lanmou nou gen pou Bondye a? Reflechi sou konsèy ki nan Filipyen 2:3, 4 la ki di: “Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” Nou gendwa mande tèt nou: ‘Èske mwen suiv konsèy sa a nan lavi m? Èske m ap chèche fè volonte Bondye toutbon? Èske m fè efò pou m ede lòt moun, kit se nan kongregasyon an kit se nan travay predikasyon an?’ Li pa toujou fasil pou n bay tan nou ak enèji nou. Sa mande efò ak sakrifis. Men, ki sa k te ka ban nou plis kè kontan pase lè n konnen nou gen apwobasyon Souvren linivè a?

8. Ki sa lanmou pou Bondye pouse kèk moun fè?

8 Lanmou pou Bondye pouse kèk moun abandone yon seri karyè ki te ka fè yo vin gen anpil lajan yon fason pou yo ka sèvi Jewova plis toujou. Ericka se yon doktè k ap viv Ozetazini. Olye l te chèche fè yon gwo karyè antanke medsen, li te vin pyonye pèmanan e l t al sèvi nan divès peyi ansanm ak mari l. Lè l ap reflechi, men sa l di: “Pakèt eksperyans nou te fè lè n t ap ede nan yon tèritwa ki pale lang etranje, ansanm ak zanmi nou te vin genyen yo, fè n gen kè kontan toutbon nan lavi nou. M toujou ap travay antanke medsen, men, lefètke m ka bay pifò tan m ak enèji m pou m ede moun jwenn gerizon nan domèn espirityèl e pou m ede kongregasyon an, sa fè m gen kè kontan toutbon e m jwenn bonjan satisfaksyon.”

RICHÈS NAN SYÈL LA OSWA RICHÈS SOU TÈ A?

9. Poukisa lanmou pou lajan pa bay kè kontan?

9 Pòl te ekri moun yo t ap “renmen lajan”. Sa gen kèk ane, gen yon pyonye nan peyi Ilann ki te pale ak yon mesye konsènan Bondye. Mesye a te rale bous li, li retire kèk biyè lajan, li leve yo anlè, epi l di avèk fyète: “Men bondye m!” Byenke pa gen anpil moun k ap alèz pou yo di sa yo panse sou sijè sa a, monn nan chaje ak moun ki renmen lajan ak bagay lajan ka achte. Epoutan, men avètisman Bib la bay: “Yon moun ki renmen ajan pap janm kontante l ak ajan, e yon moun ki renmen richès pap janm kontante l ak sa l genyen.” (Ekl. 5:10). Piske moun sa yo ap toujou vle gen plis lajan, e y ap fè tout sa yo kapab pou yo ranmase lajan, y ap rale “anpil soufrans” sou tèt yo. — 1 Tim. 6:9, 10.

10. Ki sa Bib la di sou richès ak povrete?

10 Nòmalman, nou tout bezwen lajan. Nan yon sans, li bay pwoteksyon (Ekl. 7:12). Men, èske yon moun ka gen kè kontan toutbon si se sèlman sa l bezwen pou l viv li genyen? Wi! (Li Eklezyas 5:12.) Men sa Agou ki te pitit gason Jake te ekri: “Pa fè m ni pòv ni rich. Annik kite m jwenn kantite manje mwen bezwen pou m manje.” Li fasil pou n konprann rezon ki fè l pa t vle pòv depase limit. Jan l te esplike sa, li pa t vle gen tantasyon pou l vòlè paske sa t ap dezonore Bondye. Men, poukisa l te priye Bondye pou l pa t gen richès? Men sa l te ekri: “Konsa, vant mwen pap vin plen e mwen pap nye w pou m ta di: ‘Kiyès ki Jewova a?’” (Pwo. 30:8, 9). Petèt, ou ka panse ak moun ki met konfyans yo nan richès yo genyen olye yo mete l nan Bondye.

11. Ki konsèy Jezi te bay konsènan lajan?

11 Moun ki renmen lajan pa ka fè Bondye plezi. Men sa Jezi te di: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, se swa li rayi youn e li renmen lòt la, oubyen li atache ak youn e li meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” Anvan l te di pawòl sa yo, li te di: “Sispann anpile trezò sou tè a, kote ki gen mit ak wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè ka antre pou yo vòlè yo. Okontrè, anpile trezò nan syèl la, kote ki pa gen ni mit ni wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè pa ka antre pou yo vòlè yo.” — Mat. 6:19, 20, 24.

12. Lè yon moun ap viv yon fason ki senp, ki jan sa ka fè l pi fasil pou l sèvi Bondye? Bay yon egzanp.

12 Gen anpil moun ki rann yo kont lè yo viv yon fason ki senp, nonsèlman sa fè yo gen plis kè kontan, men tou, sa fè yo gen plis tan pou yo sèvi Jewova. Gen yon frè ki rele Jack k ap viv Ozetazini ki te vann yon gwo kay ansanm ak yon biznis li te genyen paske l te konnen sa t ap pèmèt li vin pyonye ansanm ak madanm li. Men refleksyon l fè: “Sa te rèd anpil pou n kite bèl kay ak teren nou te genyen nan peyi nou. Men, pandan plizyè ane, m te konn rantre lakay mwen tou fache akoz pwoblèm ki te gen nan travay mwen. Madanm mwen ki te pyonye pèmanan te toujou gen anpil kè kontan. Men sa l te konn di: ‘Mwen gen pi gwo patwon ki te ka genyen an!’ Piske mwen pyonye kounye a tou, nou toule de ap travay pou menm Moun nan, sètadi Jewova.”

Ki jan n ka evite renmen lajan? (Gade paragraf 13.)

13. Ki jan n ka egzamine pwennvi nou genyen sou lajan?

13 Pou n rive wè ki pwennvi nou genyen sou lajan, nou ka egzamine jan n t ap reponn kesyon ki vin annapre yo yon fason ki onèt: ‘Èske m vrèman kwè nan sa Bib la di sou lajan e m viv ann amoni ak sa? Èske se fè lajan mwen bay premye plas nan lavi m? Èske m bay bagay materyèl plis enpòtans pase relasyon m gen ak Jewova ak relasyon m gen ak lòt moun? Èske m kwè toutbon Jewova ap ban m sa m bezwen?’ Nou mèt gen asirans li pap janm desevwa moun ki met espwa yo nan li. — Mat. 6:33.

ÈSKE W AP CHÈCHE JEWOVA OSWA W AP CHÈCHE PLEZI?

14. Ki pwennvi rezonab nou dwe gen sou plezi?

14 Jan Bib la te anonse sa a, anpil moun jodi a “renmen plezi”. Menm jan pa gen anyen mal pou yon moun wè tèt li ak lajan yon fason ki kòrèk e ki rezonab, se menm jan an tou pa gen anyen mal pou yon moun gen yon pwennvi ekilibre sou plezi. Jewova pa vle pou n neglije tèt nou oswa pou n pa patisipe nan bonjan aktivite ki bay kè kontan. Men ki ankourajman Bib la bay moun ki fidèl yo: “Ale, manje manje w ak kè kontan, epi bwè diven w ak kè kontan.” — Ekl. 9:7.

15. Konsènan ki kalite plezi yo pale nan 2 Timote 3:4?

15 Nan 2 Timote 3:4 yo pale konsènan moun k ap chèche plezi e ki bliye Bondye. N ap remake vèsè a pa di moun yo t ap renmen plezi plis pase yo renmen Bondye, sa ki t ap vle di yo renmen Bondye kanmenm. Vèsè a di “olye yo renmen Bondye”. Men sa yon biblis te ekri: “Se sèten [vèsè] sa a pa vle di yo renmen Bondye nan yon sans tou. Li vle di yo pa renmen Bondye ditou.” Ala yon avètisman ki frapan pou moun ki renmen plezi depase limit yo! Ekspresyon ki di “y ap renmen plezi” a byen tonbe pou dekri moun ki kite “plezi ki gen nan lavi sa a pran tèt yo”. — Lik 8:14.

16, 17. Ki egzanp Jezi bay anrapò ak plezi?

16 Jezi te montre li gen yon pwennvi ki byen ekilibre sou plezi. Li t al nan “yon resepsyon maryaj” e l t al nan yon lòt “gwo resepsyon”. (Jan 2:1-10; Lik 5:29.) Nan maryaj la, li te fè yon mirak pou l fè dlo tounen diven, konsa te vin gen lòt diven, piske sa k te genyen an te fini. Epi nan yon lòt okazyon, li te rejte pwennvi yon seri moun ki te panse yo jis ki t ap kritike l paske l t ap manje e l t ap bwè. — Lik 7:33-36.

17 Sepandan, Jezi pa t fè plezi vin bagay ki pi enpòtan pou li nan lavi a. Li te met Jewova an premye e l te bay tout li menm san rezèv pou ede lòt moun. Pou anpil moun te ka gen lavi, li te aksepte mouri nan anpil soufrans sou yon poto. Men sa Jezi te di moun ki t ap gen pou suiv li pye pou pye yo: “Nou byennere lè moun joure nou, lè yo pèsekite nou, e lè yo di tout kalite move bagay ki pa vre sou nou poutèt mwen. Nou mèt rejwi e nou mèt kontan anpil, piske nou gen yon gwo rekonpans nan syèl la. Paske, se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan nou yo.” — Mat. 5:11, 12.

Ki jan n ka evite renmen plezi? (Gade paragraf 18.)

18. Ki kesyon k ap ede n wè nan ki pwen nou renmen plezi?

18 Ki jan n ka rive wè nan ki pwen nou renmen plezi? L ap bon pou n mande tèt nou: ‘Èske detant pi enpòtan pou mwen pase reyinyon yo ak travay predikasyon an? Èske m dispoze pase sou preferans mwen paske m vle sèvi Bondye? Lè m ap chwazi divètisman, èske m chèche konn ki sa Jewova ap panse konsènan chwa m ap fè yo?’ Si nou renmen Bondye toutbon, nou pap sèlman evite bagay nou konnen ki pap fè l plezi, men tou, n ap evite bagay nou sispèk ki ka pa fè l plezi. — Li Matye 22:37, 38.

FASON POU N GEN KÈ KONTAN

19. Ki moun ki pap janm ka gen kè kontan toutbon?

19 Monn Satan an prèske rive nan bout li apre l fin fè anviwon 6 000 an ap fè lèzòm soufri. Tè a chaje ak moun ki renmen tèt yo depase limit, ki renmen lajan ak plezi. Moun sa yo enterese sèlman nan sa y ap jwenn, yo fè dezi yo genyen vin bagay ki pi enpòtan nan lavi a. Moun sa yo pap janm ka gen kè kontan toutbon. Yon lòt bò, men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri: “Byennere moun ki gen Bondye Jakòb la pou ede l e ki met espwa l nan Jewova, Bondye l la.” — Sòm 146:5.

20. Ki jan lanmou w gen pou Bondye fè kè w kontan?

20 Pèp Jewova a kontinye ap gen plis lanmou pou li, e kantite nou ye a ap vin pi plis chak ane. Se prèv ki montre Wayòm Bondye a ap dirije e talè konsa li pral pote yon seri benediksyon sou tè a moun pa ka imajine. N ap gen kè kontan toutbon e k ap dire a lè n fè volonte Bondye e lè n konnen nou fè Sila a ki nan pi gwo pozisyon an plezi. Moun ki renmen Jewova yo ap gen kè kontan pou toutan! Nan atik ki vin apre a, nou pral wè kèk defo moun ki gen lanmou egoyis yo gen lakay yo e n pral wè ki jan defo sa yo pa menm ditou ak kalite nou jwenn lakay sèvitè Jewova yo.