Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te ofri tèt yo volontèman — nan peyi Madagaska

Yo te ofri tèt yo volontèman — nan peyi Madagaska

MEN sa Sylviana, yon pyonye ki nan ventèn li, fè konnen: “Lè m te tande eksperyans zanmi m yo fè pandan y ap sèvi nan zòn kote yo bezwen anpil pyonye, mwen te anvi goute jwa sa a tou.” Men sa l ajoute: “Men, m te pè pou m pa t gen posiblite pou m al sèvi kote ki gen plis bezwen.”

Èske w santi w menm jan ak Sylviana? Èske w anvi al sèvi tou nan yon tèritwa kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan, men, w ap mande tèt ou èske w ap janm rive atenn objektif sa a? Si se ka pa w, pa dekouraje! Grasa èd Jewova, gen plizyè milye frè ak sè ki rive fè fas ak difikilte yo jwenn ki te anpeche yo fè plis nan travay predikasyon an. Pou n rive wè ki jan Jewova te ede kèk nan yo, nou pral vizite Madagaska ki se katriyèm pi gwo zile sou tè a.

Pandan dis ane ki sot pase yo, gen plis pase 70 pwoklamatè ak pyonye zele ki sot nan 11 peyi * ki te vin sèvi nan tèritwa sa a ki bay bon rezilta ki ann Afrik, kote anpil moun gen respè pou Bib la. Anplis de sa, gen anpil pwoklamatè ki moun zòn nan ki aksepte demenaje pou y al bay èd yo nan simaye mesaj Wayòm nan nan gwo tèritwa sa a. Ann fè konesans ak kèk nan yo.

YO TE KONBAT LAPERÈZ ANSANM AK DEKOURAJMAN

Perrine ak Louis.

Louis ak Perrine, yon mari ak madanm li ki nan trantèn yo, te sot an Frans pou y al Madagaska. Pandan plizyè ane, yo te vle al nan yon lòt peyi pou yo ka fè plis nan travay predikasyon an, men, Perrine te pè demenaje. Men sa l esplike: “M te pè al yon kote mwen pa konnen. M te pè kite fanmi nou, kongregasyon nou, apatman nou an, tout kote n te konnen yo ansanm ak abitid nou te genyen yo. Vrèmanvre, pi gwo obstak m te dwe venk lan se te enkyetid mwen yo.” An 2012, Perrine te met kouraj sou li, e li menm ak Louis te ale. Ki jan l santi l konsènan desizyon yo te pran an? Men sa l di: “Lè m reflechi, m ka di eksperyans sa a fè lafwa n vin pi solid lè n wè men Jewova k ap aji nan lavi nou.” Men sa Louis ajoute: “Imajine sa, nan premye Memoryal nou nan peyi Madagaska, gen dis nan etidyan nou yo ki te vin asiste!”

Ki sa k te bay mari ak madanm sa a fòs pou yo rete nan asiyasyon yo lè yo te vin jwenn pwoblèm? Yo te sipliye Jewova nan lapriyè pou l ba yo fòs yo bezwen pou yo andire (Flp. 4:13). Men sa Louis di: “Nou te wè jan Jewova reponn priyè nou yo e l te ban nou ‘lapè Bondye’. Nou te kapab ret konsantre sou lajwa nou jwenn nan sèvis la. Epitou, zanmi nou gen an Frans yo te konn voye imel ak lèt pou nou pou n pa dekouraje.” — Flp. 4:6, 7; 2 Kor. 4:7.

Jewova te vide anpil benediksyon sou Louis ak Perrine pou andirans yo demontre. Men sa Louis di: “Ann oktòb 2014, nou te asiste Lekòl biblik pou mari ak madanm ki kretyen * nan peyi Lafrans. Asiste lekòl sa a se yon kado Jewova fè n nou pap janm bliye.” Apre gradyasyon an, yo toude te kontan lefètke yo te jwenn asiyasyon pou y al sèvi Madagaska ankò.

“N AP FYÈ DE NOU!”

Nadine ak Didier.

Didier ak Nadine, yon mari ak madanm li ki sot an Frans, t al Madagaska an 2010, yo te nan senkantèn yo. Men sa Didier esplike: “Nou te pyonye lè n te pi jèn, e annapre, nou te leve twa timoun. Lè timoun yo te vin gran, nou te egzamine posiblite pou n al sèvi nan peyi etranje.” Men sa Nadine admèt: “Ide pou m te separe ak timoun yo te fè m ezite, men, yo te di nou: ‘Si n al sèvi nan yon peyi etranje kote ki gen anpil bezwen, n ap fyè de nou!’ Pawòl sa a te ban n kouraj pou n ale. Aktout n ap viv lwen pitit nou yo kounye a, nou kontan dèske n kapab kominike souvan ak yo.”

Se te yon defi pou Didier ak Nadine aprann lang malgach. Men sa Nadine di toutpandan l ap souri: “Nou pa gen 20 an ankò.” Ki fason yo te rive aprann lang lan? Toudabò, yo t al nan yon kongregasyon fransè. Annapre, lè yo te santi yo pare pou yo pase plis tan ap aprann lang malgach, yo t al nan yon kongregasyon malgach. Men sa Nadine fè konnen: “Anpil nan moun nou rankontre nan travay predikasyon an renmen etidye Labib. Souvan yo konn remèsye n dèske n vin vizite yo. Okòmansman, m te panse se reve m ap reve. M renmen sèvi kòm pyonye nan tèritwa sa a. Lè m leve nan maten, m di tèt mwen: ‘Sa bèl, m pral preche jodi a!’”

Didier souri toutpandan l ap panse ak epòk kote l t ap aprann lang malgach. Men sa l di: “M t ap dirije yon reyinyon nan kongregasyon an e m pa t konprann anyen nan repons frè ak sè yo t ap bay yo. Tout sa m te ka di se ‘mèsi’. Apre m te fin remèsye yon sè pou yon repons li te bay, moun ki te chita dèyè l yo te kòmanse ap fè m jès pou fè m konnen repons lan pa bon. Byen vit, m te chwazi yon frè ki te bay bon repons lan, omwen, m espere l te fè sa.”

LI TE KONTAN AKSEPTE ENVITASYON AN

Nan yon kongrè ki te fèt an 2005, Thierry ak madanm li, Nadia, te gade yon dram ki gen tit “Annou pousuiv objektif ki onore Bondye”. Dram biblik sa a ki te pale de Timote te touche kè yo e sa te fè yo vin gen plis anvi pou y al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Men sa Thierry di: “Nan fen dram nan, pandan nou t ap bat bravo, m te vire gade madanm mwen e m te mande l: ‘Ki kote n prale?’ Madanm mwen te di m li t ap panse ak menm bagay la.” Yon ti tan annapre, yo te kòmanse fè preparasyon pou yo atenn objektif yo. Men sa Nadia esplike: “Tikras pa tikras, nou te diminye nan kantite bagay nou te genyen jiskaske tout sa n te genyen te ka antre nan kat malèt!”

Agoch nèt: Nadia ak Marie-Madeleine. Adwat nèt: Thierry.

Yo te rive nan peyi Madagaska an 2006 e yo jwenn lajwa nan sèvis yo depi lè yo te fèk kòmanse. Men sa Nadia fè konnen: “Moun nou rankontre yo fè kè n kontan anpil.”

Sepandan, sizan annapre, mesyedam yo te gen yon difikilte. Manman Nadia, ki rele Marie-Madeleine e ki t ap viv an Frans, te sot tonbe, ponyèt li te kase e l te blese nan tèt. Apre mesyedam yo te fin pale ak doktè Marie-Madeleine nan, yo te mande Marie-Madeleine pou l vin abite avèk yo Madagaska. Byenke l te gen 80 an nan moman an, li te kontan aksepte envitasyon an. Ki jan l santi l lefètke l ap viv nan yon peyi etranje? Men sa l di: “Pafwa, li difisil pou m adapte m, men, aktout m gen limit, m santi m itil kongregasyon an anpil. Epitou, m vrèman kontan dèske aranjman m fè pou m vin viv nan peyi sa a pèmèt pitit mwen yo kontinye nan sèvis yo isit la ki bay bon rezilta.”

“M TE SANTI MEN JEWOVA K AP EDE M”

Riana k ap bay yon diskou nan lang tandwòy.

Riana se yon frè ki nan kòmansman ventèn li. Li te grandi nan Alaotra Mangoro, yon zòn ki bay anpil manje ki nan lès Madagaska. Li te travay byen lekòl e l te vle fè gwo etid. Men, apre l te fin etidye Labib, li te chanje lide. Men sa l fè konnen: “M te fè efò pou m fin lekòl segondè byen bonè, epi men sa m te pwomèt Jewova: ‘Si m reyisi nan dènye egzamen an, m ap pran sèvis pyonye.’” Apre Riana fin gradye, li te kenbe pwomès li. Li t al abite ak yon frè ki pyonye, li te jwenn yon travay amitan e l te kòmanse sèvi kòm pyonye. Men sa l di: “Se pi bon desizyon m te ka pran.”

Men, fanmi Riana yo pa t konprann rezon ki fè l pa t kontinye chèche fè yon karyè nan monn nan. Men sa l esplike: “Papa m, tonton m ak yon gran tant mwen, yo tout te ankouraje m chèche fè gwo etid. Men, m pa t vle kite anyen fè m sispann sèvi kòm pyonye.” Apre yon ti tan, Riana te vle al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè. Ki sa k te fè l vin gen anvi sa a? Men sa l di: “Vòlè te antre lakay nou e yo te vòlè anpil bagay mwen te genyen. Sa te fè m reflechi ak pawòl Jezi te di konsènan anpile ‘trezò nan syèl la’. M te deside travay pi di pou m gen richès espirityèl yo.” (Mat. 6:19, 20). Li t al viv nan pwent sid peyi a, nan yon zòn ki konn gen sechrès e ki nan yon distans 1 300 kilomèt parapò ak kote l t ap viv la. Se nan zòn sa a pèp Antandwòy la ap viv. Poukisa l t al nan zòn sa a?

Yon mwa anvan vòlè te kase kay Riana, li te kòmanse yon etid Labib ak de mesye ki nan pèp Antandwòy la. Li te aprann kèk ekspresyon nan lang yo pale a e l te panse ak pakèt moun nan pèp Antandwòy la ki potko janm tande mesaj Wayòm nan. Men sa l di: “M te priye Jewova pou l ede m al viv nan zòn kote yo pale tandwòy la.”

Riana t al viv nan zòn sa a, e tousuit apre, li te gen yon difikilte. Li pa t ka jwenn travay. Gen yon mesye ki te di l: “Poukisa w vin isit la? Pou moun bò isit la jwenn travay, se kote w soti a y ale!” Apre de semèn, Riana te kite zòn nan prèske san senkòb pou l al asiste yon kongrè rejyonal, e l t ap mande tèt li ki sa l ap fè. Nan dènye jou kongrè a, gen yon frè ki te foure yon bagay nan pòch vès Riana. Se te yon kantite kòb ki t ap pèmèt li fè vwayaj pou l retounen nan zòn kote pèp Antandwòy la ap viv la e pou l kòmanse yon ti biznis kote l t ap vann yogout. Men sa Riana di: “M te santi men Jewova k ap ede m nan moman m te bezwen l lan. M te ka kontinye ede moun ki potko gen chans pou yo tande pale de Jewova!” Te gen anpil travay nan kongregasyon an tou. Men sa Riana ajoute: “M te konn bay yon diskou piblik chak de semèn. Jewova te ban m fòmasyon pa mwayen òganizasyon l lan.” Jodi a, Riana toujou ap pataje mesaj Wayòm nan ak anpil moun ki pale tandwòy ki vle aprann konnen Jewova.

‘BONDYE VERITE A BENI NOU’

Men ki asirans Jewova ban nou: “Nenpòt moun k ap chèche jwenn benediksyon nan peyi a, Bondye verite a ap beni l.” (Eza. 65:16). Lè n fè gwo efò pou n rive venk obstak pou n ka fè plis nan travay predikasyon an, nou wè jan Jewova beni nou. Ann pran egzanp Sylviana, nou te pale de li nan kòmansman atik la. Nou sonje l te di li te pè pou l pa t gen posiblite pou l al sèvi kote ki gen plis bezwen. Ki sa k fè l te panse konsa? Men sa l di: “Pye dwat mwen pi long pase pye goch mwen, li gen anviwon nèf santimèt anplis. Se sa k fè m mache ak yon beki e m bouke fasil.”

Sylviana (agoch) ak Sylvie Ann (adwat) ansanm ak Doratine jou batèm li.

An 2014, Sylviana te vin zanmi Sylvie Ann, yon jèn sè pyonye nan kongregasyon l lan, e yo toude t al viv nan yon ti bouk ki nan yon distans 85 kilomèt parapò ak kote yo t ap viv la. Malgre difikilte Sylviana te rankontre yo, rèv li a te vin reyalize, e se pa ti bèl benediksyon l te jwenn! Men sa l esplike: “Apre m te fin pase sèlman ennan ap sèvi nan nouvo asiyasyon m nan, Doratine, yon jèn m te etidye Labib avè l e ki gen pitit, te batize nan asanble sikonskripsyon nou an.”

“M AP EDE W”

Jan egzanp moun sa yo ki gen lafwa e k al sèvi kote ki gen plis bezwen montre sa, lè n fè efò pou n venk yon obstak pou n ka fè plis nan travay predikasyon an, pèsonèlman nou rive wè verite ki gen nan pwomès Jewova fè sèvitè l yo: “M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.” (Eza. 41:10). Konsa, relasyon n gen ak Jewova a ap vin pi solid. Anplis de sa, lè n ofri tèt nou volontèman pou n sèvi nan zòn kote n ap viv la oswa pou n al sèvi nan peyi etranje, sa prepare n pou travay nou pral gen pou n fè nan sèvis Bondye a nan monn nouvo a. Jan Didier, nou te pale de li pi wo a, fè konn sa: “Al sèvi kote ki gen plis bezwen se yon bon fòmasyon pou lavni!” Nou swete pou plis pwoklamatè ofri tèt yo volontèman pou yo kòmanse jwenn fòmasyon sa a byen vit!

^ § 4 Pwoklamatè yo te soti nan peyi Almay, Etazini, Gwadloup, Kanada, Lafrans, Laswis, Lasyèd, Liksanbou, Nouvèl Kaledoni, Repiblik Tchèk ak Wayòm Ini.

^ § 8 Kounye a, se Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan ki ranplase l. Sèvitè aplentan k ap sèvi nan peyi etranje ki ranpli kondisyon yo ka ranpli fòmilè pou yo asiste lekòl sa a swa nan peyi yo oswa nan yon lòt peyi kote y ap fè lekòl la nan lang yo pale a.