Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa pou n bay Moun ki gen tout bagay la?

Poukisa pou n bay Moun ki gen tout bagay la?

“Nou remèsye w, o Bondye nou an, e n ap fè louwanj pou bèl non w genyen an.” — 1 KWO. 29:13.

KANTIK: 80, 50

1, 2. Ki jan Jewova montre l renmen bay nan fason l sèvi ak bagay materyèl li genyen yo?

JEWOVA se yon Dye ki renmen bay. Se li menm ki ban nou tout sa n genyen. Tout lò ak ajan ki genyen yo ansanm ak tout lòt resous natirèl ki gen sou tè a se pou Jewova, e l itilize yo pou ban nou sa k nesesè pou n ret an vi (Sòm 104:13-15; Aje 2:8). Nou jwenn anpil istwa nan Bib la sou fason Jewova te sèvi ak sa l posede lè l te fè mirak pou l bay pèp li a sa yo bezwen.

2 Jewova te fè 40 an ap bay nasyon Izrayèl la lamàn ak dlo pandan yo te nan dezè a (Egz. 16:35). Konsa, “yo pa t manke anyen”. (Ney. 9:20, 21.) Pa mwayen pwofèt Elize, Jewova te fè yon mirak kote l te fè yon ti luil yon vèv fidèl te genyen vin anpil. Kado Bondye te bay vèv la te pèmèt li peye dèt li te genyen yo, epi apre sa, li te gen ase lajan pou l kontinye viv ak pitit gason l yo (2 Wa 4:1-7). Grasa èd Jewova, Jezi te fè mirak pou l bay moun manje e l te menm bay lajan lè sa te nesesè. — Mat. 15:35-38; 17:27.

3. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

3 Sa Jewova posede yo san limit e yo ka pèmèt kreyati l yo sou tè a kontinye egziste. Men aktout sa, li ankouraje sèvitè l yo pou yo sèvi ak bagay materyèl yo genyen pou soutni travay òganizasyon l lan ap fè a. (Egz. 36:3-7; li Pwovèb 3:9.) Poukisa Jewova vle n sèvi ak bagay nou genyen ki gen valè yo pou n ba l yon bagay? Ki jan moun fidèl ki t ap viv nan tan lontan yo te sèvi ak lajan yo pou soutni aktivite moun ki te reprezante Jewova yo? Ki jan òganizasyon an itilize lajan ofrann yo jodi a? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a.

POUKISA NOU BAY JEWOVA?

4. Ki sa n montre Jewova lè n soutni travay li a?

4 Nou bay Jewova paske n renmen l e paske n genyen l rekonesans. Se pa ti kontan n kontan lè n reflechi ak tout kantite bagay Jewova fè pou nou. Lè wa David t ap fè konnen sa y ap bezwen pou pwojè konstriksyon tanp lan, li te rekonèt se Jewova ki ban nou tout sa n resevwa, e kèlkeswa sa n bay Jewova se nan sa l te deja ban nou yo soti. — Li 1 Kwonik 29:11-14.

5. Ki jan Ekriti yo montre youn nan aspè enpòtan vrè adorasyon an se lè n bay san se pa enterè n ap chèche?

5 Mete sou sa, lè n bay, sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Nan yon vizyon apot Jan te fè, men sa l te tande sèvitè Jewova yo nan syèl la ap di: “Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.” (Rev. 4:11). Èske w pa dakò Jewova merite tout glwa ak tout onè nou ka ba li lè n ofri l sa n genyen ki pi bon an? Pa mwayen Moyiz, Jewova te bay nasyon Izrayèl la lòd pou yo parèt devan l nan twa fèt yo te konn selebre chak ane. Izrayelit yo pa t dwe “parèt devan Jewova de men vid”, e sa te fè pati adorasyon yo t ap ba l nan fèt sa yo (Det. 16:16). Menm jan an tou jodi a, youn nan aspè enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova a se lè n bay sa n genyen pou n montre n gen rekonesans e pou n soutni travay pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a ap fè a san se pa enterè n ap chèche.

6. Poukisa lè n bay, sa bon pou nou? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

6 Lè n bay, sa bon pou nou. Sa bon pou sante nou lè n se moun ki renmen bay e ki pa renmen resevwa sèlman. (Li Pwovèb 29:21.) Nou ka imajine yon timoun ki pran nan ti kòb paran l ba li epi l achte yon kado pou yo. Se pa ti apresye paran yo ap apresye kado sa a! Yon pitit gason oswa yon pitit fi ki pyonye e k ap viv lakay paran l gendwa bay paran l yon ti kòb pou ede yo nan depans k ap fèt nan kay la. Byenke paran yo ka pa atann sa, yo ka aksepte kado sa yo paske se yon fason pitit la montre l gen rekonesans pou tout sa yo fè pou li. Menm jan an tou, Jewova konnen sa bon pou nou lè n bay nan bagay nou genyen ki gen valè yo.

FASON YO TE KONN BAY NAN TAN BIBLIK YO

7, 8. Nan tan biblik yo, ki jan pèp Jewova a te bay egzanp nan fason yo te konn bay kontribisyon: a) pou pwojè espesyal yo? b) pou soutni tout lòt travay ki te gen pou fèt yo?

7 Kesyon bay nan bagay pèsonèl nou genyen yo se yon bagay ki byen tabli nan Ekriti yo. Nan kèk ka, pèp Jewova a te konn bay kontribisyon pou yon seri pwojè espesyal. Pa egzanp, Moyiz te mande pèp la pou yo fè ofrann pou konstriksyon tabènak la, e David te fè sa tou pou konstriksyon tanp la (Egz. 35:5; 1 Kwo. 29:5-9). Nan epòk wa Jewowas, prèt yo te sèvi ak kòb ofrann yo pou yo fè reparasyon nan kay Jewova a (2 Wa 12:4, 5). Lè frè yo nan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la te aprann gen kèk frè ki te nan nesesite akoz yon gwo grangou ki te genyen, “yo te deside, selon mwayen yo chak, pou yo voye sekou bay frè ki t ap viv nan Jide yo”. — Tra. 11:27-30.

8 Nan kèk lòt ka, pèp Jewova a te konn bay kòb pou ede moun ki pran latèt nan travay la. Sou Lwa Moyiz la, Levit yo pa t resevwa yon eritaj menm jan ak lòt tribi yo. Se sa k fè Izrayelit yo te konn bay Levit yo ladim, oswa yon dizyèm nan sa yo te posede, pou pèmèt Levit yo ret konsantre sou travay yo t ap fè nan tabènak la (Nonb 18:21). Menm jan an tou, pi devan, gen kèk medam ki te donan “ki te itilize sa yo te genyen pou yo rann Jezi ak [apot] li yo sèvis”. — Lik 8:1-3.

9. Ki kote ofrann yo te konn fè nan tan lontan yo te soti?

9 Nòmalman, ofrann sa yo te konn soti plizyè kote. Lè Izrayelit yo t ap fè ofrann pou konstriksyon tabènak la nan dezè a, petèt sa yo te bay yo te gen ladan l bagay yo te pot sot ann Ejip yo (Egz. 3:21, 22; 35:22-24). Nan premye syèk la, gen kèk kretyen ki te vann sa yo posede, tankou jaden yo oswa kay yo, e yo te pot lajan an bay apot yo. Apot yo te separe lajan yo te resevwa yo bay moun ki te nan bezwen yo (Tra. 4:34, 35). Gen lòt moun ki te konn met lajan apa pou yo ka fè ofrann regilyèman pou soutni travay la (1 Kor. 16:2). Konsa, kèlkeswa moun nan te ka kontribye, kit li te rich anpil kit li te pòv anpil. — Lik 21:1-4.

FASON YO BAY JODI A

10, 11. a) Ki jan n ka imite sèvitè Jewova nan tan biblik yo ki te renmen bay? b) Ki jan w konsidere privilèj ou genyen pou w soutni travay Wayòm nan?

10 Jodi a, yo ka mande n fè ofrann pou yon pwojè espesyal tou. Pa egzanp, èske yo planifye pou konstwi yon nouvo Sal Wayòm kote kongregasyon w lan pral reyini? Oswa, èske y ap renove Sal Wayòm kote w ye a? Nou ka aprann yo bezwen lajan pou yo repare biwo filyal ki nan peyi n nan, pou yon kongrè n ap asiste oswa pou yo ede frè nou yo apre yon katastwòf natirèl. Anplis de sa, nou fè ofrann pou ede moun k ap travay nan syèj mondyal la ak nan biwo filyal yo toupatou sou tè a. Yo sèvi ak ofrann nou fè yo pou ede misyonè yo, pyonye espesyal yo ak moun ki nan travay sikonskripsyon yo. Mete sou sa, sandout gen yon rezolisyon yo pran nan kongregasyon w lan pou bay kòb pou soutni pwogram konstriksyon Sal asanble ak Sal Wayòm k ap fèt toupatou nan monn nan, yon pwogram ki ede frè nou yo sou tout tè a.

11 Nou tout ka bay èd nou pou soutni travay Jewova ap fè nan dènye jou sa yo. Pifò ofrann yo se moun nou pa konnen ki fè yo. San lòt moun pa wè, nou met ofrann nou yo nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan, oswa nou ka fè ofrann dirèkteman sou sit jw.org la. Nou ka santi ti ofrann nou fè a pa gen anpil enpòtans. Men, pifò ofrann nou resevwa jodi a, se yon seri ti ofrann moun fè, se pa gwo ofrann. Frè nou yo, menm sa ki pa gen anpil mwayen ekonomik yo, sanble ak moun Masedwàn yo ki te “pòv anpil”, e aktout sa yo t ap plede mande pou yo jwenn privilèj pou yo bay, e yo te fè sa ak tout kè yo. — 2 Kor. 8:1-4.

12. Ki jan òganizasyon an fè efò pou l pi byen sèvi ak ofrann yo?

12 Grasa lapriyè, Kolèj santral la fè gwo efò pou l montre l fidèl e li prevwayan nan fason l ap itilize lajan ofrann yo (Mat. 24:45). Yo fè bidjè pou kòb yo resevwa a e yo depanse l selon bidjè a (Lik 14:28). Nan tan biblik yo, entandan ki te la pou ranmase lajan yo te konn suiv yon seri metòd pou yo asire yo y ap sèvi ak kòb ofrann yo espesyalman pou rezon yo te bay ofrann sa yo. Pa egzanp, Esdras te vwayaje vin Jerizalèm e l te pote bagay wa peyi Pès la te bay kòm ofrann, anpalan de lò ak ajan ansanm ak lòt materyèl ki te vo plis pase 100 milyon dola ameriken jodi a. Esdras te konsidere ofrann sa yo kòm yon ofrann volontè pou Jewova e l te pran yon seri dispozisyon byen presi pou l pwoteje trezò sa a pandan vwayaj difisil li t ap fè nan yon tèritwa ki chaje ak danje (Esd. 8:24-34). Apot Pòl te aji antanke yon moun yo voye al fè yon travay sekou lè l te ranmase don pou frè yo nan Jide. Li te pran dispozisyon pou l asire l moun ki t ap pote ofrann sa yo te fè yon jan pou “bagay yo fèt yon fason ki dwat, nonsèlman nan je Jewova, men tou nan je lèzòm”. (Li 2 Korentyen 8:18-21.) Jodi a, piske òganizasyon nou an ap imite egzanp Esdras ak Pòl, li suiv yon seri metòd strik lè sa mande pou l jere e pou l depanse ofrann li resevwa yo.

13. Ki jan n ta dwe wè senplifikasyon òganizasyon an sot fè sa pa gen twò lontan?

13 Yon fanmi ka fè kèk ajisteman toutpandan y ap chèche fè ekilib ant kòb ki antre nan kay la ak depans yo fè oswa toutpandan y ap konsidere fason yo ka senplifye lavi yo ak fason yo ka redui depans yo fè pou yo ka fè plis pou Jewova. Se menm bagay la tou pou òganizasyon Jewova a. Nan ane ki sot pase yo, yo te pran anpil bèl inisyativ. Pafwa, pandan yon tan, sa te konn lakòz nou depanse plis lajan pase sa n rantre. Se sa k fè òganizasyon an te chèche jwenn kèk fason pou l redui depans yo e pou l senplifye travay la yon fason pou yo ka fè tout sa yo kapab ak ofrann nou bay ak tout kè nou yo.

BYENFÈ NOU JWENN GRASA OFRANN NOU FÈ YO

Ofrann nou fè yo ede n nan travay n ap fè toupatou sou tè a. (Gade paragraf 14-16.)

14-16. a) Ki kèk bagay yo rive fè grasa ofrann nou fè yo? b) Ki fason bagay sa yo fè n jwenn byenfè?

14 Gen anpil moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova ki konn tande moun di yo potko janm wè yon epòk konsa kote nou chaje pwovizyon nan domèn espirityèl. Fè yon ti reflechi! Nan ane ki fèk sot pase yo, nou te kòmanse sèvi ak sit jw.org la epi n te vin gen Tele JW a. Yo pibliye Labib — Tradiksyon monn nouvo a nan pi plis lang toujou. Nan ane sèvis 2014/2015 lan, nou te itilize kèk nan pi gwo stad ki genyen nan 14 vil toupatou sou tè a pou seri kongrè entènasyonal ki te gen tèm “Kontinye chèche Wayòm Bondye a an premye!” ki te dire twa jou. Moun ki te asiste kongrè sa yo te kontan anpil dèske yo te la.

15 Gen anpil moun ki demontre rekonesans yo pou byenfè san parèy yo jwenn nan òganizasyon Jewova a. Pa egzanp, men sa yon mari ak madanm li k ap sèvi nan yon peyi ann Azi te ekri konsènan dispozisyon pou n gen Tele JW a: “N ap sèvi nan yon ti vil. Se sa k fè pafwa nou konn santi n izole e l fasil pou n bliye kokenn travay Jewova ap fè a. Men, kou n fin gade divès pwogram ki gen sou Tele JW a, nou sonje nou fè pati yon fanmi entènasyonal frè ak sè. Frè ak sè nan zòn nan, yon seri moun nou renmen anpil, vrèman chofe pou gade Tele JW a. Byen souvan, nou konn tande yo k ap di yo santi yo vin pi pwòch manm Kolèj santral la, apre yo fin gade pwogram pou mwa a. Kounye a, yo vin pi fyè dèske yo fè pati òganizasyon Bondye a.”

16 Toupatou sou tè a, gen prèske 2 500 Sal Wayòm y ap konstwi oswa y ap fè gwo reparasyon ladan yo. Men sa frè ak sè nan yon kongregasyon nan peyi Ondiras te ekri apre yo te fin kòmanse reyini nan nouvo Sal Wayòm yo a: “Nou santi n vrèman kontan dèske n fè pati fanmi inivèsèl Jewova a e dèske n jwenn byenfè grasa bèl fanmi entènasyonal nou fòme a, de bagay ki te ede n fè rèv nou te genyen pou n gen yon Sal Wayòm nan zòn nou an vin yon reyalite.” Gen anpil moun ki demontre menm rekonesans sa a apre yo fin resevwa Bib la ak lòt piblikasyon ki tradui nan lang yo, apre yo fin jwenn èd grasa travay sekou a oswa apre yo fin wè bon rezilta temwayaj piblik nan gwo vil yo ak nan zòn kote y ap viv la bay.

17. Ki jan fason òganizasyon an fonksyone jodi a bay prèv Jewova ap ede l?

17 Moun k ap gade yo pa ka konprann ki jan l fè posib pou n rive fè tout travay sa a grasa ofrann volontè sèlman. Apre yon direktè yon gwo konpayi te fin vizite youn nan enprimri nou yo, li te sezi aprann se volontè ki fè tout travay sa yo, nou fè yo grasa ofrann volontè, sa n ap fè a pa pou vann e pa gen okenn moun ki finanse travay la. Li te di li pa posib pou n rive fè sa nou fè a. Nou dakò avè l! Nou konnen tout bagay posib sèlman paske Jewova ap soutni travay la. — Jòb 42:2.

BYENFÈ N JWENN LÈ N BAY JEWOVA NAN SA L BAN NOU

18. a) Ki byenfè n jwenn lè n bay sa n genyen pou soutni Wayòm nan? b) Ki jan n ka fòme pitit nou yo ak moun ki fèk vin nan laverite yo pou yo aprann bay?

18 Jewova fè n onè lè l ban nou opòtinite pou n soutni kokenn travay k ap fèt jodi a. Li ban nou garanti n ap jwenn benediksyon lè n bay sa n genyen pou n soutni Wayòm nan (Mal. 3:10). Jewova pwomèt zafè moun ki renmen bay la ap mache byen. (Li Pwovèb 11:24, 25.) Lè n bay, sa fè kè n kontan tou paske “yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. (Tra. 20:35.) Pa mwayen pawòl nou ak egzanp nou, nou gen privilèj pou n fòme pitit nou ak moun ki fèk vin nan laverite yo pou yo konn ki jan yo ka aprann bay, e pou yo konnen lè yo fè sa, sa ka fè yo jwenn anpil benediksyon.

19. Ki fason atik sa a ankouraje w?

19 Se Jewova ki ban nou tout sa n genyen. Lè n ba li nan sa l ban nou, nou montre nou renmen l e n genyen l rekonesans pou tout sa l fè pou nou (1 Kwo. 29:17). Lè yo t ap fè ofrann pou konstriksyon tanp lan, “moun yo te kontan poutèt yo te fè ofrann sa yo, paske yo te bay Jewova ofrann sa yo ak tout kè yo”. (1 Kwo. 29:9.) Menm jan an tou, ann kontinye jwenn lajwa ak satisfaksyon lè n bay Jewova sa li menm li te ban nou.