Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova”

“Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova”

“O Izrayèl, koute byen: Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova.” — DETEWONÒM 6:4.

KANTIK: 138, 112

1, 2. a) Ki sa k fè anpil moun byen konnen pawòl nou jwenn nan Detewonòm 6:4 la? b) Poukisa Moyiz te di pawòl sa yo?

PANDAN plizyè santèn ane, pèp juif la te konn site pawòl ki nan Detewonòm 6:4 la nan yon priyè espesyal yo te konn fè. Yo te rele priyè sa a Chema ki se premye mo ki nan vèsè sa a nan lang Ebre. Gen anpil Juif ki konn resite priyè sa a chak jou nan maten ak nan aprèmidi pou yo montre se ak Bondye sèlman yo atache.

2 Nou jwenn pawòl sa yo nan dènye diskou Moyiz te bay nasyon Izrayèl la. Nan ane 1473 anvan Jezi Kris, nasyon an te twouve l nan peyi Mowab e yo te pare pou yo travèse Rivyè Jouden an pou yo antre al pran peyi Jewova te pwomèt yo a (Detewonòm 6:1). Moyiz te gentan gen 40 an depi l t ap dirije pèp la e l te vle pou yo met kouraj sou yo pou yo te ka fè fas ak difikilte yo t apral rankontre yo. Yo te bezwen gen konfyans nan Bondye yo a, Jewova, e yo te dwe gen lafwa nan li. Se sa k fè Moyiz te ankouraje yo pou yo fè sa nan dènye pawòl li te di yo a. Apre Moyiz te fin site Dis Kòmandman yo ansanm ak kèk lòt lwa Jewova te bay, li te fè pèp la sonje pawòl enpòtan nou jwenn nan Detewonòm 6:4, 5 yo. (Li vèsè yo.)

3. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Izrayelit yo te konnen Jewova, Bondye yo a, se “yon sèl Jewova”. Izrayelit ki te fidèl yo t ap adore yon sèl Bondye ki se Bondye zansèt yo te konn adore a. Nan ka sa a, poukisa Moyiz te fè yo sonje Jewova, Bondye yo a, se “yon sèl Jewova”? Ki rapò ki genyen ant verite sa a ak renmen nou dwe renmen Bondye nou an ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs nou? E ki jan pawòl ki nan Detewonòm 6:4, 5 yo konsène nou jodi a?

BONDYE NOU AN SE “YON SÈL JEWOVA”

4, 5. a) Bay youn nan siyifikasyon ekspresyon “yon sèl Jewova” a genyen? b) Sa k fè Jewova diferan ak dye nasyon yo?

4 Li pa gen parèy. Ekspresyon “yon sèl Jewova” a vle di Jewova pa gen parèy, sa vle di pa gen pèsonn ki egal avè l oswa ki tankou l. Poukisa Moyiz te sèvi ak ekspresyon sa a? Se pa eseye li t ap eseye pwouve li pa bon pou yon moun kwè nan yon trinite. Jewova se Sila a ki kreye syèl la ak tè a e se li menm ki Chèf tout linivè. Se li menm ki sèl vrè Dye a e pa gen okenn lòt dye ki tankou l (2 Samyèl 7:22). Donk, pawòl Moyiz te di yo te fè Izrayelit yo sonje se sèl Jewova yo dwe adore. Yo pa t dwe imite lòt pèp ki t ap viv toutotou yo, yon seri moun ki t ap adore anpil fo dye ak deyès. Pèp sa yo te kwè dye yo t ap adore yo te ka kontwole kèk fòs nan lanati.

5 Pa egzanp, Ejipsyen yo t ap adore Ra, dye solèy la, deyès syèl la ki se Nout, Gèb, dye tè a, Api, dye rivyè Nil la e yo te konn adore anpil bèt. Jewova te montre li te gen plis fòs lontan pase fo dye sa yo lè l te voye dis flewo yo. Baal se te prensipal dye Kananeyen yo te konn adore e yo te panse se li menm ki bay lavi. Anplis de sa, yo te kwè li se dye syèl la, se li menm ki bay lapli e se li ki lakòz tanpèt. Nan anpil zòn, moun yo te konte sou Baal pou yo jwenn pwoteksyon (Nonb 25:3). Izrayelit yo te dwe sonje Bondye yo a, “vrè Dye a”, pa gen parèy. Li se “yon sèl Jewova”. — Detewonòm 4:35, 39.

Jewova Dye pa tankou yon moun ki gen de lide oswa ki pa konn sa l ap fè. Li toujou fidèl, li pa chanje, moun ka fè l konfyans e l toujou kenbe pawòl li.

6, 7. Ki lòt siyifikasyon ekspresyon “yon sèl” la genyen, e ki jan Jewova pwouve l se “yon sèl”?

6 Li pa chanje e li fidèl. Anplis de sa, ekspresyon “yon sèl” ki parèt nan “yon sèl Jewova” a vle di objektif li yo ak aksyon l yo pa janm chanje. Jewova Dye pa tankou yon moun ki gen de lide oswa ki pa konn sa l ap fè. Li toujou fidèl, li pa chanje, moun ka fè l konfyans e l toujou kenbe pawòl li. Pa egzanp, li te pwomèt Abraram desandan l yo t ap gen pou yo viv nan peyi li te pwomèt la. E Jewova te fè anpil gwo mirak pou l kenbe pwomès sa a. Objektif Jewova pa t chanje menm lè 430 an te pase apre l te fin fè pwomès sa a. — Jenèz 12:1, 2, 7; Egzòd 12:40, 41.

7 Plizyè santèn ane annapre, Jewova te fè Izrayelit yo konnen yo se temwen l e l te di yo: “Mwen se menm Moun nan. Anvan m, pa t gen okenn dye ki te fèt, e apre m, pa menm gen youn.” Anplis de sa, pou Jewova te montre byen klè jan objektif li pa janm chanje, li te di: “Mwen toujou menm Moun nan.” (Ezayi 43:10, 13; 44:6; 48:12). Se pa ti bèl privilèj Izrayelit yo te genyen pou yo te sèvi yon Dye ki pa janm chanje e ki toujou fidèl! Nou gen menm privilèj la jodi a. — Malachi 3:6; Jak 1:17.

8, 9. a) Ki sa Jewova mande pou moun k ap adore l yo fè? b) Ki fason Jezi te atire atansyon sou pawòl Moyiz te di a?

8 Wi, Moyiz te fè Izrayelit yo sonje lanmou ak sousi Jewova gen pou yo a pap janm chanje. Anretou, Jewova te atann pou yo ret atache sèlman avè l e pou yo renmen l ak tout kè yo, ak tout nanm yo e ak tout fòs yo. Paran yo te dwe pale de Jewova ak pitit yo nan tout okazyon yon fason pou jèn yo tou te ka adore Jewova sèlman. — Detewonòm 6:6-9.

9 Jewova pa janm chanje objektif li, konsa, li pap janm chanje egzijans fondamantal li fè vrè adoratè l yo. Si n vle pou Jewova pran plezi nan adorasyon n ap ba li a, nou dwe ret atache avè l sèlman e n dwe renmen l ak tout kè nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou. Jezi te fè konnen sa se kòmandman ki pi enpòtan an. (Li Mak 12:28-31.) Ann wè ki jan, nan aksyon nou, nou ka montre nou kwè “Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova”.

RET ATACHE AK JEWOVA SÈLMAN

10, 11. a) Nan ki sans se Jewova sèlman nou dwe adore? b) Ki jan kèk jèn Ebre nan peyi Babilòn te montre yo atache ak Jewova sèlman?

10 Se Jewova sèl ki Bondye nou. Se sèlman avè l nou atache e se li menm sèl nou adore. Nou pa ka adore okenn lòt dye ni nou pa ka vin ak okenn fo ide oswa move pratik nan adorasyon n ap bay Jewova a. Jewova pa tankou yon senp dye ki anlè lòt dye yo oswa ki gen plis fòs pase yo. Se li menm ki vrè Dye a. Se Jewova sèl nou dwe adore. — Li Revelasyon 4:11.

11 Nan liv Dànyèl la, yo pale de kat jèn Ebre ki se Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya. Yo te montre se ak Jewova sèlman yo atache lè yo te refize manje manje ki pa pwòp pou adoratè Jewova yo. Epi, twa zanmi Dànyèl yo te refize pwostène devan estati annò Nebikadneza a. Pou yo menm, se Jewova ki te pi enpòtan. Yo te atache avè l toutbon. — Dànyèl 1:1–3:30.

Jewova dwe gen premye plas nan lavi nou.

12. Toutpandan nou ret atache ak Jewova sèlman, ki sa n dwe evite?

12 Jewova dwe gen premye plas nan lavi nou. Si nou vle ret atache avè l sèlman, nou dwe veye pou okenn lòt bagay pa pran plas li nan lavi nou. Ki bagay konsa? Nan Dis kòmandman yo, Jewova te fè konnen pèp la pa dwe adore lòt dye. Yo pa t dwe pratike okenn idolatri (Detewonòm 5:6-10). Jodi a, idolatri parèt sou plizyè fòm e gen kèk nan yo ki difisil pou moun rekonèt. Sepandan, sa Jewova vle nou fè yo pa chanje. Li toujou “yon sèl Jewova”. Ann wè ki jan nou ka evite idolatri jodi a.

13. Ki sa n ka kòmanse renmen plis pase Jewova?

13 Kolosyen 3:5 aprann nou kèk bagay ki kapab kraze relasyon sere nou gen ak Jewova a. (Li vèsè a.) Nou aprann tanta makònen ak idolatri. Nan ki sans? Lè sa ki nan tèt nou sèlman se vin rich oswa viv nan liks, sa ka kontwole lavi nou menm jan ak yon dye ki gen anpil fòs. Tout peche yo pale de yo nan Kolosyen 3:5 lan makònen ak tanta ki se yon fòm idolatri. Kidonk, si se bagay sa yo sèlman ki nan tèt nou, nou ka kòmanse renmen yo pi plis pase Bondye. Lè sa a, Jewova pa t ap “yon sèl Jewova” pou nou. Nou pa dwe janm kite sa rive.

14. Ki avètisman apot Jan te bay konsènan lanmou nou pou Bondye?

14 Apot Jan te pale de yon bagay menm jan an. Li te fè konnen si yon moun renmen bagay ki nan monn nan tankou “dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv”, lè sa a, “lanmou pou Papa a pa nan li”. (1 Jan 2:15, 16.) Kidonk, nou bezwen egzamine tèt nou regilyèman pou n wè si n renmen monn nan. Nou kapab rann nou kont plezi ki gen nan monn sa a, moun ki nan monn nan, stil rad yo ak fason yo abiye kòmanse atire nou. Oswa, nou ka vle vin gen “gwo bagay pou tèt” nou lè n chèche fè gwo etid (Jeremi 45:4, 5). Monn nouvo a toupre. Se sa k fè n dwe sonje kokenn pawòl Moyiz te di yo! Si n konprann “Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova” epi n vrèman kwè sa, n ap ret atache avè l sèlman e n ap sèvi l fason l vle a. — Ebre 12:28, 29.

KONTINYE VIV NAN TÈT ANSANM

15. Poukisa Pòl te fè kretyen yo sonje Bondye se “yon sèl Jewova”?

15 Ekspresyon “yon sèl Jewova” a ede n konprann Jewova vle pou sèvitè l yo fè yon sèl e pou yo gen menm objektif nan lavi a. Nan premye syèk la, te gen Juif, Grèk, Women ansanm ak moun lòt nasyon nan kongregasyon kretyen an. Yo pa t grandi nan menm kilti, yo pa t gen menm abitid e yo pa t renmen menm bagay. Piske se konsa sa te ye, li te difisil pou kèk nan yo aksepte nouvo fason Bondye te mande pou yo adore l la oswa pou yo te vire do bay sa yo te konn pratike yo. Pou rezon sa a, Pòl te fè yo sonje kretyen yo gen yon sèl Bondye ki se Jewova. — Li 1 Korentyen 8:5, 6.

Jewova vle pou sèvitè l yo fè yon sèl e pou yo gen menm objektif nan lavi a.

16, 17. a) Ki pwofesi k ap akonpli nan epòk nou an, e ki rezilta sa bay? b) Ki sa k ka kraze inite nou an?

16 Ki sa n ka di konsènan kongregasyon kretyen an jodi a? Pwofèt Ezayi te fè konnen “nan dènye jou yo” moun ki soti nan tout nasyon t ap gen pou yo vin adore Jewova ansanm. Men sa yo t ap di: “L ap fè nou konnen wout li yo, e n ap mache nan chemen l yo.” (Ezayi 2:2, 3). Nou kontan dèske n wè pwofesi sa a ap reyalize jodi a! Frè ak sè n yo soti nan plizyè peyi, yo pale plizyè lang e yo pa gen menm kilti. Sepandan, n ap adore Jewova nan tèt ansanm. Men, lefètke n diferan anpil, pafwa, nou ka jwenn kèk difikilte.

Èske w ap fè gwo efò pou toujou gen tèt ansanm nan kongregasyon an? (Gade paragraf 16-19.)

17 Pa egzanp, ki jan w wè frè ak sè ki sot nan lòt peyi yo? Lang yo pale, fason yo abiye, konpòtman yo ak manje yo manje gendwa vrèman diferan ak pa w yo. Èske w chèche evite yo e w plis pase tan ak moun ki renmen menm bagay avè w. Ki jan w wè ansyen nan kongregasyon w lan ki pi jèn pase w oswa ki pa soti nan menm ras ak menm kilti avè w? Si nou pa fè atansyon, nou ka kite diferans sa yo gen efè sou nou e sa ap kraze inite nou an.

18, 19. a) Ki konsèy nou jwenn nan Efezyen 4:1-3? b) Ki sa n ka fè pou n ede kongregasyon nou an rete ini?

18 Ki jan n ka evite pwoblèm sa yo? Pòl te bay kretyen ki t ap viv Efèz yo, yon vil ki te chaje ak moun ki soti toupatou, kèk konsèy pratik. (Li Efezyen 4:1-3.) Pòl te pale de kalite tankou imilite, dousè, pasyans ak lanmou. Kalite sa yo tankou poto solid ki pèmèt yon kay ret kanpe. Sepandan, pou yon kay toujou ret an bon eta, li enpòtan pou yo travay di ladan l tou. Pòl te vle pou kretyen Efèz yo fè gwo efò pou yo “kenbe inite lespri a”.

19 Nou tout dwe fè tout sa n kapab pou gen tèt ansanm nan kongregasyon an. Ki jan n ka fè sa? Premyèman, nou bezwen chèche gen kalite Pòl te pale de yo a anpalan de imilite, dousè, pasyans ak lanmou, e n dwe demontre kalite sa yo. Dezyèmman, nou bezwen fè gwo efò pou n ranfòse “chenn inyon lapè a”. Pwoblèm nou gen antre nou yo tankou ti mak fann ki nan inite nou gen nan mitan nou an. Kidonk, nou bezwen travay di pou n rezoud pwoblèm nou yo yon fason pou n kontinye gen lapè ak inite pami nou.

20. Ki jan n ka montre nou konprann “Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova”?

20 “Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova.” Sa se yon gwo deklarasyon! Rapèl sa a te bay Izrayelit yo fòs pou yo andire anba difikilte yo te jwenn lè yo te antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a ak lè yo t ap pran peyi a. Pawòl sa yo ka ban nou fòs tou pou n travèse gwo tribilasyon an e pou n antre nan Paradi a. Se sa k fè, nou dwe toujou ret atache ak Jewova sèlman. Nou dwe renmen l epi sèvi l ak tout kè nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou e n dwe travay di pou n kontinye viv ak frè nou yo nan lapè ak tèt ansanm. Si n kontinye fè bagay sa yo, lè Jezi ap jije nou, l ap konsidere nou tankou mouton e n pral viv verite ki nan pawòl sa yo ki di: “Vini, nou menm Papa m beni, vin resevwa Wayòm ki te prepare pou nou depi lè monn nan te fonde a.” — Matye 25:34.