Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w kite gran Atizan an ba w fòm?

Èske w kite gran Atizan an ba w fòm?

“Tande sa, [...] menm jan ak ajil ki nan men yon atizan ki konn travay ak ajil, se konsa nou ye nan men m.” — JEREMI 18:6.

KANTIK: 60, 22

1, 2. Poukisa Bondye te konsidere Dànyèl kòm yon moun “ki gen anpil valè”, e ki jan n ka obeyisan menm jan ak Dànyèl?

LÈ YO te mennen Juif yo ann egzil Babilòn, yo te jwenn anpil zidòl nan vil la ansanm ak moun ki t ap sèvi movèzespri. Malgre sa, Juif fidèl yo, tankou Dànyèl ak twa zanmi l yo, te refize kite moun Babilòn yo ba yo fòm (Dànyèl 1:6, 8, 12; 3:16-18). Dànyèl ak zanmi l yo te aksepte Jewova kòm Atizan k ap ba yo fòm nan e se sèl li menm yo te kontinye adore. Malgre Dànyèl te pase pifò tan nan lavi l nan yon move anviwònman, zanj Bondye a te di li se yon moun “ki gen anpil valè”. — Dànyèl 10:11, 19.

2 Nan tan biblik yo, yon atizan te konn mete ajil nan yon moul pou l ka ba l fòm. Jodi a, vrè adoratè Jewova yo konnen Jewova se Dirijan tout linivè e l gen pouvwa pou l bay nasyon yo fòm. (Li Jeremi 18:6.) Mete sou sa, Bondye gen pouvwa pou l bay nou chak la fòm. Sepandan, Jewova pa fòse pèsonn moun chanje. Olye de sa, li vle pou nou dispoze kite l ban nou fòm. Nan atik sa a, nou pral aprann ki jan nou kapab kontinye ret tankou ajil ki maleyab nan men Bondye. Men kesyon nou pral egzamine nan atik sa a: 1) Ki jan nou kapab evite vin gen defo k ap fè n pa pran konsèy nan men Bondye e k ap fè n vin tankou ajil ki di? 2) Ki jan n kapab vin gen kalite k ap ede n rete obeyisan tankou ajil ki maleyab? 3) Ki jan paran ki kretyen yo kapab kolabore ak Bondye lè y ap bay pitit yo fòm?

EVITE DEFO KI KA FÈ KÈ N VIN DI

3. Ki defo ki ka fè kè n vin di? Bay yon egzanp.

3 Men sa Pwovèb 4:23 di: “Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w, paske se ladan l sous ki bay lavi yo soti.” Pou n kapab pwoteje kè nou pou l pa vin di, nou bezwen evite vin gen yon seri defo tankou ògèy, tonbe nan pratike peche, epi manke lafwa. Si n pa veye tèt nou, defo sa yo ka lakòz nou vin dezobeyisan e nou vin rebèl (Dànyèl 5:1, 20; Ebre 3:13, 18, 19). Se sa k te rive Ozyas, youn nan wa Jida yo. (Li 2 Kwonik 26:3-5, 16-21.) Okòmansman, Ozyas te obeyisan e l te gen bon relasyon ak Bondye, se sa k fè Bondye te ba l pouvwa. Men, “kou l te vin gen anpil pouvwa, li te vin gen ògèy nan kè l”. Li te vin tèlman gen ògèy, li te eseye boule lansan nan tanp lan byenke se sèlman prèt yo ki te dwe fè sa. Lè prèt yo te di Ozyas sa l t ap fè a pa bon, li te vin fache anpil! Jewova te imilye wa sa a ki te gen ògèy e l te gen lèp pou tout rès vi l. — Pwovèb 16:18.

4, 5. Ki sa k ka rive si n pa pwoteje kè nou kont ògèy? Bay yon egzanp.

4 Si n pa kouri pou ògèy, nou kapab kòmanse ap panse nou pi bon pase lòt moun e n ka menm vin pa tande konsèy yo ban nou ki soti nan Bib la (Pwovèb 29:1; Women 12:3). Se sa k te rive yon ansyen ki rele Jim. Li pa t dakò ak lòt ansyen yo nan kongregasyon an sou fason yo te jere yon sitiyasyon. Men sa Jim fè konnen: “Mwen te di frè yo yo pa gen lanmou lakay yo e m te kite reyinyon an.” Anviwon sis mwa annapre, Jim t al nan yon lòt kongregasyon, men yo pa t rekòmande l kòm ansyen nan lòt kongregasyon an. Sa te bay Jim anpil pwoblèm. Li te tèlman kwè li gen rezon, sa te fè l sispann sèvi Jewova e l te vin inaktif pandan dizan. Li admèt se ògèy ki te fè l kòmanse ap blame Jewova pou sa k te pase a. Pandan plizyè ane, frè yo te vizite Jim e yo te eseye ede l, men l te refize aksepte èd frè yo.

5 Men sa Jim fè konnen: “Mwen pa t ka sispann konsantre m sou jan frè yo sanble te twonpe yo.” Egzanp Jim nan montre nou ki jan ògèy ka lakòz nou tonbe ap jistifye move konduit nou genyen. Lè sa rive, nou pa tankou ajil ki maleyab ankò (Jeremi 17:9). Èske yon frè oswa yon sè te janm fè w fache? Èske w te janm santi w tris paske w te pèdi yon privilèj? Ki reyaksyon ou te genyen? Èske w te kite ògèy anvayi w, oubyen w te vin rann ou kont sa k pi enpòtan se fè lapè ak frè w la epi ret fidèl ak Jewova? — Li Sòm 119:165; Kolosyen 3:13.

6. Ki sa k ka rive si n tonbe nan pratike peche?

6 Lè yon moun kontinye fè yon peche e l menm ap kache sa l ap fè a, li ka difisil pou l aksepte konsèy Bondye bay. Lè sa a, li ka menm vin pi fasil pou l fè peche. Gen yon frè ki te di tank tan t ap pase move konduit li a pa t deranje l ankò (Eklezyas 8:11). Men sa yon lòt frè ki, pandan yon tan, te gen abitid gade pònografi te di annapre: “Mwen te vin gen tandans ap kritike ansyen yo.” Move abitid li te genyen an te vin kraze relasyon l ak Jewova. Lè lòt moun te vin konnen sa l t ap fè a, li te vin jwenn èd nan men ansyen yo. Se vre, nou tout nou enpafè. Men, si n kòmanse ap kritike moun k ap ban nou konsèy yo, e si n ap jistifye tèt nou pou bagay mal nou fè olye n mande Bondye pou l padone nou e pou l ede nou, kè nou kapab vin di.

Izrayelit dezobeyisan yo te mouri nan dezè a paske kè yo te vin di e yo te pèdi lafwa.

7, 8. a) Ki jan Izrayelit nan tan lontan yo te demontre jan kè yo te vin di e yo pa t gen lafwa? b) Ki leson nou aprann nan sa?

7 Lè Jewova t ap libere Izrayelit yo anba esklavaj ann Ejip, yo te wè tout gwo mirak li te fè pou yo. Malgre sa, tank yo t ap pwoche peyi Jewova te pwomèt yo a, kè yo te vin di. Sa k te fè sa? Yo pa t gen lafwa nan Bondye. Olye yo te fè Jewova konfyans, yo te vin pè e yo te pran plenyen kont Moyiz. Yo te menm vle retounen ann Ejip, kote yo te esklav la! Sa te fè Jewova mal anpil, li te di: “Pandan konbyen tan pèp sa a ap kontinye pa gen respè pou mwen?” (Nonb 14:1-4, 11; Sòm 78:40, 41). Izrayelit sa yo te mouri nan dezè a paske kè yo te di e yo pa t gen lafwa.

8 Jodi a, nou pa lwen antre nan monn nouvo a, e nou jwenn eprèv ki teste lafwa nou. Se sa k fè nou bezwen egzamine ki kalite lafwa nou genyen. Ki jan n kapab asire nou lafwa nou solid? Nou kapab egzamine pawòl Jezi nou jwenn nan Matye 6:33 a. Mande tèt ou: ‘Èske objektif mwen genyen ak desizyon mwen pran montre mwen kwè nan pawòl Jezi yo? Èske m ap aksepte pèdi reyinyon oubyen rate soti predikasyon pou m ka al fè plis lajan? Ki sa m t ap fè si travay mwen oblije m pase plis tan ladan l e m oblije depanse plis enèji ladan l? Èske m ap kite monn sa a ban m fòm e petèt menm fè m sispann sèvi Jewova?’

9. Poukisa nou dwe “kontinye verifye” si nou nan lafwa, e ki jan n kapab fè sa?

9 Si n pa obeyi sa Bib la di sou fè move zanmi, relasyon nou ak moun ki eskominye, oubyen sou kalite divètisman pou nou chwazi, kè nou kapab vin di. Ki sa w dwe fè si sa kòmanse rive w? Ou bezwen egzamine kalite lafwa w san pèdi tan! Men sa Bib la di: “Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye.” (2 Korentyen 13:5). Se pou w onèt ak tèt ou e toujou sèvi ak Pawòl Bondye a pou w korije fason w panse.

KONTINYE RET TANKOU AJIL KI MALEYAB

10. Ki sa k ka ede n ret tankou ajil ki maleyab nan men Jewova?

10 Bondye ban nou Pawòl li, kongregasyon an ak travay predikasyon an pou l ede n rete tankou ajil ki maleyab. Lè n li Bib la chak jou e n medite sou sa nou li a, sa ap ede n vin maleyab nan men Jewova, e sa ap pèmèt li ban nou fòm li vle. Jewova te bay wa Izrayelit yo lòd pou yo kopye lwa Bondye a e pou yo li l chak jou (Detewonòm 17:18, 19). Apot yo te konnen jan sa enpòtan pou yo li Pawòl Bondye a e pou yo medite sou li pou yo ka fè sèvis Bondye. Yo te itilize kèk pati nan Liv ki te ekri ann ebre yo plizyè santèn fwa nan liv yo te ekri yo, e lè yo t ap preche moun yo, yo te ankouraje yo itilize Ekriti yo tou (Travay 17:11). Menm jan an tou, nou wè enpòtans pou n li Pawòl Bondye a chak jou e pou n medite sou sa nou li a (1 Timote 4:15). Sa ede n kontinye gen imilite, e konsa Jewova ap kapab ban nou fòm.

Byen pwofite dispozisyon Jewova pran k ap ede w vin tankou ajil ki maleyab. (Gade paragraf 10-13.)

11, 12. Ki jan Jewova kapab sèvi ak kongregasyon an pou l ban nou fòm selon sitiyasyon nou? Bay yon egzanp.

11 Jewova konn ki sa nou chak nou bezwen e l sèvi ak kongregasyon an pou l ban nou fòm. Jim, nou te pale de li pi wo a, te kòmanse vin chanje fason l te wè bagay yo lè yon ansyen te montre l enterese nan Jim. Men sa Jim fè konnen: “Li pa t janm blame m ni kritike m menm yon fwa pou sa k te pase a. Olye de sa, li te ret pozitif e l te montre li vle ede m toutbon.” Apre anviwon twa mwa, ansyen an te envite Jim nan yon reyinyon. Jim fè konnen kongregasyon an te byen resevwa l e lanmou yo te demontre te ede l chanje fason l te wè bagay yo. Li te kòmanse konprann se pa santiman l yo ki te pi enpòtan. Ansyen yo nan kongregasyon Jim nan ansanm ak madanm li te ankouraje l, e tikras pa tikras, li te retounen vin sèvi Jewova. Epitou, Jim te jwenn anpil byenfè lè l te li atik tankou “Jéhovah n’est pas à blâmer” ak atik “Servons Jéhovah fidèlement” nou jwenn nan Toudegad 15 novanm 1992 la.

12 Avèk letan, Jim te vin ansyen ankò. Depi lè sa a, li te ede kèk lòt frè rezoud kalite pwoblèm sa yo e l te ede yo vin gen yon lafwa ki pi solid. Li di li te panse li te gen yon bon relasyon ak Jewova, men an reyalite li pa t gen yon bon relasyon ak Jewova! Li regrèt dèske l te kite ògèy fè l ret ap gade defo lòt moun genyen olye l ret konsantre sou bagay ki pi enpòtan yo. — 1 Korentyen 10:12.

Lè n imite Kris, moun yo vin anvi koute mesaj nou an e yo ka chanje fason yo wè nou.

13. Ki kalite travay predikasyon an kapab ede n vin genyen, e ki byenfè n ap jwenn nan sa?

13 Travay predikasyon an kapab ban nou fòm tou, epi ede n vin pi bon moun. Kòman sa? Lè n preche bon nouvèl la, nou dwe demontre kalite tankou imilite ansanm ak diferan kalite ki gen nan fwi lespri Bondye a (Galat 5:22, 23). Reflechi ak kèk bèl kalite ou te vin genyen grasa travay predikasyon an. Lè n imite Kris, sa ka fè moun vin anvi koute mesaj n ap preche a e sa ka fè yo vin chanje fason yo wè nou. Pa egzanp, te gen de Temwen nan peyi Ostrali ki te eseye al preche yon dam lakay li, men dam nan te vin fache anpil e l te pale mal avèk yo. Sepandan, Temwen yo te ret ap tande l ak anpil respè. Annapre, dam nan te vin regrèt fason l te aji a, e l te ekri filyal la yon lèt. Li te mande eskiz pou fason l te reyaji a. Men sa l te di: “Se yon bagay moun sòt mwen te fè, pou m kanpe devan de moun k ap simaye Pawòl Bondye a e pou m eseye kraze yo konsa.” Eksperyans sa a montre nou enpòtans pou n gen dousè lè n ap preche. Pa gen dout nan sa, travay predikasyon n ap fè a ede lòt moun, men li ede n amelyore pèsonalite n tou.

KOLABORE AK BONDYE LÈ W AP BAY PITIT OU FÒM

14. Ki sa paran yo dwe fè si yo vle jwenn bon rezilta lè y ap bay pitit yo fòm?

14 Pifò timoun piti gen imilite e yo swaf pou yo aprann nouvo bagay (Matye 18:1-4). Se sa k fè li saj pou paran yo ede pitit yo aprann laverite e pou yo renmen yo pandan yo jèn toujou (2 Timote 3:14, 15). Pou paran yo rive fè sa, yo dwe renmen laverite pou tèt yo, epi aplike sa Bib la di nan lavi pa yo. Lè paran yo fè sa, li vin pi fasil pou timoun yo vin renmen laverite. Epitou, timoun yo ap vin konprann lè paran yo disipline yo, se yon prèv ki montre paran yo ak Jewova renmen yo.

15, 16. Ki jan paran yo ta dwe montre yo fè Bondye konfyans si pitit yo vin eskominye?

15 Menm lè paran yo anseye pitit yo laverite, gen pitit ki vire do bay Jewova e ki vin eskominye. Lè sa rive, fanmi an soufri anpil. Men sa yon sè k ap viv ann Afrik disid rakonte: “Lè frè m nan te vin eskominye, se kòmsi l te mouri. Sa te dechire kè m!” Men, ki sa li menm ak paran l yo te fè? Yo te suiv enstriksyon ki nan Bib la. (Li 1 Korentyen 5:11, 13.) Paran yo te konnen si yo obeyi konsèy Bondye bay, sa ap bon tout moun. Epi, yo te rekonèt lè yon moun eskominye se Jewova k ap disipline l paske l renmen l. Se sa k fè yo te kontakte pitit gason yo a sèlman lè sa te vrèman nesesè e pou bagay ki gen rapò ak gwo desizyon nan fanmi yo.

16 Ki jan pitit yo a te santi l? Men sa l te di annapre: “Mwen te konnen fanmi m pa t rayi m, men yo t ap obeyi Jewova ak òganizasyon l lan.” Mete sou sa, li te di: “Lè w oblije mande Jewova èd li ak padon l, se lè sa a ou vin rann ou kont jan w bezwen l.” Imajine jan fanmi an te kontan lè jèn gason sa a te retounen vin jwenn Jewova! Wi, n ap kontan e n ap reyisi lè n toujou obeyi Bondye. — Pwovèb 3:5, 6; 28:26.

Lè nou gen imilite e n toujou obeyi Jewova, nou vin gen anpil valè nan je l.

17. Poukisa nou dwe toujou viv antanke moun ki soumèt devan Jewova e ki byenfè n ap jwenn si n fè sa?

17 Pwofèt Ezayi te anonse Juif ki Babilòn yo t ap vin repanti e yo t ap di: “O Jewova, ou se Papa nou. Nou se ajil, e ou se Atizan ki ban nou fòm nan, nou tout se travay ou fè ak men w.” Epitou, yo t ap sipliye Jewova konsa: “Pa sonje peche nou fè yo nètale. Tanpri, voye je gade nou, paske nou tout se pèp ou.” (Ezayi 64:8, 9). Lè nou gen imilite e n toujou obeyi Jewova, nou vin gen anpil valè nan je l menm jan ak Dànyèl. Jewova ap kontinye ban nou fòm pa mwayen Pawòl li, lespri li ak òganizasyon l lan, yon fason pou n ka vin “pitit Bondye” ki pafè. — Women 8:21.