Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mesye ki gen ti veso ki gen lank lan reprezante Jezi Kris. Se li menm k ap met mak sou moun k ap sove yo.

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Nan vizyon Ezekyèl la, kiyès mesye ki gen veso ki gen lank lan ak sis gason ki gen zam nan men yo a reprezante?

Yo reprezante lame zanj ki nan syèl la ki te patisipe nan destriksyon Jerizalèm e ki pral patisipe nan destriksyon monn mechan Satan an nan lagè Amagedon. Enfòmasyon sa a se yon ajisteman. Poukisa ajisteman sa a te nesesè?

Anvan ane 607 anvan epòk nou an, Jewova te bay Ezekyèl yon vizyon konsènan bagay ki t apral rive Jerizalèm anvan yo detwi vil la. Nan vizyon an, Ezekyèl te wè anpil move bagay ki t ap fèt Jerizalèm. Apre sa, li te wè sis gason e yo chak te gen “zam nan men yo pou yo kraze brize”. Epitou, te gen yon mesye pami yo ki te “gen yon rad len sou li” e l te gen “yon ti veso [...] ki gen lank ladan l, sa sekretè yo konn genyen an”. (Ezekyèl 8:6-12; 9:2, 3.) Yo te bay mesye sa a lòd pou l pase nan vil la e pou l “mete yon mak sou fwon moun k ap plenn e k ap jemi poutèt tout bagay ki bay degoutans k ap fèt anndan vil la”. Epi, yo te bay sis gason ki te gen zam nan men yo a lòd pou yo touye tout moun nan vil la ki pa t gen mak la sou yo (Ezekyèl 9:4-7). Ki sa nou kapab aprann nan vizyon sa a e kiyès mesye ki te gen ti veso ki gen lank sekretè yo konn genyen an reprezante?

Ezekyèl te resevwa vizyon sa a nan ane 612 anvan epòk nou an. Toudabò, pwofesi sa a te reyalize senk an annapre, lè Jewova te pèmèt lame Babilòn nan detwi Jerizalèm. Konsa, Jewova te sèvi ak Babilónyen yo pou l pini pèp li a ki te dezobeyisan (Jeremi 25:9, 15-18). Men, ki sa k te pase Juif fidèl ki pa t dakò ak tout move bagay ki t ap pase nan vil la? Jewova te pran dispozisyon pou l sove lavi yo.

Nan vizyon an, Ezekyèl pa t mete yon mak sou okenn moun literalman e l pa t patisipe nan destriksyon vil la. Okontrè, se zanj yo ki te sipèvize destriksyon Jerizalèm. Kidonk, pwofesi sa a pèmèt nou wè sa k ap pase nan syèl la. Jewova te bay zanj yo lòd pou yo òganize destriksyon moun ki mechan yo e pou yo asire yo moun ki jis yo ap sove *.

Pwofesi sa a pral reyalize yon lòt fwa alavni. Nou te konn di mesye ki gen ti veso ki gen lank sekretè yo konn genyen an reprezante kretyen ki gen esperans pou y al nan syèl yo e ki toujou sou tè a. Epi nou te konn di moun yo resevwa mak k ap pèmèt yo sove a lè yo tande bon nouvèl n ap preche a e yo aksepte l. Sa pa gen twò lontan, sa te vin klè nou te bezwen chanje fason nou te konn esplike pwofesi sa a. Nou te aprann nan Matye 25:31-35 se Jezi ki pral jije moun yo. Li pral fè sa alavni pandan gwo tribilasyon an. Lè sa a, moun Jezi jije ki mouton yo ap sove, men moun li jije ki se kabrit yo ap detwi.

Ebyen, ki sa n aprann nan vizyon Ezekyèl la? Nou aprann senk leson ladan l:

  1. Anvan yo te detwi Jerizalèm, ni Ezekyèl, ni Jeremi, ni Ezayi te avèti pèp la konsènan sa k t apral rive vil la. Yo te tankou veyè. Jodi a, Jewova sèvi ak yon ti gwoup moun li chwazi pou al viv nan syèl pou anseye pèp li a e pou avèti yo anvan gwo tribilasyon an kòmanse. An reyalite, tout moun ki nan pèp Bondye a, sa vle di sèvitè Kris yo, patisipe nan travay avèti moun yo. — Matye 24:45-47.

  2. Ezekyèl pa t met yon mak sou moun ki t apral sove yo. Yo pa met yon mak sou pèp Jewova a tou jodi a. Yo sèlman preche lòt moun pou yo avèti yo konsènan sa k pral rive alavni. Travay mondyal predikasyon sa a ap fèt grasa èd zanj yo. — Revelasyon 14:6.

  3. Moun ki te sove nan epòk Ezekyèl yo pa t gen yon mak literal sou fwon yo. Jodi a, moun ki pral sove yo pa gen yon mak sou fwon yo tou. Ki sa moun yo dwe fè pou yo chape nan gwo tribilasyon an? Lè yo tande mesaj avètisman an, yo dwe imite Kris, yo dwe vwe lavi yo bay Bondye epi yo dwe kolabore ak frè Kris yo nan preche bon nouvèl la (Matye 25:35-40). Pandan gwo tribilasyon an, y ap mete mak sou moun sa yo, sa vle di y ap chwazi yo kòm moun k ap sove.

  4. Mesye ki gen ti veso ki gen lank lan reprezante Jezi. Pandan gwo tribilasyon an, Jezi pral met mak sou gwo foul moun nan lè l va jije yo antanke mouton. Lè sa a, y ap gen posiblite viv pou toutan sou tè a. — Matye 25:34, 46 *.

  5. Jodi a sis gason ki gen zam pou kraze brize nan men yo a reprezante lame zanj yo nan syèl la ki gen Jezi alatèt yo. Talè konsa, yo pral detwi nasyon yo ansanm ak tout mechanste. — Ezekyèl 10:2, 6, 7; Revelasyon 19:11-21.

Leson nou sot aprann nan vizyon sa a ede n gen konfyans Jewova pap detwi moun ki jis yo ansanm ak moun ki mechan yo (2 Pyè 2:9; 3:9). Epitou, leson nou aprann yo raple nou travay predikasyon k ap fèt nan epòk nou an enpòtan anpil. Tout moun bezwen tande avètisman an anvan lafen an rive! — Matye 24:14.

^ § 6 Moun ki te sove yo tankou Bawouk (sekretè Jeremi an), Ebèdmelèk, Etyopyen an, ak Rekabit yo pa t gen yon mak toutbon sou fwon yo (Jeremi 35:1-19; 39:15-18; 45:1-5). Mak senbolik la te sèlman vle di yo t ap chape vivan.

^ § 12 Moun fidèl Bondye chwazi pou al nan syèl yo pap bezwen resevwa mak sa a pou yo sove. Okontrè, yo pral resevwa dènye so a swa anvan yo mouri swa anvan gwo tribilasyon an kòmanse. — Revelasyon 7:1, 3.